Liv Chanté Salomon / Cantique des Cantiques / Song of Salomon

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Chanté Salomon 2 

1 Se yon woz mawon sou mòn Sawon mwen ye, yon bèl ti flè nan yon basrak.
Tankou yon bèl ti flè nan mitan pikan, se konsa anmòrèz mwen ye nan mitan lòt jenn fi yo.
 Tankou yon pye ponm nan mitan yon rakbwa, se konsa mennaj mwen ye nan mitan lòt jenn gason yo. Mwen renmen chita anba lonbray li. Donn li gou nan bouch mwen.
Li mennen m’ yon ti kote al bwè avè l’. Se pawòl damou ase l’ap glise nan zòrèy mwen.
Li remoute kouraj mwen ak pen rezen. Li rafrechi gòj mwen ak ponm. Mwen malad sitèlman mwen renmen!
Li pase men gòch li anba tèt mwen, l’ap karese m’ ak men dwat li!
Nou menm, medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Fè m’ sèman sou tèt gazèl bèf ak fenmèl kabrit ki lage nan savann yo! Pa deranje anmòrèz mwen lè l’ap dòmi. Pa leve l’ san l’ pa vle.
 Mwen tande vwa mennaj mwen! Men l’ap vini. Li soti sou mòn yo, l’ap kouri desann timòn yo vin jwenn mwen.
Mennaj mwen tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit. Men li la dèyè miray kay la. L’ap gade nan fennèt la, l’ap veye nan jalouzi a pou wè sam’ap fè.
10 Mennaj mwen pale avè m’, li di m’: Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m’ non, bèl nègès mwen!
11 Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.
12 Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gen tan ap chante nan bwa.
13 Fig frans konmanse mi. Nou ka pran sant flè pye rezen yo. Vini non, anmòrèz mwen! Ann al avè m’ non, bèl nègès mwen!
14  Ti toutrèl mwen, ou kache nan fant wòch yo, anba gwo wòch byen wo yo. Moutre m’ ti figi ou non! Fè m’ tande vwa ou. Ala bèl ti figi ou bèl! Ala dous vwa ou dous!
15 Kenbe vòlò yo, kenbe ti vòlò yo anvan yo ravaje jaden rezen nou yo, jaden rezen nou yo k’ap fleri.
16 Mennaj mwen, se pou mwen li ye! Mwen menm, se pou li mwen ye! L’ap fè mouton l’ yo manje nan mitan pye woz yo.
17 Anvan labrin tonbe, anvan solèy vin kouche, kouri tounen vin jwenn mwen, mennaj mwen, tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit k’ap kouri sou mòn byen wo yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Cantique des Cantiques 2    

1 Je suis un narcisse de Saron, Un lis des vallées. –
Comme un lis au milieu des épines, Telle est mon amie parmi les jeunes filles. –
Comme un pommier au milieu des arbres de la forêt, Tel est mon bien-aimé parmi les jeunes hommes. J’ai désiré m’asseoir à son ombre, Et son fruit est doux à mon palais.
Il m’a fait entrer dans la maison du vin; Et la bannière qu’il déploie sur moi, c’est l’amour.
Soutenez-moi avec des gâteaux de raisins, Fortifiez-moi avec des pommes; Car je suis malade d’amour.
Que sa main gauche soit sous ma tête, Et que sa droite m’embrasse! –
Je vous en conjure, filles de Jérusalem, Par les gazelles et les biches des champs, Ne réveillez pas, ne réveillez pas l’amour, Avant qu’elle le veuille. –
C’est la voix de mon bien-aimé! Le voici, il vient, Sautant sur les montagnes, Bondissant sur les collines.
Mon bien-aimé est semblable à la gazelle Ou au faon des biches. Le voici, il est derrière notre mur, Il regarde par la fenêtre, Il regarde par le treillis.
10 Mon bien-aimé parle et me dit: Lève-toi, mon amie, ma belle, et viens!
11 Car voici, l’hiver est passé; La pluie a cessé, elle s’en est allée.
12 Les fleurs paraissent sur la terre, Le temps de chanter est arrivé, Et la voix de la tourterelle se fait entendre dans nos campagnes.
13 Le figuier embaume ses fruits, Et les vignes en fleur exhalent leur parfum. Lève-toi, mon amie, ma belle, et viens!
14 Ma colombe, qui te tiens dans les fentes du rocher, Qui te caches dans les parois escarpées, Fais-moi voir ta figure, Fais-moi entendre ta voix; Car ta voix est douce, et ta figure est agréable.
15 Prenez-nous les renards, Les petits renards qui ravagent les vignes; Car nos vignes sont en fleur.
16 Mon bien-aimé est à moi, et je suis à lui; Il fait paître son troupeau parmi les lis.
17 Avant que le jour se rafraîchisse, Et que les ombres fuient, Reviens!… sois semblable, mon bien-aimé, A la gazelle ou au faon des biches, Sur les montagnes qui nous séparent.
Louis Segond {LSG}

Song of Salomon 2

1 I am the rose of Sharon, and the lily of the valleys.
As the lily among thorns, so is my love among the daughters.
As the apple tree among the trees of the wood, so is my beloved among the sons. I sat down under his shadow with great delight, and his fruit was sweet to my taste.
He brought me to the banqueting house, and his banner over me was love.
Stay me with flagons, comfort me with apples: for I am sick of love.
His left hand is under my head, and his right hand doth embrace me.
I charge you, O ye daughters of Jerusalem, by the roes, and by the hinds of the field, that ye stir not up, nor awake my love, till he please.
The voice of my beloved! behold, he cometh leaping upon the mountains, skipping upon the hills.
My beloved is like a roe or a young hart: behold, he standeth behind our wall, he looketh forth at the windows, shewing himself through the lattice.
10 My beloved spake, and said unto me, Rise up, my love, my fair one, and come away.
11 For, lo, the winter is past, the rain is over and gone;
12 The flowers appear on the earth; the time of the singing of birds is come, and the voice of the turtle is heard in our land;
13 The fig tree putteth forth her green figs, and the vines with the tender grape give a good smell. Arise, my love, my fair one, and come away.
14 O my dove, that art in the clefts of the rock, in the secret places of the stairs, let me see thy countenance, let me hear thy voice; for sweet is thy voice, and thy countenance is comely.
15 Take us the foxes, the little foxes, that spoil the vines: for our vines have tender grapes.
16 My beloved is mine, and I am his: he feedeth among the lilies.
17 Until the day break, and the shadows flee away, turn, my beloved, and be thou like a roe or a young hart upon the mountains of Bether.
     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}