Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 144  

1 Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m’ jan pou m’ goumen, se li ki pare m’ pou m’ al nan batay.
Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m’ ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
Seyè, kisa moun ye pou w’ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k’ap pase.
Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
Voye flèch ou yo. Fè lènmi m’ yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè.
Rete nan syèl la, lonje men ou pran m’. Rale m’ soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m’ anba men moun lòt nasyon yo.
Bonjou yo pa laverite. Menm lè y’ap sèmante, se manti y’ap fè.
 M’ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M’ap chante, m’ap jwe gita pou ou.
10 Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.
11 Delivre m’ anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m’, delivre m’ anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y’ap sèmante, se manti y’ap fè.
12 Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k’ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan.
13 Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit.
14 Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.
15 Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 144

1 De David. Béni soit l’Éternel, mon rocher, Qui exerce mes mains au combat, Mes doigts à la bataille,
Mon bienfaiteur et ma forteresse, Ma haute retraite et mon libérateur, Mon bouclier, celui qui est mon refuge, Qui m’assujettit mon peuple!
Éternel, qu’est-ce que l’homme, pour que tu le connaisses? Le fils de l’homme, pour que tu prennes garde à lui?
L’homme est semblable à un souffle, Ses jours sont comme l’ombre qui passe.
Éternel, abaisse tes cieux, et descends! Touche les montagnes, et qu’elles soient fumantes!
Fais briller les éclairs, et disperse mes ennemis! Lance tes flèches, et mets-les en déroute!
Étends tes mains d’en haut; Délivre-moi et sauve-moi des grandes eaux, De la main des fils de l’étranger,
Dont la bouche profère la fausseté, Et dont la droite est une droite mensongère.
O Dieu! je te chanterai un cantique nouveau, Je te célébrerai sur le luth à dix cordes.
10 Toi, qui donnes le salut aux rois, Qui sauvas du glaive meurtrier David, ton serviteur,
11 Délivre-moi et sauve-moi de la main des fils de l’étranger, Dont la bouche profère la fausseté, Et dont la droite est une droite mensongère!…
12 Nos fils sont comme des plantes Qui croissent dans leur jeunesse; Nos filles comme les colonnes sculptées Qui font l’ornement des palais.
13 Nos greniers sont pleins, Regorgeant de tout espèce de provisions; Nos troupeaux se multiplient par milliers, par dix milliers, Dans nos campagnes;
14 Nos génisses sont fécondes; Point de désastre, point de captivité, Point de cris dans nos rues!
15 Heureux le peuple pour qui il en est ainsi! Heureux le peuple dont l’Éternel est le Dieu!
Louis Segond {LSG}

Psalm 144 

1 Blessed be the Lord my strength which teacheth my hands to war, and my fingers to fight:
My goodness, and my fortress; my high tower, and my deliverer; my shield, and he in whom I trust; who subdueth my people under me.
Lord, what is man, that thou takest knowledge of him! or the son of man, that thou makest account of him!
Man is like to vanity: his days are as a shadow that passeth away.
Bow thy heavens, O Lord, and come down: touch the mountains, and they shall smoke.
Cast forth lightning, and scatter them: shoot out thine arrows, and destroy them.
Send thine hand from above; rid me, and deliver me out of great waters, from the hand of strange children;
Whose mouth speaketh vanity, and their right hand is a right hand of falsehood.
I will sing a new song unto thee, O God: upon a psaltery and an instrument of ten strings will I sing praises unto thee.
10 It is he that giveth salvation unto kings: who delivereth David his servant from the hurtful sword.
11 Rid me, and deliver me from the hand of strange children, whose mouth speaketh vanity, and their right hand is a right hand of falsehood:
12 That our sons may be as plants grown up in their youth; that our daughters may be as corner stones, polished after the similitude of a palace:
13 That our garners may be full, affording all manner of store: that our sheep may bring forth thousands and ten thousands in our streets:
14 That our oxen may be strong to labour; that there be no breaking in, nor going out; that there be no complaining in our streets.
15 Happy is that people, that is in such a case: yea, happy is that people, whose God is the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}