Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 127  

1 Se yon chante Salomon pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k’ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k’ap pwoteje lavil la, travay moun k’ap veye yo pa vo anyen.
Sa pa vo lapenn pou nou leve granmaten, pou nou kouche ta, pou nou travay di pou n’ ka manje, paske, lè Bondye renmen yon moun, li ba li tout bagay pandan l’ap dòmi.
Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
Menm jan yon sòlda santi li gen kouraj lè l’ gen zam li nan men l’, se menm jan an tou pou yon moun ki fè pitit gason depi lè l’ te jenn.
Ala bon sa bon pou moun ki gen anpil zam konsa! Li p’ap janm wont lè li kanpe nan pòtay lavil la pou l’ diskite ak moun k’ap chache l’ kont.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 127

1 Cantique des degrés. De Salomon. Si l’Éternel ne bâtit la maison, Ceux qui la bâtissent travaillent en vain; Si l’Éternel ne garde la ville, Celui qui la garde veille en vain.
En vain vous levez-vous matin, vous couchez-vous tard, Et mangez-vous le pain de douleur; Il en donne autant à ses bien-aimés pendant leur sommeil.
Voici, des fils sont un héritage de l’Éternel, Le fruit des entrailles est une récompense.
Comme les flèches dans la main d’un guerrier, Ainsi sont les fils de la jeunesse.
Heureux l’homme qui en a rempli son carquois! Ils ne seront pas confus, Quand ils parleront avec des ennemis à la porte.
Louis Segond {LSG}

Psalm 127 

1 Except the Lord build the house, they labour in vain that build it: except the Lord keep the city, the watchman waketh but in vain.
It is vain for you to rise up early, to sit up late, to eat the bread of sorrows: for so he giveth his beloved sleep.
Lo, children are an heritage of the Lord: and the fruit of the womb is his reward.
As arrows are in the hand of a mighty man; so are children of the youth.
Happy is the man that hath his quiver full of them: they shall not be ashamed, but they shall speak with the enemies in the gate.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}