Liv Chanté Salomon / Cantique des Cantiques / Song of Salomon

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Chanté Salomon 5 

1 M’ antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m’, mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
 Mwen t’ap dòmi, men kè m’ t’ap veye. Mwen tande mennaj mwen k’ap frape nan pòt la. Louvri pou mwen, tanpri, sò mwen, fiyanse m’, toutrèl mwen, bèl nègès mwen! Seren mouye tout tèt mwen. Tout cheve m’ plen dlo lawouze.
Mwen gen tan wete rad sou mwen, Ou ta vle m’ mete rad sou mwen ankò? M’ gen tan lave pye m’. Ou ta vle m’ mete yo atè ankò?
Mennaj mwen pase men l’ nan twou pòt la. Tout san nan kò m’ mache.
Lamenm, mwen leve pou m’ louvri pou mennaj mwen. Sant lami a te sou tout men m’. Li t’ap degoute nan dwèt mwen sou kwòchèt pòt la.
Lè mwen louvri pòt la pou li, li te gen tan al fè wout li. Jan m’ te santi m’ ap mouri lè m’ te tande l’ ap pale a! M’ chache l’, m’ pa jwenn li! M’ rele l’, li pa reponn!
Gad k’ap fè patwouy nan tout lavil la kontre avè m’. Yo bat mwen, yo toufounen m’! Gad ki t’ap fè faksyon sou miray ranpa yo pran gwo manto ki te sou mwen an.
Nou menm, medam lavil Jerizalèm yo, tanpri, tanpri souple! Si nou kontre ak mennaj mwen an, di l’ pou mwen: mwen malad sitèlman mwen renmen!
 Ou menm ki pi bèl pase tout fanm, kisa mennaj ou genyen pase lòt gason? Wi, kisa li genyen lòt gason pa genyen, pou ou mande nou fè sa pou ou?
10 Mennaj mwen bèl, li byen kanpe. Li fasil pou rekonèt, te mèt nan mitan dimil (10.000) gason.
11 Figi l’ gen yon bèl koule jòn, tankou lò. Cheve li yo tankou fèy palmis nan van. Yo nwa tankou plim kaou.
12 De je l’ yo, ou ta di de pijon bò yon ti dlo larivyè. Ou ta di de ti pijon nwa k’ap benyen nan de kivèt lèt.
13 De bò figi l’ yo tankou de jaden plen zèb ak flè santi bon! Bouch li tankou flè savann ki gen bon sant.
14 Men l’ yo, ou ta di chenn an lò, ak yon bann bèl ti pyè topaz kole sou yo. Kò li, ou ta di yon gwo moso ivwa tou blan byen poli, kouvri ak pyè safi.
15 Janm li yo, ou ta di de poto mab byen kanpe sou de moso lò bon kalite. Lè ou gade l’, li tankou mòn Liban, li kanpe tankou gwo pye sèd Liban yo.
16 Anndan bouch li dous tankou siwo myèl. Li bèl gason nan tout kò li. Se konsa mennaj mwen an ye, se konsa zanmi m’ lan ye, medam lavil Jerizalèm!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Cantique des Cantiques 5    

1 J’entre dans mon jardin, ma soeur, ma fiancée; Je cueille ma myrrhe avec mes aromates, Je mange mon rayon de miel avec mon miel, Je bois mon vin avec mon lait… -Mangez, amis, buvez, enivrez-vous d’amour! –
J’étais endormie, mais mon coeur veillait… C’est la voix de mon bien-aimé, qui frappe: -Ouvre-moi, ma soeur, mon amie, Ma colombe, ma parfaite! Car ma tête est couverte de rosée, Mes boucles sont pleines des gouttes de la nuit. –
J’ai ôté ma tunique; comment la remettrais-je? J’ai lavé mes pieds; comment les salirais-je?
Mon bien-aimé a passé la main par la fenêtre, Et mes entrailles se sont émues pour lui.
Je me suis levée pour ouvrir à mon bien-aimé; Et de mes mains a dégoutté la myrrhe, De mes doigts, la myrrhe répandue Sur la poignée du verrou.
J’ai ouvert à mon bien-aimé; Mais mon bien-aimé s’en était allé, il avait disparu. J’étais hors de moi, quand il me parlait. Je l’ai cherché, et je ne l’ai point trouvé; Je l’ai appelé, et il ne m’a point répondu.
Les gardes qui font la ronde dans la ville m’ont rencontrée; Ils m’ont frappée, ils m’ont blessée; Ils m’ont enlevé mon voile, les gardes des murs.
Je vous en conjure, filles de Jérusalem, Si vous trouvez mon bien-aimé, Que lui direz-vous?… Que je suis malade d’amour. –
Qu’a ton bien-aimé de plus qu’un autre, O la plus belle des femmes? Qu’a ton bien-aimé de plus qu’un autre, Pour que tu nous conjures ainsi? –
10 Mon bien-aimé est blanc et vermeil; Il se distingue entre dix mille.
11 Sa tête est de l’or pur; Ses boucles sont flottantes, Noires comme le corbeau.
12 Ses yeux sont comme des colombes au bord des ruisseaux, Se baignant dans le lait, Reposant au sein de l’abondance.
13 Ses joues sont comme un parterre d’aromates, Une couche de plantes odorantes; Ses lèvres sont des lis, D’où découle la myrrhe.
14 Ses mains sont des anneaux d’or, Garnis de chrysolithes; Son corps est de l’ivoire poli, Couvert de saphirs;
15 Ses jambes sont des colonnes de marbre blanc, Posées sur des bases d’or pur. Son aspect est comme le Liban, Distingué comme les cèdres.
16 Son palais n’est que douceur, Et toute sa personne est pleine de charme. Tel est mon bien-aimé, tel est mon ami, Filles de Jérusalem! 
Louis Segond {LSG}

Song of Salomon 5

1 I am come into my garden, my sister, my spouse: I have gathered my myrrh with my spice; I have eaten my honeycomb with my honey; I have drunk my wine with my milk: eat, O friends; drink, yea, drink abundantly, O beloved.
I sleep, but my heart waketh: it is the voice of my beloved that knocketh, saying, Open to me, my sister, my love, my dove, my undefiled: for my head is filled with dew, and my locks with the drops of the night.
I have put off my coat; how shall I put it on? I have washed my feet; how shall I defile them?
My beloved put in his hand by the hole of the door, and my bowels were moved for him.
I rose up to open to my beloved; and my hands dropped with myrrh, and my fingers with sweet smelling myrrh, upon the handles of the lock.
I opened to my beloved; but my beloved had withdrawn himself, and was gone: my soul failed when he spake: I sought him, but I could not find him; I called him, but he gave me no answer.
The watchmen that went about the city found me, they smote me, they wounded me; the keepers of the walls took away my veil from me.
I charge you, O daughters of Jerusalem, if ye find my beloved, that ye tell him, that I am sick of love.
What is thy beloved more than another beloved, O thou fairest among women? what is thy beloved more than another beloved, that thou dost so charge us?
10 My beloved is white and ruddy, the chiefest among ten thousand.
11 His head is as the most fine gold, his locks are bushy, and black as a raven.
12 His eyes are as the eyes of doves by the rivers of waters, washed with milk, and fitly set.
13 His cheeks are as a bed of spices, as sweet flowers: his lips like lilies, dropping sweet smelling myrrh.
14 His hands are as gold rings set with the beryl: his belly is as bright ivory overlaid with sapphires.
15 His legs are as pillars of marble, set upon sockets of fine gold: his countenance is as Lebanon, excellent as the cedars.
16 His mouth is most sweet: yea, he is altogether lovely. This is my beloved, and this is my friend, O daughters of Jerusalem.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}