Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 28 

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Men lòd w’a bay moun pèp Izrayèl yo. W’a di yo pou mwen: Se pou yo toujou chonje dat pou yo fè ofrann yo, dat pou yo vin pote ofrann y’ap boule nèt pou mwen nan dife, ofrann k’ap fè m’ plezi ak bon sant yo.
W’a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n’a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N’a boule yo nèt nan dife pou mwen.
N’a ofri premye ti mouton an nan maten, n’a ofri lòt la nan aswè.
Ansanm avèk chak ti mouton, n’a ofri sèt ti mamit farin frans melanje ak de boutèy ka plen pi bon kalite lwil oliv ou ka jwenn.
(Sa se ofrann pou yo boule nèt chak jou nan dife, ofrann yo te konn fè nan tan lontan sou mòn Sinayi a, tankou yon manje yo boule pou Seyè a, yon ofrann k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.)
Avèk chak ti mouton, n’a ofri de boutèy ka bwason, n’a vide l’ sou lotèl la pou Seyè a.
Nan aswè, n’a boule dezyèm ti mouton an menm jan nou te fè l’ nan maten an. N’a fè ofrann farin frans lan tou ansanm ak bwason an. Se va yon manje n’a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
 Pou jou repo a, n’a ofri de ti belye mouton ki gen ennan, ki san okenn enfimite, kat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv tankou ofrann grenn jaden ak yon ofrann bwason.
10 Chak jou repo, se pou nou fè ofrann sa yo an menm tan ak ofrann pou chak jou yo ansanm ak ofrann bwason yo.
11 Nan konmansman chak mwa, n’a fè yon ofrann boule pou Seyè a. Lè sa a, n’a ofri de towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Epi fòk yo tout san okenn enfimite.
12 N’a fè yon ofrann grenn manje tou ansanm ak chak bèt. Pou chak towo bèf, n’a ofri vennkat ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv. Pou chak belye mouton, n’a ofri katòz ti mamit farin frans tankou yon ofrann grenn manje.
13 Pou chak ti mouton, n’a ofri sèt ti mamit farin frans. Se va yon ofrann n’a boule nèt pou Seyè a, yon ofrann k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li.
14 N’a fè ofrann bwason tou: kat boutèy ka pou chak towo bèf, twa boutèy ka pou belye mouton an ak de boutèy ka pou chak ti mouton. Se ofrann sa yo n’a boule nèt pou Seyè a, nan konmansman chak mwa, pandan tout lanne a.
15 Anplis ofrann pou chak jou yo, w’a touye yon bouk pou mande padon pou peche, epi w’a ofri tou ofrann bwason ki toujou mache ansanm avè l’ la.
16  Katòzyèm jou nan premye mwa a, n’a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a.
17 Kenzyèm jou menm mwa a va yon gwo jou fèt. Pandan sèt jou, n’a manje pen ki fèt san ledven.
18 Sou premye jou a, n’a reyini tout moun pou vin adore Seyè a. Lè sa a, pesonn p’ap gen dwa fè okenn gwo travay.
19 N’a fè ofrann bèt pou yo boule nèt pou Seyè a: de jenn towo bèf, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
20 N’a fè ofrann grenn jaden sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an,
21 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton.
22 N’a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n’a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la.
23 N’a fè tout ofrann sa yo anplis ofrann bèt nou gen pou nou boule chak maten san sote jou a.
24 Se va menm jan an tou pou tout sèt jou yo. Chak jou n’a ofri manje pou yo boule nèt pou Seyè a: se va tankou yon ofrann k’ap fè Seyè a plezi ak bon sant li. N’a fè ofrann sa a anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou pou Seyè a ak ofrann bwason ki mache avè l’ la.
25 Sou setyèm jou a, n’a reyini tout pèp la ankò pou n’ fè sèvis pou Seyè a. Jou sa a, nou p’ap fè okenn gwo travay non plis.
26 Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n’ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n’a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p’ap gen dwa fè okenn gwo travay.
27 Men bèt n’a ofri pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a, ofrann ki va fè Seyè a plezi ak bon sant li: de jenn towo, yon belye mouton ak sèt ti mouton ki gen ennan. Fòk yo tout san okenn enfimite.
28 N’a fè ofrann grenn jaden yo tou sou fòm farin frans melanje ak lwil oliv: ki vle di venteyen ti mamit pou chak towo, katòz ti mamit pou belye mouton an
29 ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.
30 N’a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n’a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.
31 N’a ofri bèt sa yo ansanm ak ofrann bwason ki mache avèk yo chak, anplis ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden yo. Se pou tout bèt yo san okenn enfimite.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 28

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit: Donne cet ordre aux enfants d’Israël, et dis-leur:
Vous aurez soin de me présenter, au temps fixé, mon offrande, l’aliment de mes sacrifices consumés par le feu, et qui me sont d’une agréable odeur.
Tu leur diras: Voici le sacrifice consumé par le feu que vous offrirez à l’Éternel: chaque jour, deux agneaux d’un an sans défaut, comme holocauste perpétuel.
Tu offriras l’un des agneaux le matin, et l’autre agneau entre les deux soirs,
et, pour l’offrande, un dixième d’épha de fleur de farine pétrie dans un quart de hin d’huile d’olives concassées.
C’est l’holocauste perpétuel, qui a été offert à la montagne de Sinaï; c’est un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
La libation sera d’un quart de hin pour chaque agneau: c’est dans le lieu saint que tu feras la libation de vin à l’Éternel.
Tu offriras le second agneau entre les deux soirs, avec une offrande et une libation semblables à celles du matin; c’est un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
Le jour du sabbat, vous offrirez deux agneaux d’un an sans défaut, et, pour l’offrande, deux dixièmes de fleur de farine pétrie à l’huile, avec la libation.
10 C’est l’holocauste du sabbat, pour chaque sabbat, outre l’holocauste perpétuel et la libation.
11 Au commencement de vos mois, vous offrirez en holocauste à l’Éternel deux jeunes taureaux, un bélier, et sept agneaux d’un an sans défaut;
12 et, comme offrande pour chaque taureau, trois dixièmes de fleur de farine pétrie à l’huile; comme offrande pour le bélier, deux dixièmes de fleur de farine pétrie à l’huile;
13 comme offrande pour chaque agneau, un dixième de fleur de farine pétrie à l’huile. C’est un holocauste, un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel.
14 Les libations seront d’un demi-hin de vin pour un taureau, d’un tiers de hin pour un bélier, et d’un quart de hin pour un agneau. C’est l’holocauste du commencement du mois, pour chaque mois, pour tous les mois de l’année.
15 On offrira à l’Éternel un bouc, en sacrifice d’expiation, outre l’holocauste perpétuel et la libation.
16 Le premier mois, le quatorzième jour du mois, ce sera la Pâque de l’Éternel.
17 Le quinzième jour de ce mois sera un jour de fête. On mangera pendant sept jours des pains sans levain.
18 Le premier jour, il y aura une sainte convocation: vous ne ferez aucune oeuvre servile.
19 Vous offrirez en holocauste à l’Éternel un sacrifice consumé par le feu: deux jeunes taureaux, un bélier, et sept agneaux d’un an sans défaut.
20 Vous y joindrez l’offrande de fleur de farine pétrie à l’huile, trois dixièmes pour un taureau, deux dixièmes pour un bélier,
21 et un dixième pour chacun des sept agneaux.
22 Vous offrirez un bouc en sacrifice d’expiation, afin de faire pour vous l’expiation.
23 Vous offrirez ces sacrifices, outre l’holocauste du matin, qui est un holocauste perpétuel.
24 Vous les offrirez chaque jour, pendant sept jours, comme l’aliment d’un sacrifice consumé par le feu, d’une agréable odeur à l’Éternel. On les offrira, outre l’holocauste perpétuel et la libation.
25 Le septième jour, vous aurez une sainte convocation: vous ne ferez aucune oeuvre servile.
26 Le jour des prémices, où vous présenterez à l’Éternel une offrande, à votre fête des semaines, vous aurez une sainte convocation: vous ne ferez aucune oeuvre servile.
27 Vous offrirez en holocauste, d’une agréable odeur à l’Éternel, deux jeunes taureaux, un bélier, et sept agneaux d’un an.
28 Vous y joindrez l’offrande de fleur de farine pétrie à l’huile, trois dixièmes pour chaque taureau, deux dixièmes pour le bélier,
29 et un dixième pour chacun des sept agneaux.
30 Vous offrirez un bouc, afin de faire pour vous l’expiation.
31 Vous offrirez ces sacrifices, outre l’holocauste perpétuel et l’offrande. Vous aurez des agneaux sans défaut, et vous joindrez les libations.
Louis Segond {LSG}

Numbers 28

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Command the children of Israel, and say unto them, My offering, and my bread for my sacrifices made by fire, for a sweet savour unto me, shall ye observe to offer unto me in their due season.
And thou shalt say unto them, This is the offering made by fire which ye shall offer unto the Lord; two lambs of the first year without spot day by day, for a continual burnt offering.
The one lamb shalt thou offer in the morning, and the other lamb shalt thou offer at even;
And a tenth part of an ephah of flour for a meat offering, mingled with the fourth part of an hin of beaten oil.
It is a continual burnt offering, which was ordained in mount Sinai for a sweet savour, a sacrifice made by fire unto the Lord.
And the drink offering thereof shall be the fourth part of an hin for the one lamb: in the holy place shalt thou cause the strong wine to be poured unto the Lord for a drink offering.
And the other lamb shalt thou offer at even: as the meat offering of the morning, and as the drink offering thereof, thou shalt offer it, a sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the Lord.
And on the sabbath day two lambs of the first year without spot, and two tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, and the drink offering thereof:
10 This is the burnt offering of every sabbath, beside the continual burnt offering, and his drink offering.
11 And in the beginnings of your months ye shall offer a burnt offering unto the Lord; two young bullocks, and one ram, seven lambs of the first year without spot;
12 And three tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, for one bullock; and two tenth deals of flour for a meat offering, mingled with oil, for one ram;
13 And a several tenth deal of flour mingled with oil for a meat offering unto one lamb; for a burnt offering of a sweet savour, a sacrifice made by fire unto the Lord.
14 And their drink offerings shall be half an hin of wine unto a bullock, and the third part of an hin unto a ram, and a fourth part of an hin unto a lamb: this is the burnt offering of every month throughout the months of the year.
15 And one kid of the goats for a sin offering unto the Lord shall be offered, beside the continual burnt offering, and his drink offering.
16 And in the fourteenth day of the first month is the passover of the Lord.
17 And in the fifteenth day of this month is the feast: seven days shall unleavened bread be eaten.
18 In the first day shall be an holy convocation; ye shall do no manner of servile work therein:
19 But ye shall offer a sacrifice made by fire for a burnt offering unto the Lord; two young bullocks, and one ram, and seven lambs of the first year: they shall be unto you without blemish:
20 And their meat offering shall be of flour mingled with oil: three tenth deals shall ye offer for a bullock, and two tenth deals for a ram;
21 A several tenth deal shalt thou offer for every lamb, throughout the seven lambs:
22 And one goat for a sin offering, to make an atonement for you.
23 Ye shall offer these beside the burnt offering in the morning, which is for a continual burnt offering.
24 After this manner ye shall offer daily, throughout the seven days, the meat of the sacrifice made by fire, of a sweet savour unto the Lord: it shall be offered beside the continual burnt offering, and his drink offering.
25 And on the seventh day ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work.
26 Also in the day of the firstfruits, when ye bring a new meat offering unto the Lord, after your weeks be out, ye shall have an holy convocation; ye shall do no servile work:
27 But ye shall offer the burnt offering for a sweet savour unto the Lord; two young bullocks, one ram, seven lambs of the first year;
28 And their meat offering of flour mingled with oil, three tenth deals unto one bullock, two tenth deals unto one ram,
29 A several tenth deal unto one lamb, throughout the seven lambs;
30 And one kid of the goats, to make an atonement for you.
31 Ye shall offer them beside the continual burnt offering, and his meat offering, (they shall be unto you without blemish) and their drink offerings.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}