Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 39    

1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Bay mesaj mwen ba ou sou Gòg la. Wi, di li men mesaj mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m’ voye ba li: Ou menm Gòg, pi gwo chèf moun Mechèk ak moun Toubal yo, m’ pral leve dèyè ou tou.
M’ap fè ou pran yon lòt direksyon, m’ap fè ou soti nan pwent nò a, m’ap mennen ou sou mòn Izrayèl yo.
Lè sa a, m’ap kraze bwa banza ki nan men gòch ou a. M’ap fè flèch yo soti tonbe nan men dwat ou.
Ou menm Gòg, ansanm ak tout lame ou la ak tout lòt pèp k’ap mache avè ou yo, nou pral mouri sou mòn peyi Izrayèl la. M’ap kite kadav nou sèvi manje pou malfini karanklou, pou tout kalite zwezo ak bèt nan bwa.
Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale.
M’ap voye yon sèl dife nan peyi Magòg ak nan tout peyi bò lanmè kote moun t’ap viv san bri san kont lan. Tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mwen pral fè tout moun nan pèp Izrayèl la konnen mwen gen yon non apa. Mwen p’ap kite yo trennen non mwen nan labou ankò. Lè sa a nasyon yo va konnen mwen menm, Seyè a, ki Bondye pèp Izrayèl la, se yon Bondye apa mwen ye.
 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Wè pa wè, jou mwen t’ap pale a gen pou rive. Sa se sèten.
Lè sa a, moun ki rete nan lavil peyi Izrayèl yo pral soti, yo pral ranmase dènye zam moun yo te kite, y’ap boule yo. Y’ap limen gwo boukan ak plak pwotèj yo, gwo kou piti, ak banza ak tout flèch yo, ak frenn yo, ak baton yo. Boukan an ap pran sètan pou l’ boule.
10 Yo p’ap bezwen al chache bwa nan jaden pou fè dife, ni yo p’ap bezwen al koupe pyebwa nan rak, paske yo pral gen tout zam sa yo pou yo boule fè dife. Yo pral piye moun ki t’ap piye yo. Yo pral devalize moun ki t’ap devalize yo. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.
11 Seyè di ankò: -Lè sa a, m’a bay Gòg yon kote nan peyi Izrayèl la pou yo antere l’. Se va Fon Vwayajè yo, sou bò solèy leve lòt bò lanmè Mouri a. Se la yo pral antere Gòg ansanm ak tout lame li a. Y’a rele l’ Fon lame Gòg la.
12 Moun Izrayèl yo pral pran sèt mwa pou yo antere tout kadav yo, anvan pou peyi a nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye ankò.
13 Tout moun nan peyi a pral mete men pou antere yo. Konsa tou, jou y’ap fè lwanj pou mwen an, y’a nonmen non yo tou. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
14 Apre sèt mwa sa yo, y’a chwazi gason pou vwayaje nan tout peyi a al chache kadav ki rete atè a pou yo antere yo. Se travay sa a ase y’a gen pou yo fè. Konsa, y’a mete peyi a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
15 Nan vwayaj y’ap fè nan tout peyi a, chak fwa y’a jwenn yon zosman moun, y’a mete yon mak bò kote l’ pou kwòkmò yo ka vin pran l’ pou y’ al antere l’ nan Fon lame Gòg la.
16 Va gen yon lavil toupre, y’a rele l’: Amona Fon lame a. Se konsa peyi a va nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ankò.
17 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Nonm o! Rele tout kalite zwezo ak tout kalite bèt nan bwa. Fè yo soti toupatou nan vwazinaj la pou yo sanble vin manje bèt mwen pare pou m’ touye pou yo a. Pral gen yon gwo fèt sou mòn Izrayèl yo, kote yo pral manje vyann, kote yo pral bwè san.
18 Y’a manje vyann vanyan sòlda yo, y’a bwè san chèf latè yo. Moun sa yo, yo tankou belye mouton, ti mouton, bouk kabrit ak towo chatre byen gra peyi Bazan yo touye pou mwen.
19 Lè m’a fin touye tout moun sa yo tankou lè y’ap fè ofrann bèt pou mwen, zwezo yo ak bèt nan bwa yo va manje grès vyann mezi yo kapab. Y’a bwè san jouk yo sou.
20 Sou tab mwen an, y’a manje chwal, kavalye, sòlda ak moun k’ap fè lagè mezi yo kapab. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
21 Seyè a di ankò: -M’ap fè nasyon yo wè gwo pouvwa mwen. M’ap moutre yo jan mwen konn pini lè m’a pini yo, y’a santi fòs ponyèt mwen lè y’a tonbe anba men m’.
22 Depi lè sa a, jouk byen lontan apre sa, moun pèp Izrayèl yo va konnen se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.
23  Tout lòt nasyon yo va konnen se paske moun pèp Izrayèl yo pa t’ kenbe pawòl yo te gen avè m’ lan kifè yo te depòte yo. Se poutèt sa, mwen te vire do ba yo, mwen te lage yo nan men lènmi yo pou touye yo nan lagè.
24 Mwen te ba yo sa yo te merite pou mechanste yo ak tout vye bagay derespektan yo te fè yo. Mwen vire do ba yo.
25 Apre sa, Seyè sèl Mèt la di ankò: -Koulye a, mwen pral gen pitye pou pitit pitit Jakòb yo, pou pèp Izrayèl la. M’ap mete yo kanpe ankò. M’ap defann repitasyon non mwen an ki yon non apa.
26 Lè y’a vin rete ankò nan peyi yo a san ankenn danje ni malè, san pesonn pou fè yo pè, y’a bliye jan moun te konn fè yo wont, jan yo pa t’ kenbe pawòl yo avè m’ pou y’ al fè sa ki mal.
27 M’ap fè pèp mwen an soti nan mitan lòt nasyon yo pou yo tounen lakay yo. M’ap mache ranmase yo nan tout peyi kote lènmi yo ap viv. Lè m’a fè sa pou yo anpil nasyon va wè se yon Bondye apa mwen ye.
28 Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki Bondye yo. Wi, mwen te fè depòte yo nan mitan lòt nasyon. Koulye a, m’ap ranmase yo, m’ap mete yo ansanm ankò nan peyi pa yo a, san mwen pa kite yonn dèyè.
29 Mwen p’ap janm vire do ba yo ankò paske m’ap voye lespri m’ sou pèp Izrayèl la. Se Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 39

1 Et toi, fils de l’homme, prophétise contre Gog! Tu diras: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux à toi, Gog, Prince de Rosch, de Méschec et de Tubal!
Je t’entraînerai, je te conduirai, Je te ferai monter des extrémités du septentrion, Et je t’amènerai sur les montagnes d’Israël.
J’abattrai ton arc de ta main gauche, Et je ferai tomber les flèches de ta main droite.
Tu tomberas sur les montagnes d’Israël, Toi et toutes tes troupes, Et les peuples qui seront avec toi; Aux oiseaux de proie, à tout ce qui a des ailes, Et aux bêtes des champs je te donnerai pour pâture.
Tu tomberas sur la face de la terre, Car j’ai parlé, dit le Seigneur, l’Éternel.
J’enverrai le feu dans Magog, Et parmi ceux qui habitent en sécurité les îles; Et ils sauront que je suis l’Éternel.
Je ferai connaître mon saint nom au milieu de mon peuple d’Israël, Et je ne laisserai plus profaner mon saint nom; Et les nations sauront que je suis l’Éternel, Le Saint en Israël.
Voici, ces choses viennent, elles arrivent, Dit le Seigneur, l’Éternel; C’est le jour dont j’ai parlé.
Alors les habitants des villes d’Israël sortiront, Ils brûleront et livreront aux flammes les armes, Les petits et les grands boucliers, Les arcs et les flèches, Les piques et les lances; Ils en feront du feu pendant sept ans.
10 Ils ne prendront point de bois dans les champs, Et ils n’en couperont point dans les forêts, Car c’est avec les armes qu’ils feront du feu. Ils dépouilleront ceux qui les ont dépouillés, Ils pilleront ceux qui les ont pillés, Dit le Seigneur, l’Éternel.
11 En ce jour-là, Je donnerai à Gog un lieu qui lui servira de sépulcre en Israël, La vallée des voyageurs, à l’orient de la mer; Ce sépulcre fermera le passage aux voyageurs. C’est là qu’on enterrera Gog et toute sa multitude, Et on appellera cette vallée la vallée de la multitude de Gog.
12 La maison d’Israël les enterrera, Afin de purifier le pays; Et cela durera sept mois.
13 Tout le peuple du pays les enterrera, Et il en aura du renom, Le jour où je serai glorifié, Dit le Seigneur, l’Éternel.
14 Ils choisiront des hommes qui seront sans cesse à parcourir le pays, Et qui enterreront, avec l’aide des voyageurs, Les corps restés à la surface de la terre; Ils purifieront le pays, Et ils seront à la recherche pendant sept mois entiers.
15 Ils parcourront le pays; Et quand l’un d’eux verra les ossements d’un homme, Il mettra près de là un signe, Jusqu’à ce que les fossoyeurs l’enterrent Dans la vallée de la multitude de Gog.
16 Il y aura aussi une ville appelée Hamona. C’est ainsi qu’on purifiera le pays.
17 Et toi, fils de l’homme, ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Dis aux oiseaux, à tout ce qui a des ailes, Et à toutes les bêtes des champs: Réunissez-vous, venez, rassemblez-vous de toutes parts, Pour le sacrifice où j’immole pour vous des victimes, Grand sacrifice sur les montagnes d’Israël! Vous mangerez de la chair, et vous boirez du sang.
18 Vous mangerez la chair des héros, Et vous boirez le sang des princes de la terre, Béliers, agneaux, boucs, Taureaux engraissés sur le Basan.
19 Vous mangerez de la graisse jusqu’à vous en rassasier, Et vous boirez du sang jusqu’à vous enivrer, A ce festin de victimes que j’immolerai pour vous.
20 Vous vous rassasierez à ma table de la chair des chevaux et des cavaliers, De la chair des héros et de tous les hommes de guerre, Dit le Seigneur, l’Éternel.
21 Je manifesterai ma gloire parmi les nations; Et toutes les nations verront les jugements que j’exercerai, Et les châtiments dont ma main les frappera.
22 La maison d’Israël saura que je suis l’Éternel, son Dieu, Dès ce jour et à l’avenir.
23 Et les nations sauront que c’est à cause de ses iniquités Que la maison d’Israël a été conduite en captivité, A cause de ses infidélités envers moi; Aussi je leur ai caché ma face, Et je les ai livrés entre les mains de leurs ennemis, Afin qu’ils périssent tous par l’épée.
24 Je les ai traités selon leurs souillures et leurs transgressions, Et je leur ai caché ma face.
25 C’est pourquoi ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Maintenant je ramènerai les captifs de Jacob, J’aurai pitié de toute la maison d’Israël, Et je serai jaloux de mon saint nom.
26 Alors ils oublieront leur opprobre, Et toutes les infidélités qu’ils ont commises envers moi, Lorsqu’ils habitaient en sécurité leur pays, Et qu’il n’y avait personne pour les troubler.
27 Quand je les ramènerai d’entre les peuples, Quand je les rassemblerai du pays de leurs ennemis, Je serai sanctifié par eux aux yeux de beaucoup de nations.
28 Et ils sauront que je suis l’Éternel, leur Dieu, Qui les avait emmenés captifs parmi les nations, Et qui les rassemble dans leur pays; Je ne laisserai chez elles aucun d’eux,
29 Et je ne leur cacherai plus ma face, Car je répandrai mon esprit sur la maison d’Israël, Dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 39

1 Therefore, thou son of man, prophesy against Gog, and say, Thus saith the Lord God; Behold, I am against thee, O Gog, the chief prince of Meshech and Tubal:
And I will turn thee back, and leave but the sixth part of thee, and will cause thee to come up from the north parts, and will bring thee upon the mountains of Israel:
And I will smite thy bow out of thy left hand, and will cause thine arrows to fall out of thy right hand.
Thou shalt fall upon the mountains of Israel, thou, and all thy bands, and the people that is with thee: I will give thee unto the ravenous birds of every sort, and to the beasts of the field to be devoured.
Thou shalt fall upon the open field: for I have spoken it, saith the Lord God.
And I will send a fire on Magog, and among them that dwell carelessly in the isles: and they shall know that I am the Lord.
So will I make my holy name known in the midst of my people Israel; and I will not let them pollute my holy name any more: and the heathen shall know that I am the Lord, the Holy One in Israel.
Behold, it is come, and it is done, saith the Lord God; this is the day whereof I have spoken.
And they that dwell in the cities of Israel shall go forth, and shall set on fire and burn the weapons, both the shields and the bucklers, the bows and the arrows, and the handstaves, and the spears, and they shall burn them with fire seven years:
10 So that they shall take no wood out of the field, neither cut down any out of the forests; for they shall burn the weapons with fire: and they shall spoil those that spoiled them, and rob those that robbed them, saith the Lord God.
11 And it shall come to pass in that day, that I will give unto Gog a place there of graves in Israel, the valley of the passengers on the east of the sea: and it shall stop the noses of the passengers: and there shall they bury Gog and all his multitude: and they shall call it The valley of Hamongog.
12 And seven months shall the house of Israel be burying of them, that they may cleanse the land.
13 Yea, all the people of the land shall bury them; and it shall be to them a renown the day that I shall be glorified, saith the Lord God.
14 And they shall sever out men of continual employment, passing through the land to bury with the passengers those that remain upon the face of the earth, to cleanse it: after the end of seven months shall they search.
15 And the passengers that pass through the land, when any seeth a man’s bone, then shall he set up a sign by it, till the buriers have buried it in the valley of Hamongog.
16 And also the name of the city shall be Hamonah. Thus shall they cleanse the land.
17 And, thou son of man, thus saith the Lord God; Speak unto every feathered fowl, and to every beast of the field, Assemble yourselves, and come; gather yourselves on every side to my sacrifice that I do sacrifice for you, even a great sacrifice upon the mountains of Israel, that ye may eat flesh, and drink blood.
18 Ye shall eat the flesh of the mighty, and drink the blood of the princes of the earth, of rams, of lambs, and of goats, of bullocks, all of them fatlings of Bashan.
19 And ye shall eat fat till ye be full, and drink blood till ye be drunken, of my sacrifice which I have sacrificed for you.
20 Thus ye shall be filled at my table with horses and chariots, with mighty men, and with all men of war, saith the Lord God.
21 And I will set my glory among the heathen, and all the heathen shall see my judgment that I have executed, and my hand that I have laid upon them.
22 So the house of Israel shall know that I am the Lord their God from that day and forward.
23 And the heathen shall know that the house of Israel went into captivity for their iniquity: because they trespassed against me, therefore hid I my face from them, and gave them into the hand of their enemies: so fell they all by the sword.
24 According to their uncleanness and according to their transgressions have I done unto them, and hid my face from them.
25 Therefore thus saith the Lord God; Now will I bring again the captivity of Jacob, and have mercy upon the whole house of Israel, and will be jealous for my holy name;
26 After that they have borne their shame, and all their trespasses whereby they have trespassed against me, when they dwelt safely in their land, and none made them afraid.
27 When I have brought them again from the people, and gathered them out of their enemies’ lands, and am sanctified in them in the sight of many nations;
28 Then shall they know that I am the Lord their God, which caused them to be led into captivity among the heathen: but I have gathered them unto their own land, and have left none of them any more there.
29 Neither will I hide my face any more from them: for I have poured out my spirit upon the house of Israel, saith the Lord God.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}