Liv Zakari / Zacharie / Zechariah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Zakari 14         

1 Gade! Men jou jijman Seyè a ap rive! Jou sa a, yo pral piye lavil Jerizalèm. Yo pral separe tou sa yo pran ladan li la devan je nou.
Seyè a pral sanble tout nasyon yo pou y’ al fè lagè ak lavil Jerizalèm. Y’ap pran lavil la, y’ap piye tout kay yo, y’ap fè kadejak sou medam yo. Yo pral depòte mwatye nan moun yo. Men, rès pèp la ap rete nan lavil la.
Lèfini, Seyè a pral parèt pou li al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an.
Lè sa a, l’a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l’a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid.
N’a lonje fon an pou nou kouri chape kò nou jouk n’a rive lòt bò mòn Atsèl. N’a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l’ la lè tranblemanntè a te pase sou rèy Ozyas, wa peyi Jida a. Seyè a, Bondye nou an, va vini, l’ap mennen tout moun pa l’ yo avè l’.
Lè jou sa a va rive, p’ap gen limyè, p’ap fè fredi, dlo p’ap fè glas.
Se va yon jou ki p’ap tankou lòt jou yo. Ap fè klè nèt. p’ap gen lannwit ankò. Se Seyè a sèl ki konnen lè sa va rive.
 Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.
Lè sa a, se Seyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen.
10 Tout peyi a pral tounen yon gwo plenn plat, depi Geba nan nò rive Rimon nan sid, ak Jerizalèm nan mitan. Sèl lavil Jerizalèm pral rete byen wo. L’ap soti depi Pòtay Benjamen an rive nan pòtay Kwen an, kote premye pòtay la te ye a, depi Fò Annanyèl rive nan moulen rezen wa a.
11 Moun va rete la nan lavil la, malè p’ap tonbe sou yo. Y’a viv ak kè poze lavil Jerizalèm.
12 Seyè a pral voye yon gwo maladi sou tout nasyon ki te fè lagè ak Jerizalèm. Y’ap rete kanpe sou de pye yo, epi tout vyann kò yo ap pouri. Grenn je yo pral pouri nan tèt yo, lang yo ap pouri nan bouch yo.
13 Jou sa a, Seyè a pral fè yo pèdi tèt yo pran kouri. Yo pral tonbe yonn sou lòt, yonn pral touye lòt.
14 Sòlda peyi Jida yo pral goumen tou pou defann lavil Jerizalèm, yo pral ranmase dènye richès moun lòt nasyon ki sou fwontyè yo: lò, ajan ak rad an kantite.
15 Menm maladi a pral tonbe tou sou chwal, milèt, chamo, bourik, sou tout bèt ki te nan kan lènmi yo.
16  Nan moun lòt nasyon ki t’ap fè lagè ak lavil Jerizalèm yo, genyen ki va chape, ki p’ap mouri. Moun sa yo va moute chak lanne lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a. Y’a fete fèt Tant yo.
17 Si yon nasyon va derefize moute lavil Jerizalèm pou yo adore Seyè ki gen tout pouvwa a, Wa a, yon ti degout lapli p’ap tonbe nan peyi yo a menm.
18 Si moun peyi Lejip yo derefize moute al fete fèt la, menm maladi Seyè a te voye sou moun ki derefize moute yo va tonbe sou yo tou.
19 Se chatiman sa a ki pral tonbe sou peyi Lejip ansanm ak tout lòt nasyon ki va derefize moute pou fete fèt Tant yo.
20 Lè jou sa a va rive, y’a make sou ti klòch ki nan lekipay chwal yo: Apa pou Seyè a! Batri koujen ki nan tanp Seyè a va tankou ti bòl ki devan lotèl yo: yo va apa nèt pou Seyè a.
21 Y’a mete tout mamit ak tout chodyè moun yo ap sèvi lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a apa pou sèvis Seyè ki gen tout pouvwa a. Konsa, tout moun ki vle ofri yon bèt pou yo touye pou Seyè a va vin pran yonn pou yo bouyi vyann bèt yo ofri a. Lè jou sa a va rive, p’ap gen moun k’ap vann ankò nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Zacharie 14       

1 Voici, le jour de l’Éternel arrive, Et tes dépouilles seront partagées au milieu de toi.
Je rassemblerai toutes les nations pour qu’elles attaquent Jérusalem; La ville sera prise, les maisons seront pillées, et les femmes violées; La moitié de la ville ira en captivité, Mais le reste du peuple ne sera pas exterminé de la ville.
L’Éternel paraîtra, et il combattra ces nations, Comme il combat au jour de la bataille.
Ses pieds se poseront en ce jour sur la montagne des oliviers, Qui est vis-à-vis de Jérusalem, du côté de l’orient; La montagne des oliviers se fendra par le milieu, à l’orient et à l’occident, Et il se formera une très grande vallée: Une moitié de la montagne reculera vers le septentrion, Et une moitié vers le midi.
Vous fuirez alors dans la vallée de mes montagnes, Car la vallée des montagnes s’étendra jusqu’à Atzel; Vous fuirez comme vous avez fui devant le tremblement de terre, Au temps d’Ozias, roi de Juda. Et l’Éternel, mon Dieu, viendra, et tous ses saints avec lui.
En ce jour-là, il n’y aura point de lumière; Il y aura du froid et de la glace.
Ce sera un jour unique, connu de l’Éternel, Et qui ne sera ni jour ni nuit; Mais vers le soir la lumière paraîtra.
En ce jour-là, des eaux vives sortiront de Jérusalem, Et couleront moitié vers la mer orientale, Moitié vers la mer occidentale; Il en sera ainsi été et hiver.
L’Éternel sera roi de toute la terre; En ce jour-là, l’Éternel sera le seul Éternel, Et son nom sera le seul nom.
10 Tout le pays deviendra comme la plaine, de Guéba à Rimmon, Au midi de Jérusalem; Et Jérusalem sera élevée et restera à sa place, Depuis la porte de Benjamin jusqu’au lieu de la première porte, Jusqu’à la porte des angles, Et depuis la tour de Hananeel jusqu’aux pressoirs du roi.
11 On habitera dans son sein, et il n’y aura plus d’interdit; Jérusalem sera en sécurité.
12 Voici la plaie dont l’Éternel frappera tous les peuples Qui auront combattu contre Jérusalem: Leur chair tombera en pourriture tandis qu’ils seront sur leurs pieds, Leurs yeux tomberont en pourriture dans leurs orbites, Et leur langue tombera en pourriture dans leur bouche.
13 En ce jour-là, l’Éternel produira un grand trouble parmi eux; L’un saisira la main de l’autre, Et ils lèveront la main les uns sur les autres.
14 Juda combattra aussi dans Jérusalem, Et l’on amassera les richesses de toutes les nations d’alentour, L’or, l’argent, et des vêtements en très grand nombre.
15 La plaie frappera de même les chevaux, Les mulets, les chameaux, les ânes, Et toutes les bêtes qui seront dans ces camps: Cette plaie sera semblable à l’autre.
16 Tous ceux qui resteront de toutes les nations Venues contre Jérusalem Monteront chaque année Pour se prosterner devant le roi, l’Éternel des armées, Et pour célébrer la fête des tabernacles.
17 S’il y a des familles de la terre qui ne montent pas à Jérusalem Pour se prosterner devant le roi, l’Éternel des armées, La pluie ne tombera pas sur elles.
18 Si la famille d’Égypte ne monte pas, si elle ne vient pas, La pluie ne tombera pas sur elle; Elle sera frappée de la plaie dont l’Éternel frappera les nations Qui ne monteront pas pour célébrer la fête des tabernacles.
19 Ce sera le châtiment de l’Égypte, Le châtiment de toutes les nations Qui ne monteront pas pour célébrer la fête des tabernacles.
20 En ce jour-là, il sera écrit sur les clochettes des chevaux: Sainteté à L’Éternel! Et les chaudières dans la maison de l’Éternel Seront comme les coupes devant l’autel.
21 Toute chaudière à Jérusalem et dans Juda Sera consacrée à l’Éternel des armées; Tous ceux qui offriront des sacrifices viendront Et s’en serviront pour cuire les viandes; Et il n’y aura plus de marchands dans la maison de l’Éternel des armées, En ce jour-là.

Louis Segond {LSG}

Zechariah 14 

1 Behold, the day of the Lord cometh, and thy spoil shall be divided in the midst of thee.
For I will gather all nations against Jerusalem to battle; and the city shall be taken, and the houses rifled, and the women ravished; and half of the city shall go forth into captivity, and the residue of the people shall not be cut off from the city.
Then shall the Lord go forth, and fight against those nations, as when he fought in the day of battle.
And his feet shall stand in that day upon the mount of Olives, which is before Jerusalem on the east, and the mount of Olives shall cleave in the midst thereof toward the east and toward the west, and there shall be a very great valley; and half of the mountain shall remove toward the north, and half of it toward the south.
And ye shall flee to the valley of the mountains; for the valley of the mountains shall reach unto Azal: yea, ye shall flee, like as ye fled from before the earthquake in the days of Uzziah king of Judah: and the Lord my God shall come, and all the saints with thee.
And it shall come to pass in that day, that the light shall not be clear, nor dark:
But it shall be one day which shall be known to the Lord, not day, nor night: but it shall come to pass, that at evening time it shall be light.
And it shall be in that day, that living waters shall go out from Jerusalem; half of them toward the former sea, and half of them toward the hinder sea: in summer and in winter shall it be.
And the Lord shall be king over all the earth: in that day shall there be one Lord, and his name one.
10 All the land shall be turned as a plain from Geba to Rimmon south of Jerusalem: and it shall be lifted up, and inhabited in her place, from Benjamin’s gate unto the place of the first gate, unto the corner gate, and from the tower of Hananeel unto the king’s winepresses.
11 And men shall dwell in it, and there shall be no more utter destruction; but Jerusalem shall be safely inhabited.
12 And this shall be the plague wherewith the Lord will smite all the people that have fought against Jerusalem; Their flesh shall consume away while they stand upon their feet, and their eyes shall consume away in their holes, and their tongue shall consume away in their mouth.
13 And it shall come to pass in that day, that a great tumult from the Lord shall be among them; and they shall lay hold every one on the hand of his neighbour, and his hand shall rise up against the hand of his neighbour.
14 And Judah also shall fight at Jerusalem; and the wealth of all the heathen round about shall be gathered together, gold, and silver, and apparel, in great abundance.
15 And so shall be the plague of the horse, of the mule, of the camel, and of the ass, and of all the beasts that shall be in these tents, as this plague.
16 And it shall come to pass, that every one that is left of all the nations which came against Jerusalem shall even go up from year to year to worship the King, the Lord of hosts, and to keep the feast of tabernacles.
17 And it shall be, that whoso will not come up of all the families of the earth unto Jerusalem to worship the King, the Lord of hosts, even upon them shall be no rain.
18 And if the family of Egypt go not up, and come not, that have no rain; there shall be the plague, wherewith the Lord will smite the heathen that come not up to keep the feast of tabernacles.
19 This shall be the punishment of Egypt, and the punishment of all nations that come not up to keep the feast of tabernacles.
20 In that day shall there be upon the bells of the horses, Holiness Unto The Lord; and the pots in the Lord‘s house shall be like the bowls before the altar.
21 Yea, every pot in Jerusalem and in Judah shall be holiness unto the Lord of hosts: and all they that sacrifice shall come and take of them, and seethe therein: and in that day there shall be no more the Canaanite in the house of the Lord of hosts.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}