Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 11              

Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t’ap viv ansanm ak Mat, sè l’ la.
(Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.)
De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.
Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p’ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
Jezi te renmen Mat, Mari, sè l’ la, ansanm ak Laza.
Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l’ te ye a.
Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.
Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t’ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?
Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p’ap bite, paske li wè limyè k’ap klere tè a.
10 Men, si yon moun ap mache lannwit, l’ap kase pye l’, paske li pa gen limyè nan li.
11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.
12 Disip yo reponn li: Mèt, si l’ap dòmi, li pral geri.
13 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t’ap dòmi tankou tout moun konn fè.
14 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri.
15 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t’ la. Konsa n’a kwè. Ann al jwenn li.
16 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n’ ka mouri ansanm avè li.
17  Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.
18 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.
19 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.
20 Lè Mat vin konnen Jezi t’ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.
21 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m’ lan pa ta mouri non.
22 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.
23 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.
24 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l’ leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.
25 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.
26 Moun k’ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p’ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
27 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.
28 Lè Mat fin di sa, l’ al rele Mari, sè l’ la, li di l’ nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.
29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.
30 (Jezi pa t’ ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l’ la.)
31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l’, lè yo wè l’ leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.
32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l’, li lage kò l’ atè nan pye l’, li di l’ konsa: Seyè, si ou te la, frè m’ lan pa ta mouri.
33  Jezi wè jan li t’ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l’ yo, sa te fè l’ mal anpil, kè l’ t’ap fann.
34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.
35 Jezi kriye.
36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l’ non!
37 Men, te gen kèk nan yo ki t’ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t’ kapab anpeche Laza mouri?
38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.
39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l’ konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l’ nan kavo a.
40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?
41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l’ anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.
42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m’, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m’ lan m’ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.
43 Lè l’ fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!
44 Mò a soti, de pye l’ ak de men l’ yo tou mare ak bann twal, figi l’ tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l’ non, kite l’ ale.
45  Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.
47 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n’ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.
48 Si nou pa fè l’ sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y’a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.
49 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen!
50 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.
51 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t’ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.
52 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l’ te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
53 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.
54 Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l’ yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.
55 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.
56 Yo t’ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t’ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l’ap vin nan fèt la?
57 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l’ fè yo konnen pou yo ka arete li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 11             

 1 Il y avait un homme malade, Lazare, de Béthanie, village de Marie et de Marthe, sa soeur.
C’était cette Marie qui oignit de parfum le Seigneur et qui lui essuya les pieds avec ses cheveux, et c’était son frère Lazare qui était malade.
Les soeurs envoyèrent dire à Jésus: Seigneur, voici, celui que tu aimes est malade.
Après avoir entendu cela, Jésus dit: Cette maladie n’est point à la mort; mais elle est pour la gloire de Dieu, afin que le Fils de Dieu soit glorifié par elle.
Or, Jésus aimait Marthe, et sa soeur, et Lazare.
Lors donc qu’il eut appris que Lazare était malade, il resta deux jours encore dans le lieu où il était,
et il dit ensuite aux disciples: Retournons en Judée.
Les disciples lui dirent: Rabbi, les Juifs tout récemment cherchaient à te lapider, et tu retournes en Judée!
Jésus répondit: N’y a-t-il pas douze heures au jour? Si quelqu’un marche pendant le jour, il ne bronche point, parce qu’il voit la lumière de ce monde;
10 mais, si quelqu’un marche pendant la nuit, il bronche, parce que la lumière n’est pas en lui.
11 Après ces paroles, il leur dit: Lazare, notre ami, dort; mais je vais le réveiller.
12 Les disciples lui dirent: Seigneur, s’il dort, il sera guéri.
13 Jésus avait parlé de sa mort, mais ils crurent qu’il parlait de l’assoupissement du sommeil.
14 Alors Jésus leur dit ouvertement: Lazare est mort.
15 Et, à cause de vous, afin que vous croyiez, je me réjouis de ce que je n’étais pas là. Mais allons vers lui.
16 Sur quoi Thomas, appelé Didyme, dit aux autres disciples: Allons aussi, afin de mourir avec lui.
17 Jésus, étant arrivé, trouva que Lazare était déjà depuis quatre jours dans le sépulcre.
18 Et, comme Béthanie était près de Jérusalem, à quinze stades environ,
19 beaucoup de Juifs étaient venus vers Marthe et Marie, pour les consoler de la mort de leur frère.
20 Lorsque Marthe apprit que Jésus arrivait, elle alla au-devant de lui, tandis que Marie se tenait assise à la maison.
21 Marthe dit à Jésus: Seigneur, si tu eusses été ici, mon frère ne serait pas mort.
22 Mais, maintenant même, je sais que tout ce que tu demanderas à Dieu, Dieu te l’accordera.
23 Jésus lui dit: Ton frère ressuscitera.
24 Je sais, lui répondit Marthe, qu’il ressuscitera à la résurrection, au dernier jour.
25 Jésus lui dit: Je suis la résurrection et la vie. Celui qui croit en moi vivra, quand même il serait mort;
26 et quiconque vit et croit en moi ne mourra jamais. Crois-tu cela?
27 Elle lui dit: Oui, Seigneur, je crois que tu es le Christ, le Fils de Dieu, qui devait venir dans le monde.
28 Ayant ainsi parlé, elle s’en alla. Puis elle appela secrètement Marie, sa soeur, et lui dit: Le maître est ici, et il te demande.
29 Dès que Marie eut entendu, elle se leva promptement, et alla vers lui.
30 Car Jésus n’était pas encore entré dans le village, mais il était dans le lieu où Marthe l’avait rencontré.
31 Les Juifs qui étaient avec Marie dans la maison et qui la consolaient, l’ayant vue se lever promptement et sortir, la suivirent, disant: Elle va au sépulcre, pour y pleurer.
32 Lorsque Marie fut arrivée là où était Jésus, et qu’elle le vit, elle tomba à ses pieds, et lui dit: Seigneur, si tu eusses été ici, mon frère ne serait pas mort.
33 Jésus, la voyant pleurer, elle et les Juifs qui étaient venus avec elle, frémit en son esprit, et fut tout ému.
34 Et il dit: Où l’avez-vous mis? Seigneur, lui répondirent-ils, viens et vois.
35 Jésus pleura.
36 Sur quoi les Juifs dirent: Voyez comme il l’aimait.
37 Et quelques-uns d’entre eux dirent: Lui qui a ouvert les yeux de l’aveugle, ne pouvait-il pas faire aussi que cet homme ne mourût point?
38 Jésus frémissant de nouveau en lui-même, se rendit au sépulcre. C’était une grotte, et une pierre était placée devant.
39 Jésus dit: Otez la pierre. Marthe, la soeur du mort, lui dit: Seigneur, il sent déjà, car il y a quatre jours qu’il est là.
40 Jésus lui dit: Ne t’ai-je pas dit que, si tu crois, tu verras la gloire de Dieu?
41 Ils ôtèrent donc la pierre. Et Jésus leva les yeux en haut, et dit: Père, je te rends grâces de ce que tu m’as exaucé.
42 Pour moi, je savais que tu m’exauces toujours; mais j’ai parlé à cause de la foule qui m’entoure, afin qu’ils croient que c’est toi qui m’as envoyé.
43 Ayant dit cela, il cria d’une voix forte: Lazare, sors!
44 Et le mort sortit, les pieds et les mains liés de bandes, et le visage enveloppé d’un linge. Jésus leur dit: Déliez-le, et laissez-le aller.
45 Plusieurs des Juifs qui étaient venus vers Marie, et qui virent ce que fit Jésus, crurent en lui.
46 Mais quelques-uns d’entre eux allèrent trouver les pharisiens, et leur dirent ce que Jésus avait fait.
47 Alors les principaux sacrificateurs et les pharisiens assemblèrent le sanhédrin, et dirent: Que ferons-nous? Car cet homme fait beaucoup de miracles.
48 Si nous le laissons faire, tous croiront en lui, et les Romains viendront détruire et notre ville et notre nation.
49 L’un d’eux, Caïphe, qui était souverain sacrificateur cette année-là, leur dit: Vous n’y entendez rien;
50 vous ne réfléchissez pas qu’il est dans votre intérêt qu’un seul homme meure pour le peuple, et que la nation entière ne périsse pas.
51 Or, il ne dit pas cela de lui-même; mais étant souverain sacrificateur cette année-là, il prophétisa que Jésus devait mourir pour la nation.
52 Et ce n’était pas pour la nation seulement; c’était aussi afin de réunir en un seul corps les enfants de Dieu dispersés.
53 Dès ce jour, ils résolurent de le faire mourir.
54 C’est pourquoi Jésus ne se montra plus ouvertement parmi les Juifs; mais il se retira dans la contrée voisine du désert, dans une ville appelée Éphraïm; et là il demeurait avec ses disciples.
55 La Pâque des Juifs était proche. Et beaucoup de gens du pays montèrent à Jérusalem avant la Pâque, pour se purifier.
56 Ils cherchaient Jésus, et ils se disaient les uns aux autres dans le temple: Que vous en semble? Ne viendra-t-il pas à la fête?
57 Or, les principaux sacrificateurs et les pharisiens avaient donné l’ordre que, si quelqu’un savait où il était, il le déclarât, afin qu’on se saisît de lui.

Louis Segond {LSG}

John 11     

1 Now a certain man was sick, named Lazarus, of Bethany, the town of Mary and her sister Martha.
(It was that Mary which anointed the Lord with ointment, and wiped his feet with her hair, whose brother Lazarus was sick.)
Therefore his sisters sent unto him, saying, Lord, behold, he whom thou lovest is sick.
When Jesus heard that, he said, This sickness is not unto death, but for the glory of God, that the Son of God might be glorified thereby.
Now Jesus loved Martha, and her sister, and Lazarus.
When he had heard therefore that he was sick, he abode two days still in the same place where he was.
Then after that saith he to his disciples, Let us go into Judaea again.
His disciples say unto him, Master, the Jews of late sought to stone thee; and goest thou thither again?
Jesus answered, Are there not twelve hours in the day? If any man walk in the day, he stumbleth not, because he seeth the light of this world.
10 But if a man walk in the night, he stumbleth, because there is no light in him.
11 These things said he: and after that he saith unto them, Our friend Lazarus sleepeth; but I go, that I may awake him out of sleep.
12 Then said his disciples, Lord, if he sleep, he shall do well.
13 Howbeit Jesus spake of his death: but they thought that he had spoken of taking of rest in sleep.
14 Then said Jesus unto them plainly, Lazarus is dead.
15 And I am glad for your sakes that I was not there, to the intent ye may believe; nevertheless let us go unto him.
16 Then said Thomas, which is called Didymus, unto his fellowdisciples, Let us also go, that we may die with him.
17 Then when Jesus came, he found that he had lain in the grave four days already.
18 Now Bethany was nigh unto Jerusalem, about fifteen furlongs off:
19 And many of the Jews came to Martha and Mary, to comfort them concerning their brother.
20 Then Martha, as soon as she heard that Jesus was coming, went and met him: but Mary sat still in the house.
21 Then said Martha unto Jesus, Lord, if thou hadst been here, my brother had not died.
22 But I know, that even now, whatsoever thou wilt ask of God, God will give it thee.
23 Jesus saith unto her, Thy brother shall rise again.
24 Martha saith unto him, I know that he shall rise again in the resurrection at the last day.
25 Jesus said unto her, I am the resurrection, and the life: he that believeth in me, though he were dead, yet shall he live:
26 And whosoever liveth and believeth in me shall never die. Believest thou this?
27 She saith unto him, Yea, Lord: I believe that thou art the Christ, the Son of God, which should come into the world.
28 And when she had so said, she went her way, and called Mary her sister secretly, saying, The Master is come, and calleth for thee.
29 As soon as she heard that, she arose quickly, and came unto him.
30 Now Jesus was not yet come into the town, but was in that place where Martha met him.
31 The Jews then which were with her in the house, and comforted her, when they saw Mary, that she rose up hastily and went out, followed her, saying, She goeth unto the grave to weep there.
32 Then when Mary was come where Jesus was, and saw him, she fell down at his feet, saying unto him, Lord, if thou hadst been here, my brother had not died.
33 When Jesus therefore saw her weeping, and the Jews also weeping which came with her, he groaned in the spirit, and was troubled.
34 And said, Where have ye laid him? They said unto him, Lord, come and see.
35 Jesus wept.
36 Then said the Jews, Behold how he loved him!
37 And some of them said, Could not this man, which opened the eyes of the blind, have caused that even this man should not have died?
38 Jesus therefore again groaning in himself cometh to the grave. It was a cave, and a stone lay upon it.
39 Jesus said, Take ye away the stone. Martha, the sister of him that was dead, saith unto him, Lord, by this time he stinketh: for he hath been dead four days.
40 Jesus saith unto her, Said I not unto thee, that, if thou wouldest believe, thou shouldest see the glory of God?
41 Then they took away the stone from the place where the dead was laid. And Jesus lifted up his eyes, and said, Father, I thank thee that thou hast heard me.
42 And I knew that thou hearest me always: but because of the people which stand by I said it, that they may believe that thou hast sent me.
43 And when he thus had spoken, he cried with a loud voice, Lazarus, come forth.
44 And he that was dead came forth, bound hand and foot with graveclothes: and his face was bound about with a napkin. Jesus saith unto them, Loose him, and let him go.
45 Then many of the Jews which came to Mary, and had seen the things which Jesus did, believed on him.
46 But some of them went their ways to the Pharisees, and told them what things Jesus had done.
47 Then gathered the chief priests and the Pharisees a council, and said, What do we? for this man doeth many miracles.
48 If we let him thus alone, all men will believe on him: and the Romans shall come and take away both our place and nation.
49 And one of them, named Caiaphas, being the high priest that same year, said unto them, Ye know nothing at all,
50 Nor consider that it is expedient for us, that one man should die for the people, and that the whole nation perish not.
51 And this spake he not of himself: but being high priest that year, he prophesied that Jesus should die for that nation;
52 And not for that nation only, but that also he should gather together in one the children of God that were scattered abroad.
53 Then from that day forth they took counsel together for to put him to death.
54 Jesus therefore walked no more openly among the Jews; but went thence unto a country near to the wilderness, into a city called Ephraim, and there continued with his disciples.
55 And the Jews’ passover was nigh at hand: and many went out of the country up to Jerusalem before the passover, to purify themselves.
56 Then sought they for Jesus, and spake among themselves, as they stood in the temple, What think ye, that he will not come to the feast?
57 Now both the chief priests and the Pharisees had given a commandment, that, if any man knew where he were, he should shew it, that they might take him.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}