Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 46    

1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y’a louvri l’ jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan.
Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l’a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l’a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y’a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l’a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.
Chak jou repo m’ yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la.
Chak jou repo m’ yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a.
Avèk chak belye mouton, l’a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l’a bay sa l’a vle. Pou chak demi mezi grenn, l’a bay twaka yon mezi lwil oliv.
Pou fèt lalin nouvèl lan, l’a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite.
Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l’a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l’a ofri sa li vle. Se pou l’ ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri.
Lè wa a ap antre, se pou l’ pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l’ap soti, se la pou l’ pase tou.
Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p’ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l’ pase soti nan pòtay anfas la.
10 Wa a va kanpe avèk pèp la, l’a antre ansanm ak yo, l’a soti ansanm ak yo.
11 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y’a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y’ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l’a bay sa l’a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden.
12 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l’ bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y’a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l’ pou jou repo yo. Men, soti li soti, y’a fèmen pòtay la.
13 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.
14 Chak maten, y’a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y’a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p’ap janm chanje.
15 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a.
16  Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li.
17 Men, si wa a fè yon moun k’ap sèvi l’ kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan.
18 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l’ pou li. Se nan tè ki rele l’ pa l’ la pou l’ pran pou l’ bay pitit li. Konsa, li p’ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l’ pran tè a pou li.
19  Apre sa, nonm lan mennen m’ devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m’ yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo.
20 Epi li di m’: -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y’a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p’ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.
21 Apre sa, li mennen m’ nan gwo lakou deyò a, li fè m’ pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen.
22 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè.
23 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a.
24 Nonm lan di m’: -Sa se kizin kote moun k’ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 46

1 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: La porte du parvis intérieur, du côté de l’orient, restera fermée les six jours ouvriers; mais elle sera ouverte le jour du sabbat, elle sera aussi ouverte le jour de la nouvelle lune.
Le prince entrera par le chemin du vestibule de la porte extérieure, et se tiendra près des poteaux de la porte; les sacrificateurs offriront son holocauste et ses sacrifices d’actions de grâces; il se prosternera sur le seuil de la porte, puis il sortira, et la porte ne sera pas fermée avant le soir.
Le peuple du pays se prosternera devant l’Éternel à l’entrée de cette porte, aux jours de sabbat et aux nouvelles lunes.
L’holocauste que le prince offrira à l’Éternel, le jour du sabbat, sera de six agneaux sans défaut et d’un bélier sans défaut;
et son offrande, d’un épha pour le bélier, et de ce qu’il voudra pour les agneaux, avec un hin d’huile par épha.
Le jour de la nouvelle lune, il offrira un jeune taureau sans défaut, six agneaux et un bélier qui seront sans défaut;
et son offrande sera d’un épha pour le taureau, d’un épha pour le bélier, et de ce qu’il voudra pour les agneaux, avec un hin d’huile par épha.
Lorsque le prince entrera, il entrera par le chemin du vestibule de la porte, et il sortira par le même chemin.
Mais lorsque le peuple du pays se présentera devant l’Éternel, aux solennités, celui qui entrera par la porte septentrionale pour se prosterner sortira par la porte méridionale, et celui qui entrera par la porte méridionale sortira par la porte septentrionale; on ne devra pas s’en retourner par la porte par laquelle on sera entré, mais on sortira par celle qui lui est opposée.
10 Le prince entrera parmi eux quand ils entreront, et sortira quand ils sortiront.
11 Aux fêtes et aux solennités, l’offrande sera d’un épha pour le taureau, d’un épha pour le bélier, et de ce qu’il voudra pour les agneaux, avec un hin d’huile par épha.
12 Si le prince offre à l’Éternel un holocauste volontaire ou un sacrifice volontaire d’actions de grâces, on lui ouvrira la porte qui est du côté de l’orient, et il offrira son holocauste et son sacrifice d’actions de grâces comme il doit le faire le jour du sabbat; puis il sortira, et l’on fermera la porte après qu’il sera sorti.
13 Tu offriras chaque jour en holocauste à l’Éternel un agneau d’un an, sans défaut; tu l’offriras tous les matins.
14 Tu y joindras pour offrande, tous les matins, un sixième d’épha, et le tiers d’un hin d’huile pour pétrir la farine. C’est l’offrande à l’Éternel, une loi perpétuelle, pour toujours.
15 On offrira, tous les matins, l’agneau et l’offrande avec l’huile, comme holocauste perpétuel.
16 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Si le prince fait à l’un de ses fils un don pris sur son héritage, ce don appartiendra à ses fils, ce sera leur propriété comme héritage.
17 Mais s’il fait à l’un de ses serviteurs un don pris sur son héritage, ce don lui appartiendra jusqu’à l’année de la liberté, puis il retournera au prince; ses fils seuls posséderont ce qu’il leur donnera de son héritage.
18 Le prince ne prendra rien de l’héritage du peuple, il ne le dépouillera pas de ses possessions; ce qu’il donnera en héritage à ses fils, il le prendra sur ce qu’il possède, afin que nul parmi mon peuple ne soit éloigné de sa possession.
19 Il me conduisit, par l’entrée qui était à côté de la porte, dans les chambres saintes destinées aux sacrificateurs, vers le septentrion. Et voici, il y avait un lieu dans le fond, du côté de l’occident.
20 Il me dit: C’est le lieu où les sacrificateurs feront cuire la chair des sacrifices de culpabilité et d’expiation, et où ils feront cuire les offrandes, pour éviter de les porter dans le parvis extérieur et de sanctifier le peuple.
21 Il me conduisit ensuite dans le parvis extérieur, et me fit passer vers les quatre angles du parvis. Et voici, il y avait une cour à chacun des angles du parvis.
22 Aux quatre angles du parvis il y avait des cours voûtées, longues de quarante coudées et larges de trente; toutes les quatre avaient la même mesure, dans les angles.
23 Un mur les entourait toutes les quatre, et des foyers étaient pratiqués au bas du mur tout autour.
24 Il me dit: Ce sont les cuisines, où les serviteurs de la maison feront cuire la chair des sacrifices offerts par le peuple.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 46

1 Thus saith the Lord God; The gate of the inner court that looketh toward the east shall be shut the six working days; but on the sabbath it shall be opened, and in the day of the new moon it shall be opened.
And the prince shall enter by the way of the porch of that gate without, and shall stand by the post of the gate, and the priests shall prepare his burnt offering and his peace offerings, and he shall worship at the threshold of the gate: then he shall go forth; but the gate shall not be shut until the evening.
Likewise the people of the land shall worship at the door of this gate before the Lord in the sabbaths and in the new moons.
And the burnt offering that the prince shall offer unto the Lord in the sabbath day shall be six lambs without blemish, and a ram without blemish.
And the meat offering shall be an ephah for a ram, and the meat offering for the lambs as he shall be able to give, and an hin of oil to an ephah.
And in the day of the new moon it shall be a young bullock without blemish, and six lambs, and a ram: they shall be without blemish.
And he shall prepare a meat offering, an ephah for a bullock, and an ephah for a ram, and for the lambs according as his hand shall attain unto, and an hin of oil to an ephah.
And when the prince shall enter, he shall go in by the way of the porch of that gate, and he shall go forth by the way thereof.
But when the people of the land shall come before the Lord in the solemn feasts, he that entereth in by the way of the north gate to worship shall go out by the way of the south gate; and he that entereth by the way of the south gate shall go forth by the way of the north gate: he shall not return by the way of the gate whereby he came in, but shall go forth over against it.
10 And the prince in the midst of them, when they go in, shall go in; and when they go forth, shall go forth.
11 And in the feasts and in the solemnities the meat offering shall be an ephah to a bullock, and an ephah to a ram, and to the lambs as he is able to give, and an hin of oil to an ephah.
12 Now when the prince shall prepare a voluntary burnt offering or peace offerings voluntarily unto the Lord, one shall then open him the gate that looketh toward the east, and he shall prepare his burnt offering and his peace offerings, as he did on the sabbath day: then he shall go forth; and after his going forth one shall shut the gate.
13 Thou shalt daily prepare a burnt offering unto the Lord of a lamb of the first year without blemish: thou shalt prepare it every morning.
14 And thou shalt prepare a meat offering for it every morning, the sixth part of an ephah, and the third part of an hin of oil, to temper with the fine flour; a meat offering continually by a perpetual ordinance unto the Lord.
15 Thus shall they prepare the lamb, and the meat offering, and the oil, every morning for a continual burnt offering.
16 Thus saith the Lord God; If the prince give a gift unto any of his sons, the inheritance thereof shall be his sons’; it shall be their possession by inheritance.
17 But if he give a gift of his inheritance to one of his servants, then it shall be his to the year of liberty; after it shall return to the prince: but his inheritance shall be his sons’ for them.
18 Moreover the prince shall not take of the people’s inheritance by oppression, to thrust them out of their possession; but he shall give his sons inheritance out of his own possession: that my people be not scattered every man from his possession.
19 After he brought me through the entry, which was at the side of the gate, into the holy chambers of the priests, which looked toward the north: and, behold, there was a place on the two sides westward.
20 Then said he unto me, This is the place where the priests shall boil the trespass offering and the sin offering, where they shall bake the meat offering; that they bear them not out into the utter court, to sanctify the people.
21 Then he brought me forth into the utter court, and caused me to pass by the four corners of the court; and, behold, in every corner of the court there was a court.
22 In the four corners of the court there were courts joined of forty cubits long and thirty broad: these four corners were of one measure.
23 And there was a row of building round about in them, round about them four, and it was made with boiling places under the rows round about.
24 Then said he unto me, These are the places of them that boil, where the ministers of the house shall boil the sacrifice of the people.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}