Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 39

1 Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l’ nan men yo.
Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la.
Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l’ mache byen.
Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t’ap sèvi li. Li mete l’ reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen.
Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l’.
Potifa te lage tout zafè l’ nan men Jozèf. Li pa t’ okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.
 Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l’: -vin kouche avè m’ non!
Men Jozèf derefize, li di l’: -Mèt mwen an pa okipe anyen k’ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m’.
Mwen gen menm otorite avè l’ nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m’ fè yon bagay konsa, pou m’ fè peche sa a kont Bondye?
10 Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l’.
11 Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t’ la:
12 Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l’: -Jòdi a, se pou ou kouche avè m’. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l’ met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.
13  Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l’ pou l’ kouri ale deyò,
14 li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m’. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m’ kouche avè l’. Mwen pete rele.
15 Lè li tande m’ rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m’.
16 Madanm lan kite rad la bò kote l’, li tann mèt Jozèf la tounen lakay la.
17 Li rakonte l’ menm bagay la, li di l’: -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m’.
18 Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m’.
19  Lè Potifa tande madanm li di l’ sa domestik li a te fè l’, li move sou Jozèf.
20 Li fè arete l’, mete l’ nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l’ nan prizon.
21 Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l’ jan l’ te renmen l’, li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.
22 Li mete l’ veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an.
23 Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t’ bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l’ mache byen.

Vèsyon Orjinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Genèse 39

1 On fit descendre Joseph en Égypte; et Potiphar, officier de Pharaon, chef des gardes, Égyptien, l’acheta des Ismaélites qui l’y avaient fait descendre.
L’Éternel fut avec lui, et la prospérité l’accompagna; il habitait dans la maison de son maître, l’Égyptien.
Son maître vit que l’Éternel était avec lui, et que l’Éternel faisait prospérer entre ses mains tout ce qu’il entreprenait.
Joseph trouva grâce aux yeux de son maître, qui l’employa à son service, l’établit sur sa maison, et lui confia tout ce qu’il possédait.
Dès que Potiphar l’eut établi sur sa maison et sur tout ce qu’il possédait, l’Éternel bénit la maison de l’Égyptien, à cause de Joseph; et la bénédiction de l’Éternel fut sur tout ce qui lui appartenait, soit à la maison, soit aux champs.
Il abandonna aux mains de Joseph tout ce qui lui appartenait, et il n’avait avec lui d’autre soin que celui de prendre sa nourriture. Or, Joseph était beau de taille et beau de figure.
Après ces choses, il arriva que la femme de son maître porta les yeux sur Joseph, et dit: Couche avec moi!
Il refusa, et dit à la femme de son maître: Voici, mon maître ne prend avec moi connaissance de rien dans la maison, et il a remis entre mes mains tout ce qui lui appartient.
Il n’est pas plus grand que moi dans cette maison, et il ne m’a rien interdit, excepté toi, parce que tu es sa femme. Comment ferais-je un aussi grand mal et pécherais-je contre Dieu?
10 Quoiqu’elle parlât tous les jours à Joseph, il refusa de coucher auprès d’elle, d’être avec elle.
11 Un jour qu’il était entré dans la maison pour faire son ouvrage, et qu’il n’y avait là aucun des gens de la maison,
12 elle le saisit par son vêtement, en disant: Couche avec moi! Il lui laissa son vêtement dans la main, et s’enfuit au dehors.
13 Lorsqu’elle vit qu’il lui avait laissé son vêtement dans la main, et qu’il s’était enfui dehors,
14 elle appela les gens de sa maison, et leur dit: Voyez, il nous a amené un Hébreu pour se jouer de nous. Cet homme est venu vers moi pour coucher avec moi; mais j’ai crié à haute voix.
15 Et quand il a entendu que j’élevais la voix et que je criais, il a laissé son vêtement à côté de moi et s’est enfui dehors.
16 Et elle posa le vêtement de Joseph à côté d’elle, jusqu’à ce que son maître rentrât à la maison.
17 Alors elle lui parla ainsi: L’esclave hébreu que tu nous as amené est venu vers moi pour se jouer de moi.
18 Et comme j’ai élevé la voix et que j’ai crié, il a laissé son vêtement à côté de moi et s’est enfui dehors.
19 Après avoir entendu les paroles de sa femme, qui lui disait: Voilà ce que m’a fait ton esclave! le maître de Joseph fut enflammé de colère.
20 Il prit Joseph, et le mit dans la prison, dans le lieu où les prisonniers du roi étaient enfermés: il fut là, en prison.
21 L’Éternel fut avec Joseph, et il étendit sur lui sa bonté. Il le mit en faveur aux yeux du chef de la prison.
22 Et le chef de la prison plaça sous sa surveillance tous les prisonniers qui étaient dans la prison; et rien ne s’y faisait que par lui.
23 Le chef de la prison ne prenait aucune connaissance de ce que Joseph avait en main, parce que l’Éternel était avec lui. Et l’Éternel donnait de la réussite à ce qu’il faisait.
Louis Segond {LSG}

Genesis 39

1 And Joseph was brought down to Egypt; and Potiphar, an officer of Pharaoh, captain of the guard, an Egyptian, bought him of the hands of the Ishmeelites, which had brought him down thither.
And the Lord was with Joseph, and he was a prosperous man; and he was in the house of his master the Egyptian.
And his master saw that the Lord was with him, and that the Lord made all that he did to prosper in his hand.
And Joseph found grace in his sight, and he served him: and he made him overseer over his house, and all that he had he put into his hand.
And it came to pass from the time that he had made him overseer in his house, and over all that he had, that the Lord blessed the Egyptian’s house for Joseph’s sake; and the blessing of the Lord was upon all that he had in the house, and in the field.
And he left all that he had in Joseph’s hand; and he knew not ought he had, save the bread which he did eat. And Joseph was a goodly person, and well favoured.
And it came to pass after these things, that his master’s wife cast her eyes upon Joseph; and she said, Lie with me.
But he refused, and said unto his master’s wife, Behold, my master wotteth not what is with me in the house, and he hath committed all that he hath to my hand;
There is none greater in this house than I; neither hath he kept back any thing from me but thee, because thou art his wife: how then can I do this great wickedness, and sin against God?
10 And it came to pass, as she spake to Joseph day by day, that he hearkened not unto her, to lie by her, or to be with her.
11 And it came to pass about this time, that Joseph went into the house to do his business; and there was none of the men of the house there within.
12 And she caught him by his garment, saying, Lie with me: and he left his garment in her hand, and fled, and got him out.
13 And it came to pass, when she saw that he had left his garment in her hand, and was fled forth,
14 That she called unto the men of her house, and spake unto them, saying, See, he hath brought in an Hebrew unto us to mock us; he came in unto me to lie with me, and I cried with a loud voice:
15 And it came to pass, when he heard that I lifted up my voice and cried, that he left his garment with me, and fled, and got him out.
16 And she laid up his garment by her, until his lord came home.
17 And she spake unto him according to these words, saying, The Hebrew servant, which thou hast brought unto us, came in unto me to mock me:
18 And it came to pass, as I lifted up my voice and cried, that he left his garment with me, and fled out.
19 And it came to pass, when his master heard the words of his wife, which she spake unto him, saying, After this manner did thy servant to me; that his wrath was kindled.
20 And Joseph’s master took him, and put him into the prison, a place where the king’s prisoners were bound: and he was there in the prison.
21 But the Lord was with Joseph, and shewed him mercy, and gave him favour in the sight of the keeper of the prison.
22 And the keeper of the prison committed to Joseph’s hand all the prisoners that were in the prison; and whatsoever they did there, he was the doer of it.
23 The keeper of the prison looked not to any thing that was under his hand; because the Lord was with him, and that which he did, the Lord made it to prosper.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}