Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 25   

1 Men kèk lòt pwovèb wa Salomon. Se moun nan palè Ezekyas, wa peyi Jida a, ki te kouche yo sou papye.
 Bondye konnen lè pou l’ kite nou konprann, se sa ki fè pouvwa li. Wa yo toujou ap chache konprann, se sa ki fè moun respekte yo.
Menm jan ou pa konnen wotè syèl la ak fondè tè a, se konsa tou ou pa ka konnen sa k’ap pase nan tèt yon wa.
 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Efèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.
Wete tout mechan bò kote wa a, gouvènman l’ lan ap chita byen chita. p’ap gen lenjistis.
 Pa fè grandizè devan wa a. Pa chita nan plas grannèg yo.
Pito yo di ou moute pi wo, pase pou yo fè ou bay plas la, pou ou ta wont devan chèf la.
 Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l’ lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?
Lè ou gen kont ak yon moun, regle zafè nou san nou pa mete lòt moun ladan li. Pa mete sekrè l’ deyò.
10 Paske, lè moun konnen ou pa ka kenbe sekrè, y’a fè ou wont. Y’a ba ou move non.
11  Lè ou bay bon pawòl ki tonbe daplon se tankou yon moso lò byen travay yo plake sou yon moso ajan.
12  Lè yon moun ki gen bon konprann rale zòrèy moun ki gen tande, se tankou zanno ak kolye ki fèt ak bon lò ou mete sou ou.
13  Yon komisyonè ki p’ap twonpe moun ki voye l’ la, se tankou yon bon vè dlo byen fre w’ap bwè nan mitan chalè rekòt. L’ap remoute kouraj mèt li.
14  Moun ki toujou ap pwomèt san yo pa janm kenbe pwomès yo, se tankou nwaj ak van ki pa janm pote lapli.
15  Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w’ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.
16  Lè ou jwenn siwo myèl, bwè kantite ou ka bwè. Si ou pran twòp, l’a fè kè ou plen, l’a fè ou vonmi.
17  Konsa tou, pa al rann vizit twò dri lakay zanmi ou, pou li pa bouke avè ou, pou l’ pa rayi ou.
18  Yon moun k’ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.
19  Jou malè, si ou mete konfyans ou sou moun trèt, se tankou si ou vle mòde ak dan pouri, osinon kouri sou pye foule.
20  Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.
21  Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l’ bwè.
22  Lè sa a, w’a fè l’ wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou.
23  Tripotaj fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.
24  Pito ou viv pou kont ou nan yon kwen galata pase pou w’ap viv nan yon kay ansanm ak yon fanm k’ap chache kont tout tan.
25  Lè ou resevwa yon bon nouvèl ki soti nan peyi Jida, se tankou yon vè dlo fre pou yon moun ki sot moute mòn.
26  Lè yon moun ki mache dwat kite yon mechan pran tèt li, se tankou yon sous dlo moun mache ladan l’, se tankou yon pi yo sal.
27  Twòp siwo myèl pa bon pou lasante. Konsa tou, pa chache pou moun nonmen non ou twòp.
28  Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y’ap anvayi l’ fasil. Y’ap mete men sou ou fasil.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 25

1 Voici encore des Proverbes de Salomon, recueillis par les gens d’Ézéchias, roi de Juda.
La gloire de Dieu, c’est de cacher les choses; La gloire des rois, c’est de sonder les choses.
Les cieux dans leur hauteur, la terre dans sa profondeur, Et le coeur des rois, sont impénétrables.
Ote de l’argent les scories, Et il en sortira un vase pour le fondeur.
Ote le méchant de devant le roi, Et son trône s’affermira par la justice.
Ne t’élève pas devant le roi, Et ne prends pas la place des grands;
Car il vaut mieux qu’on te dise: Monte-ici! Que si l’on t’abaisse devant le prince que tes yeux voient.
Ne te hâte pas d’entrer en contestation, De peur qu’à la fin tu ne saches que faire, Lorsque ton prochain t’aura outragé.
Défends ta cause contre ton prochain, Mais ne révèle pas le secret d’un autre,
10 De peur qu’en l’apprenant il ne te couvre de honte, Et que ta mauvaise renommée ne s’efface pas.
11 Comme des pommes d’or sur des ciselures d’argent, Ainsi est une parole dite à propos.
12 Comme un anneau d’or et une parure d’or fin, Ainsi pour une oreille docile est le sage qui réprimande.
13 Comme la fraîcheur de la neige au temps de la moisson, Ainsi est un messager fidèle pour celui qui l’envoie; Il restaure l’âme de son maître.
14 Comme des nuages et du vent sans pluie, Ainsi est un homme se glorifiant à tort de ses libéralités.
15 Par la lenteur à la colère on fléchit un prince, Et une langue douce peut briser des os.
16 Si tu trouves du miel, n’en mange que ce qui te suffit, De peur que tu n’en sois rassasié et que tu ne le vomisses.
17 Mets rarement le pied dans la maison de ton prochain, De peur qu’il ne soit rassasié de toi et qu’il ne te haïsse.
18 Comme une massue, une épée et une flèche aiguë, Ainsi est un homme qui porte un faux témoignage contre son prochain.
19 Comme une dent cassée et un pied qui chancelle, Ainsi est la confiance en un perfide au jour de la détresse.
20 Oter son vêtement dans un jour froid, Répandre du vinaigre sur du nitre, C’est dire des chansons à un coeur attristé.
21 Si ton ennemi a faim, donne-lui du pain à manger; S’il a soif, donne-lui de l’eau à boire.
22 Car ce sont des charbons ardents que tu amasses sur sa tête, Et l’Éternel te récompensera.
23 Le vent du nord enfante la pluie, Et la langue mystérieuse un visage irrité.
24 Mieux vaut habiter à l’angle d’un toit, Que de partager la demeure d’une femme querelleuse.
25 Comme de l’eau fraîche pour une personne fatiguée, Ainsi est une bonne nouvelle venant d’une terre lointaine.
26 Comme une fontaine troublée et une source corrompue, Ainsi est le juste qui chancelle devant le méchant.
27 Il n’est pas bon de manger beaucoup de miel, Mais rechercher la gloire des autres est un honneur.
28 Comme une ville forcée et sans murailles, Ainsi est l’homme qui n’est pas maître de lui-même.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 25  

1 These are also proverbs of Solomon, which the men of Hezekiah king of Judah copied out.
It is the glory of God to conceal a thing: but the honour of kings is to search out a matter.
The heaven for height, and the earth for depth, and the heart of kings is unsearchable.
Take away the dross from the silver, and there shall come forth a vessel for the finer.
Take away the wicked from before the king, and his throne shall be established in righteousness.
Put not forth thyself in the presence of the king, and stand not in the place of great men:
For better it is that it be said unto thee, Come up hither; than that thou shouldest be put lower in the presence of the prince whom thine eyes have seen.
Go not forth hastily to strive, lest thou know not what to do in the end thereof, when thy neighbour hath put thee to shame.
Debate thy cause with thy neighbour himself; and discover not a secret to another:
10 Lest he that heareth it put thee to shame, and thine infamy turn not away.
11 A word fitly spoken is like apples of gold in pictures of silver.
12 As an earring of gold, and an ornament of fine gold, so is a wise reprover upon an obedient ear.
13 As the cold of snow in the time of harvest, so is a faithful messenger to them that send him: for he refresheth the soul of his masters.
14 Whoso boasteth himself of a false gift is like clouds and wind without rain.
15 By long forbearing is a prince persuaded, and a soft tongue breaketh the bone.
16 Hast thou found honey? eat so much as is sufficient for thee, lest thou be filled therewith, and vomit it.
17 Withdraw thy foot from thy neighbour’s house; lest he be weary of thee, and so hate thee.
18 A man that beareth false witness against his neighbour is a maul, and a sword, and a sharp arrow.
19 Confidence in an unfaithful man in time of trouble is like a broken tooth, and a foot out of joint.
20 As he that taketh away a garment in cold weather, and as vinegar upon nitre, so is he that singeth songs to an heavy heart.
21 If thine enemy be hungry, give him bread to eat; and if he be thirsty, give him water to drink:
22 For thou shalt heap coals of fire upon his head, and the Lord shall reward thee.
23 The north wind driveth away rain: so doth an angry countenance a backbiting tongue.
24 It is better to dwell in the corner of the housetop, than with a brawling woman and in a wide house.
25 As cold waters to a thirsty soul, so is good news from a far country.
26 A righteous man falling down before the wicked is as a troubled fountain, and a corrupt spring.
27 It is not good to eat much honey: so for men to search their own glory is not glory.
28 He that hath no rule over his own spirit is like a city that is broken down, and without walls.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}