Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 33 

1 Men non tout kote moun Izrayèl yo te pase depi apre yo tout te soti kite peyi Lejip tankou yon lame, avèk Moyiz ak Arawon alatèt yo.
Dapre lòd Seyè a te bay Moyiz, chak kote yo te rive, li te make non kote a anvan yo reprann vwayaj yo.
Moun pèp Izrayèl yo te kite lavil Ranmsès jou ki te kenzyèm jou nan premye mwa a, yon jou apre premye Fèt Delivrans lan. Yo soti kite peyi a devan je tout moun peyi Lejip yo san pesonn pa di yo anyen.
Lè sa a, moun peyi Lejip yo t’ap antere premye pitit gason yo. Se Seyè a menm ki te touye yo. Se konsa li te fè wè li gen plis pouvwa pase bondye moun peyi Lejip yo
Moun pep Izrayèl yo kite lavil Ranmsès, yo rive yon kote ki rele Soukòt. Se la yo moute kan yo.
Apre sa, yo kite Soukòt, y’ al moute kan yo Etam ki sou limit dezè a.
Yo kite Elam, yo tounen sou Pi ayiwòt, ki anfas Baal-Sefon, bò solèy leve, epi yo moute kan yo devan Migdòl.
Yo kite Pi ayiwòt, yo travèse Lanmè Wouj la, yo rive nan dezè a. Yo pase twa jou ap mache nan dezè Etam lan, yo rive Mara kote yo moute kan yo.
Yo kite Mara, yo rive Elim kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye palmis. Yo moute kan yo la.
10 Yo kite Elim, y’ al moute kan yo toupre Lanmè Wouj la.
11 Yo kite Lanmè Wouj, y’ al moute kan yo nan dezè Zin lan.
12 Yo kite dezè Zin lan, y’ al moute kan yo Dofka.
13 Yo kite Dofka, y’ al moute kan yo Alouch.
14 Yo kite Alouch, y’ al moute kan yo Refidim kote pèp la pa t’ jwenn dlo pou yo bwè a.
15 Yo kite Refidim, y’ al moute kan yo nan dezè Sinayi a.
16 Yo kite dezè Sinayi a, y’ al moute kan yo Simityè Grangou.
17 Yo kite Simityè Grangou, y’ al moute kan yo Azewòt.
18 Yo kite Azewòt, y’ al moute kan yo Ritma.
19 Yo kite Ritma, y’ al moute kan yo Rimonn Perèz.
20 Yo kite Rimonn Perèz, y’ al moute kan yo Libna.
21 Yo kite Libna, y’ al moute kan yo Risa.
22 Yo kite Risa, y’ al moute kan yo Keyelata.
23 Yo kite Keyelata, y’ al moute kan yo sou mòn Chefè a.
24 Yo kite mòn Chefè a, y’ al moute kan yo Arada.
25 Yo kite Arada, y’ al moute kan yo Makelòt.
26 Yo kite Makelòt, y’ al moute kan yo Tayat.
27 Yo kite Tayat, y’ al moute kan yo Tara.
28 Yo kite Tara, y’ al moute kan yo Mitka.
29 Yo kite Mitka, y’ al moute kan yo Asmona.
30 Yo kite Asmona, y’ al moute kan yo Mosewòt.
31 Yo kite Mosewòt, y’ al moute kan yo Benè-Jakan.
32 Yo kite Benè-Jakan, y’ al moute kan yo Ogidgad.
33 Yo kite Ogidgad, y’ al moute kan yo Jotbata.
34 Yo kite Jotbata, y’ al moute kan yo Abwona.
35 Yo kite Abwona, y’ al moute kan yo Ezyongebè.
36 Yo kite Ezyongebè, y’ al moute kan yo nan dezè Zin lan, ki vle di Kadès.
37 Yo kite Kadès, y’ al moute kan yo sou mòn Or, toupre fwontyè peyi Edon an.
38 Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.
39 Lè Arawon mouri sou mòn Or la, li te gen sanvenntwazan sou tèt li.
40 Wa Arad, yon moun Kanaran ki te rete nan pati sid peyi Kanaran yo rele Negèv la, vin konnen moun Izrayèl yo t’ap rive.
41 Se konsa, moun Izrayèl yo kite Mòn Or la, y’ al moute kan yo Zalmona.
42 Yo kite Zalmona, y’ al moute kan yo Pounon.
43 Yo kite Pounon, y’ al moute kan yo Obòt.
44 Yo kite Obòt, y’ al moute kan yo Ije abrarim nan peyi Moab la.
45 Yo kite Ije abrarim nan peyi Moab la, y’ al moute kan yo Dibon Gad.
46 Yo kite Dibon Gad, y’ al moute kan yo Almon-Diblatayim.
47 Yo kite Almon-Diblatayim, y’ al moute kan yo sou mòn Abarim yo, anfas Mòn Nebò, bò solèy leve.
48 Yo kite mòn Abarim yo, y’ al moute kan yo nan plenn Moab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
49 Yo te moute kan yo nan tout plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden an, depi Bèt ayechimòt jouk Abèl-Chitim.
50  Antan yo la nan plenn Moab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
51 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo pou mwen. Lè n’a janbe lòt bò larivyè Jouden pou nou antre nan peyi Kanaran an,
52 se pou nou mete tout moun ki rete nan peyi a deyò. N’a kraze tout estati zidòl yo fè nan moul, osinon ki fèt ak wòch, n’a demoli mete atè dènye kay kote moun yo fè sèvis pou bondye yo.
53 N’a pran peyi a pou nou, n’a rete ladan l’ paske se mwen menm ki ban nou li pou bitasyon nou.
54 N’a tire osò pou nou ka separe l’ bay chak branch fanmi pa yo. N’a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N’a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l’ a. Se konsa n’a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.
55 Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y’ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k’ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n’a fin tabli nan peyi a.
56 Lè sa a, sa m’ te fè lide fè yo a, se nou m’ap fè l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 33

1 Voici les stations des enfants d’Israël qui sortirent du pays d’Égypte, selon leurs corps d’armée, sous la conduite de Moïse et d’Aaron.
Moïse écrivit leurs marches de station en station, d’après l’ordre de l’Éternel. Et voici leurs stations, selon leurs marches.
Ils partirent de Ramsès le premier mois, le quinzième jour du premier mois. Le lendemain de la Pâque, les enfants d’Israël sortirent la main levée, à la vue de tous les Égyptiens.
Et les Égyptiens enterraient ceux que l’Éternel avait frappés parmi eux, tous les premiers-nés; l’Éternel exerçait aussi des jugements contre leurs dieux.
Les enfants d’Israël partirent de Ramsès, et campèrent à Succoth.
Ils partirent de Succoth, et campèrent à Étham, qui est à l’extrémité du désert.
Ils partirent d’Étham, se détournèrent vers Pi Hahiroth, vis-à-vis de Baal Tsephon, et campèrent devant Migdol.
Ils partirent de devant Pi Hahiroth, et passèrent au milieu de la mer dans la direction du désert; ils firent trois journées de marche dans le désert d’Étham, et campèrent à Mara.
Ils partirent de Mara, et arrivèrent à Élim; il y avait à Élim douze sources d’eau et soixante-dix palmiers: ce fut là qu’ils campèrent.
10 Ils partirent d’Élim, et campèrent près de la mer Rouge.
11 Ils partirent de la mer Rouge, et campèrent dans le désert de Sin.
12 Ils partirent du désert de Sin, et campèrent à Dophka.
13 Ils partirent de Dophka, et campèrent à Alusch.
14 Ils partirent d’Alusch, et campèrent à Rephidim, où le peuple ne trouva point d’eau à boire.
15 Ils partirent de Rephidim, et campèrent dans le désert de Sinaï.
16 Ils partirent de désert du Sinaï, et campèrent à Kibroth Hattaava.
17 Ils partirent de Kibroth Hattaava, et campèrent à Hatséroth.
18 Ils partirent de Hatséroth, et campèrent à Rithma.
19 Ils partirent de Rithma, et campèrent à Rimmon Pérets.
20 Ils partirent de Rimmon Pérets, et campèrent à Libna.
21 Ils partirent de Libna, et campèrent à Rissa.
22 Ils partirent de Rissa, et campèrent à Kehélatha.
23 Ils partirent de Kehélatha, et campèrent à la montagne de Schapher.
24 Ils partirent de la montagne de Schapher, et campèrent à Harada.
25 Ils partirent de Harada, et campèrent à Makhéloth.
26 Ils partirent de Makhéloth, et campèrent à Tahath.
27 Ils partirent de Tahath, et campèrent à Tarach.
28 Ils partirent de Tarach, et campèrent à Mithka.
29 Ils partirent de Mithka, et campèrent à Haschmona.
30 Ils partirent de Haschmona, et campèrent à Moséroth.
31 Ils partirent de Moséroth, et campèrent à Bené Jaakan.
32 Ils partirent de Bené Jaakan, et campèrent à Hor Guidgad.
33 Ils partirent de Hor Guidgad, et campèrent à Jothbatha.
34 Ils partirent de Jothbatha, et campèrent à Abrona.
35 Ils partirent d’Abrona, et campèrent à Etsjon Guéber.
36 Ils partirent d’Etsjon Guéber, et campèrent dans le désert de Tsin: c’est Kadès.
37 Ils partirent de Kadès, et campèrent à la montagne de Hor, à l’extrémité du pays d’Édom.
38 Le sacrificateur Aaron monta sur la montagne de Hor, suivant l’ordre de l’Éternel; et il y mourut, la quarantième année après la sortie des enfants d’Israël du pays d’Égypte, le cinquième mois, le premier jour du mois.
39 Aaron était âgé de cent vingt-trois ans lorsqu’il mourut sur la montagne de Hor.
40 Le roi d’Arad, Cananéen, qui habitait le midi du pays de Canaan, apprit l’arrivée des enfants d’Israël.
41 Ils partirent de la montagne de Hor, et campèrent à Tsalmona.
42 Ils partirent de Tsalmona, et campèrent à Punon.
43 Ils partirent de Punon, et campèrent à Oboth.
44 Ils partirent d’Oboth, et campèrent à Ijjé Abarim, sur la frontière de Moab.
45 Ils partirent d’Ijjé Abarim, et campèrent à Dibon Gad.
46 Ils partirent de Dibon Gad, et campèrent à Almon Diblathaïm.
47 Ils partirent d’Almon Diblathaïm, et campèrent aux montagnes d’Abarim, devant Nebo.
48 Ils partirent des montagnes d’Abarim, et campèrent dans les plaines de Moab, près du Jourdain, vis-à-vis de Jéricho.
49 Ils campèrent près du Jourdain, depuis Beth Jeschimoth jusqu’à Abel Sittim, dans les plaines de Moab.
50 L’Éternel parla à Moïse dans les plaines de Moab, près du Jourdain, vis-à-vis de Jéricho. Il dit:
51 Parle aux enfants d’Israël, et dis-leur: Lorsque vous aurez passé le Jourdain et que vous serez entrés dans le pays de Canaan,
52 vous chasserez devant vous tous les habitants du pays, vous détruirez toutes leurs idoles de pierre, vous détruirez toutes leurs images de fonte, et vous détruirez tous leurs hauts lieux.
53 Vous prendrez possession du pays, et vous vous y établirez; car je vous ai donné le pays, pour qu’il soit votre propriété.
54 Vous partagerez le pays par le sort, selon vos familles. A ceux qui sont en plus grand nombre vous donnerez une portion plus grande, et à ceux qui sont en plus petit nombre vous donnerez une portion plus petite. Chacun possédera ce qui lui sera échu par le sort: vous le recevrez en propriété, selon les tribus de vos pères.
55 Mais si vous ne chassez pas devant vous les habitants du pays, ceux d’entre eux que vous laisserez seront comme des épines dans vos yeux et des aiguillons dans vos côtés, ils seront vos ennemis dans le pays où vous allez vous établir.
56 Et il arrivera que je vous traiterai comme j’avais résolu de les traiter.
Louis Segond {LSG}

Numbers 33

1 These are the journeys of the children of Israel, which went forth out of the land of Egypt with their armies under the hand of Moses and Aaron.
And Moses wrote their goings out according to their journeys by the commandment of the Lord: and these are their journeys according to their goings out.
And they departed from Rameses in the first month, on the fifteenth day of the first month; on the morrow after the passover the children of Israel went out with an high hand in the sight of all the Egyptians.
For the Egyptians buried all their firstborn, which the Lord had smitten among them: upon their gods also the Lord executed judgments.
And the children of Israel removed from Rameses, and pitched in Succoth.
And they departed from Succoth, and pitched in Etham, which is in the edge of the wilderness.
And they removed from Etham, and turned again unto Pihahiroth, which is before Baalzephon: and they pitched before Migdol.
And they departed from before Pihahiroth, and passed through the midst of the sea into the wilderness, and went three days’journey in the wilderness of Etham, and pitched in Marah.
And they removed from Marah, and came unto Elim: and in Elim were twelve fountains of water, and threescore and ten palm trees; and they pitched there.
10 And they removed from Elim, and encamped by the Red sea.
11 And they removed from the Red sea, and encamped in the wilderness of Sin.
12 And they took their journey out of the wilderness of Sin, and encamped in Dophkah.
13 And they departed from Dophkah, and encamped in Alush.
14 And they removed from Alush, and encamped at Rephidim, where was no water for the people to drink.
15 And they departed from Rephidim, and pitched in the wilderness of Sinai.
16 And they removed from the desert of Sinai, and pitched at Kibrothhattaavah.
17 And they departed from Kibrothhattaavah, and encamped at Hazeroth.
18 And they departed from Hazeroth, and pitched in Rithmah.
19 And they departed from Rithmah, and pitched at Rimmonparez.
20 And they departed from Rimmonparez, and pitched in Libnah.
21 And they removed from Libnah, and pitched at Rissah.
22 And they journeyed from Rissah, and pitched in Kehelathah.
23 And they went from Kehelathah, and pitched in mount Shapher.
24 And they removed from mount Shapher, and encamped in Haradah.
25 And they removed from Haradah, and pitched in Makheloth.
26 And they removed from Makheloth, and encamped at Tahath.
27 And they departed from Tahath, and pitched at Tarah.
28 And they removed from Tarah, and pitched in Mithcah.
29 And they went from Mithcah, and pitched in Hashmonah.
30 And they departed from Hashmonah, and encamped at Moseroth.
31 And they departed from Moseroth, and pitched in Benejaakan.
32 And they removed from Benejaakan, and encamped at Horhagidgad.
33 And they went from Horhagidgad, and pitched in Jotbathah.
34 And they removed from Jotbathah, and encamped at Ebronah.
35 And they departed from Ebronah, and encamped at Eziongaber.
36 And they removed from Eziongaber, and pitched in the wilderness of Zin, which is Kadesh.
37 And they removed from Kadesh, and pitched in mount Hor, in the edge of the land of Edom.
38 And Aaron the priest went up into mount Hor at the commandment of the Lord, and died there, in the fortieth year after the children of Israel were come out of the land of Egypt, in the first day of the fifth month.
39 And Aaron was an hundred and twenty and three years old when he died in mount Hor.
40 And king Arad the Canaanite, which dwelt in the south in the land of Canaan, heard of the coming of the children of Israel.
41 And they departed from mount Hor, and pitched in Zalmonah.
42 And they departed from Zalmonah, and pitched in Punon.
43 And they departed from Punon, and pitched in Oboth.
44 And they departed from Oboth, and pitched in Ijeabarim, in the border of Moab.
45 And they departed from Iim, and pitched in Dibongad.
46 And they removed from Dibongad, and encamped in Almondiblathaim.
47 And they removed from Almondiblathaim, and pitched in the mountains of Abarim, before Nebo.
48 And they departed from the mountains of Abarim, and pitched in the plains of Moab by Jordan near Jericho.
49 And they pitched by Jordan, from Bethjesimoth even unto Abelshittim in the plains of Moab.
50 And the Lord spake unto Moses in the plains of Moab by Jordan near Jericho, saying,
51 Speak unto the children of Israel, and say unto them, When ye are passed over Jordan into the land of Canaan;
52 Then ye shall drive out all the inhabitants of the land from before you, and destroy all their pictures, and destroy all their molten images, and quite pluck down all their high places:
53 And ye shall dispossess the inhabitants of the land, and dwell therein: for I have given you the land to possess it.
54 And ye shall divide the land by lot for an inheritance among your families: and to the more ye shall give the more inheritance, and to the fewer ye shall give the less inheritance: every man’s inheritance shall be in the place where his lot falleth; according to the tribes of your fathers ye shall inherit.
55 But if ye will not drive out the inhabitants of the land from before you; then it shall come to pass, that those which ye let remain of them shall be pricks in your eyes, and thorns in your sides, and shall vex you in the land wherein ye dwell.
56 Moreover it shall come to pass, that I shall do unto you, as I thought to do unto them.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}