Liv Wòm / Romains / Romans

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Wòm 6                

Nan kondisyon sa a, kisa n’a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?
Non. Sa pa ka fèt. Poukisa? Paske annegad peche nou mouri. Ki jan pou n’ ta ka kontinye ap viv toujou nan peche?
Eske nou pa konn sa: nou tout ki resevwa batèm pou n’ te fè yonn ak Jezikri, avèk batèm sa a nou te fè yonn avè l’ nan lanmò li.
Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l’, nou te mouri ansanm avè l’ tou. Men, menm jan Papa a te fè l’ leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.
Menm jan nou fè yonn ak li paske nou te mouri yon jan tankou li menm li te mouri a, konsa tou n’a fè yonn avè li, paske n’a leve soti vivan nan lanmò tankou l’ tou.
Nou konn sa byen: vye moun nou te ye anvan an, sa mouri avèk Kris la sou kwa a. Konsa, sa nou gen nan kò nou ki te konn fè nou fè peche a fini. Nou pa esklav peche ankò.
Lè yon moun mouri, li delivre anba pouvwa peche a.
Si nou mouri ansanm ak Kris la, nou kwè nava viv tou ansanm avè li.
Nou konnen Kris la te leve soti vivan nan lanmò, li pa gen pou l’ mouri ankò; lanmò pa gen okenn pouvwa sou li.
10 Lè l’ te mouri, se pou peche li te mouri. Li mouri yon sèl fwa, li p’ap janm mouri ankò. Koulye a l’ap viv, se pou Bondye l’ap viv.
11 Konsa tou, nou menm, konsidere tèt nou tankou moun ki deja mouri annegad peche epi k’ap viv pou Bondye ansanm avèk Jezikri.
12 Pa kite peche donminen sou kò nou ki gen pou mouri a, pou l’ fè nou fè tou sa kò a anvi fè.
13 Pa lage okenn pati nan kò nou nan peche, pou peche a pa sèvi avè l’ pou fè sa ki mal. Okontrè, tankou moun ki delivre anba lanmò epi k’ap viv, ann lage kò nou nan men Bondye. Wi, mete tout pati nan kò nou nan men Bondye pou l’ ka sèvi ak yo pou fè sa ki byen.
14 Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.
15 Kisa sa vle di menm? Paske nou pa anba lalwa Moyiz la ankò men anba favè Bondye a, èske nou ta mèt fè peche pou sa? Men non.
16 Nou konn sa byen: Si nou lage tèt nou nan men yon moun pou nou sèvi l’ esklav pou n’ obeyi l’, nou tounen esklav moun n’ap obeyi a. Si nou lage kò nou nan peche, nou tounen esklav peche k’ap fè nou jwenn ak lanmò. Men, si nou lage kò nou nan obeyi Bondye, n’a esklav obeyisans k’ap fè nou mache dwat devan Bondye.
17 Men, ann di mèsi Bondye! Paske yon lè nou menm nou te esklav peche; men koulye a, egzanp nou jwenn nan sa yo te moutre nou an, n’ap swiv li ak tout kè nou.
18 Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
19 M’ap pale ak nou tankou lèzòm ta pale paske nou fèb nan kò nou. Te gen yon lè nou te lage tout kò nou nan fè move bagay ak mechanste, tankou moun ki esklav yo pou n’ te fè sa ki mal. Konsa tou koulye a, ann lage tout kò nou nan fè sa ki byen, tankou moun ki esklav Bondye pou n’ ka viv apa pou li.
20 Lè n’ te esklav peche a, nou pa t’ gen okenn obligasyon pou n’ te fè sa ki byen.
21 Lè sa a, kisa n’ te fè? Nou t’ap fè bagay ki fè nou wont jòdi a. Bagay sa yo fè nou jwenn ak lanmò.
22 Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n’ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n’a resevwa lavi ki p’ap janm fini an.
23 Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p’ap janm fini.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Romains 6               

1 Que dirons-nous donc? Demeurerions-nous dans le péché, afin que la grâce abonde?
Loin de là! Nous qui sommes morts au péché, comment vivrions-nous encore dans le péché?
Ignorez-vous que nous tous qui avons été baptisés en Jésus Christ, c’est en sa mort que nous avons été baptisés?
Nous avons donc été ensevelis avec lui par le baptême en sa mort, afin que, comme Christ est ressuscité des morts par la gloire du Père, de même nous aussi nous marchions en nouveauté de vie.
En effet, si nous sommes devenus une même plante avec lui par la conformité à sa mort, nous le serons aussi par la conformité à sa résurrection,
sachant que notre vieil homme a été crucifié avec lui, afin que le corps du péché fût détruit, pour que nous ne soyons plus esclaves du péché;
car celui qui est mort est libre du péché.
Or, si nous sommes morts avec Christ, nous croyons que nous vivrons aussi avec lui,
sachant que Christ ressuscité des morts ne meurt plus; la mort n’a plus de pouvoir sur lui.
10 Car il est mort, et c’est pour le péché qu’il est mort une fois pour toutes; il est revenu à la vie, et c’est pour Dieu qu’il vit.
11 Ainsi vous-mêmes, regardez-vous comme morts au péché, et comme vivants pour Dieu en Jésus Christ.
12 Que le péché ne règne donc point dans votre corps mortel, et n’obéissez pas à ses convoitises.
13 Ne livrez pas vos membres au péché, comme des instruments d’iniquité; mais donnez-vous vous-mêmes à Dieu, comme étant vivants de morts que vous étiez, et offrez à Dieu vos membres, comme des instruments de justice.
14 Car le péché n’aura point de pouvoir sur vous, puisque vous êtes, non sous la loi, mais sous la grâce.
15 Quoi donc! Pécherions-nous, parce que nous sommes, non sous la loi, mais sous la grâce? Loin de là!
16 Ne savez-vous pas qu’en vous livrant à quelqu’un comme esclaves pour lui obéir, vous êtes esclaves de celui à qui vous obéissez, soit du péché qui conduit à la mort, soit de l’obéissance qui conduit à la justice?
17 Mais grâces soient rendues à Dieu de ce que, après avoir été esclaves du péché, vous avez obéi de coeur à la règle de doctrine dans laquelle vous avez été instruits.
18 Ayant été affranchis du péché, vous êtes devenus esclaves de la justice. –
19 Je parle à la manière des hommes, à cause de la faiblesse de votre chair. -De même donc que vous avez livré vos membres comme esclaves à l’impureté et à l’iniquité, pour arriver à l’iniquité, ainsi maintenant livrez vos membres comme esclaves à la justice, pour arriver à la sainteté.
20 Car, lorsque vous étiez esclaves du péché, vous étiez libres à l’égard de la justice.
21 Quels fruits portiez-vous alors? Des fruits dont vous rougissez aujourd’hui. Car la fin de ces choses, c’est la mort.
22 Mais maintenant, étant affranchis du péché et devenus esclaves de Dieu, vous avez pour fruit la sainteté et pour fin la vie éternelle.
23 Car le salaire du péché, c’est la mort; mais le don gratuit de Dieu, c’est la vie éternelle en Jésus Christ notre Seigneur.

Louis Segond {LSG}

Romans 6       

1 What shall we say then? Shall we continue in sin, that grace may abound?
God forbid. How shall we, that are dead to sin, live any longer therein?
Know ye not, that so many of us as were baptized into Jesus Christ were baptized into his death?
Therefore we are buried with him by baptism into death: that like as Christ was raised up from the dead by the glory of the Father, even so we also should walk in newness of life.
For if we have been planted together in the likeness of his death, we shall be also in the likeness of his resurrection:
Knowing this, that our old man is crucified with him, that the body of sin might be destroyed, that henceforth we should not serve sin.
For he that is dead is freed from sin.
Now if we be dead with Christ, we believe that we shall also live with him:
Knowing that Christ being raised from the dead dieth no more; death hath no more dominion over him.
10 For in that he died, he died unto sin once: but in that he liveth, he liveth unto God.
11 Likewise reckon ye also yourselves to be dead indeed unto sin, but alive unto God through Jesus Christ our Lord.
12 Let not sin therefore reign in your mortal body, that ye should obey it in the lusts thereof.
13 Neither yield ye your members as instruments of unrighteousness unto sin: but yield yourselves unto God, as those that are alive from the dead, and your members as instruments of righteousness unto God.
14 For sin shall not have dominion over you: for ye are not under the law, but under grace.
15 What then? shall we sin, because we are not under the law, but under grace? God forbid.
16 Know ye not, that to whom ye yield yourselves servants to obey, his servants ye are to whom ye obey; whether of sin unto death, or of obedience unto righteousness?
17 But God be thanked, that ye were the servants of sin, but ye have obeyed from the heart that form of doctrine which was delivered you.
18 Being then made free from sin, ye became the servants of righteousness.
19 I speak after the manner of men because of the infirmity of your flesh: for as ye have yielded your members servants to uncleanness and to iniquity unto iniquity; even so now yield your members servants to righteousness unto holiness.
20 For when ye were the servants of sin, ye were free from righteousness.
21 What fruit had ye then in those things whereof ye are now ashamed? for the end of those things is death.
22 But now being made free from sin, and become servants to God, ye have your fruit unto holiness, and the end everlasting life.
23 For the wages of sin is death; but the gift of God is eternal life through Jesus Christ our Lord.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}