Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 14

1 Seyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou.
Paske se yon pèp k’ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Seyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l’ pa li.
Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje.
Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit,
se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon.
Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou.
Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje.
Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k’ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.
Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo.
10 Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k’ap sèvi Bondye pou nou manje.
11 Se pa tout zwazo moun k’ap sèvi Bondye gen dwa manje.
12 Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè,
13 milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav,
14 tout kalite kaou,
15 otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan,
16 koukou, frize, gwo kanna mawon blan,
17 grangozye, plonjon, chwèt,
18 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho.
19 Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k’ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo.
20 Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k’ap sèvi Bondye.
21 Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k’ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l’.
22  Chak lanne, n’a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n’a mete l’ apa.
23 Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n’a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n’a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.
24 Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an,
25 lè sa a, n’a vann ladim lan, n’a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n’a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a.
26 Lè n’a rive, n’a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n’a manje yo, n’a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.
27 Pa bliye moun Levi k’ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.
28 Chak twazan, n’a pran ladim tout rekòt n’a fè nan lanne a, n’a mete yo nan pòtay lavil nou yo.
29 Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y’a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y’a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n’ap fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 14

1 Vous êtes les enfants de l’Éternel, votre Dieu. Vous ne vous ferez point d’incisions et vous ne ferez point de place chauve entre les yeux pour un mort.
Car tu es un peuple saint pour l’Éternel, ton Dieu; et l’Éternel, ton Dieu, t’a choisi, pour que tu fusses un peuple qui lui appartînt entre tous les peuples qui sont sur la face de la terre.
Tu ne mangeras aucune chose abominable.
Voici les animaux que vous mangerez: le boeuf, la brebis et la chèvre;
le cerf, la gazelle et le daim; le bouquetin, le chevreuil, la chèvre sauvage et la girafe.
Vous mangerez de tout animal qui a la corne fendue, le pied fourchu, et qui rumine.
Mais vous ne mangerez pas de ceux qui ruminent seulement, ou qui ont la corne fendue et le pied fourchu seulement. Ainsi, vous ne mangerez pas le chameau, le lièvre et le daman, qui ruminent, mais qui n’ont pas la corne fendue: vous les regarderez comme impurs.
Vous ne mangerez pas le porc, qui a la corne fendue, mais qui ne rumine pas: vous le regarderez comme impur. Vous ne mangerez pas de leur chair, et vous ne toucherez pas leurs corps morts.
Voici les animaux dont vous mangerez parmi tous ceux qui sont dans les eaux: vous mangerez de tous ceux qui ont des nageoires et des écailles.
10 Mais vous ne mangerez d’aucun de ceux qui n’ont pas des nageoires et des écailles: vous les regarderez comme impurs.
11 Vous mangerez tout oiseau pur.
12 Mais voici ceux dont vous ne mangerez pas: l’aigle, l’orfraie et l’aigle de mer;
13 le milan, l’autour, le vautour et ce qui est de son espèce;
14 le corbeau et toutes ses espèces;
15 l’autruche, le hibou, la mouette, l’épervier et ce qui est de son espèce;
16 le chat-huant, la chouette et le cygne;
17 le pélican, le cormoran et le plongeon;
18 la cigogne, le héron et ce qui est de son espèce, la huppe et la chauve-souris.
19 Vous regarderez comme impur tout reptile qui vole: on n’en mangera point.
20 Vous mangerez tout oiseau pur.
21 Vous ne mangerez d’aucune bête morte; tu la donneras à l’étranger qui sera dans tes portes, afin qu’il la mange, ou tu la vendras à un étranger; car tu es un peuple saint pour l’Éternel, ton Dieu. Tu ne feras point cuire un chevreau dans le lait de sa mère.
22 Tu lèveras la dîme de tout ce que produira ta semence, de ce que rapportera ton champ chaque année.
23 Et tu mangeras devant l’Éternel, ton Dieu, dans le lieu qu’il choisira pour y faire résider son nom, la dîme de ton blé, de ton moût et de ton huile, et les premiers-nés de ton gros et de ton menu bétail, afin que tu apprennes à craindre toujours l’Éternel, ton Dieu.
24 Peut-être lorsque l’Éternel, ton Dieu, t’aura béni, le chemin sera-t-il trop long pour que tu puisses transporter ta dîme, à cause de ton éloignement du lieu qu’aura choisi l’Éternel, ton Dieu, pour y faire résider son nom.
25 Alors, tu échangeras ta dîme contre de l’argent, tu serreras cet argent dans ta main, et tu iras au lieu que l’Éternel, ton Dieu, aura choisi.
26 Là, tu achèteras avec l’argent tout ce que tu désireras, des boeufs, des brebis, du vin et des liqueurs fortes, tout ce qui te fera plaisir, tu mangeras devant l’Éternel, ton Dieu, et tu te réjouiras, toi et ta famille.
27 Tu ne délaisseras point le Lévite qui sera dans tes portes, car il n’a ni part ni héritage avec toi.
28 Au bout de trois ans, tu sortiras toute la dîme de tes produits pendant la troisième année, et tu la déposeras dans tes portes.
29 Alors viendront le Lévite, qui n’a ni part ni héritage avec toi, l’étranger, l’orphelin et la veuve, qui seront dans tes portes, et ils mangeront et se rassasieront, afin que l’Éternel, ton Dieu, te bénisse dans tous les travaux que tu entreprendras de tes mains.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 14

1 Ye are the children of the Lord your God: ye shall not cut yourselves, nor make any baldness between your eyes for the dead.
For thou art an holy people unto the Lord thy God, and the Lord hath chosen thee to be a peculiar people unto himself, above all the nations that are upon the earth.
Thou shalt not eat any abominable thing.
These are the beasts which ye shall eat: the ox, the sheep, and the goat,
The hart, and the roebuck, and the fallow deer, and the wild goat, and the pygarg, and the wild ox, and the chamois.
And every beast that parteth the hoof, and cleaveth the cleft into two claws, and cheweth the cud among the beasts, that ye shall eat.
Nevertheless these ye shall not eat of them that chew the cud, or of them that divide the cloven hoof; as the camel, and the hare, and the coney: for they chew the cud, but divide not the hoof; therefore they are unclean unto you.
And the swine, because it divideth the hoof, yet cheweth not the cud, it is unclean unto you: ye shall not eat of their flesh, nor touch their dead carcase.
These ye shall eat of all that are in the waters: all that have fins and scales shall ye eat:
10 And whatsoever hath not fins and scales ye may not eat; it is unclean unto you.
11 Of all clean birds ye shall eat.
12 But these are they of which ye shall not eat: the eagle, and the ossifrage, and the ospray,
13 And the glede, and the kite, and the vulture after his kind,
14 And every raven after his kind,
15 And the owl, and the night hawk, and the cuckow, and the hawk after his kind,
16 The little owl, and the great owl, and the swan,
17 And the pelican, and the gier eagle, and the cormorant,
18 And the stork, and the heron after her kind, and the lapwing, and the bat.
19 And every creeping thing that flieth is unclean unto you: they shall not be eaten.
20 But of all clean fowls ye may eat.
21 Ye shall not eat of anything that dieth of itself: thou shalt give it unto the stranger that is in thy gates, that he may eat it; or thou mayest sell it unto an alien: for thou art an holy people unto the Lord thy God. Thou shalt not seethe a kid in his mother’s milk.
22 Thou shalt truly tithe all the increase of thy seed, that the field bringeth forth year by year.
23 And thou shalt eat before the Lord thy God, in the place which he shall choose to place his name there, the tithe of thy corn, of thy wine, and of thine oil, and the firstlings of thy herds and of thy flocks; that thou mayest learn to fear the Lord thy God always.
24 And if the way be too long for thee, so that thou art not able to carry it; or if the place be too far from thee, which the Lord thy God shall choose to set his name there, when the Lord thy God hath blessed thee:
25 Then shalt thou turn it into money, and bind up the money in thine hand, and shalt go unto the place which the Lord thy God shall choose:
26 And thou shalt bestow that money for whatsoever thy soul lusteth after, for oxen, or for sheep, or for wine, or for strong drink, or for whatsoever thy soul desireth: and thou shalt eat there before the Lord thy God, and thou shalt rejoice, thou, and thine household,
27 And the Levite that is within thy gates; thou shalt not forsake him; for he hath no part nor inheritance with thee.
28 At the end of three years thou shalt bring forth all the tithe of thine increase the same year, and shalt lay it up within thy gates:
29 And the Levite, (because he hath no part nor inheritance with thee,) and the stranger, and the fatherless, and the widow, which are within thy gates, shall come, and shall eat and be satisfied; that the Lord thy God may bless thee in all the work of thine hand which thou doest.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}