Liv Plenn / Lamentations / Lamentations

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Plenn 3   

1 Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo.
Li trennen m’, li fè m’ mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m’.
Tout lajounen, l’ap plede bat mwen san rete.
Po kò m’ fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m’.
Li fèmen m’ nan yon koridò mizè ak lafliksyon.
Li fè m’ rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo.
Li moute yon miray, li fèmen kote m’ ye a, m’ pa ka chape. Li mare m’ ak gwo chenn.
Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p’ap tande m’.
Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m’ vire, chak pa mwen fè, m’ bite.
10 Tankou yon lous, li biske kò l’, l’ap veye m’. Tankou yon lyon, li kache, l’ap tann mwen.
11 Li fè m’ tonbe nan bwa. Li filange tout kò m’. Lèfini, li lage m’.
12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l’ap voye yo.
13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m’.
14 Tout moun nan peyi a ap pase m’ nan betiz. Se toutan y’ap fè chante sou mwen.
15 Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m’ bwè labsent jouk mwen sou.
16 Li fwote tout figi m’ atè, li fè m’ kase dan m’ nan wòch.
17 Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan.
18 Mwen di: M’ pa gen lontan pou m’ viv ankò. M’ pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye.
19 Lè m’ chonje nan ki mizè mwen ye, jan m’ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m’ap vale.
20 Wi, lè m’ chonje sa, kè m’ sere, m’ santi kè m’ ap rache
21  Men, mwen reprann kouraj lè m’ chonje yon sèl bagay.
22 Seyè a pa janm sispann renmen nou. L’ap toujou gen pitye pou nou.
23 Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l’ap toujou kenbe pawòl li.
24 Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m’.
25 Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k’ap konte sou li.
26 Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou.
27 Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.
28 Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen.
29 Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou.
30 Se pou n’ pare figi n’ pou n’ pran souflèt. Se pou n’ asepte tou sa yo fè nou.
31 Bondye sèl Mèt la p’ap janm lage nou nèt.
32 Li ka fè nou lapenn, men l’ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil.
33 Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn.
34 Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y’ap kraze prizonye anba baton,
35 lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou,
36 lè y’ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen!
37  Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l’ di se sak fèt.
38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.
39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!
40 Annou gade jan n’ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n’ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!
41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l’!
42  Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.
43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.
44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.
45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.
46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.
47 N’ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!
48 De je m’ yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m’ wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!
49 Dlo ap koule nan je m’ san rete. Li p’ap janm sispann,
50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l’a voye je l’ gade, l’a wè!
51 Wi, kè m’ fè m’ mal pou m’ wè sa ki rive moun lavil mwen yo!
52 Yon bann moun ki pa vle wè m’ san m’ pa fè yo anyen pran kouri dèyè m’ tankou yon zwazo y’ap chache pran.
53 Yo lage m’ tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.
54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m’ pran!
55  Nan twou kote m’ te ye a, Seyè, mwen rele ou!
56 Ou tande vwa m’. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m’ap lapriyè nan pye ou.
57 Wi, lè m’ rele ou, ou pwoche. Ou di m’ mwen pa bezwen pè!
58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m’ an konsiderasyon. Ou sove lavi m’.
59 Seyè, ou wè tout lenjistis y’ap fè m’. Tanpri, defann kòz mwen.
60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y’ap fè konplo pou touye m’.
61 Seyè, ou tande jan y’ap joure m’. Ou konnen konplo y’ap fè sou do m’.
62 Tout lajounen, y’ap pale sou mwen, y’ap fè plan.
63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m’!
64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.
65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!
66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lamentations 3

1 Je suis l’homme qui a vu la misère Sous la verge de sa fureur.
Il m’a conduit, mené dans les ténèbres, Et non dans la lumière.
Contre moi il tourne et retourne sa main Tout le jour.
Il a fait dépérir ma chair et ma peau, Il a brisé mes os.
Il a bâti autour de moi, Il m’a environné de poison et de douleur.
Il me fait habiter dans les ténèbres, Comme ceux qui sont morts dès longtemps.
Il m’a entouré d’un mur, pour que je ne sorte pas; Il m’a donné de pesantes chaînes.
J’ai beau crier et implorer du secours, Il ne laisse pas accès à ma prière.
Il a fermé mon chemin avec des pierres de taille, Il a détruit mes sentiers.
10 Il a été pour moi un ours en embuscade, Un lion dans un lieu caché.
11 Il a détourné mes voies, il m’a déchiré, Il m’a jeté dans la désolation.
12 Il a tendu son arc, et il m’a placé Comme un but pour sa flèche.
13 Il a fait entrer dans mes reins Les traits de son carquois.
14 Je suis pour tout mon peuple un objet de raillerie, Chaque jour l’objet de leurs chansons.
15 Il m’a rassasié d’amertume, Il m’a enivré d’absinthe.
16 Il a brisé mes dents avec des cailloux, Il m’a couvert de cendre.
17 Tu m’as enlevé la paix; Je ne connais plus le bonheur.
18 Et j’ai dit: Ma force est perdue, Je n’ai plus d’espérance en l’Éternel!
19 Quand je pense à ma détresse et à ma misère, A l’absinthe et au poison;
20 Quand mon âme s’en souvient, Elle est abattue au dedans de moi.
21 Voici ce que je veux repasser en mon coeur, Ce qui me donnera de l’espérance.
22 Les bontés de l’Éternel ne sont pas épuisés, Ses compassions ne sont pas à leur terme;
23 Elles se renouvellent chaque matin. Oh! que ta fidélité est grande!
24 L’Éternel est mon partage, dit mon âme; C’est pourquoi je veux espérer en lui.
25 L’Éternel a de la bonté pour qui espère en lui, Pour l’âme qui le cherche.
26 Il est bon d’attendre en silence Le secours de l’Éternel.
27 Il est bon pour l’homme De porter le joug dans sa jeunesse.
28 Il se tiendra solitaire et silencieux, Parce que l’Éternel le lui impose;
29 Il mettra sa bouche dans la poussière, Sans perdre toute espérance;
30 Il présentera la joue à celui qui le frappe, Il se rassasiera d’opprobres.
31 Car le Seigneur Ne rejette pas à toujours.
32 Mais, lorsqu’il afflige, Il a compassion selon sa grande miséricorde;
33 Car ce n’est pas volontiers qu’il humilie Et qu’il afflige les enfants des hommes.
34 Quand on foule aux pieds Tous les captifs du pays,
35 Quand on viole la justice humaine A la face du Très Haut,
36 Quand on fait tort à autrui dans sa cause, Le Seigneur ne le voit-il pas?
37 Qui dira qu’une chose arrive, Sans que le Seigneur l’ait ordonnée?
38 N’est-ce pas de la volonté du Très Haut que viennent Les maux et les biens?
39 Pourquoi l’homme vivant se plaindrait-il? Que chacun se plaigne de ses propres péchés.
40 Recherchons nos voies et sondons, Et retournons à l’Éternel;
41 Élevons nos coeurs et nos mains Vers Dieu qui est au ciel:
42 Nous avons péché, nous avons été rebelles! Tu n’as point pardonné!
43 Tu t’es caché dans ta colère, et tu nous as poursuivis; Tu as tué sans miséricorde;
44 Tu t’es enveloppé d’un nuage, Pour fermer accès à la prière.
45 Tu nous as rendus un objet de mépris et de dédain Au milieu des peuples.
46 Ils ouvrent la bouche contre nous, Tous ceux qui sont nos ennemis.
47 Notre partage a été la terreur et la fosse, Le ravage et la ruine.
48 Des torrents d’eau coulent de mes yeux, A cause de la ruine de la fille de mon peuple.
49 Mon oeil fond en larmes, sans repos, Sans relâche,
50 Jusqu’à ce que l’Éternel regarde et voie Du haut des cieux;
51 Mon oeil me fait souffrir, A cause de toutes les filles de ma ville.
52 Ils m’ont donné la chasse comme à un oiseau, Ceux qui sont à tort mes ennemis.
53 Ils ont voulu anéantir ma vie dans une fosse, Et ils ont jeté des pierres sur moi.
54 Les eaux ont inondé ma tête; Je disais: Je suis perdu!
55 J’ai invoqué ton nom, ô Éternel, Du fond de la fosse.
56 Tu as entendu ma voix: Ne ferme pas l’oreille à mes soupirs, à mes cris!
57 Au jour où je t’ai invoqué, tu t’es approché, Tu as dit: Ne crains pas!
58 Seigneur, tu as défendu la cause de mon âme, Tu as racheté ma vie.
59 Éternel, tu as vu ce qu’on m’a fait souffrir: Rends-moi justice!
60 Tu as vu toutes leurs vengeances, Tous leurs complots contre moi.
61 Éternel, tu as entendu leurs outrages, Tous leurs complots contre moi,
62 Les discours de mes adversaires, et les projets Qu’ils formaient chaque jour contre moi.
63 Regarde quand ils sont assis et quand ils se lèvent: Je suis l’objet de leurs chansons.
64 Tu leur donneras un salaire, ô Éternel, Selon l’oeuvre de leurs mains;
65 Tu les livreras à l’endurcissement de leur coeur, A ta malédiction contre eux;
66 Tu les poursuivras dans ta colère, et tu les extermineras De dessous les cieux, ô Éternel!

Louis Segond {LSG}

Lamentations 3  

1 I Am the man that hath seen affliction by the rod of his wrath.
He hath led me, and brought me into darkness, but not into light.
Surely against me is he turned; he turneth his hand against me all the day.
My flesh and my skin hath he made old; he hath broken my bones.
He hath builded against me, and compassed me with gall and travail.
He hath set me in dark places, as they that be dead of old.
He hath hedged me about, that I cannot get out: he hath made my chain heavy.
Also when I cry and shout, he shutteth out my prayer.
He hath inclosed my ways with hewn stone, he hath made my paths crooked.
10 He was unto me as a bear lying in wait, and as a lion in secret places.
11 He hath turned aside my ways, and pulled me in pieces: he hath made me desolate.
12 He hath bent his bow, and set me as a mark for the arrow.
13 He hath caused the arrows of his quiver to enter into my reins.
14 I was a derision to all my people; and their song all the day.
15 He hath filled me with bitterness, he hath made me drunken with wormwood.
16 He hath also broken my teeth with gravel stones, he hath covered me with ashes.
17 And thou hast removed my soul far off from peace: I forgat prosperity.
18 And I said, My strength and my hope is perished from the Lord:
19 Remembering mine affliction and my misery, the wormwood and the gall.
20 My soul hath them still in remembrance, and is humbled in me.
21 This I recall to my mind, therefore have I hope.
22 It is of the Lord‘s mercies that we are not consumed, because his compassions fail not.
23 They are new every morning: great is thy faithfulness.
24 The Lord is my portion, saith my soul; therefore will I hope in him.
25 The Lord is good unto them that wait for him, to the soul that seeketh him.
26 It is good that a man should both hope and quietly wait for the salvation of the Lord.
27 It is good for a man that he bear the yoke in his youth.
28 He sitteth alone and keepeth silence, because he hath borne it upon him.
29 He putteth his mouth in the dust; if so be there may be hope.
30 He giveth his cheek to him that smiteth him: he is filled full with reproach.
31 For the Lord will not cast off for ever:
32 But though he cause grief, yet will he have compassion according to the multitude of his mercies.
33 For he doth not afflict willingly nor grieve the children of men.
34 To crush under his feet all the prisoners of the earth.
35 To turn aside the right of a man before the face of the most High,
36 To subvert a man in his cause, the Lord approveth not.
37 Who is he that saith, and it cometh to pass, when the Lord commandeth it not?
38 Out of the mouth of the most High proceedeth not evil and good?
39 Wherefore doth a living man complain, a man for the punishment of his sins?
40 Let us search and try our ways, and turn again to the Lord.
41 Let us lift up our heart with our hands unto God in the heavens.
42 We have transgressed and have rebelled: thou hast not pardoned.
43 Thou hast covered with anger, and persecuted us: thou hast slain, thou hast not pitied.
44 Thou hast covered thyself with a cloud, that our prayer should not pass through.
45 Thou hast made us as the offscouring and refuse in the midst of the people.
46 All our enemies have opened their mouths against us.
47 Fear and a snare is come upon us, desolation and destruction.
48 Mine eye runneth down with rivers of water for the destruction of the daughter of my people.
49 Mine eye trickleth down, and ceaseth not, without any intermission.
50 Till the Lord look down, and behold from heaven.
51 Mine eye affecteth mine heart because of all the daughters of my city.
52 Mine enemies chased me sore, like a bird, without cause.
53 They have cut off my life in the dungeon, and cast a stone upon me.
54 Waters flowed over mine head; then I said, I am cut off.
55 I called upon thy name, O Lord, out of the low dungeon.
56 Thou hast heard my voice: hide not thine ear at my breathing, at my cry.
57 Thou drewest near in the day that I called upon thee: thou saidst, Fear not.
58 Lord, thou hast pleaded the causes of my soul; thou hast redeemed my life.
59 Lord, thou hast seen my wrong: judge thou my cause.
60 Thou hast seen all their vengeance and all their imaginations against me.
61 Thou hast heard their reproach, O Lord, and all their imaginations against me;
62 The lips of those that rose up against me, and their device against me all the day.
63 Behold their sitting down, and their rising up; I am their musick.
64 Render unto them a recompence, O Lord, according to the work of their hands.
65 Give them sorrow of heart, thy curse unto them.
66 Persecute and destroy them in anger from under the heavens of the Lord. 
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}