Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 11

1 Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan sòlda. Papa l’ te rele Galarad. Manman l’ te yon jennès.
Madan Galarad te fè lòt pitit gason pou mari l’. Men, lè pitit li yo fin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, yo di l’ konsa: -Ou pa gen dwa jwenn anyen nan byen papa nou, paske ou se pitit yon jennès.
Jefte kouri met deyò pou frè l’ yo, l’ al rete nan peyi Tòb. Yon bann vòryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn soti avè l’ al devalize moun.
 Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la.
Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l’ tounen.
Yo di l’ konsa: -Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n’ ka goumen ak moun Amon yo.
Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Mwen te kwè nou pa vle wè m’? Nou fòse m’ kite lakay papa m’! Koulye a nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?
Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou vin jwenn ou koulye a, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.
Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo: -Tansèlman, si nou fè m’ tounen lakay pou m’ goumen ak moun Amon yo, si Seyè a fè m’ kraze yo, se mwen menm k’ap chèf nou tout bon wi!
10 Chèf fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa: -Nou pran Seyè a sèvi nou temwen! N’ap fè tou sa ou sot di la a.
11 Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l’ chèf pou l’ gouvènen yo, pou l’ kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Seyè a, lavil Mispa.
12  Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l’: -Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?
13 Wa moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo: -Se paske pèp Izrayèl la, lè yo soti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Koulye a se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont.
14 Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo,
15 avèk repons sa a: -Pèp Izrayèl la pa janm pran ankenn pòsyon nan tè moun Moab yo, ni nan tè moun Amon yo.
16 Paske lè pèp Izrayèl la t’ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj yo, epi yo rive Kadès.
17 Lè sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l’ konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pa t’ vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Moab la. Men, li menm tou, li pa t’ vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès.
18 Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.
19 Lè sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l’ pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l’ la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a.
20 Men, Siyon pa t’ fè pèp Izrayèl la konfyans, li pa t’ kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la.
21 Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan.
22 Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, soti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche.
23 Konsa, se Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a.
24 Koulye a, ou ta vle reprann tè a nan men Seyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Seyè a, Bondye nou an, ban nou?
25 Eske ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Moab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou.
26 Pèp Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pa t’ reprann yo?
27 Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m’ lè nou vin fè m’ lagè. Se Seyè a sèl moun ki pou jije. L’a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon!
28 Men, wa moun Amori yo pa t’ koute mesaj Jefte te voye ba li a.
29  Lespri Seyè a te sou Jefte. Jefte travèse peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an.
30 Jefte te fè Seyè a yon ve. Li te di: -Si ou lage moun Amon yo nan men m’,
31 m’ap ofri ou premye moun ki va soti lakay mwen vin kontre m’ lè m’a tounen soti kraze moun Amon yo. M’ap boule l’ nèt nan dife pou ou.
32 Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l’ al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l’.
33 Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè vin lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la.
34 Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l’. Li t’ap danse, li t’ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t’ gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.
35 Lè Jefte wè li, li chire rad sou li sitèlman sa te fè l’ lapenn, li di: -O pitit fi mwen! Ou touye papa ou. Poukisa se ou menm ki pou fè m’ tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Seyè a. Koulye a m’ pa ka pa kenbe l’.
36 Pitit fi a di l’: -Papa, si ou te fè yon ve bay Seyè a, se pou ou fè m’ sa ou te di w’ap fè m’ lan, paske Seyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo.
37 Apre sa li di papa l’ konsa: -Yon sèl bagay m’ap mande ou! Ban m’ yon ti delè de mwa pou m’ al pwonmennen ansanm ak zanmi m’ yo nan mòn yo pou m’ al kriye, paske mwen pral mouri san m’ pa marye.
38 Jefte kite l’ ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l’ yo ale nan mòn, y’ al kriye paske li tapral mouri tifi.
39 Sou de mwa, li tounen vin jwenn papa l’ ki fè sa l’ te pwomèt fè pou Seyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la,
40 pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Juges 11

1 Jephthé, le Galaadite, était un vaillant héros. Il était fils d’une femme prostituée; et c’est Galaad qui avait engendré Jephthé.
La femme de Galaad lui enfanta des fils, qui, devenus grands, chassèrent Jephthé, et lui dirent: Tu n’hériteras pas dans la maison de notre père, car tu es fils d’une autre femme.
Et Jephthé s’enfuit loin de ses frères, et il habita dans le pays de Tob. Des gens de rien se rassemblèrent auprès de Jephthé, et ils faisaient avec lui des excursions.
Quelque temps après, les fils d’Ammon firent la guerre à Israël.
Et comme les fils d’Ammon faisaient la guerre à Israël, les anciens de Galaad allèrent chercher Jephthé au pays de Tob.
Ils dirent à Jephthé: Viens, tu seras notre chef, et nous combattrons les fils d’Ammon.
Jephthé répondit aux anciens de Galaad: N’avez-vous pas eu de la haine pour moi, et ne m’avez-vous pas chassé de la maison de mon père? Pourquoi venez-vous à moi maintenant que vous êtes dans la détresse?
Les anciens de Galaad dirent à Jephthé: Nous revenons à toi maintenant, afin que tu marches avec nous, que tu combattes les fils d’Ammon, et que tu sois notre chef, celui de tous les habitants de Galaad.
Jephthé répondit aux anciens de Galaad: Si vous me ramenez pour combattre les fils d’Ammon, et que l’Éternel les livre devant moi, je serai votre chef.
10 Les anciens de Galaad dirent à Jephthé: Que l’Éternel nous entende, et qu’il juge, si nous ne faisons pas ce que tu dis.
11 Et Jephthé partit avec les anciens de Galaad. Le peuple le mit à sa tête et l’établit comme chef, et Jephthé répéta devant l’Éternel, à Mitspa, toutes les paroles qu’il avait prononcées.
12 Jephthé envoya des messagers au roi des fils d’Ammon, pour lui dire: Qu’y a-t-il entre moi et toi, que tu viennes contre moi pour faire la guerre à mon pays?
13 Le roi des fils d’Ammon répondit aux messagers de Jephthé: C’est qu’Israël, quand il est monté d’Égypte, s’est emparé de mon pays, depuis l’Arnon jusqu’au Jabbok et au Jourdain. Rends-le maintenant de bon gré.
14 Jephthé envoya de nouveau des messagers au roi des fils d’Ammon,
15 pour lui dire: Ainsi parle Jephthé: Israël ne s’est point emparé du pays de Moab, ni du pays des fils d’Ammon.
16 Car lorsque Israël est monté d’Égypte, il a marché dans le désert jusqu’à la mer Rouge, et il est arrivé à Kadès.
17 Alors Israël envoya des messagers au roi d’Édom, pour lui dire: Laisse-moi passer par ton pays. Mais le roi d’Édom n’y consentit pas. Il en envoya aussi au roi de Moab, qui refusa. Et Israël resta à Kadès.
18 Puis il marcha par le désert, tourna le pays d’Édom et le pays de Moab, et vint à l’orient du pays de Moab; ils campèrent au delà de l’Arnon, sans entrer sur le territoire de Moab, car l’Arnon est la frontière de Moab.
19 Israël envoya des messagers à Sihon, roi des Amoréens, roi de Hesbon, et Israël lui dit: Laisse-nous passer par ton pays jusqu’au lieu où nous allons.
20 Mais Sihon n’eut pas assez confiance en Israël pour le laisser passer sur son territoire; il rassembla tout son peuple, campa à Jahats, et combattit Israël.
21 L’Éternel, le Dieu d’Israël, livra Sihon et tout son peuple entre les mains d’Israël, qui les battit. Israël s’empara de tout le pays des Amoréens établis dans cette contrée.
22 Ils s’emparèrent de tout le territoire des Amoréens, depuis l’Arnon jusqu’au Jabbok, et depuis le désert jusqu’au Jourdain.
23 Et maintenant que l’Éternel, le Dieu d’Israël, a chassé les Amoréens devant son peuple d’Israël, est-ce toi qui aurais la possession de leur pays?
24 Ce que ton dieu Kemosch te donne à posséder, ne le posséderais-tu pas? Et tout ce que l’Éternel, notre Dieu, a mis en notre possession devant nous, nous ne le posséderions pas!
25 Vaux-tu donc mieux que Balak, fils de Tsippor, roi de Moab? A-t-il contesté avec Israël, ou lui a-t-il fait la guerre?
26 Voilà trois cents ans qu’Israël habite à Hesbon et dans les villes de son ressort, à Aroër et dans les villes de son ressort, et dans toutes les villes qui sont sur les bords de l’Arnon: pourquoi ne les lui avez-vous pas enlevées pendant ce temps-là?
27 Je ne t’ai point offensé, et tu agis mal avec moi en me faisant la guerre. Que l’Éternel, le juge, soit aujourd’hui juge entre les enfants d’Israël et les fils d’Ammon!
28 Le roi des fils d’Ammon n’écouta point les paroles que Jephthé lui fit dire.
29 L’esprit de l’Éternel fut sur Jephthé. Il traversa Galaad et Manassé; il passa à Mitspé de Galaad; et de Mitspé de Galaad, il marcha contre les fils d’Ammon.
30 Jephthé fit un voeu à l’Éternel, et dit: Si tu livres entre mes mains les fils d’Ammon,
31 quiconque sortira des portes de ma maison au-devant de moi, à mon heureux retour de chez les fils d’Ammon, sera consacré à l’Éternel, et je l’offrirai en holocauste.
32 Jephthé marcha contre les fils d’Ammon, et l’Éternel les livra entre ses mains.
33 Il leur fit éprouver une très grande défaite, depuis Aroër jusque vers Minnith, espace qui renfermait vingt villes, et jusqu’à Abel Keramim. Et les fils d’Ammon furent humiliés devant les enfants d’Israël.
34 Jephthé retourna dans sa maison à Mitspa. Et voici, sa fille sortit au-devant de lui avec des tambourins et des danses. C’était son unique enfant; il n’avait point de fils et point d’autre fille.
35 Dès qu’il la vit, il déchira ses vêtements, et dit: Ah! ma fille! tu me jettes dans l’abattement, tu es au nombre de ceux qui me troublent! J’ai fait un voeu à l’Éternel, et je ne puis le révoquer.
36 Elle lui dit: Mon père, si tu as fait un voeu à l’Éternel, traite-moi selon ce qui est sorti de ta bouche, maintenant que l’Éternel t’a vengé de tes ennemis, des fils d’Ammon.
37 Et elle dit à son père: Que ceci me soit accordé: laisse-moi libre pendant deux mois! Je m’en irai, je descendrai dans les montagnes, et je pleurerai ma virginité avec mes compagnes.
38 Il répondit: Va! Et il la laissa libre pour deux mois. Elle s’en alla avec ses compagnes, et elle pleura sa virginité sur les montagnes.
39 Au bout des deux mois, elle revint vers son père, et il accomplit sur elle le voeu qu’il avait fait. Elle n’avait point connu d’homme. Dès lors s’établit en Israël la coutume
40 que tous les ans les filles d’Israël s’en vont célébrer la fille de Jephthé, le Galaadite, quatre jours par année.
Louis Segond {LSG}

Judges 11

1 Now Jephthah the Gileadite was a mighty man of valour, and he was the son of an harlot: and Gilead begat Jephthah.
And Gilead’s wife bare him sons; and his wife’s sons grew up, and they thrust out Jephthah, and said unto him, Thou shalt not inherit in our father’s house; for thou art the son of a strange woman.
Then Jephthah fled from his brethren, and dwelt in the land of Tob: and there were gathered vain men to Jephthah, and went out with him.
And it came to pass in process of time, that the children of Ammon made war against Israel.
And it was so, that when the children of Ammon made war against Israel, the elders of Gilead went to fetch Jephthah out of the land of Tob:
And they said unto Jephthah, Come, and be our captain, that we may fight with the children of Ammon.
And Jephthah said unto the elders of Gilead, Did not ye hate me, and expel me out of my father’s house? and why are ye come unto me now when ye are in distress?
And the elders of Gilead said unto Jephthah, Therefore we turn again to thee now, that thou mayest go with us, and fight against the children of Ammon, and be our head over all the inhabitants of Gilead.
And Jephthah said unto the elders of Gilead, If ye bring me home again to fight against the children of Ammon, and the Lord deliver them before me, shall I be your head?
10 And the elders of Gilead said unto Jephthah, The Lord be witness between us, if we do not so according to thy words.
11 Then Jephthah went with the elders of Gilead, and the people made him head and captain over them: and Jephthah uttered all his words before the Lord in Mizpeh.
12 And Jephthah sent messengers unto the king of the children of Ammon, saying, What hast thou to do with me, that thou art come against me to fight in my land?
13 And the king of the children of Ammon answered unto the messengers of Jephthah, Because Israel took away my land, when they came up out of Egypt, from Arnon even unto Jabbok, and unto Jordan: now therefore restore those lands again peaceably.
14 And Jephthah sent messengers again unto the king of the children of Ammon:
15 And said unto him, Thus saith Jephthah, Israel took not away the land of Moab, nor the land of the children of Ammon:
16 But when Israel came up from Egypt, and walked through the wilderness unto the Red sea, and came to Kadesh;
17 Then Israel sent messengers unto the king of Edom, saying, Let me, I pray thee, pass through thy land: but the king of Edom would not hearken thereto. And in like manner they sent unto the king of Moab: but he would not consent: and Israel abode in Kadesh.
18 Then they went along through the wilderness, and compassed the land of Edom, and the land of Moab, and came by the east side of the land of Moab, and pitched on the other side of Arnon, but came not within the border of Moab: for Arnon was the border of Moab.
19 And Israel sent messengers unto Sihon king of the Amorites, the king of Heshbon; and Israel said unto him, Let us pass, we pray thee, through thy land into my place.
20 But Sihon trusted not Israel to pass through his coast: but Sihon gathered all his people together, and pitched in Jahaz, and fought against Israel.
21 And the Lord God of Israel delivered Sihon and all his people into the hand of Israel, and they smote them: so Israel possessed all the land of the Amorites, the inhabitants of that country.
22 And they possessed all the coasts of the Amorites, from Arnon even unto Jabbok, and from the wilderness even unto Jordan.
23 So now the Lord God of Israel hath dispossessed the Amorites from before his people Israel, and shouldest thou possess it?
24 Wilt not thou possess that which Chemosh thy god giveth thee to possess? So whomsoever the Lord our God shall drive out from before us, them will we possess.
25 And now art thou any thing better than Balak the son of Zippor, king of Moab? did he ever strive against Israel, or did he ever fight against them,
26 While Israel dwelt in Heshbon and her towns, and in Aroer and her towns, and in all the cities that be along by the coasts of Arnon, three hundred years? why therefore did ye not recover them within that time?
27 Wherefore I have not sinned against thee, but thou doest me wrong to war against me: the Lord the Judge be judge this day between the children of Israel and the children of Ammon.
28 Howbeit the king of the children of Ammon hearkened not unto the words of Jephthah which he sent him.
29 Then the Spirit of the Lord came upon Jephthah, and he passed over Gilead, and Manasseh, and passed over Mizpeh of Gilead, and from Mizpeh of Gilead he passed over unto the children of Ammon.
30 And Jephthah vowed a vow unto the Lord, and said, If thou shalt without fail deliver the children of Ammon into mine hands,
31 Then it shall be, that whatsoever cometh forth of the doors of my house to meet me, when I return in peace from the children of Ammon, shall surely be the Lord‘s, and I will offer it up for a burnt offering.
32 So Jephthah passed over unto the children of Ammon to fight against them; and the Lord delivered them into his hands.
33 And he smote them from Aroer, even till thou come to Minnith, even twenty cities, and unto the plain of the vineyards, with a very great slaughter. Thus the children of Ammon were subdued before the children of Israel.
34 And Jephthah came to Mizpeh unto his house, and, behold, his daughter came out to meet him with timbrels and with dances: and she was his only child; beside her he had neither son nor daughter.
35 And it came to pass, when he saw her, that he rent his clothes, and said, Alas, my daughter! thou hast brought me very low, and thou art one of them that trouble me: for I have opened my mouth unto the Lord, and I cannot go back.
36 And she said unto him, My father, if thou hast opened thy mouth unto the Lord, do to me according to that which hath proceeded out of thy mouth; forasmuch as the Lord hath taken vengeance for thee of thine enemies, even of the children of Ammon.
37 And she said unto her father, Let this thing be done for me: let me alone two months, that I may go up and down upon the mountains, and bewail my virginity, I and my fellows.
38 And he said, Go. And he sent her away for two months: and she went with her companions, and bewailed her virginity upon the mountains.
39 And it came to pass at the end of two months, that she returned unto her father, who did with her according to his vow which he had vowed: and she knew no man. And it was a custom in Israel,
40 That the daughters of Israel went yearly to lament the daughter of Jephthah the Gileadite four days in a year.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}