Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 27  

1 Jòb pran lapawòl ankò pou l’ bay rès repons li a. Li di konsa:
-Mwen fè sèman, mwen pran Bondye vivan an pou temwen, Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki refize rann mwen jistis la, li menm ki ban m’ degoutans ak lavi a,
toutotan mwen poko mouri, toutotan Bondye ban m’ yon ti souf toujou,
mwen p’ap janm kite ankenn move pawòl soti nan bouch mwen, ni m’ p’ap janm bay ankenn manti.
Pa janm konprann m’ap ban nou rezon! M’ap kenbe ak nou mwen inonsan jouk mwen rann dènye souf mwen.
Mwen soti pou m’ defann kòz mwen. Mwen p’ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m’ anyen. M’ pa gen anyen ki pou fè m’ wont.
 Se pou tout moun ki pa vle wè m’ yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m’ yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.
Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l’, lè li pral pran nanm li?
Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?
10 Li pa t’ janm pran plezi l’ nan fè volonte Bondye. Li pa t’ lapriyè Bondye tout tan.
11  Kite m’ moutre nou jan Bondye konnen sa l’ap fè. Mwen p’ap kache di nou sa ki nan tèt Bondye ki gen tout pouvwa a.
12 Sa m’ap di la a? Nou wè tou sa ak je nou byen pwòp tou. Poukisa atò tout pale anpil sa a ki pa vle di anyen?
13 Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k’ap peze pèp la.
14 Yo te mèt gen anpil pitit gason, yo tout ap mouri nan lagè. Pitit yo p’ap janm gen kont manje pou yo manje.
15 Sa ki chape nan lagè, move maladi ap pote yo ale. Ata vèv yo p’ap ka rele pou yo jou lanmò yo.
16 Mechan an te mèt anpile lajan kou l’ pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l’ bezwen,
17 se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete.
18 Kay li bati tankou twal anasi, tankou yon ti kay jaden.
19 Nan aswè, li moute kabann li rich. Lè li leve, li pa jwenn anyen.
20 Malè tonbe sou li tankou lavalas k’ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l’ ale.
21 Yon van lès leve, li pote l’ ale. Li rache l’ nan kay kote l’ ye a.
22 Van an ap vante sou li san pitye. Li menm l’ap fè sa li kapab pou l’ chape anba l’.
23 Moun kontan wè jan li fini. Kote l’ pase, y’ap rele chalbari dèyè l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 27 

1 Job prit de nouveau la parole sous forme sentencieuse et dit:
Dieu qui me refuse justice est vivant! Le Tout Puissant qui remplit mon âme d’amertume est vivant!
Aussi longtemps que j’aurai ma respiration, Et que le souffle de Dieu sera dans mes narines,
Mes lèvres ne prononceront rien d’injuste, Ma langue ne dira rien de faux.
Loin de moi la pensée de vous donner raison! Jusqu’à mon dernier soupir je défendrai mon innocence;
Je tiens à me justifier, et je ne faiblirai pas; Mon coeur ne me fait de reproche sur aucun de mes jours.
Que mon ennemi soit comme le méchant, Et mon adversaire comme l’impie!
Quelle espérance reste-t-il à l’impie, Quand Dieu coupe le fil de sa vie, Quand il lui retire son âme?
Est-ce que Dieu écoute ses cris, Quand l’angoisse vient l’assaillir?
10 Fait-il du Tout Puissant ses délices? Adresse-t-il en tout temps ses prières à Dieu?
11 Je vous enseignerai les voies de Dieu, Je ne vous cacherai pas les desseins du Tout Puissant.
12 Mais vous les connaissez, et vous êtes d’accord; Pourquoi donc vous laisser aller à de vaines pensées?
13 Voici la part que Dieu réserve au méchant, L’héritage que le Tout Puissant destine à l’impie.
14 S’il a des fils en grand nombre, c’est pour le glaive, Et ses rejetons manquent de pain;
15 Ceux qui échappent sont enterrés par la peste, Et leurs veuves ne les pleurent pas.
16 S’il amasse l’argent comme la poussière, S’il entasse les vêtements comme la boue,
17 C’est lui qui entasse, mais c’est le juste qui se revêt, C’est l’homme intègre qui a l’argent en partage.
18 Sa maison est comme celle que bâtit la teigne, Comme la cabane que fait un gardien.
19 Il se couche riche, et il meurt dépouillé; Il ouvre les yeux, et tout a disparu.
20 Les terreurs le surprennent comme des eaux; Un tourbillon l’enlève au milieu de la nuit.
21 Le vent d’orient l’emporte, et il s’en va; Il l’arrache violemment de sa demeure.
22 Dieu lance sans pitié des traits contre lui, Et le méchant voudrait fuir pour les éviter.
23 On bat des mains à sa chute, Et on le siffle à son départ.
Louis Segond {LSG}

Job 27   

1 Moreover Job continued his parable, and said,
As God liveth, who hath taken away my judgment; and the Almighty, who hath vexed my soul;
All the while my breath is in me, and the spirit of God is in my nostrils;
My lips shall not speak wickedness, nor my tongue utter deceit.
God forbid that I should justify you: till I die I will not remove mine integrity from me.
My righteousness I hold fast, and will not let it go: my heart shall not reproach me so long as I live.
Let mine enemy be as the wicked, and he that riseth up against me as the unrighteous.
For what is the hope of the hypocrite, though he hath gained, when God taketh away his soul?
Will God hear his cry when trouble cometh upon him?
10 Will he delight himself in the Almighty? will he always call upon God?
11 I will teach you by the hand of God: that which is with the Almighty will I not conceal.
12 Behold, all ye yourselves have seen it; why then are ye thus altogether vain?
13 This is the portion of a wicked man with God, and the heritage of oppressors, which they shall receive of the Almighty.
14 If his children be multiplied, it is for the sword: and his offspring shall not be satisfied with bread.
15 Those that remain of him shall be buried in death: and his widows shall not weep.
16 Though he heap up silver as the dust, and prepare raiment as the clay;
17 He may prepare it, but the just shall put it on, and the innocent shall divide the silver.
18 He buildeth his house as a moth, and as a booth that the keeper maketh.
19 The rich man shall lie down, but he shall not be gathered: he openeth his eyes, and he is not.
20 Terrors take hold on him as waters, a tempest stealeth him away in the night.
21 The east wind carrieth him away, and he departeth: and as a storm hurleth him out of his place.
22 For God shall cast upon him, and not spare: he would fain flee out of his hand.
23 Men shall clap their hands at him, and shall hiss him out of his place.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}