Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 75   

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Sòm Asaf sa a se yon chante li ye. N’ap fè lwanj ou, Bondye! N’ap fè lwanj ou! Se tout tan n’ap nonmen non ou! N’ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!
 Bondye di: -Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m’a jije jan sa dwe fèt.
 Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k’ap viv sou li yo pran tranble, m’ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.
 M’ap di moun k’ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M’ap di mechan yo: Sispann fè awogans!
 Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!
 Jijman an pa soti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa soti nan nò ni nan sid.
 Non. Se Bondye k’ap jije: L’ap bese yonn, l’ap leve yon lòt.
 Seyè a kenbe yon gode nan men l’. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L’ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y’ap bwè, y’ap bwè san yo pa kite yon ti tak.
 Mwen menm, mwen p’ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p’ap janm sispann chante pou fè lwanj li.
10  L’a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l’ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 75

1 Au chef des chantres. «Ne détruits pas.» Psaume d’Asaph. Cantique. Nous te louons, ô Dieu! nous te louons; Ton nom est dans nos bouches; Nous publions tes merveilles.
 Au temps que j’aurai fixé, Je jugerai avec droiture.
 La terre tremble avec tous ceux qui l’habitent: Moi, j’affermis ses colonnes. -Pause.
 Je dis à ceux qui se glorifient: Ne vous glorifiez pas! Et aux méchants: N’élevez pas la tête!
 N’élevez pas si haut votre tête, Ne parlez pas avec tant d’arrogance!
 Car ce n’est ni de l’orient, ni de l’occident, Ni du désert, que vient l’élévation.
 Mais Dieu est celui qui juge: Il abaisse l’un, et il élève l’autre.
 Il y a dans la main de l’Éternel une coupe, Où fermente un vin plein de mélange, Et il en verse: Tous les méchants de la terre sucent, boivent jusqu’à la lie.
 Je publierai ces choses à jamais; Je chanterai en l’honneur du Dieu de Jacob. –
10  Et j’abattrai toutes les forces des méchants; Les forces du juste seront élevées.
Louis Segond {LSG}

Psalm 75 

1 Unto thee, O God, do we give thanks, unto thee do we give thanks: for that thy name is near thy wondrous works declare.
When I shall receive the congregation I will judge uprightly.
The earth and all the inhabitants thereof are dissolved: I bear up the pillars of it. Selah.
I said unto the fools, Deal not foolishly: and to the wicked, Lift not up the horn:
Lift not up your horn on high: speak not with a stiff neck.
For promotion cometh neither from the east, nor from the west, nor from the south.
But God is the judge: he putteth down one, and setteth up another.
For in the hand of the Lord there is a cup, and the wine is red; it is full of mixture; and he poureth out of the same: but the dregs thereof, all the wicked of the earth shall wring them out, and drink them.
But I will declare for ever; I will sing praises to the God of Jacob.
10 All the horns of the wicked also will I cut off; but the horns of the righteous shall be exalted.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}