Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 10            

Jezi kite kote l’ te ye a; li ale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l’; li t’ap moutre yo anpil bagay, jan l’ te toujou konn fè a.
Kèk farizyen pwoche bò kote l’ pou yo wè si yo te kapab pran l’ nan pèlen. Yo mande li: -Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li?
Li reponn yo: -Kisa Moyiz te ban nou lòd fè?
Yo di l’: -Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l’ kite avèk li.
Lè sa a, Jezi di yo: -Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di.
Men, nan konmansman, lè Bondye t’ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.
Se poutèt sa, gason an va kite papa l’ ak manman l’, pou l’ mete tèt ansanm ak madanm li.
Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p’ap de ankò, men yo fè yon sèl.
Se poutèt sa pesonn pa gen dwa separe sa Bondye mete ansanm.
10 Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l’ keksyon ankò sou bagay sa a.
11 Li di yo konsa: -Si yon nonm kite ak madanm li pou li al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li.
12 Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l’ pou li al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè.
13  Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l’ te mete men sou tèt yo. Men disip yo t’ap di moun yo pa fè sa.
14 Lè Jezi wè sa, li pa t’ kontan menm. Li di disip yo: -Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo.
15 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p’ap janm ka mete pye l’ nan Peyi kote Bondye Wa a.
16 Apre sa, li pran timoun yo nan bra l’, li mete men l’ sou tèt yo chak, li beni yo.
17  Antan Jezi t’ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l’ ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m’ fè pou m’ resevwa lavi ki p’ap janm fini an?
18 Jezi di li: -Poukisa ou rele m’ bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye.
19 Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou.
20 Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m’ te ti katkat.
21 Jezi gade nonm lan, li renmen l’, epi l’ di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
22 Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l’, li ale, paske li te gen anpil byen.
23 Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l’ la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a.
24 Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a.
25 L’ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
26 Disip yo te pi sezi toujou, yonn t’ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
27 Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l’, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè.
28 Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou.
29 Jezi reponn li: -Sa m’ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l’, osinon manman l’, osinon papa l’, osinon pitit li, osinon jaden l’, pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la,
30 moun sa a gen pou l’ resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l’ te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k’ap vini apre sa a, li gen pou l’ resevwa lavi ki p’ap janm fini an.
31 Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
32  Lè sa a, yo te pran chemen moute lavil Jerizalèm, Jezi t’ap mache devan yo. Yon sèl kè sere pran disip yo. Tout moun ki t’ap swiv yo te pè tou. Jezi pran douz disip yo apa ankò, li kòmanse di yo sa ki te gen pou rive li.
33 Li di yo: -Tande! Men n’ap moute lavil Jerizalèm, kote yo pral lage m’, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ak nan men dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m’ amò, y’ap lage m’ bay moun lòt nasyon yo.
34 Moun lòt nasyon sa yo va pase m’ nan rizib byen pase, y’a krache sou mwen, y’a bat mwen ak kout fwèt, apre sa y’a touye mwen. Men sou twa jou, m’a leve soti vivan nan lanmò.
35 Apre sa, de pitit Zebede yo, Jak ak Jan, pwoche bò kot Jezi, yo di l’ konsa: -Mèt, nou ta renmen ou fè sa nou pral mande ou la a pou nou.
36 Li di yo: -Kisa nou ta vle m’ fè pou nou?
37 Yo di li: -Fè nou chita yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè wa nan tout bèl pouvwa ou.
38 Jezi reponn yo: -Nou pa konnen sa n’ap mande la a. Eske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa menm batèm mwen pral resevwa a?
39 Yo di li: -Nou kapab. Jezi reponn yo: -Se vre. n’a bwè nan menm gode mwen pral bwè a, epi n’a resevwa menm batèm mwen pral resevwa a.
40 Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Bondye rezève yo pou moun li vle.
41 Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t’ manke fache sou Jak ak Jan.
42 Jezi rele yo, li di yo konsa: -Nou konnen ki jan moun ki pase pou chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav; grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa.
43 Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l’ sèvi nou tout.
44 Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l’ esklav nou tout.
45 Paske, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m’ rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m’ pou peye delivrans anpil moun.
46  Yo te rive lavil Jeriko. Lè sa a, Jezi t’ap soti kite bouk la ansanm avèk disip li yo ak yon gwo foul moun. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t’ap mande charite. Yo te rele l’ Batime, pitit Time.
47 Lè li tande se Jezi, moun Nazarèt la, ki t’ap pase, li pran rele: -Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.
48 Anpil moun t’ap kouri dèyè l’ pou te fè l’ pe bouch li, men li t’ap rele pi rèd: -Pitit David la, gen pitye pou mwen.
49 Jezi kanpe, li di konsa: -Rele l’ pou mwen. Yo rele avèg la, yo di li: -Pran kouray, leve, men li ap rele ou.
50 Avèg la voye rad li jete, se vole li t’ap vole pou l’ te vin bò kot Jezi.
51 Jezi mande li: -Kisa ou vle m’ fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m’ wè ankò.
52 Jezi di li: -Ale non, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè, epi li swiv Jezi nan chemen an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 10           

1 Jésus, étant parti de là, se rendit dans le territoire de la Judée au delà du Jourdain. La foule s’assembla de nouveau près de lui, et selon sa coutume, il se mit encore à l’enseigner.
Les pharisiens l’abordèrent; et, pour l’éprouver, ils lui demandèrent s’il est permis à un homme de répudiée sa femme.
Il leur répondit: Que vous a prescrit Moïse?
Moïse, dirent-ils, a permis d’écrire une lettre de divorce et de répudier.
Et Jésus leur dit: C’est à cause de la dureté de votre coeur que Moïse vous a donné ce précepte.
Mais au commencement de la création, Dieu fit l’homme et la femme;
c’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère, et s’attachera à sa femme,
et les deux deviendront une seule chair. Ainsi ils ne sont plus deux, mais ils sont une seule chair.
Que l’homme donc ne sépare pas ce que Dieu a joint.
10 Lorsqu’ils furent dans la maison, les disciples l’interrogèrent encore là-dessus.
11 Il leur dit: Celui qui répudie sa femme et qui en épouse une autre, commet un adultère à son égard;
12 et si une femme quitte son mari et en épouse un autre, elle commet un adultère.
13 On lui amena des petits enfants, afin qu’il les touchât. Mais les disciples reprirent ceux qui les amenaient.
14 Jésus, voyant cela, fut indigné, et leur dit: Laissez venir à moi les petits enfants, et ne les en empêchez pas; car le royaume de Dieu est pour ceux qui leur ressemblent.
15 Je vous le dis en vérité, quiconque ne recevra pas le royaume de Dieu comme un petit enfant n’y entrera point.
16 Puis il les prit dans ses bras, et les bénit, en leur imposant les mains.
17 Comme Jésus se mettait en chemin, un homme accourut, et se jetant à genoux devant lui: Bon maître, lui demanda-t-il, que dois-je faire pour hériter la vie éternelle?
18 Jésus lui dit: Pourquoi m’appelles-tu bon? Il n’y a de bon que Dieu seul.
19 Tu connais les commandements: Tu ne commettras point d’adultère; tu ne tueras point; tu ne déroberas point; tu ne diras point de faux témoignage; tu ne feras tort à personne; honore ton père et ta mère.
20 Il lui répondit: Maître, j’ai observé toutes ces choses dès ma jeunesse.
21 Jésus, l’ayant regardé, l’aima, et lui dit: Il te manque une chose; va, vends tout ce que tu as, donne-le aux pauvres, et tu auras un trésor dans le ciel. Puis viens, et suis-moi.
22 Mais, affligé de cette parole, cet homme s’en alla tout triste; car il avait de grands biens.
23 Jésus, regardant autour de lui, dit à ses disciples: Qu’il sera difficile à ceux qui ont des richesses d’entrer dans le royaume de Dieu!
24 Les disciples furent étonnés de ce que Jésus parlait ainsi. Et, reprenant, il leur dit: Mes enfants, qu’il est difficile à ceux qui se confient dans les richesses d’entrer dans le royaume de Dieu!
25 Il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu.
26 Les disciples furent encore plus étonnés, et ils se dirent les uns aux autres; Et qui peut être sauvé?
27 Jésus les regarda, et dit: Cela est impossible aux hommes, mais non à Dieu: car tout est possible à Dieu.
28 Pierre se mit à lui dire; Voici, nous avons tout quitté, et nous t’avons suivi.
29 Jésus répondit: Je vous le dis en vérité, il n’est personne qui, ayant quitté, à cause de moi et à cause de la bonne nouvelle, sa maison, ou ses frères, ou ses soeurs, ou sa mère, ou son père, ou ses enfants, ou ses terres,
30 ne reçoive au centuple, présentement dans ce siècle-ci, des maisons, des frères, des soeurs, des mères, des enfants, et des terres, avec des persécutions, et, dans le siècle à venir, la vie éternelle.
31 Plusieurs des premiers seront les derniers, et plusieurs des derniers seront les premiers.
32 Ils étaient en chemin pour monter à Jérusalem, et Jésus allait devant eux. Les disciples étaient troublés, et le suivaient avec crainte. Et Jésus prit de nouveau les douze auprès de lui, et commença à leur dire ce qui devait lui arriver:
33 Voici, nous montons à Jérusalem, et le Fils de l’homme sera livré aux principaux sacrificateurs et aux scribes. Ils le condamneront à mort, et ils le livreront aux païens,
34 qui se moqueront de lui, cracheront sur lui, le battront de verges, et le feront mourir; et, trois jours après, il ressuscitera.
35 Les fils de Zébédée, Jacques et Jean, s’approchèrent de Jésus, et lui dirent: Maître, nous voudrions que tu fisses pour nous ce que nous te demanderons.
36 Il leur dit: Que voulez-vous que je fasse pour vous?
37 Accorde-nous, lui dirent-ils, d’être assis l’un à ta droite et l’autre à ta gauche, quand tu seras dans ta gloire.
38 Jésus leur répondit: Vous ne savez ce que vous demandez. Pouvez-vous boire la coupe que je dois boire, ou être baptisés du baptême dont je dois être baptisé? Nous le pouvons, dirent-ils.
39 Et Jésus leur répondit: Il est vrai que vous boirez la coupe que je dois boire, et que vous serez baptisés du baptême dont je dois être baptisé;
40 mais pour ce qui est d’être assis à ma droite ou à ma gauche, cela ne dépend pas de moi, et ne sera donné qu’à ceux à qui cela est réservé.
41 Les dix, ayant entendu cela, commencèrent à s’indigner contre Jacques et Jean.
42 Jésus les appela, et leur dit: Vous savez que ceux qu’on regarde comme les chefs des nations les tyrannisent, et que les grands les dominent.
43 Il n’en est pas de même au milieu de vous. Mais quiconque veut être grand parmi vous, qu’il soit votre serviteur;
44 et quiconque veut être le premier parmi vous, qu’il soit l’esclave de tous.
45 Car le Fils de l’homme est venu, non pour être servi, mais pour servir et donner sa vie comme la rançon de plusieurs.
46 Ils arrivèrent à Jéricho. Et, lorsque Jésus en sortit, avec ses disciples et une assez grande foule, le fils de Timée, Bartimée, mendiant aveugle, était assis au bord du chemin.
47 Il entendit que c’était Jésus de Nazareth, et il se mit à crier; Fils de David, Jésus aie pitié de moi!
48 Plusieurs le reprenaient, pour le faire taire; mais il criait beaucoup plus fort; Fils de David, aie pitié de moi!
49 Jésus s’arrêta, et dit: Appelez-le. Ils appelèrent l’aveugle, en lui disant: Prends courage, lève-toi, il t’appelle.
50 L’aveugle jeta son manteau, et, se levant d’un bond, vint vers Jésus.
51 Jésus, prenant la parole, lui dit: Que veux-tu que je te fasse? Rabbouni, lui répondit l’aveugle, que je recouvre la vue.
52 Et Jésus lui dit: Va, ta foi t’a sauvé. (10:53) Aussitôt il recouvra la vue, et suivit Jésus dans le chemin.

Louis Segond {LSG}

Mark 10    

1 And he arose from thence, and cometh into the coasts of Judaea by the farther side of Jordan: and the people resort unto him again; and, as he was wont, he taught them again.
And the Pharisees came to him, and asked him, Is it lawful for a man to put away his wife? tempting him.
And he answered and said unto them, What did Moses command you?
And they said, Moses suffered to write a bill of divorcement, and to put her away.
And Jesus answered and said unto them, For the hardness of your heart he wrote you this precept.
But from the beginning of the creation God made them male and female.
For this cause shall a man leave his father and mother, and cleave to his wife;
And they twain shall be one flesh: so then they are no more twain, but one flesh.
What therefore God hath joined together, let not man put asunder.
10 And in the house his disciples asked him again of the same matter.
11 And he saith unto them, Whosoever shall put away his wife, and marry another, committeth adultery against her.
12 And if a woman shall put away her husband, and be married to another, she committeth adultery.
13 And they brought young children to him, that he should touch them: and his disciples rebuked those that brought them.
14 But when Jesus saw it, he was much displeased, and said unto them, Suffer the little children to come unto me, and forbid them not: for of such is the kingdom of God.
15 Verily I say unto you, Whosoever shall not receive the kingdom of God as a little child, he shall not enter therein.
16 And he took them up in his arms, put his hands upon them, and blessed them.
17 And when he was gone forth into the way, there came one running, and kneeled to him, and asked him, Good Master, what shall I do that I may inherit eternal life?
18 And Jesus said unto him, Why callest thou me good? there is none good but one, that is, God.
19 Thou knowest the commandments, Do not commit adultery, Do not kill, Do not steal, Do not bear false witness, Defraud not, Honour thy father and mother.
20 And he answered and said unto him, Master, all these have I observed from my youth.
21 Then Jesus beholding him loved him, and said unto him, One thing thou lackest: go thy way, sell whatsoever thou hast, and give to the poor, and thou shalt have treasure in heaven: and come, take up the cross, and follow me.
22 And he was sad at that saying, and went away grieved: for he had great possessions.
23 And Jesus looked round about, and saith unto his disciples, How hardly shall they that have riches enter into the kingdom of God!
24 And the disciples were astonished at his words. But Jesus answereth again, and saith unto them, Children, how hard is it for them that trust in riches to enter into the kingdom of God!
25 It is easier for a camel to go through the eye of a needle, than for a rich man to enter into the kingdom of God.
26 And they were astonished out of measure, saying among themselves, Who then can be saved?
27 And Jesus looking upon them saith, With men it is impossible, but not with God: for with God all things are possible.
28 Then Peter began to say unto him, Lo, we have left all, and have followed thee.
29 And Jesus answered and said, Verily I say unto you, There is no man that hath left house, or brethren, or sisters, or father, or mother, or wife, or children, or lands, for my sake, and the gospel’s,
30 But he shall receive an hundredfold now in this time, houses, and brethren, and sisters, and mothers, and children, and lands, with persecutions; and in the world to come eternal life.
31 But many that are first shall be last; and the last first.
32 And they were in the way going up to Jerusalem; and Jesus went before them: and they were amazed; and as they followed, they were afraid. And he took again the twelve, and began to tell them what things should happen unto him,
33 Saying, Behold, we go up to Jerusalem; and the Son of man shall be delivered unto the chief priests, and unto the scribes; and they shall condemn him to death, and shall deliver him to the Gentiles:
34 And they shall mock him, and shall scourge him, and shall spit upon him, and shall kill him: and the third day he shall rise again.
35 And James and John, the sons of Zebedee, come unto him, saying, Master, we would that thou shouldest do for us whatsoever we shall desire.
36 And he said unto them, What would ye that I should do for you?
37 They said unto him, Grant unto us that we may sit, one on thy right hand, and the other on thy left hand, in thy glory.
38 But Jesus said unto them, Ye know not what ye ask: can ye drink of the cup that I drink of? and be baptized with the baptism that I am baptized with?
39 And they said unto him, We can. And Jesus said unto them, Ye shall indeed drink of the cup that I drink of; and with the baptism that I am baptized withal shall ye be baptized:
40 But to sit on my right hand and on my left hand is not mine to give; but it shall be given to them for whom it is prepared.
41 And when the ten heard it, they began to be much displeased with James and John.
42 But Jesus called them to him, and saith unto them, Ye know that they which are accounted to rule over the Gentiles exercise lordship over them; and their great ones exercise authority upon them.
43 But so shall it not be among you: but whosoever will be great among you, shall be your minister:
44 And whosoever of you will be the chiefest, shall be servant of all.
45 For even the Son of man came not to be ministered unto, but to minister, and to give his life a ransom for many.
46 And they came to Jericho: and as he went out of Jericho with his disciples and a great number of people, blind Bartimaeus, the son of Timaeus, sat by the highway side begging.
47 And when he heard that it was Jesus of Nazareth, he began to cry out, and say, Jesus, thou son of David, have mercy on me.
48 And many charged him that he should hold his peace: but he cried the more a great deal, Thou son of David, have mercy on me.
49 And Jesus stood still, and commanded him to be called. And they call the blind man, saying unto him, Be of good comfort, rise; he calleth thee.
50 And he, casting away his garment, rose, and came to Jesus.
51 And Jesus answered and said unto him, What wilt thou that I should do unto thee? The blind man said unto him, Lord, that I might receive my sight.
52 And Jesus said unto him, Go thy way; thy faith hath made thee whole. And immediately he received his sight, and followed Jesus in the way.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}