Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 71  

1 Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m’ wont!
Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m’ non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m’. Pote m’ sekou!
Se ou menm ki twou wòch kote pou m’ kache. Se ou menm ki pou sèvi m’ ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k’ap pwoteje mwen. Se ou menm k’ap pran defans mwen.
Bondye mwen, wete m’ anba men mechan yo, anba ponyèt moun k’ap bay manti yo ak moun k’ap fè mechanste yo.
Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m’ te jenn gason.
Se sou ou mwen konte depi m’ fèt. Se ou ki fè m’ soti nan vant manman m’. Se tout tan m’ap fè lwanj ou.
Lavi m’ se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k’ap pwoteje m’ ak tout fòs ou.
Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M’ap fè konnen jan ou gen pouvwa.
Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m’ jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m’.
10 Lènmi m’ yo ap pale m’ mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m’.
11 Y’ap plede di: -Bondye lage l’. Kouri dèyè l’, kenbe l’, paske pa gen moun pou delivre l’.
12 Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m’ sekou.
13 Se pou moun k’ap atake m’ yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
14  M’ap toujou mete espwa mwen sou ou. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
15 M’ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m’a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p’ap janm fin konprann.
16 Seyè, Bondye, m’a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M’a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa.
17 Bondye, depi lè m’ te jenn gason w’ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m’ap rakonte bèl bagay ou fè yo.
18 Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m’. Kanpe la avè m’ pou m’ ka fè moun k’ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m’ ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan,
19 jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou!
20 Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k’ap ban nou lavi ankò. W’ap rale nou soti nan bouch twou a.
21 W’ap fè m’ pi grannèg pase jan m’ te ye a. W’ap konsole m’ ankò.
22 Se vre wi, m’a fè lwanj ou avèk kout gita. M’a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w’ap toujou kenbe pawòl ou. M’a chante, m’a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la.
23 M’a chante pou ou. M’a rele sitèlman mwen kontan. M’a chante ak tout kè m’ paske ou te delivre m’.
24 Tout lajounen m’a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m’ yo gen pou yo wont. Yo p’ap konn sa pou yo fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 71

1 Éternel! je cherche en toi mon refuge: Que jamais je ne sois confondu!
Dans ta justice, sauve-moi et délivre-moi! Incline vers moi ton oreille, et secours-moi!
Sois pour moi un rocher qui me serve d’asile, Où je puisse toujours me retirer! Tu as résolu de me sauver, Car tu es mon rocher et ma forteresse.
Mon Dieu, délivre-moi de la main du méchant, De la main de l’homme inique et violent!
Car tu es mon espérance, Seigneur Éternel! En toi je me confie dès ma jeunesse.
Dès le ventre de ma mère je m’appuie sur toi; C’est toi qui m’as fait sortir du sein maternel; tu es sans cesse l’objet de mes louanges.
Je suis pour plusieurs comme un prodige, Et toi, tu es mon puissant refuge.
Que ma bouche soit remplie de tes louanges, Que chaque jour elle te glorifie!
Ne me rejette pas au temps de la vieillesse; Quand mes forces s’en vont, ne m’abandonne pas!
10 Car mes ennemis parlent de moi, Et ceux qui guettent ma vie se consultent entre eux,
11 Disant: Dieu l’abandonne; Poursuivez, saisissez-le; il n’y a personne pour le délivrer.
12 O Dieu, ne t’éloigne pas de moi! Mon Dieu, viens en hâte à mon secours!
13 Qu’ils soient confus, anéantis, ceux qui en veulent à ma vie! Qu’ils soient couverts de honte et d’opprobre, ceux qui cherchent ma perte!
14 Et moi, j’espérerai toujours, Je te louerai de plus en plus.
15 Ma bouche publiera ta justice, ton salut, chaque jour, Car j’ignore quelles en sont les bornes.
16 Je dirai tes oeuvres puissantes, Seigneur Éternel! Je rappellerai ta justice, la tienne seule.
17 O Dieu! tu m’as instruit dès ma jeunesse, Et jusqu’à présent j’annonce tes merveilles.
18 Ne m’abandonne pas, ô Dieu! même dans la blanche vieillesse, Afin que j’annonce ta force à la génération présente, Ta puissance à la génération future!
19 Ta justice, ô Dieu! atteint jusqu’au ciel; Tu as accompli de grandes choses: ô Dieu! qui est semblable à toi?
20 Tu nous as fait éprouver bien des détresses et des malheurs; Mais tu nous redonneras la vie, Tu nous feras remonter des abîmes de la terre.
21 Relève ma grandeur, Console-moi de nouveau!
22 Et je te louerai au son du luth, je chanterai ta fidélité, mon Dieu, Je te célébrerai avec la harpe, Saint d’Israël!
23 En te célébrant, j’aurai la joie sur les lèvres, La joie dans mon âme que tu as délivrée;
24 Ma langue chaque jour publiera ta justice, Car ceux qui cherchent ma perte sont honteux et confus.
Louis Segond {LSG}

Psalm 71 

1 In thee, O Lord, do I put my trust: let me never be put to confusion.
Deliver me in thy righteousness, and cause me to escape: incline thine ear unto me, and save me.
Be thou my strong habitation, whereunto I may continually resort: thou hast given commandment to save me; for thou art my rock and my fortress.
Deliver me, O my God, out of the hand of the wicked, out of the hand of the unrighteous and cruel man.
For thou art my hope, O Lord God: thou art my trust from my youth.
By thee have I been holden up from the womb: thou art he that took me out of my mother’s bowels: my praise shall be continually of thee.
I am as a wonder unto many; but thou art my strong refuge.
Let my mouth be filled with thy praise and with thy honour all the day.
Cast me not off in the time of old age; forsake me not when my strength faileth.
10 For mine enemies speak against me; and they that lay wait for my soul take counsel together,
11 Saying, God hath forsaken him: persecute and take him; for there is none to deliver him.
12 O God, be not far from me: O my God, make haste for my help.
13 Let them be confounded and consumed that are adversaries to my soul; let them be covered with reproach and dishonour that seek my hurt.
14 But I will hope continually, and will yet praise thee more and more.
15 My mouth shall shew forth thy righteousness and thy salvation all the day; for I know not the numbers thereof.
16 I will go in the strength of the Lord God: I will make mention of thy righteousness, even of thine only.
17 O God, thou hast taught me from my youth: and hitherto have I declared thy wondrous works.
18 Now also when I am old and greyheaded, O God, forsake me not; until I have shewed thy strength unto this generation, and thy power to every one that is to come.
19 Thy righteousness also, O God, is very high, who hast done great things: O God, who is like unto thee!
20 Thou, which hast shewed me great and sore troubles, shalt quicken me again, and shalt bring me up again from the depths of the earth.
21 Thou shalt increase my greatness, and comfort me on every side.
22 I will also praise thee with the psaltery, even thy truth, O my God: unto thee will I sing with the harp, O thou Holy One of Israel.
23 My lips shall greatly rejoice when I sing unto thee; and my soul, which thou hast redeemed.
24 My tongue also shall talk of thy righteousness all the day long: for they are confounded, for they are brought unto shame, that seek my hurt.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}