Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 49   

1 Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k’ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k’ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.
Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y’ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!
Poukisa n’ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t’ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P’ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò.
Men apre sa, m’ap mete peyi Amon an kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!
Nou menm moun lavil Dedan, vire do nou, kouri ale! Fè twou pou kache kò nou! Mwen pral fini ak moun Ezaou yo, paske lè pou m’ regle ak yo a rive.
Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k’ap vin grapiye yo. Lè vòlò antre lakay moun lannwit, yo annik pran sa yo bezwen.
10 Men mwen menm, mwen pral kite moun Ezaou yo toutouni. Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo. Konsa, nanpwen kache pou yo ankò. Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinaj yo pral disparèt.
11 Pa gen pesonn k’ap rete pou di: Kite timoun ki san papa yo avè m’. M’a okipe yo. Vèv nou yo mèt konte sou mwen.
12 Men sa Seyè a di ankò: -Ata moun ki pa merite pou m’ pini yo pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale. Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non. Yo p’ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.
13 Se mwen menm, Seyè a, k’ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m’ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l’ nan betiz, y’ap sèvi ak non l’ pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
14 Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y’ al goumen avè l’.
15 Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p’ap respekte nou.
16 Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l’ la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m’ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
17 Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k’ap bay gwo lapenn. Tout moun k’ap pase bò la pral pran sezisman, y’ap pè.
18 Gwo malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinaj yo, se malè sa a k’ap rive Edon tou. P’ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pesonn p’ap rete la. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
19 Tankou yon lyon k’ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l’ ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m’ap vini, m’ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m’a chwazi a m’a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m’? Ki moun ki ka koresponn avè m’? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m’?
20 Konsa, koute sa mwen soti pou m’ fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo.
21 Lè peyi Edon an tonbe, l’ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y’ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo.
22 Tankou malfini k’ap plonje ak zèl li yo gran louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon yo pral pè tankou fanm ki gen tranche.
23  Men sa Seyè a di sou peyi Damas la: -Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase paske yo tande move nouvèl. Tankou lanmè, yo boulvèse, yo pa ka rete an plas.
24 Moun Damas yo fèb, yo kouri met deyò. Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo. Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche.
25 Gade lavil tout moun te konnen an, lavil kote tout moun te gen kè kontan an! Pa gen yon moun ladan l’.
26 Jou sa a, y’ap touye jenn gason nou yo nan tout lari. Tout sòlda yo pral mouri. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
27 M’ap mete dife nan miray Damas yo. Dife a ap boule palè wa Bennadad la.
28  Moun branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Men mesaj Seyè a bay sou yo: -Leve non! Ann mache pran Keda! Piye moun bò solèy leve yo.
29 Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.
30 Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò, al kache kò nou nan twou! Se mwen menm Seyè a ki di sa. Paske Nèbikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l’ kraze nou. Li soti pou l’ fini ak nou.
31 Men sa Seyè a di ankò: Leve non! Ann al atake yon nasyon ki santi yo t’ alèz san ankenn danje sou tèt yo! Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo. Yo la konsa san ankenn pwoteksyon.
32 Yo pral pran tout chamo yo, yo pral separe tout kabrit ak mouton yo. Wi, m’ap gaye yo nan tout direksyon, bann moun sa yo ki koupe cheve yo kout. Kote yo pase m’ap fè malè tonbe sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
33 M’ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p’ap rete ladan l’ ankò. Ankenn moun p’ap viv la.
34  Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fèk moute wa nan peyi Jida.
35 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: -Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo. Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.
36 M’ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan. M’ap gaye yo nan tout direksyon sou latè. M’ap mete tout moun li yo deyò. p’ap gen peyi sou latè kote ou p’ap jwenn yo.
37 M’ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo, devan moun ki soti pou touye yo. M’ap fè gwo kòlè, m’ap voye gwo malè sou yo, m’ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m’a fini nèt ak yo.
38 M’ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo. Se la m’ap mete fotèy mwen an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
39 Men, nan jou k’ap vini apre sa yo, m’ap mete peyi Elam lan kanpe ankò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 49

1 Sur les enfants d’Ammon. Ainsi parle l’Éternel: Israël n’a-t-il point de fils? N’a-t-il point d’héritier? Pourquoi Malcom possède-t-il Gad, Et son peuple habite-t-il ses villes?
C’est pourquoi voici, les jours viennent, dit l’Éternel, Où je ferai retentir le cri de guerre contre Rabbath des enfants d’Ammon; Elle deviendra un monceau de ruines, Et les villes de son ressort seront consumées par le feu; Alors Israël chassera ceux qui l’avaient chassé, dit l’Éternel.
Pousse des gémissements, Hesbon, car Aï est ravagée! Poussez des cris, filles de Rabba, revêtez-vous de sacs, Lamentez-vous, et courez çà et là le long des murailles! Car Malcom s’en va en captivité, Avec ses prêtres et avec ses chefs.
Pourquoi te glorifies-tu de tes vallées? Ta vallée se fond, fille rebelle, Qui te confiais dans tes trésors: Qui viendra contre moi?
Voici, je fais venir sur toi la terreur, Dit le Seigneur, l’Éternel des armées, Elle viendra de tous tes alentours; Chacun de vous sera chassé devant soi, Et nul ne ralliera les fuyards.
Mais après cela, je ramènerai les captifs des enfants d’Ammon, Dit l’Éternel.
Sur Édom. Ainsi parle l’Éternel des armées: N’y a-t-il plus de sagesse dans Théman? La prudence a-t-elle disparu chez les hommes intelligents? Leur sagesse s’est-elle évanouie?
Fuyez, tournez le dos, retirez-vous dans les cavernes, Habitants de Dedan! Car je fais venir le malheur sur Ésaü, Le temps de son châtiment.
Si des vendangeurs viennent chez toi, Ne laissent-ils rien à grappiller? Si des voleurs viennent de nuit, Ils ne dévastent que ce qu’ils peuvent.
10 Mais moi, je dépouillerai Ésaü, Je découvrirai ses retraites, Il ne pourra se cacher; Ses enfants, ses frères, ses voisins, périront, Et il ne sera plus.
11 Laisse tes orphelins, je les ferai vivre, Et que tes veuves se confient en moi!
12 Car ainsi parle l’Éternel: Voici, ceux qui ne devaient pas boire la coupe la boiront; Et toi, tu resterais impuni! Tu ne resteras pas impuni, Tu la boiras.
13 Car je le jure par moi-même, dit l’Éternel, Botsra sera un objet de désolation, d’opprobre, De dévastation et de malédiction, Et toutes ses villes deviendront des ruines éternelles.
14 J’ai appris de l’Éternel une nouvelle, Et un messager a été envoyé parmi les nations: Assemblez-vous, et marchez contre elle! Levez-vous pour la guerre!
15 Car voici, je te rendrai petit parmi les nations, Méprisé parmi les hommes.
16 Ta présomption, l’orgueil de ton coeur t’a égaré, Toi qui habites le creux des rochers, Et qui occupes le sommet des collines. Quand tu placerais ton nid aussi haut que celui de l’aigle, Je t’en précipiterai, dit l’Éternel.
17 Édom sera un objet de désolation; Tous ceux qui passeront près de lui Seront dans l’étonnement et siffleront sur toutes ses plaies.
18 Comme Sodome et Gomorrhe et les villes voisines, qui furent détruites, Dit l’Éternel, Il ne sera plus habité, Il ne sera le séjour d’aucun homme…
19 Voici, tel qu’un lion, il monte des rives orgueilleuses du Jourdain Contre la demeure forte; Soudain j’en ferai fuir Édom, Et j’établirai sur elle celui que j’ai choisi. Car qui est semblable à moi? qui me donnera des ordres? Et quel est le chef qui me résistera?
20 C’est pourquoi écoutez la résolution que l’Éternel a prise contre Édom, Et les desseins qu’il a conçus contre les habitants de Théman! Certainement on les traînera comme de faibles brebis, Certainement on ravagera leur demeure.
21 Au bruit de leur chute, la terre tremble; Leur cri se fait entendre jusqu’à la mer Rouge…
22 Voici, comme l’aigle il s’avance, il vole, Il étend ses ailes sur Botsra, Et le coeur des héros d’Édom est en ce jour Comme le coeur d’une femme en travail.
23 Sur Damas. Hamath et Arpad sont confuses, Car elles ont appris une mauvaise nouvelle, elles tremblent; C’est une mer en tourmente, Qui ne peut se calmer.
24 Damas est défaillante, elle se tourne pour fuir, Et l’effroi s’empare d’elle; L’angoisse et les douleurs la saisissent, Comme une femme en travail. –
25 Ah! elle n’est pas abandonnée, la ville glorieuse, La ville qui fait ma joie! –
26 C’est pourquoi ses jeunes gens tomberont dans les rues, Et tous ses hommes de guerre périront en ce jour, Dit l’Éternel des armées.
27 Je mettrai le feu aux murs de Damas, Et il dévorera le palais de Ben Hadad.
28 Sur Kédar et les royaumes de Hatsor, que battit Nebucadnetsar, roi de Babylone. Ainsi parle l’Éternel: Levez-vous, montez contre Kédar, Et détruisez les fils de l’Orient!
29 On prendra leurs tentes et leurs troupeaux, On enlèvera leurs pavillons, tous leurs bagages et leurs chameaux, Et l’on jettera de toutes parts contre eux des cris d’épouvante.
30 Fuyez, fuyez de toutes vos forces, cherchez à l’écart une demeure, Habitants de Hatsor! dit l’Éternel; Car Nebucadnetsar, roi de Babylone, a pris une résolution contre vous, Il a conçu un projet contre vous.
31 Levez-vous, montez contre une nation tranquille, En sécurité dans sa demeure, dit l’Éternel; Elle n’a ni portes, ni barres, Elle habite solitaire.
32 Leurs chameaux seront au pillage, Et la multitude de leurs troupeaux sera une proie; Je les disperserai à tous les vents, ceux qui se rasent les coins de la barbe, Et je ferai venir leur ruine de tous les côtés, dit l’Éternel.
33 Hatsor sera le repaire des chacals, un désert pour toujours; Personne n’y habitera, aucun homme n’y séjournera.
34 La parole de l’Éternel qui fut adressée à Jérémie, le prophète, sur Élam, au commencement du règne de Sédécias, roi de Juda, en ces mots:
35 Ainsi parle l’Éternel des armées: Voici, je vais briser l’arc d’Élam, Sa principale force.
36 Je ferai venir sur Élam quatre vents des quatre extrémités du ciel, Je les disperserai par tous ces vents, Et il n’y aura pas une nation Où n’arrivent des fugitifs d’Élam.
37 Je ferai trembler les habitants d’Élam devant leurs ennemis Et devant ceux qui en veulent à leur vie, J’amènerai sur eux des malheurs, Mon ardente colère, dit l’Éternel, Et je les poursuivrai par l’épée, Jusqu’à ce que je les aie anéantis.
38 Je placerai mon trône dans Élam, Et j’en détruirai le roi et les chefs, Dit l’Éternel.
39 Mais dans la suite des temps, je ramènerai les captifs d’Élam, Dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 49 

1 Concerning the Ammonites, thus saith the Lord; Hath Israel no sons? hath he no heir? why then doth their king inherit Gad, and his people dwell in his cities?
Therefore, behold, the days come, saith the Lord, that I will cause an alarm of war to be heard in Rabbah of the Ammonites; and it shall be a desolate heap, and her daughters shall be burned with fire: then shall Israel be heir unto them that were his heirs, saith the Lord.
Howl, O Heshbon, for Ai is spoiled: cry, ye daughters of Rabbah, gird you with sackcloth; lament, and run to and fro by the hedges; for their king shall go into captivity, and his priests and his princes together.
Wherefore gloriest thou in the valleys, thy flowing valley, O backsliding daughter? that trusted in her treasures, saying, Who shall come unto me?
Behold, I will bring a fear upon thee, saith the Lord God of hosts, from all those that be about thee; and ye shall be driven out every man right forth; and none shall gather up him that wandereth.
And afterward I will bring again the captivity of the children of Ammon, saith the Lord.
Concerning Edom, thus saith the Lord of hosts; Is wisdom no more in Teman? is counsel perished from the prudent? is their wisdom vanished?
Flee ye, turn back, dwell deep, O inhabitants of Dedan; for I will bring the calamity of Esau upon him, the time that I will visit him.
If grapegatherers come to thee, would they not leave some gleaning grapes? if thieves by night, they will destroy till they have enough.
10 But I have made Esau bare, I have uncovered his secret places, and he shall not be able to hide himself: his seed is spoiled, and his brethren, and his neighbours, and he is not.
11 Leave thy fatherless children, I will preserve them alive; and let thy widows trust in me.
12 For thus saith the Lord; Behold, they whose judgment was not to drink of the cup have assuredly drunken; and art thou he that shall altogether go unpunished? thou shalt not go unpunished, but thou shalt surely drink of it.
13 For I have sworn by myself, saith the Lord, that Bozrah shall become a desolation, a reproach, a waste, and a curse; and all the cities thereof shall be perpetual wastes.
14 I have heard a rumour from the Lord, and an ambassador is sent unto the heathen, saying, Gather ye together, and come against her, and rise up to the battle.
15 For, lo, I will make thee small among the heathen, and despised among men.
16 Thy terribleness hath deceived thee, and the pride of thine heart, O thou that dwellest in the clefts of the rock, that holdest the height of the hill: though thou shouldest make thy nest as high as the eagle, I will bring thee down from thence, saith the Lord.
17 Also Edom shall be a desolation: every one that goeth by it shall be astonished, and shall hiss at all the plagues thereof.
18 As in the overthrow of Sodom and Gomorrah and the neighbour cities thereof, saith the Lord, no man shall abide there, neither shall a son of man dwell in it.
19 Behold, he shall come up like a lion from the swelling of Jordan against the habitation of the strong: but I will suddenly make him run away from her: and who is a chosen man, that I may appoint over her? for who is like me? and who will appoint me the time? and who is that shepherd that will stand before me?
20 Therefore hear the counsel of the Lord, that he hath taken against Edom; and his purposes, that he hath purposed against the inhabitants of Teman: Surely the least of the flock shall draw them out: surely he shall make their habitations desolate with them.
21 The earth is moved at the noise of their fall, at the cry the noise thereof was heard in the Red sea.
22 Behold, he shall come up and fly as the eagle, and spread his wings over Bozrah: and at that day shall the heart of the mighty men of Edom be as the heart of a woman in her pangs.
23 Concerning Damascus. Hamath is confounded, and Arpad: for they have heard evil tidings: they are fainthearted; there is sorrow on the sea; it cannot be quiet.
24 Damascus is waxed feeble, and turneth herself to flee, and fear hath seized on her: anguish and sorrows have taken her, as a woman in travail.
25 How is the city of praise not left, the city of my joy!
26 Therefore her young men shall fall in her streets, and all the men of war shall be cut off in that day, saith the Lord of hosts.
27 And I will kindle a fire in the wall of Damascus, and it shall consume the palaces of Benhadad.
28 Concerning Kedar, and concerning the kingdoms of Hazor, which Nebuchadrezzar king of Babylon shall smite, thus saith the Lord; Arise ye, go up to Kedar, and spoil the men of the east.
29 Their tents and their flocks shall they take away: they shall take to themselves their curtains, and all their vessels, and their camels; and they shall cry unto them, Fear is on every side.
30 Flee, get you far off, dwell deep, O ye inhabitants of Hazor, saith the Lord; for Nebuchadrezzar king of Babylon hath taken counsel against you, and hath conceived a purpose against you.
31 Arise, get you up unto the wealthy nation, that dwelleth without care, saith the Lord, which have neither gates nor bars, which dwell alone.
32 And their camels shall be a booty, and the multitude of their cattle a spoil: and I will scatter into all winds them that are in the utmost corners; and I will bring their calamity from all sides thereof, saith the Lord.
33 And Hazor shall be a dwelling for dragons, and a desolation for ever: there shall no man abide there, nor any son of man dwell in it.
34 The word of the Lord that came to Jeremiah the prophet against Elam in the beginning of the reign of Zedekiah king of Judah, saying,
35 Thus saith the Lord of hosts; Behold, I will break the bow of Elam, the chief of their might.
36 And upon Elam will I bring the four winds from the four quarters of heaven, and will scatter them toward all those winds; and there shall be no nation whither the outcasts of Elam shall not come.
37 For I will cause Elam to be dismayed before their enemies, and before them that seek their life: and I will bring evil upon them, even my fierce anger, saith the Lord; and I will send the sword after them, till I have consumed them:
38 And I will set my throne in Elam, and will destroy from thence the king and the princes, saith the Lord.
39 But it shall come to pass in the latter days, that I will bring again the captivity of Elam, saith the Lord.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}