Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 13

1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
-Si yon moun wè yon kote sou po kò l’ anfle, ou ankò si li wè yon bouton osinon yon tach parèt sou po l’ ki ta vle sanble konmansman yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun, y’a mennen l’ bay Arawon, prèt la, ou ankò bay yonn nan pitit li yo ki prèt tou.
Prèt la va egzaminen kote ki malad la. Si pwal yo vin tou blan, epi si maladi a fouye po a ti kras, l’a konnen se yon move maladi po ki ka kontaminen lòt moun. Lè prèt la va wè sa, l’a fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye.
Men, si kote po a anfle a vin tou blan san li pa fouye, si pwal yo pa vin blan, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pandan sèt jou.
Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè bouton an rete menm jan an, li pa laji sou po a, prèt la va fèmen moun lan pou kont li pou sèt jou ankò.
Apre sa, prèt la va egzaminen l’ ankò. Si bouton an cheche, si li pa laji kò l’ sou po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye. Se yon bouton ase li te genyen. Lè sa a, moun lan va lave rad li, epi l’ap nan kondisyon pou l’ fè sèvis pou Bondye.
Men si bouton an vin pi laj sou po a, apre prèt la te fin di moun lan bon lè li te wè l’ la, se pou moun lan parèt devan prèt la ankò.
Prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè bouton an vin pi laj sou po a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen!
Lè yon moun va gen yon move maladi po sou li, y’a mennen l’ bay prèt la.
10 Prèt la va egzaminen l’. Si li wè yon bouton blan sou po a ki fè pwal yo vin blan tou, si bouton an plen postim,
11 se va yon move maladi po ki chita sou li. Prèt la va fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Li p’ap bezwen fèmen l’ yon kote pou kont li, paske se bagay ki klè, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye.
12 Men, si maladi a gaye sou tout kò l’, si li kouvri ak bouton depi nan tèt jouk nan pye, kifè kote prèt la voye je l’ li wè se bouton,
13 prèt la va egzaminen l’ ankò. Si maladi a kouvri tout kò l’, prèt la va di moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi tout kò l’ vin tou blan, li nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
14 Men, jou yon bouton pete, li p’ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
15 Prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè yon bouton pete, l’a fè konnen nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Depi bouton an pete se yon move maladi po li genyen, nonm lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
16 Men, lè bouton an va konmanse geri, po a konmanse vin blan ankò, moun lan va tounen al jwenn prèt la.
17 Prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè bouton an vin tou blan, prèt la va fè konnen nonm lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
18  Si yon moun gen yon apse ki geri,
19 men kote apse a te ye a vin anfle, ou ankò yon ti bouton wouj anba po a vin parèt, se pou l’ al wè prèt la.
20 Prèt la va egzaminen l’. Si bouton an gen lè yon ti jan pi fon pase rès po a, epi si pwal ki ladan l’ yo vin tou blan, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po k’ap parèt sou mak apse a.
21 Men, lè prèt la egzaminen l’, si li wè pwal ki ladan l’ yo pa blan, si bouton an pa pi fon pase rès po a, si li konmanse chanje koulè, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
22 Si bouton an gaye sou tout kò l’, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
23 Men, si bouton an rete jan l’ te ye a, y’a konnen se mak apse a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan pa gen anyen, li toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
24 Ou ankò, lè yon moun boule nan dife, si lè li konmanse geri, po a vin yon ti jan wouj e blan,
25 prèt la va egzaminen l’. Si li wè pwal yo vin blan, epi si tach la gen lè pi fon pase rès po a, y’a konnen se yon move maladi po k’ap devlope sou boule a. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon move maladi po li genyen.
26 Men, si lè prèt la egzaminen l’ li pa jwenn pwal blan ladan l’, epi tach la pa pi fon pase rès po a, men li ta vle chanje koulè, prèt la va fèmen l’ yon kote pou kont li pou sèt jou.
27 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè tach la ap gaye, l’a konnen se yon move maladi po li genyen. Lè sa a, prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye.
28 Men, si tach la rete jan l’ te ye a, si li pa gaye sou po a, si se koulè a ase ki chanje, l’a konnen se mak boule a ase li ye. Prèt la va fè konnen moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, paske se boule a k’ap geri.
29 Lè yon gason osinon yon fanm gen yon kote nan cheve l’ osinon nan bab li ki fè yon plak,
30 prèt la va egzaminen plak la. Si li gen lè pi fon pase rès po a, si li gen cheve yon ti jan jòn, fin fen ladan l’, l’a konnen se pyas moun lan genyen. Se yon move maladi po ki parèt nan cheve l’ osinon nan bab li. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
31 Men, lè prèt la egzaminen plak pyas la, si li wè gen lè li pa pi fon pase rès po a, epi cheve ki ladan l’ yo yon ti jan jòn, prèt la va fèmen moun lan yon kote pou kont li pou sèt jou.
32 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen malenng lan ankò. Si pyas la gaye, si cheve ki ladan l’ yo pa vin jòn, si li gen lè pa pi fon pase rès po a,
33 moun lan va koupe tout cheve nan tèt li san l’ pa manyen pyas la. Apre sa, prèt la va fèmen l’ yon kote pou kont li pou sèt jou ankò.
34 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l’ ankò. Si pyas la pa laji sou po a, si li pa fouye po a, prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Moun lan menm va lave rad sou li, epi l’a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
35 Men, si apre prèt la te fin di moun lan nan bon kondisyon an, pyas la gaye tout bon vre sou po a,
36 prèt la va egzaminen l’ ankò. Si pyas la gaye vre sou po a, li pa bezwen chache wè si li gen cheve jòn ankò. L’a tou konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
37 Men si li wè pyas la rete jan l’ te ye a, epi cheve nwa ap pouse sou li, l’a tou konnen pyas la geri, epi prèt la va fè konnen moun lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
38  Lè yon gason osinon yon fanm gen ti tach blan ki parèt sou po l’,
39 prèt la va egzaminen l’. Si tach yo yon ti koulè blan sal, l’a konnen se yon ti gratèl ki parèt sou po a, moun lan toujou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
40 Lè yon nonm pèdi tout cheve nan tèt li, li chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
41 Konsa tou, lè yon moun pèdi cheve sou tout devan tèt li, li demi chòv. Sa pa vle di li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
42 Men, si kote l’ chòv la yon ti tach koulè wouj-blan parèt, se ka yon move maladi po k’ap leve sou kò l’.
43 Lè sa a, prèt la va egzaminen l’. Si plak la gen yon ti koulè wouj-blan tankou lè moun gen move maladi po sou kò yo,
44 l’a konnen se yon moun ki gen move maladi po. Prèt la va fè konnen moun lan pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, akòz move maladi po ki parèt sou tèt li a.
45 Lè yon moun gen yon move maladi po, l’a mete vye rad chire sou li. L’a kite tèt li san penyen, l’a kouvri figi l’ depi anba nen l’ desann, epi kote l’ pase la pran rele: Men moun malad! Men moun malad!
46 Pandan tout tan maladi a va sou li, li p’ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Se yon moun ki gen move maladi po li ye. L’a rete yon kote pou kont li, nan yon kay andeyò limit kote moun rete.
47  Lè yon rad fèt an lenn nèt osinon an twal fen blan nèt bay mak tankou li ta vle kanni,
48 ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat yo osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou yo ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon yon bagay fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni,
49 si kote ki vle kanni an gen yon ti koulè vèt osinon wouj, sa vle di se kanni l’ap kanni. Se pou nou pote l’ moutre prèt la.
50 Prèt la va pran l’, l’a egzaminen l’ epi l’a fèmen bagay ki vle kanni an yon kote pou sèt jou.
51 Sou setyèm jou a, prèt la va egzaminen l’ ankò. Si li wè kanni an gaye sou twal la, osinon li mache nan fil dwat yo osinon nan fil travè yo, oswa sou po a, osinon sou bagay fèt ak po, sa vle di se kanni l’ap kanni vre. Moun k’ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l’ ankò.
52 Prèt la va boule bagay ki kanni an, paske se yon move maladi k’ap manje tout rad la. Se pou yo boule l’ nan dife.
53 Men, si lè prèt la egzaminen l’, li jwenn kanni an pa gaye nan twal la osinon nan po a,
54 prèt la va bay lòd pou yo lave l’. Apre sa, l’a fèmen l’ ankò yon kote pou sèt jou.
55 Sou setyèm jou a, l’a egzaminen l’ ankò. Si li wè kote ki te vle kanni an rete menm jan an, menm si li pa gaye sou rès twal la, bagay la pa nan bon kondisyon, moun k’ap sèvi Bondye pa ka sèvi avè l’. Se pou yo boule l’ nan dife, kanni an te mèt sou lanvè ou sou landrèt li.
56 Men, si lè prèt la ap egzaminen l’ dezyèm fwa a, li wè kanni an te pèdi koulè, fwa sa a, l’a chire kote ki te kanni nan twal la osinon nan po a. Ou ankò, l’a wete fil dwat ou fil travè ki te kanni nan twal la.
57 Si apre sa, kanni an parèt ankò epi li konmanse gaye nan rès rad la, mèt rad la va boule l’.
58 Si apre yo lave yon rad, kanni an disparèt, y’a lave l’ yon dezyèm fwa. Se lè sa a rad la va nan bon kondisyon, moun k’ap sèvi Bondye ka sèvi avè l’.
59 Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n’a konnen si moun k’ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 13

1 L’Éternel parla à Moïse et à Aaron, et dit:
Lorsqu’un homme aura sur la peau de son corps une tumeur, une dartre, ou une tache blanche, qui ressemblera à une plaie de lèpre sur la peau de son corps, on l’amènera au sacrificateur Aaron, ou à l’un de ses fils qui sont sacrificateurs.
Le sacrificateur examinera la plaie qui est sur la peau du corps. Si le poil de la plaie est devenu blanc, et que la plaie paraisse plus profonde que la peau du corps, c’est une plaie de lèpre: le sacrificateur qui aura fait l’examen déclarera cet homme impur.
S’il y a sur la peau du corps une tache blanche qui ne paraisse pas plus profonde que la peau, et que le poil ne soit pas devenu blanc, le sacrificateur enfermera pendant sept jours celui qui a la plaie.
Le sacrificateur l’examinera le septième jour. Si la plaie lui paraît ne pas avoir fait de progrès et ne pas s’être étendue sur la peau, le sacrificateur l’enfermera une seconde fois pendant sept jours.
Le sacrificateur l’examinera une seconde fois le septième jour. Si la plaie est devenue pâle et ne s’est pas étendue sur la peau, le sacrificateur déclarera cet homme pur: c’est une dartre; il lavera ses vêtements, et il sera pur.
Mais si la dartre s’est étendue sur la peau, après qu’il s’est montré au sacrificateur pour être déclaré pur, il se fera examiner une seconde fois par le sacrificateur.
Le sacrificateur l’examinera. Si la dartre s’est étendue sur la peau, le sacrificateur le déclarera impur; c’est la lèpre.
Lorsqu’il y aura sur un homme une plaie de lèpre, on l’amènera au sacrificateur.
10 Le sacrificateur l’examinera. S’il y a sur la peau une tumeur blanche, si cette tumeur a fait blanchir le poil, et qu’il y ait une trace de chair vive dans la tumeur,
11 c’est une lèpre invétérée dans la peau du corps de cet homme: le sacrificateur le déclarera impur; il ne l’enfermera pas, car il est impur.
12 Si la lèpre fait une éruption sur la peau et couvre toute la peau de celui qui a la plaie, depuis la tête jusqu’aux pieds, partout où le sacrificateur portera ses regards, le sacrificateur l’examinera;
13 et quand il aura vu que la lèpre couvre tout le corps, il déclarera pur celui qui a la plaie: comme il est entièrement devenu blanc, il est pur.
14 Mais le jour où l’on apercevra en lui de la chair vive, il sera impur;
15 quand le sacrificateur aura vu la chair vive, il le déclarera impur: la chair vive est impure, c’est la lèpre.
16 Si la chair vive change et devient blanche, il ira vers le sacrificateur;
17 le sacrificateur l’examinera, et si la plaie est devenue blanche, le sacrificateur déclarera pur celui qui a la plaie: il est pur.
18 Lorsqu’un homme aura eu sur la peau de son corps un ulcère qui a été guéri,
19 et qu’il se manifestera, à la place où était l’ulcère, une tumeur blanche ou une tache d’un blanc rougeâtre, cet homme se montrera au sacrificateur.
20 Le sacrificateur l’examinera. Si la tache paraît plus enfoncée que la peau, et que le poil soit devenu blanc, le sacrificateur le déclarera impur: c’est une plaie de lèpre, qui a fait éruption dans l’ulcère.
21 Si le sacrificateur voit qu’il n’y a point de poil blanc dans la tache, qu’elle n’est pas plus enfoncée que la peau, et qu’elle est devenue pâle, il enfermera cet homme pendant sept jours.
22 Si la tache s’est étendue sur la peau, le sacrificateur le déclarera impur: c’est une plaie de lèpre.
23 Mais si la tache est restée à la même place et ne s’est pas étendue, c’est une cicatrice de l’ulcère: le sacrificateur le déclarera pur.
24 Lorsqu’un homme aura eu sur la peau de son corps une brûlure par le feu, et qu’il se manifestera sur la trace de la brûlure une tache blanche ou d’un blanc rougeâtre, le sacrificateur l’examinera.
25 Si le poil est devenu blanc dans la tache, et qu’elle paraisse plus profonde que la peau, c’est la lèpre, qui a fait éruption dans la brûlure; le sacrificateur déclarera cet homme impur: c’est une plaie de lèpre.
26 Si le sacrificateur voit qu’il n’y a point de poil blanc dans la tache, qu’elle n’est pas plus enfoncée que la peau, et qu’elle est devenu pâle, il enfermera cet homme pendant sept jours.
27 Le sacrificateur l’examinera le septième jour. Si la tache s’est étendue sur la peau, le sacrificateur le déclarera impur: c’est une plaie de lèpre.
28 Mais si la tache est restée à la même place, ne s’est pas étendue sur la peau, et est devenue pâle, c’est la tumeur de la brûlure; le sacrificateur le déclarera pur, car c’est la cicatrice de la brûlure.
29 Lorsqu’un homme ou une femme aura une plaie à la tête ou à la barbe,
30 le sacrificateur examinera la plaie. Si elle paraît plus profonde que la peau, et qu’il y ait du poil jaunâtre et mince, le sacrificateur déclarera cet homme impur: c’est la teigne, c’est la lèpre de la tête ou de la barbe.
31 Si le sacrificateur voit que la plaie de la teigne ne paraît pas plus profonde que la peau, et qu’il n’y a point de poil noir, il enferma pendant sept jours celui qui a la plaie de la teigne.
32 Le sacrificateur examinera la plaie le septième jour. Si la teigne ne s’est pas étendue, s’il n’y a point de poil jaunâtre, et si elle ne paraît pas plus profonde que la peau,
33 celui qui a la teigne se rasera, mais il ne rasera point la place où est la teigne; et le sacrificateur l’enfermera une seconde fois pendant sept jours.
34 Le sacrificateur examinera la teigne le septième jour. Si la teigne ne s’est pas étendue sur la peau, et si elle ne paraît pas plus profonde que la peau, le sacrificateur le déclarera pur; il lavera ses vêtements, et il sera pur.
35 Mais si la teigne s’est étendue sur la peau, après qu’il a été déclaré pur, le sacrificateur l’examinera.
36 Et si la teigne s’est étendue sur la peau, le sacrificateur n’aura pas à rechercher s’il y a du poil jaunâtre: il est impur.
37 Si la teigne lui paraît ne pas avoir fait de progrès, et qu’il y ait crû du poil noir, la teigne est guérie: il est pur, et le sacrificateur le déclarera pur.
38 Lorsqu’un homme ou une femme aura sur la peau de son corps des taches, des taches blanches,
39 le sacrificateur l’examinera. S’il y a sur la peau de son corps des taches d’un blanc pâle, ce ne sont que des taches qui ont fait éruption sur la peau: il est pur.
40 Lorsqu’un homme aura la tête dépouillée de cheveux, c’est un chauve: il est pur.
41 S’il a la tête dépouillée de cheveux du côté de la face, c’est un chauve par-devant: il est pur.
42 Mais s’il y a dans la partie chauve de devant ou de derrière une plaie d’un blanc rougeâtre, c’est la lèpre qui a fait éruption dans la partie chauve de derrière ou de devant.
43 Le sacrificateur l’examinera. S’il y a une tumeur de plaie d’un blanc rougeâtre dans la partie chauve de derrière ou de devant, semblable à la lèpre sur la peau du corps,
44 c’est un homme lépreux, il est impur: le sacrificateur le déclarera impur; c’est à la tête qu’est sa plaie.
45 Le lépreux, atteint de la plaie, portera ses vêtements déchirés, et aura la tête nue; il se couvrira la barbe, et criera: Impur! Impur!
46 Aussi longtemps qu’il aura la plaie, il sera impur: il est impur. Il habitera seul; sa demeure sera hors du camp.
47 Lorsqu’il y aura sur un vêtement une plaie de lèpre, sur un vêtement de laine ou sur un vêtement de lin,
48 à la chaîne ou à la trame de lin, ou de laine, sur une peau ou sur quelque ouvrage de peau,
49 et que la plaie sera verdâtre ou rougeâtre sur le vêtement ou sur la peau, à la chaîne ou à la trame, ou sur un objet quelconque de peau, c’est une plaie de lèpre, et elle sera montrée au sacrificateur.
50 Le sacrificateur examinera la plaie, et il enfermera pendant sept jours ce qui en est attaqué.
51 Il examinera la plaie le septième jour. Si la plaie s’est étendue sur le vêtement, à la chaîne ou à la trame, sur la peau ou sur l’ouvrage quelconque fait de peau, c’est une plaie de lèpre invétérée: l’objet est impur.
52 Il brûlera le vêtement, la chaîne ou la trame de laine ou de lin, l’objet quelconque de peau sur lequel se trouve la plaie, car c’est une lèpre invétérée: il sera brûlé au feu.
53 Mais si le sacrificateur voit que la plaie ne s’est pas étendue sur le vêtement, sur la chaîne ou sur la trame, sur l’objet quelconque de peau,
54 il ordonnera qu’on lave ce qui est attaqué de la plaie, et il l’enfermera une seconde fois pendant sept jours.
55 Le sacrificateur examinera la plaie, après qu’elle aura été lavée. Si la plaie n’a pas changé d’aspect et ne s’est pas étendue, l’objet est impur: il sera brûlé au feu; c’est une partie de l’endroit ou de l’envers qui a été rongée.
56 Si le sacrificateur voit que la plaie est devenue pâle, après avoir été lavée, il l’arrachera du vêtement ou de la peau, de la chaîne ou de la trame.
57 Si elle paraît encore sur le vêtement, à la chaîne ou à la trame, ou sur l’objet quelconque de peau, c’est une éruption de lèpre: ce qui est attaqué de la plaie sera brûlé au feu.
58 Le vêtement, la chaîne ou la trame, l’objet quelconque de peau, qui a été lavé, et d’où la plaie a disparu, sera lavé une seconde fois, et il sera pur.
59 Telle est la loi sur la plaie de la lèpre, lorsqu’elle attaque les vêtements de laine ou de lin, la chaîne ou la trame, ou un objet quelconque de peau, et d’après laquelle ils seront déclarés purs ou impurs.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 13

1 And the Lord spake unto Moses and Aaron, saying,
When a man shall have in the skin of his flesh a rising, a scab, or bright spot, and it be in the skin of his flesh like the plague of leprosy; then he shall be brought unto Aaron the priest, or unto one of his sons the priests:
And the priest shall look on the plague in the skin of the flesh: and when the hair in the plague is turned white, and the plague in sight be deeper than the skin of his flesh, it is a plague of leprosy: and the priest shall look on him, and pronounce him unclean.
If the bright spot be white in the skin of his flesh, and in sight be not deeper than the skin, and the hair thereof be not turned white; then the priest shall shut up him that hath the plague seven days:
And the priest shall look on him the seventh day: and, behold, if the plague in his sight be at a stay, and the plague spread not in the skin; then the priest shall shut him up seven days more:
And the priest shall look on him again the seventh day: and, behold, if the plague be somewhat dark, and the plague spread not in the skin, the priest shall pronounce him clean: it is but a scab: and he shall wash his clothes, and be clean.
But if the scab spread much abroad in the skin, after that he hath been seen of the priest for his cleansing, he shall be seen of the priest again.
And if the priest see that, behold, the scab spreadeth in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is a leprosy.
When the plague of leprosy is in a man, then he shall be brought unto the priest;
10 And the priest shall see him: and, behold, if the rising be white in the skin, and it have turned the hair white, and there be quick raw flesh in the rising;
11 It is an old leprosy in the skin of his flesh, and the priest shall pronounce him unclean, and shall not shut him up: for he is unclean.
12 And if a leprosy break out abroad in the skin, and the leprosy cover all the skin of him that hath the plague from his head even to his foot, wheresoever the priest looketh;
13 Then the priest shall consider: and, behold, if the leprosy have covered all his flesh, he shall pronounce him clean that hath the plague: it is all turned white: he is clean.
14 But when raw flesh appeareth in him, he shall be unclean.
15 And the priest shall see the raw flesh, and pronounce him to be unclean: for the raw flesh is unclean: it is a leprosy.
16 Or if the raw flesh turn again, and be changed unto white, he shall come unto the priest;
17 And the priest shall see him: and, behold, if the plague be turned into white; then the priest shall pronounce him clean that hath the plague: he is clean.
18 The flesh also, in which, even in the skin thereof, was a boil, and is healed,
19 And in the place of the boil there be a white rising, or a bright spot, white, and somewhat reddish, and it be shewed to the priest;
20 And if, when the priest seeth it, behold, it be in sight lower than the skin, and the hair thereof be turned white; the priest shall pronounce him unclean: it is a plague of leprosy broken out of the boil.
21 But if the priest look on it, and, behold, there be no white hairs therein, and if it be not lower than the skin, but be somewhat dark; then the priest shall shut him up seven days:
22 And if it spread much abroad in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is a plague.
23 But if the bright spot stay in his place, and spread not, it is a burning boil; and the priest shall pronounce him clean.
24 Or if there be any flesh, in the skin whereof there is a hot burning, and the quick flesh that burneth have a white bright spot, somewhat reddish, or white;
25 Then the priest shall look upon it: and, behold, if the hair in the bright spot be turned white, and it be in sight deeper than the skin; it is a leprosy broken out of the burning: wherefore the priest shall pronounce him unclean: it is the plague of leprosy.
26 But if the priest look on it, and, behold, there be no white hair in the bright spot, and it be no lower than the other skin, but be somewhat dark; then the priest shall shut him up seven days:
27 And the priest shall look upon him the seventh day: and if it be spread much abroad in the skin, then the priest shall pronounce him unclean: it is the plague of leprosy.
28 And if the bright spot stay in his place, and spread not in the skin, but it be somewhat dark; it is a rising of the burning, and the priest shall pronounce him clean: for it is an inflammation of the burning.
29 If a man or woman have a plague upon the head or the beard;
30 Then the priest shall see the plague: and, behold, if it be in sight deeper than the skin; and there be in it a yellow thin hair; then the priest shall pronounce him unclean: it is a dry scall, even a leprosy upon the head or beard.
31 And if the priest look on the plague of the scall, and, behold, it be not in sight deeper than the skin, and that there is no black hair in it; then the priest shall shut up him that hath the plague of the scall seven days:
32 And in the seventh day the priest shall look on the plague: and, behold, if the scall spread not, and there be in it no yellow hair, and the scall be not in sight deeper than the skin;
33 He shall be shaven, but the scall shall he not shave; and the priest shall shut up him that hath the scall seven days more:
34 And in the seventh day the priest shall look on the scall: and, behold, if the scall be not spread in the skin, nor be in sight deeper than the skin; then the priest shall pronounce him clean: and he shall wash his clothes, and be clean.
35 But if the scall spread much in the skin after his cleansing;
36 Then the priest shall look on him: and, behold, if the scall be spread in the skin, the priest shall not seek for yellow hair; he is unclean.
37 But if the scall be in his sight at a stay, and that there is black hair grown up therein; the scall is healed, he is clean: and the priest shall pronounce him clean.
38 If a man also or a woman have in the skin of their flesh bright spots, even white bright spots;
39 Then the priest shall look: and, behold, if the bright spots in the skin of their flesh be darkish white; it is a freckled spot that groweth in the skin; he is clean.
40 And the man whose hair is fallen off his head, he is bald; yet is he clean.
41 And he that hath his hair fallen off from the part of his head toward his face, he is forehead bald: yet is he clean.
42 And if there be in the bald head, or bald forehead, a white reddish sore; it is a leprosy sprung up in his bald head, or his bald forehead.
43 Then the priest shall look upon it: and, behold, if the rising of the sore be white reddish in his bald head, or in his bald forehead, as the leprosy appeareth in the skin of the flesh;
44 He is a leprous man, he is unclean: the priest shall pronounce him utterly unclean; his plague is in his head.
45 And the leper in whom the plague is, his clothes shall be rent, and his head bare, and he shall put a covering upon his upper lip, and shall cry, Unclean, unclean.
46 All the days wherein the plague shall be in him he shall be defiled; he is unclean: he shall dwell alone; without the camp shall his habitation be.
47 The garment also that the plague of leprosy is in, whether it be a woollen garment, or a linen garment;
48 Whether it be in the warp, or woof; of linen, or of woollen; whether in a skin, or in any thing made of skin;
49 And if the plague be greenish or reddish in the garment, or in the skin, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin; it is a plague of leprosy, and shall be shewed unto the priest:
50 And the priest shall look upon the plague, and shut up it that hath the plague seven days:
51 And he shall look on the plague on the seventh day: if the plague be spread in the garment, either in the warp, or in the woof, or in a skin, or in any work that is made of skin; the plague is a fretting leprosy; it is unclean.
52 He shall therefore burn that garment, whether warp or woof, in woollen or in linen, or any thing of skin, wherein the plague is: for it is a fretting leprosy; it shall be burnt in the fire.
53 And if the priest shall look, and, behold, the plague be not spread in the garment, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin;
54 Then the priest shall command that they wash the thing wherein the plague is, and he shall shut it up seven days more:
55 And the priest shall look on the plague, after that it is washed: and, behold, if the plague have not changed his colour, and the plague be not spread; it is unclean; thou shalt burn it in the fire; it is fret inward, whether it be bare within or without.
56 And if the priest look, and, behold, the plague be somewhat dark after the washing of it; then he shall rend it out of the garment, or out of the skin, or out of the warp, or out of the woof:
57 And if it appear still in the garment, either in the warp, or in the woof, or in any thing of skin; it is a spreading plague: thou shalt burn that wherein the plague is with fire.
58 And the garment, either warp, or woof, or whatsoever thing of skin it be, which thou shalt wash, if the plague be departed from them, then it shall be washed the second time, and shall be clean.
59 This is the law of the plague of leprosy in a garment of woollen or linen, either in the warp, or woof, or any thing of skins, to pronounce it clean, or to pronounce it unclean.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}