Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 29   

1 Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte.
Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo.
Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t’ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la:
-Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn.
Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje.
Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri.
Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l’ mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou.
 Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k’ap rakonte rèv yo fè.
Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m’ mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
10 Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m’a vin vizite nou, m’a fè kichòy pou nou. M’a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m’a fè nou tounen lakay nou ankò.
11 Se mwen ki konnen sa m’ gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k’ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n’ap tann lan.
12 Lè sa a, n’a rele m’, n’a vin lapriyè nan pye m’, m’a reponn nou.
13 N’a chache m’, n’a jwenn mwen paske n’a chache m’ ak tout kè nou.
14 Wi, m’a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M’a fè peyi nou an kanpe ankò. M’ap pase men m’ ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m’ te gaye nou yo. M’ap mennen nou tounen kote m’ te pran nou pou m’ te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
15  Seyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn.
16 Enben, men sa Seyè a di sou wa ki chita sou fotèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pa t’ depòte ansanm ak nou yo.
17 Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M’ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.
18 M’ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y’a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y’ap mete men nan tèt lè y’a wè yo. Y’a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon.
19 Tou sa va rive yo paske yo pa t’ vle koute sa m’ t’ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t’ sispann voye pwofèt yo, sèvitè m’ yo, ba yo, yo pa janm vle koute.
20 Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l’ depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou!
21 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t’ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout.
22 Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y’a sèvi ak non mesye sa yo. Y’a di: Se pou Seyè a fè ou sa l’ te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan.
23 Se sa k’ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y’ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t’ mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m’. Se Seyè a menm ki di sa.
24  Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam,
25 paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo:
26 -Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k’ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k’ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.
27 Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k’ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la?
28 Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n’ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.
29 Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi.
30 Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a:
31 -Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l’. Li fè nou bwè yon bann manti.
32 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p’ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 29

1 Voici le contenu de la lettre que Jérémie, le prophète, envoya de Jérusalem au reste des anciens en captivité, aux sacrificateurs, aux prophètes, et à tout le peuple, que Nebucadnetsar avait emmenés captifs de Jérusalem à Babylone,
après que le roi Jeconia, la reine, les eunuques, les chefs de Juda et de Jérusalem, les charpentiers et les serruriers, furent sortis de Jérusalem.
Il la remit à Éleasa, fils de Schaphan, et à Guemaria, fils de Hilkija, envoyés à Babylone par Sédécias, roi de Juda, auprès de Nebucadnetsar, roi de Babylone. Elle était ainsi conçue:
Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël, à tous les captifs que j’ai emmenés de Jérusalem à Babylone:
Bâtissez des maisons, et habitez-les; plantez des jardins, et mangez-en les fruits.
Prenez des femmes, et engendrez des fils et des filles; prenez des femmes pour vos fils, et donnez des maris à vos filles, afin qu’elles enfantent des fils et des filles; multipliez là où vous êtes, et ne diminuez pas.
Recherchez le bien de la ville où je vous ai menés en captivité, et priez l’Éternel en sa faveur, parce que votre bonheur dépend du sien.
Car ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Ne vous laissez pas tromper par vos prophètes qui sont au milieu de vous, et par vos devins, n’écoutez pas vos songeurs dont vous provoquez les songes!
Car c’est le mensonge qu’ils vous prophétisent en mon nom. Je ne les ai point envoyés, dit l’Éternel.
10 Mais voici ce que dit l’Éternel: Dès que soixante-dix ans seront écoulés pour Babylone, je me souviendrai de vous, et j’accomplirai à votre égard ma bonne parole, en vous ramenant dans ce lieu.
11 Car je connais les projets que j’ai formés sur vous, dit l’Éternel, projets de paix et non de malheur, afin de vous donner un avenir et de l’espérance.
12 Vous m’invoquerez, et vous partirez; vous me prierez, et je vous exaucerai.
13 Vous me chercherez, et vous me trouverez, si vous me cherchez de tout votre coeur.
14 Je me laisserai trouver par vous, dit l’Éternel, et je ramènerai vos captifs; je vous rassemblerai de toutes les nations et de tous les lieux où je vous ai chassés, dit l’Éternel, et je vous ramènerai dans le lieu d’où je vous ai fait aller en captivité.
15 Cependant vous dites: Dieu nous a suscité des prophètes à Babylone!
16 Ainsi parle l’Éternel sur le roi qui occupe le trône de David, sur tout le peuple qui habite cette ville, sur vos frères qui ne sont point allés avec vous en captivité;
17 ainsi parle l’Éternel des armées: Voici, j’enverrai parmi eux l’épée, la famine et la peste, et je les rendrai semblables à des figues affreuses qui ne peuvent être mangées à cause de leur mauvaise qualité.
18 Je les poursuivrai par l’épée, par la famine et par la peste, je les rendrai un objet d’effroi pour tous les royaumes de la terre, un sujet de malédiction, de désolation, de moquerie et d’opprobre, parmi toutes les nations où je les chasserai,
19 parce qu’ils n’ont pas écouté mes paroles, dit l’Éternel, eux à qui j’ai envoyé mes serviteurs, les prophètes, à qui je les ai envoyés dès le matin; et ils n’ont pas écouté, dit l’Éternel.
20 Mais vous, écoutez la parole de l’Éternel, vous tous, captifs, que j’ai envoyés de Jérusalem à Babylone!
21 Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël, sur Achab, fils de Kolaja, et sur Sédécias, fils de Maaséja, qui vous prophétisent le mensonge en mon nom: Voici, je les livre entre les mains de Nebucadnetsar, roi de Babylone; et il les fera mourir sous vos yeux.
22 On se servira d’eux comme d’un sujet de malédiction, parmi tous les captifs de Juda qui sont à Babylone; on dira: Que l’Éternel te traite comme Sédécias et comme Achab, que le roi de Babylone a fait rôtir au feu!
23 Et cela arrivera parce qu’ils ont commis une infamie en Israël, se livrant à l’adultère avec les femmes de leur prochain, et parce qu’ils ont dit des mensonges en mon nom, quand je ne leur avais point donné d’ordre. Je le sais, et j’en suis témoin, dit l’Éternel.
24 Tu diras à Schemaeja, Néchélamite:
25 Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Tu as envoyé en ton nom à tout le peuple de Jérusalem, à Sophonie, fils de Maaséja, le sacrificateur, et à tous les sacrificateurs, une lettre ainsi conçue:
26 L’Éternel t’a établi sacrificateur à la place de Jehojada, le sacrificateur, afin qu’il y ait dans la maison de l’Éternel des inspecteurs pour surveiller tout homme qui est fou et se donne pour prophète, et afin que tu le mettes en prison et dans les fers.
27 Maintenant, pourquoi ne réprimes-tu pas Jérémie d’Anathoth, qui prophétise parmi vous,
28 qui nous a même envoyé dire à Babylone: Elle sera longue, la captivité; bâtissez des maisons, et habitez-les; plantez des jardins, et mangez-en les fruits! –
29 Sophonie, le sacrificateur, lut cette lettre en présence de Jérémie, le prophète. –
30 Et la parole de l’Éternel fut adressée à Jérémie, en ces mots:
31 Fais dire à tous les captifs: Ainsi parle l’Éternel sur Schemaeja, Néchélamite: Parce que Schemaeja vous prophétise, sans que je l’aie envoyé, et qu’il vous inspire une fausse confiance,
32 voici ce que dit l’Éternel: Je châtierai Schemaeja, Néchélamite, et sa postérité; nul des siens n’habitera au milieu de ce peuple, et il ne verra pas le bien que je ferai à mon peuple, dit l’Éternel; car ses paroles sont une révolte contre l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 29 

1 Now these are the words of the letter that Jeremiah the prophet sent from Jerusalem unto the residue of the elders which were carried away captives, and to the priests, and to the prophets, and to all the people whom Nebuchadnezzar had carried away captive from Jerusalem to Babylon;
(After that Jeconiah the king, and the queen, and the eunuchs, the princes of Judah and Jerusalem, and the carpenters, and the smiths, were departed from Jerusalem;)
By the hand of Elasah the son of Shaphan, and Gemariah the son of Hilkiah, (whom Zedekiah king of Judah sent unto Babylon to Nebuchadnezzar king of Babylon) saying,
Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel, unto all that are carried away captives, whom I have caused to be carried away from Jerusalem unto Babylon;
Build ye houses, and dwell in them; and plant gardens, and eat the fruit of them;
Take ye wives, and beget sons and daughters; and take wives for your sons, and give your daughters to husbands, that they may bear sons and daughters; that ye may be increased there, and not diminished.
And seek the peace of the city whither I have caused you to be carried away captives, and pray unto the Lord for it: for in the peace thereof shall ye have peace.
For thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Let not your prophets and your diviners, that be in the midst of you, deceive you, neither hearken to your dreams which ye cause to be dreamed.
For they prophesy falsely unto you in my name: I have not sent them, saith the Lord.
10 For thus saith the Lord, That after seventy years be accomplished at Babylon I will visit you, and perform my good word toward you, in causing you to return to this place.
11 For I know the thoughts that I think toward you, saith the Lord, thoughts of peace, and not of evil, to give you an expected end.
12 Then shall ye call upon me, and ye shall go and pray unto me, and I will hearken unto you.
13 And ye shall seek me, and find me, when ye shall search for me with all your heart.
14 And I will be found of you, saith the Lord: and I will turn away your captivity, and I will gather you from all the nations, and from all the places whither I have driven you, saith the Lord; and I will bring you again into the place whence I caused you to be carried away captive.
15 Because ye have said, The Lord hath raised us up prophets in Babylon;
16 Know that thus saith the Lord of the king that sitteth upon the throne of David, and of all the people that dwelleth in this city, and of your brethren that are not gone forth with you into captivity;
17 Thus saith the Lord of hosts; Behold, I will send upon them the sword, the famine, and the pestilence, and will make them like vile figs, that cannot be eaten, they are so evil.
18 And I will persecute them with the sword, with the famine, and with the pestilence, and will deliver them to be removed to all the kingdoms of the earth, to be a curse, and an astonishment, and an hissing, and a reproach, among all the nations whither I have driven them:
19 Because they have not hearkened to my words, saith the Lord, which I sent unto them by my servants the prophets, rising up early and sending them; but ye would not hear, saith the Lord.
20 Hear ye therefore the word of the Lord, all ye of the captivity, whom I have sent from Jerusalem to Babylon:
21 Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel, of Ahab the son of Kolaiah, and of Zedekiah the son of Maaseiah, which prophesy a lie unto you in my name; Behold, I will deliver them into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon; and he shall slay them before your eyes;
22 And of them shall be taken up a curse by all the captivity of Judah which are in Babylon, saying, The Lord make thee like Zedekiah and like Ahab, whom the king of Babylon roasted in the fire;
23 Because they have committed villany in Israel, and have committed adultery with their neighbours’ wives, and have spoken lying words in my name, which I have not commanded them; even I know, and am a witness, saith the Lord.
24 Thus shalt thou also speak to Shemaiah the Nehelamite, saying,
25 Thus speaketh the Lord of hosts, the God of Israel, saying, Because thou hast sent letters in thy name unto all the people that are at Jerusalem, and to Zephaniah the son of Maaseiah the priest, and to all the priests, saying,
26 The Lord hath made thee priest in the stead of Jehoiada the priest, that ye should be officers in the house of the Lord, for every man that is mad, and maketh himself a prophet, that thou shouldest put him in prison, and in the stocks.
27 Now therefore why hast thou not reproved Jeremiah of Anathoth, which maketh himself a prophet to you?
28 For therefore he sent unto us in Babylon, saying, This captivity is long: build ye houses, and dwell in them; and plant gardens, and eat the fruit of them.
29 And Zephaniah the priest read this letter in the ears of Jeremiah the prophet.
30 Then came the word of the Lord unto Jeremiah, saying,
31 Send to all them of the captivity, saying, Thus saith the Lord concerning Shemaiah the Nehelamite; Because that Shemaiah hath prophesied unto you, and I sent him not, and he caused you to trust in a lie:
32 Therefore thus saith the Lord; Behold, I will punish Shemaiah the Nehelamite, and his seed: he shall not have a man to dwell among this people; neither shall he behold the good that I will do for my people, saith the Lord; because he hath taught rebellion against the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}