Liv Tit / Tite / Titus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Tit 2

Ou menm, se pou tou sa w’ap moutre moun dakò ak bon mesaj la.
Pale ak granmoun gason yo pou yo fè tout bagay ak mezi, pou yo fè respè tèt yo, pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo gen yon konfyans solid nan Bondye, pou yo gen renmen nan kè yo ak anpil pasyans.
Pale ak granmoun fanm yo tou pou yo viv tankou moun k’ap viv pou Bondye tout bon vre. Yo pa dwe nan fè tripotaj, ni nan twò renmen gwòg. Okontrè, se pou yo bay bon egzanp.
Konsa, lòt jenn medam yo va aprann nan men yo ki jan pou yo renmen pitit yo ak mari yo,
ki jan pou yo kenbe tèt yo anplas, pou yo pa nan dezòd, pou yo konn okipe kay yo byen, pou yo aji ak bon kè, pou yo soumèt devan mari yo. Konsa, moun p’ap ka pale pawòl Bondye a mal.
Konsa tou, pale ak jenn moun yo pou yo kenbe tèt yo anplas.
Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w’ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo.
Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p’ap jwenn anyen pou yo di sou nou.
Pale ak domestik yo pou yo soumèt devan mèt yo, pou yo fè mèt yo plezi nan tout bagay. Yo pa fèt pou nan bay repons ak yo.
10 Ni yo pa dwe nan pran sa ki pa pou yo. Okontrè, se pou yo serye tout bon nan tou sa y’ap fè. Konsa y’a fè respè mesaj Bondye, delivrans nou an, nan tout bagay.
11  Bondye fè konnen favè l’ pou tout moun ka delivre.
12 Favè Bondye a mande nou pou nou kite move lavi nou t’ap mennen an ansanm ak tout move lanvi ki nan lemonn, pou nou ka mennen yon lòt lavi ki kontwole, ki dwat, ki devwe pou Bondye pandan nou sou latè a.
13 Se konsa li moutre nou pou nou viv pandan n’ap tann benediksyon li te pwomèt nou yo, lè bèl pouvwa Jezikri, Bondye nou ak Delivrans nou, va parèt.
14 Li te asepte mouri pou nou pou li te ka delivre nou anba mechanste, pou li te fè nou tounen yon pèp ki nan kondisyon pou sèvi li, ki rele li pa li, epi ki toujou pare pou fè sa ki byen.
15  Se bagay sa yo pou ou moutre moun yo. Otorite yo ba ou a se pou ankouraje sa ki bezwen ankouraje, pou rale zòrèy sa ki bezwen gen zòrèy yo rale. Pa bay pesonn okazyon meprize ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Tite 2                    

1 Pour toi, dis les choses qui sont conformes à la saine doctrine.
Dis que les vieillards doivent être sobres, honnêtes, modérés, sains dans la foi, dans la charité, dans la patience.
Dis que les femmes âgées doivent aussi avoir l’extérieur qui convient à la sainteté, n’être ni médisantes, ni adonnées au vin; qu’elles doivent donner de bonnes instructions,
dans le but d’apprendre aux jeunes femmes à aimer leurs maris et leurs enfants,
à être retenues, chastes, occupées aux soins domestiques, bonnes, soumises à leurs maris, afin que la parole de Dieu ne soit pas blasphémée.
Exhorte de même les jeunes gens à être modérés,
te montrant toi-même à tous égards un modèle de bonnes oeuvres, et donnant un enseignement pur, digne,
une parole saine, irréprochable, afin que l’adversaire soit confus, n’ayant aucun mal à dire de nous.
Exhorte les serviteurs à être soumis à leurs maîtres, à leur plaire en toutes choses, à n’être point contredisants,
10 à ne rien dérober, mais à montrer toujours une parfaite fidélité, afin de faire honorer en tout la doctrine de Dieu notre Sauveur.
11 Car la grâce de Dieu, source de salut pour tous les hommes, a été manifestée.
12 Elle nous enseigne à renoncer à l’impiété et aux convoitises mondaines, et à vivre dans le siècle présent selon la sagesse, la justice et la piété,
13 en attendant la bienheureuse espérance, et la manifestation de la gloire du grand Dieu et de notre Sauveur Jésus Christ,
14 qui s’est donné lui-même pour nous, afin de nous racheter de toute iniquité, et de se faire un peuple qui lui appartienne, purifié par lui et zélé pour les bonnes oeuvres.
15 Dis ces choses, exhorte, et reprends, avec une pleine autorité. Que personne ne te méprise.

Louis Segond {LSG}

Titus 2        

1 But speak thou the things which become sound doctrine:
That the aged men be sober, grave, temperate, sound in faith, in charity, in patience.
The aged women likewise, that they be in behaviour as becometh holiness, not false accusers, not given to much wine, teachers of good things;
That they may teach the young women to be sober, to love their husbands, to love their children,
To be discreet, chaste, keepers at home, good, obedient to their own husbands, that the word of God be not blasphemed.
Young men likewise exhort to be sober minded.
In all things shewing thyself a pattern of good works: in doctrine shewing uncorruptness, gravity, sincerity,
Sound speech, that cannot be condemned; that he that is of the contrary part may be ashamed, having no evil thing to say of you.
Exhort servants to be obedient unto their own masters, and to please them well in all things; not answering again;
10 Not purloining, but shewing all good fidelity; that they may adorn the doctrine of God our Saviour in all things.
11 For the grace of God that bringeth salvation hath appeared to all men,
12 Teaching us that, denying ungodliness and worldly lusts, we should live soberly, righteously, and godly, in this present world;
13 Looking for that blessed hope, and the glorious appearing of the great God and our Saviour Jesus Christ;
14 Who gave himself for us, that he might redeem us from all iniquity, and purify unto himself a peculiar people, zealous of good works.
15 These things speak, and exhort, and rebuke with all authority. Let no man despise thee.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}