Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 16           

1 Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l’ nan pèlen. Yo mande l’ pou l’ fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l’ tout pouvwa sa a.
Jezi reponn yo: Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l’ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj.
Nou konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k’ap pase sou latè koulye a?
Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y’ap mande mirak! Men tou, yo p’ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l’, li al fè wout li.
 Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen.
Lè sa a, Jezi di yo: Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo.
Disip yo yonn t’ap di lòt: Se paske nou pa pote pen kifè l’ap di sa.
Jezi vin konnen sa yo t’ap di konsa. Li mande yo: Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m’ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye!
Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gen tan bliye lè m’ te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale?
10 Se bliye nou gen tan bliye lè m’ te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa?
11 Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t’ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo?
12 Se lè sa a disip yo konprann li pa t’ di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t’ap moutre moun.
13  Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a?
14 Yo reponn li: Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo.
15 Li di yo: Bon, nou menm, ki moun nou di mwen ye?
16 Simon Pyè reponn: Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.
17 Lè sa a, Jezi di li: Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m’ ki nan syèl la ki fè sa pou ou.
18 Mwen menm, men sa m’ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m’ap bati legliz mwen. Ata lanmò p’ap kapab fè l’ anyen.
19 M’ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p’ap kapab fè l’ nan syèl la non plis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y’a kapab fè l’ nan syèl la tou.
20 Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pesonn se Kris la li ye.
21  Depi lè sa a, Jezi kòmanse pale aklè ak disip li yo, li di: Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y’ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m’ leve soti vivan nan lanmò.
22 Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l’ konsa: Mande Bondye padon, Mèt! Sa p’ap rive ou.
23 Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: Wete kò ou sou mwen, Satan. W’ap chache fè m’ tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle.
24  Apre sa, Jezi di disip li yo: Si yon moun vle mache dèyè m’, se pou li bliye tèt li. Se pou l’ chaje kwa l’ sou zepòl li, epi swiv mwen.
25 Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi?
27 Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l’ tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l’ la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
28 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la koulye a, gen ladan yo ki p’ap gen tan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k’ap gouvènen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 16          

1 Les pharisiens et les sadducéens abordèrent Jésus et, pour l’éprouver, lui demandèrent de leur faire voir un signe venant du ciel.
Jésus leur répondit: Le soir, vous dites: Il fera beau, car le ciel est rouge; et le matin:
Il y aura de l’orage aujourd’hui, car le ciel est d’un rouge sombre. Vous savez discerner l’aspect du ciel, et vous ne pouvez discerner les signes des temps.
Une génération méchante et adultère demande un miracle; il ne lui sera donné d’autre miracle que celui de Jonas. Puis il les quitta, et s’en alla.
Les disciples, en passant à l’autre bord, avaient oublié de prendre des pains.
Jésus leur dit: Gardez-vous avec soin du levain des pharisiens et des sadducéens.
Les disciples raisonnaient en eux-mêmes, et disaient: C’est parce que nous n’avons pas pris de pains.
Jésus, l’ayant connu, dit: Pourquoi raisonnez-vous en vous-mêmes, gens de peu de foi, sur ce que vous n’avez pas pris de pains?
Etes-vous encore sans intelligence, et ne vous rappelez-vous plus les cinq pains des cinq mille hommes et combien de paniers vous avez emportés,
10 ni les sept pains des quatre mille hommes et combien de corbeilles vous avez emportées?
11 Comment ne comprenez-vous pas que ce n’est pas au sujet de pains que je vous ai parlé? Gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens.
12 Alors ils comprirent que ce n’était pas du levain du pain qu’il avait dit de se garder, mais de l’enseignement des pharisiens et des sadducéens.
13 Jésus, étant arrivé dans le territoire de Césarée de Philippe, demanda à ses disciples: Qui dit-on que je suis, moi, le Fils de l’homme?
14 Ils répondirent: Les uns disent que tu es Jean Baptiste; les autres, Élie; les autres, Jérémie, ou l’un des prophètes.
15 Et vous, leur dit-il, qui dites-vous que je suis?
16 Simon Pierre répondit: Tu es le Christ, le Fils du Dieu vivant.
17 Jésus, reprenant la parole, lui dit: Tu es heureux, Simon, fils de Jonas; car ce ne sont pas la chair et le sang qui t’ont révélé cela, mais c’est mon Père qui est dans les cieux.
18 Et moi, je te dis que tu es Pierre, et que sur cette pierre je bâtirai mon Église, et que les portes du séjour des morts ne prévaudront point contre elle.
19 Je te donnerai les clefs du royaume des cieux: ce que tu lieras sur la terre sera lié dans les cieux, et ce que tu délieras sur la terre sera délié dans les cieux.
20 Alors il recommanda aux disciples de ne dire à personne qu’il était le Christ.
21 Dès lors Jésus commença à faire connaître à ses disciples qu’il fallait qu’il allât à Jérusalem, qu’il souffrît beaucoup de la part des anciens, des principaux sacrificateurs et des scribes, qu’il fût mis à mort, et qu’il ressuscitât le troisième jour.
22 Pierre, l’ayant pris à part, se mit à le reprendre, et dit: A Dieu ne plaise, Seigneur! Cela ne t’arrivera pas.
23 Mais Jésus, se retournant, dit à Pierre: Arrière de moi, Satan! tu m’es en scandale; car tes pensées ne sont pas les pensées de Dieu, mais celles des hommes.
24 Alors Jésus dit à ses disciples: Si quelqu’un veut venir après moi, qu’il renonce à lui-même, qu’il se charge de sa croix, et qu’il me suive.
25 Car celui qui voudra sauver sa vie la perdra, mais celui qui la perdra à cause de moi la trouvera.
26 Et que servirait-il à un homme de gagner tout le monde, s’il perdait son âme? ou, que donnerait un homme en échange de son âme?
27 Car le Fils de l’homme doit venir dans la gloire de son Père, avec ses anges; et alors il rendra à chacun selon ses oeuvres.
28 Je vous le dis en vérité, quelques-uns de ceux qui sont ici ne mourront point, qu’ils n’aient vu le Fils de l’homme venir dans son règne.

Louis Segond {LSG}

Matthew 16   

1 The Pharisees also with the Sadducees came, and tempting desired him that he would shew them a sign from heaven.
He answered and said unto them, When it is evening, ye say, It will be fair weather: for the sky is red.
And in the morning, It will be foul weather to day: for the sky is red and lowering. O ye hypocrites, ye can discern the face of the sky; but can ye not discern the signs of the times?
A wicked and adulterous generation seeketh after a sign; and there shall no sign be given unto it, but the sign of the prophet Jonas. And he left them, and departed.
And when his disciples were come to the other side, they had forgotten to take bread.
Then Jesus said unto them, Take heed and beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees.
And they reasoned among themselves, saying, It is because we have taken no bread.
Which when Jesus perceived, he said unto them, O ye of little faith, why reason ye among yourselves, because ye have brought no bread?
Do ye not yet understand, neither remember the five loaves of the five thousand, and how many baskets ye took up?
10 Neither the seven loaves of the four thousand, and how many baskets ye took up?
11 How is it that ye do not understand that I spake it not to you concerning bread, that ye should beware of the leaven of the Pharisees and of the Sadducees?
12 Then understood they how that he bade them not beware of the leaven of bread, but of the doctrine of the Pharisees and of the Sadducees.
13 When Jesus came into the coasts of Caesarea Philippi, he asked his disciples, saying, Whom do men say that I the Son of man am?
14 And they said, Some say that thou art John the Baptist: some, Elias; and others, Jeremias, or one of the prophets.
15 He saith unto them, But whom say ye that I am?
16 And Simon Peter answered and said, Thou art the Christ, the Son of the living God.
17 And Jesus answered and said unto him, Blessed art thou, Simon Barjona: for flesh and blood hath not revealed it unto thee, but my Father which is in heaven.
18 And I say also unto thee, That thou art Peter, and upon this rock I will build my church; and the gates of hell shall not prevail against it.
19 And I will give unto thee the keys of the kingdom of heaven: and whatsoever thou shalt bind on earth shall be bound in heaven: and whatsoever thou shalt loose on earth shall be loosed in heaven.
20 Then charged he his disciples that they should tell no man that he was Jesus the Christ.
21 From that time forth began Jesus to shew unto his disciples, how that he must go unto Jerusalem, and suffer many things of the elders and chief priests and scribes, and be killed, and be raised again the third day.
22 Then Peter took him, and began to rebuke him, saying, Be it far from thee, Lord: this shall not be unto thee.
23 But he turned, and said unto Peter, Get thee behind me, Satan: thou art an offence unto me: for thou savourest not the things that be of God, but those that be of men.
24 Then said Jesus unto his disciples, If any man will come after me, let him deny himself, and take up his cross, and follow me.
25 For whosoever will save his life shall lose it: and whosoever will lose his life for my sake shall find it.
26 For what is a man profited, if he shall gain the whole world, and lose his own soul? or what shall a man give in exchange for his soul?
27 For the Son of man shall come in the glory of his Father with his angels; and then he shall reward every man according to his works.
28 Verily I say unto you, There be some standing here, which shall not taste of death, till they see the Son of man coming in his kingdom.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}