Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 6   

1 Pitit mwen, si ou pwomèt pou ou reskonsab dèt yon zanmi ou fè, si ou bay pawòl ou pou lajan yon lòt moun prete,
si yo pran pawòl ki soti nan bouch ou pou mele ou, si pwomès ou te fè yo tounen yon pèlen pou ou,
ay, pitit mwen! men sa pou ou fè pou ou wete tèt ou nan traka sa a. Kouri al jwenn zanmi ou lan, kenbe l’ kout.
Pa dòmi sou sa. Pa kite sa trennen.
Degaje ou chape kò ou anba men l’, tankou kabrit k’ap chape kò l’ anba men kaptè, tankou zwazo k’ap bat pou l’ sove nan men chasè.
 Ou menm parese, al pran leson nan men foumi yo. Ale wè jan y’ap viv pou ou manyè konprann lavi.
Yo pa bezwen moun pou di yo sa pou yo fè. Yo pa bezwen moun pou veye yo, ni pou ba yo lòd.
Men, yo pase mwa chalè ap fè pwovizyon. Nan tan rekòt, yo ranmase manje mete la.
Parese, kilè w’a sispann pase tout jounen ou kouche sou do? Kilè w’a souke kò ou leve sot nan dòmi?
10 W’ap di: Kite m’ fè yon ti dòmi. Kite m’ fè yon ti kabicha non. M’ap lonje kò m’ pou m’ pran yon ti repo.
11 Antan w’ap dòmi an, san ou pa konnen, se pòv w’ap vin pi pòv. Grangou ap tonbe sou ou tankou yon vòlè nan gran chemen.
12  Mechan yo fin deprave. Y’ap mache bay manti toupatou.
13 Y’ap twenzi je yo sou moun, y’ap peze gwo zòtèy yo atè. Y’ap fè siy ak dwèt yo.
14 Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y’ap pouse dife.
15 Se poutèt sa, y’ap rete konsa y’ap fini, y’ap glise tonbe san yo p’ap ka leve ankò.
16 Gen sis bagay Seyè a pa vle wè. Sa m’ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:
17 Se moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k’ap bay manti, se moun k’ap touye moun inonsan,
18 se moun k’ap fè move lide nan tèt yo pou fè mechanste, se moun ki toujou pare pou fè sa ki mal,
19 se fo temwen k’ap bay manti sou moun, se moun k’ap mete frè ak zanmi dozado.
20  Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou.
21 Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.
22 Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w’ap fè. Y’ap pwoteje ou lè w’ap dòmi lannwit. Y’a ba ou konsèy lè je ou klè.
23 Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y’ap korije ou, lè y’ap rale zòrèy ou, se moutre y’ap moutre ou chemen lavi.
24 Y’ap fè ou rete lwen fanm k’ap twonpe mari yo, pou ou pa pran nan pawòl dous madan marye ki nan dezòd.
25 Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y’ap fè je dou ba ou.
26 Yon jennès ka koute yon kraze kòb. Men, yon fanm adiltè dèyè pou l’ pran tou sa ou genyen.
27 Ou pa ka sere dife anndan rad sou ou pou rad la pa boule.
28 Ou pa ka mache sou chabon dife pou pye ou pa boule.
29 Konsa tou, se yon gwo danje pou ou kouri dèyè fanm yon lòt gason. Depi ou manyen yon fanm konsa, ou gen pou ou peye pou sa.
30 Menm lè yon vòlò vòlò paske li grangou, se pa sa ki di li pa vòlò pou sa.
31 Si yo bare l’, y’ap fè l’ peye sèt fwa lavalè sa l’ pran an. Y’a fè l’ bay tou sa li gen lakay li.
32 Men, yon nonm ki fè adiltè, se moun fou li ye, se detwi l’ap detwi tèt li.
33 L’ap pran baton. Y’ap pase l’ anba kont betiz, l’ap toujou wont pou sa l’ fè a.
34 Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l’. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p’ap fè l’.
35 Li p’ap asepte lajan. Nanpwen kado ki pou fè l’ bliye sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 6

1 Mon fils, si tu as cautionné ton prochain, Si tu t’es engagé pour autrui,
Si tu es enlacé par les paroles de ta bouche, Si tu es pris par les paroles de ta bouche,
Fais donc ceci, mon fils, dégage-toi, Puisque tu es tombé au pouvoir de ton prochain; Va, prosterne-toi, et fais des instances auprès de lui;
Ne donne ni sommeil à tes yeux, Ni assoupissement à tes paupières;
Dégage-toi comme la gazelle de la main du chasseur, Comme l’oiseau de la main de l’oiseleur.
Va vers la fourmi, paresseux; Considère ses voies, et deviens sage.
Elle n’a ni chef, Ni inspecteur, ni maître;
Elle prépare en été sa nourriture, Elle amasse pendant la moisson de quoi manger.
Paresseux, jusqu’à quand seras-tu couché? Quand te lèveras-tu de ton sommeil?
10 Un peu de sommeil, un peu d’assoupissement, Un peu croiser les mains pour dormir!…
11 Et la pauvreté te surprendra, comme un rôdeur, Et la disette, comme un homme en armes.
12 L’homme pervers, l’homme inique, Marche la fausseté dans la bouche;
13 Il cligne des yeux, parle du pied, Fait des signes avec les doigts;
14 La perversité est dans son coeur, Il médite le mal en tout temps, Il excite des querelles.
15 Aussi sa ruine arrivera-t-elle subitement; Il sera brisé tout d’un coup, et sans remède.
16 Il y a six choses que hait l’Éternel, Et même sept qu’il a en horreur;
17 Les yeux hautains, la langue menteuse, Les mains qui répandent le sang innocent,
18 Le coeur qui médite des projets iniques, Les pieds qui se hâtent de courir au mal,
19 Le faux témoin qui dit des mensonges, Et celui qui excite des querelles entre frères.
20 Mon fils, garde les préceptes de ton père, Et ne rejette pas l’enseignement de ta mère.
21 Lie-les constamment sur ton coeur, Attache-les à ton cou.
22 Ils te dirigeront dans ta marche, Ils te garderont sur ta couche, Ils te parleront à ton réveil.
23 Car le précepte est une lampe, et l’enseignement une lumière, Et les avertissements de la correction sont le chemin de la vie:
24 Ils te préserveront de la femme corrompue, De la langue doucereuse de l’étrangère.
25 Ne la convoite pas dans ton coeur pour sa beauté, Et ne te laisse pas séduire par ses paupières.
26 Car pour la femme prostituée on se réduit à un morceau de pain, Et la femme mariée tend un piège à la vie précieuse.
27 Quelqu’un mettra-t-il du feu dans son sein, Sans que ses vêtements s’enflamment?
28 Quelqu’un marchera-t-il sur des charbons ardents, Sans que ses pieds soient brûlés?
29 Il en est de même pour celui qui va vers la femme de son prochain: Quiconque la touche ne restera pas impuni.
30 On ne tient pas pour innocent le voleur qui dérobe Pour satisfaire son appétit, quand il a faim;
31 Si on le trouve, il fera une restitution au septuple, Il donnera tout ce qu’il a dans sa maison.
32 Mais celui qui commet un adultère avec une femme est dépourvu de sens, Celui qui veut se perdre agit de la sorte;
33 Il n’aura que plaie et ignominie, Et son opprobre ne s’effacera point.
34 Car la jalousie met un homme en fureur, Et il est sans pitié au jour de la vengeance;
35 Il n’a égard à aucune rançon, Et il est inflexible, quand même tu multiplierais les dons.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 6  

1 My son, if thou be surety for thy friend, if thou hast stricken thy hand with a stranger,
Thou art snared with the words of thy mouth, thou art taken with the words of thy mouth.
Do this now, my son, and deliver thyself, when thou art come into the hand of thy friend; go, humble thyself, and make sure thy friend.
Give not sleep to thine eyes, nor slumber to thine eyelids.
Deliver thyself as a roe from the hand of the hunter, and as a bird from the hand of the fowler.
Go to the ant, thou sluggard; consider her ways, and be wise:
Which having no guide, overseer, or ruler,
Provideth her meat in the summer, and gathereth her food in the harvest.
How long wilt thou sleep, O sluggard? when wilt thou arise out of thy sleep?
10 Yet a little sleep, a little slumber, a little folding of the hands to sleep:
11 So shall thy poverty come as one that travelleth, and thy want as an armed man.
12 A naughty person, a wicked man, walketh with a froward mouth.
13 He winketh with his eyes, he speaketh with his feet, he teacheth with his fingers;
14 Frowardness is in his heart, he deviseth mischief continually; he soweth discord.
15 Therefore shall his calamity come suddenly; suddenly shall he be broken without remedy.
16 These six things doth the Lord hate: yea, seven are an abomination unto him:
17 A proud look, a lying tongue, and hands that shed innocent blood,
18 An heart that deviseth wicked imaginations, feet that be swift in running to mischief,
19 A false witness that speaketh lies, and he that soweth discord among brethren.
20 My son, keep thy father’s commandment, and forsake not the law of thy mother:
21 Bind them continually upon thine heart, and tie them about thy neck.
22 When thou goest, it shall lead thee; when thou sleepest, it shall keep thee; and when thou awakest, it shall talk with thee.
23 For the commandment is a lamp; and the law is light; and reproofs of instruction are the way of life:
24 To keep thee from the evil woman, from the flattery of the tongue of a strange woman.
25 Lust not after her beauty in thine heart; neither let her take thee with her eyelids.
26 For by means of a whorish woman a man is brought to a piece of bread: and the adultress will hunt for the precious life.
27 Can a man take fire in his bosom, and his clothes not be burned?
28 Can one go upon hot coals, and his feet not be burned?
29 So he that goeth in to his neighbour’s wife; whosoever toucheth her shall not be innocent.
30 Men do not despise a thief, if he steal to satisfy his soul when he is hungry;
31 But if he be found, he shall restore sevenfold; he shall give all the substance of his house.
32 But whoso committeth adultery with a woman lacketh understanding: he that doeth it destroyeth his own soul.
33 A wound and dishonour shall he get; and his reproach shall not be wiped away.
34 For jealousy is the rage of a man: therefore he will not spare in the day of vengeance.
35 He will not regard any ransom; neither will he rest content, though thou givest many gifts.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}