Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 12   

1 Jòb pran lapawòl, li di:
-Apa nou k’ap pale pou pèp la! Mouri nou mouri, bon konprann kaba!
Men, mwen menm tou, mwen gen lespri menm jan avè nou. Mwen pa pi mal pase nou. Sa nou sot di la a, tout moun konnen l’.
Koulye a, menm zanmi m’ ap pase m’ nan rizib. Y’ap ri m’, mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l’ repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m’ rele l’.
Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k’ap tonbe, yo ba l’ bourad fè l’ tonbe pi vit.
 Piyajè yo byen trankil lakay yo. Moun k’ap fè Bondye fache yo ap viv alèz. Bondye yo se fòs ponyèt yo.
Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou.
Bèt k’ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen.
Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.
10 Bondye gen nanm tout sa ki vivan nan men li. Wi, lavi tout moun nan men li.
11 Bèl pawòl fè plezi zòrèy menm jan bon manje gou nan bouch.
12  Yo di se vye granmoun ki gen konesans, se laj ki bay bon konprann.
13 Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle.
14 Lè Bondye kraze yon bagay, pesonn pa ka refè l’. Lè li mete yon moun nan prizon, pesonn pa ka lage l’.
15 Lè li pa bay lapli, sèk tonbe sou latè. Lè li bay lapli, dlo fè dega toupatou.
16 Bondye gen fòs, li konn sa l’ap fè. Ni moun k’ap bay manti, ni moun k’ap pran manti, se anba ponyèt li yo ye.
17 Li fè moun k’ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
18 Li wete tout pouvwa nan men wa yo. Li mare yon tanga nan ren yo jete yo nan prizon.
19 Li fè prèt yo mache pye atè. Li mete gwo zotobre atè!
20 Li fèmen bouch moun k’ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.
21 Li fè pase grannèg yo nan betiz. Li wete pouvwa gwo chèf yo nan men yo.
22 Li klere twou fon kote ki fè nwa a, li mete twou lanmò a aklè.
23 Li fè nasyon yo fè pwogrè, lèfini, li fè yo deperi. Li fè yon pèp pran elan, lèfini, li fè l’ disparèt.
24 Li fè chèf pèp yo pèdi tèt yo, li fè yo moute desann nan dezè, san yo pa konn kote yo prale.
25 Y’ap tatonnen nan fènwa, y’ap titibe tankou moun sou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 12

1 Job prit la parole et dit:
On dirait, en vérité, que le genre humain c’est vous, Et qu’avec vous doit mourir la sagesse.
J’ai tout aussi bien que vous de l’intelligence, moi, Je ne vous suis point inférieur; Et qui ne sait les choses que vous dites?
Je suis pour mes amis un objet de raillerie, Quand j’implore le secours de Dieu; Le juste, l’innocent, un objet de raillerie!
Au malheur le mépris! c’est la devise des heureux; A celui dont le pied chancelle est réservé le mépris.
Il y a paix sous la tente des pillards, Sécurité pour ceux qui offensent Dieu, Pour quiconque se fait un dieu de sa force.
Interroge les bêtes, elles t’instruiront, Les oiseaux du ciel, ils te l’apprendront;
Parle à la terre, elle t’instruira; Et les poissons de la mer te le raconteront.
Qui ne reconnaît chez eux la preuve Que la main de l’Éternel a fait toutes choses?
10 Il tient dans sa main l’âme de tout ce qui vit, Le souffle de toute chair d’homme.
11 L’oreille ne discerne-t-elle pas les paroles, Comme le palais savoure les aliments?
12 Dans les vieillards se trouve la sagesse, Et dans une longue vie l’intelligence.
13 En Dieu résident la sagesse et la puissance. Le conseil et l’intelligence lui appartiennent.
14 Ce qu’il renverse ne sera point rebâti, Celui qu’il enferme ne sera point délivré.
15 Il retient les eaux et tout se dessèche; Il les lâche, et la terre en est dévastée.
16 Il possède la force et la prudence; Il maîtrise celui qui s’égare ou fait égarer les autres.
17 Il emmène captifs les conseillers; Il trouble la raison des juges.
18 Il délie la ceinture des rois, Il met une corde autour de leurs reins.
19 Il emmène captifs les sacrificateurs; Il fait tomber les puissants.
20 Il ôte la parole à ceux qui ont de l’assurance; Il prive de jugement les vieillards.
21 Il verse le mépris sur les grands; Il relâche la ceinture des forts.
22 Il met à découvert ce qui est caché dans les ténèbres, Il produit à la lumière l’ombre de la mort.
23 Il donne de l’accroissement aux nations, et il les anéantit; Il les étend au loin, et il les ramène dans leurs limites.
24 Il enlève l’intelligence aux chefs des peuples, Il les fait errer dans les déserts sans chemin;
25 Ils tâtonnent dans les ténèbres, et ne voient pas clair; Il les fait errer comme des gens ivres.
Louis Segond {LSG}

Job 12   

1 And Job answered and said,
No doubt but ye are the people, and wisdom shall die with you.
But I have understanding as well as you; I am not inferior to you: yea, who knoweth not such things as these?
I am as one mocked of his neighbour, who calleth upon God, and he answereth him: the just upright man is laughed to scorn.
He that is ready to slip with his feet is as a lamp despised in the thought of him that is at ease.
The tabernacles of robbers prosper, and they that provoke God are secure; into whose hand God bringeth abundantly.
But ask now the beasts, and they shall teach thee; and the fowls of the air, and they shall tell thee:
Or speak to the earth, and it shall teach thee: and the fishes of the sea shall declare unto thee.
Who knoweth not in all these that the hand of the Lord hath wrought this?
10 In whose hand is the soul of every living thing, and the breath of all mankind.
11 Doth not the ear try words? and the mouth taste his meat?
12 With the ancient is wisdom; and in length of days understanding.
13 With him is wisdom and strength, he hath counsel and understanding.
14 Behold, he breaketh down, and it cannot be built again: he shutteth up a man, and there can be no opening.
15 Behold, he withholdeth the waters, and they dry up: also he sendeth them out, and they overturn the earth.
16 With him is strength and wisdom: the deceived and the deceiver are his.
17 He leadeth counsellors away spoiled, and maketh the judges fools.
18 He looseth the bond of kings, and girdeth their loins with a girdle.
19 He leadeth princes away spoiled, and overthroweth the mighty.
20 He removeth away the speech of the trusty, and taketh away the understanding of the aged.
21 He poureth contempt upon princes, and weakeneth the strength of the mighty.
22 He discovereth deep things out of darkness, and bringeth out to light the shadow of death.
23 He increaseth the nations, and destroyeth them: he enlargeth the nations, and straiteneth them again.
24 He taketh away the heart of the chief of the people of the earth, and causeth them to wander in a wilderness where there is no way.
25 They grope in the dark without light, and he maketh them to stagger like a drunken man.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}