Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 13

1 Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li.
Amnon te sitèlman renmen l’, li vin malad paske li pa t’ ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pa t’ kite l’ kontre ak ankenn gason.
Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil.
Li di Amnon konsa: -Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: -Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m’ lan.
Jonadab di li: -Pran pòz malad ou, moute kabann ou kouche. Lè papa ou va vin wè ou, w’a di l’: Tanpri, kite Tama, sè m’ lan, vin ban m’ manje. Mwen ta renmen pou li pare manje a devan m’ pou m’ wè l’, lèfini pou l’ sèvi m’ manje a li menm.
Se konsa Amnon moute kabann li kouche, li pran pòz malad li. Wa David vin wè l’. Amnon di l’ konsa: -Tanpri, kite Tama vin pare de ti gato la devan m’ lan, lèfini pou l’ sèvi m’ yo li menm.
David voye komisyon bay Tama nan palè a pou l’ ale kay Amnon pare manje pou li.
Tama ale vre kay Amnon, li jwenn li kouche sou kabann li. Li pran ti gout farin frans, li pare l’, li fè kèk gato pou li devan je l’. Lèfini, li mete yo kwit.
Apre sa, li wete yo nan pwelon an devan Amnon. Men, Amnon refize manje. Li di l’: -Fè tout moun soti! Lè tout moun fin soti,
10 Amnon di Tama konsa: -Pote gato yo nan chanm lan. Se ou menm ki pou sèvi m’. Tama pran gato li te fè yo, li pote yo bay Amnon nan chanm lan.
11 Antan l’ap lonje gato a ba li, Amnon mete men sou li. Li di l’ konsa: -vin kouche avè m’ non, sè m’!
12 Tama di l’: -Non, frè m’! Pa fòse m’! Sa pa fèt konsa nan peyi Izrayèl! Pa fè bagay lèd sa a.
13 Apre sa, mwen p’ap ka gade moun nan je ankò. Ou menm, pou tèt pa ou, w’ap pase pou yonn nan pi move moun nan peyi Izrayèl. Tanpri, pale ak wa a. Mwen sèten li p’ap refize ou marye avè m’.
14 Men, Amnon pa wè li pa tande, li kenbe l’ la. Li te gen plis fòs pase l’, li kouche ak li.
15 Lèfini, li santi li rayi Tama pou l’ mouri. Li vin rayi l’ plis pase jan li te renmen l’ lan. Li di l’: -Mete ou deyò lakay mwen!
16 Tama reponn li: -A non! Mete m’ deyò konsa! Sa pi mal ankò pase sa ou sot fè m’ la a! Men Amnon pa t’ soti pou koute l’.
17 Li rele gason ki t’ap sèvi l’ la, li di l’: -Wete fi sa a devan je m’! Mete l’ deyò. Lèfini, fèmen pòt la akle dèyè l’.
18 Gason an fè Tama soti deyò, li fèmen pòt la akle dèyè l’. Tama te gen yon rad long ak gwo manch sou li. Se rad konsa pitit wa yo te konn mete sou yo lè yo poko marye.
19 Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale.
20 Lè sa a, Absalon, frè l’ la, mande l’: -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m’ pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l’ la. Li te nan gwo lapenn.
21  Lè wa David vin konn sa ki te pase, li te move. Men, li pa di Amnon anyen, paske se te premye pitit gason l’. Li te renmen l’ kou de grenn je nan tèt li.
22 Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l’ bonjou.
23 Dezan apre sa, Absalon t’ap koupe lenn mouton l’ yo lavil Baal azò, toupre lavil Efrayim. Li envite tout pitit gason wa yo vin manje.
24 li al jwenn wa David, li di l’ konsa: -Monwa, mwen pral koupe lenn mouton m’ yo. Ou pa ta vle vini ansanm ak tout chèf ou yo lakay mwen?
25 W’a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l’ ale ak benediksyon l’.
26 Lè sa a Absalon di l’: -Men, èske w’ap kite Amnon, frè m’ lan, vini ak nou? Wa a reponn li? -Poukisa pou l’ ale a?
27 Men Absalon sitèlman pèsiste, bout pou bout, David kite Amnon ale ansanm ak tout lòt pitit gason l’ yo. Absalon te pare yon gwo fèt tankou si l’ t’ap fè l’ pou yon wa.
28 Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n’a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m’a di nou: Desann Amnon. n’a touye l’. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
29 Se konsa domestik Absalon yo swiv lòd Absalon te ba yo, yo touye Amnon. Lè sa a, tout lòt pitit gason David yo leve, yo moute milèt yo, yo met deyò.
30  Yo te sou chemen lakay yo toujou, lè David vin pran nouvèl Absalon touye dènye pitit gason li yo, pa gen yonn ki chape.
31 Wa a leve kanpe, li chire rad ki te sou li, li lage kò l’ atè. Tout moun ki te avèk wa a chire rad sou yo tou.
32 Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l’: -Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l’ te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l’ la.
33 Koulye a, monwa, ou pa bezwen koute moun k’ap vin di ou tout pitit gason ou yo mouri. Se Amnon ase yo touye.
34 Lè sa a Absalon te gen tan kraze rak. Sòlda ki te faksyonnè a wè yon foul moun ki t’ap kouri desann ti pant sou chemen lavil Owonayim lan. li al jwenn wa a, li di l’ sa li wè.
35 Jonabad di wa a konsa: -Men sa m’ t’ap di ou la. Se pitit gason ou yo k’ap vini.
36 Fini li fin di sa, pitit gason David yo rive. Yo pete rele. Wa a pran rele ansanm ak tout chèf li yo. Yo rele kont rele yo.
37 Absalon menm kraze rak, li al kay Talmayi, pitit gason Amiyoud la, ki te wa lavil Gechou a. David menm te nan gwo lapenn pandan kèk jou pou lanmò Amnon.
38 Absalon rete pase twazan lavil Gechou kote li te kouri al kache a.
39 Lè wa David fin konsole apre lanmò Amnon, li vin anvi wè Absalon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 13

1 Après cela, voici ce qui arriva. Absalom, fils de David, avait une soeur qui était belle et qui s’appelait Tamar; et Amnon, fils de David, l’aima.
Amnon était tourmenté jusqu’à se rendre malade à cause de Tamar, sa soeur; car elle était vierge, et il paraissait difficile à Amnon de faire sur elle la moindre tentative.
Amnon avait un ami, nommé Jonadab, fils de Schimea, frère de David, et Jonadab était un homme très habile.
Il lui dit: Pourquoi deviens-tu, ainsi chaque matin plus maigre, toi, fils de roi? Ne veux-tu pas me le dire? Amnon lui répondit: J’aime Tamar, soeur d’Absalom, mon frère.
Jonadab lui dit: Mets-toi au lit, et fais le malade. Quand ton père viendra te voir, tu lui diras: Permets à Tamar, ma soeur, de venir pour me donner à manger; qu’elle prépare un mets sous mes yeux, afin que je le voie et que je le prenne de sa main.
Amnon se coucha, et fit le malade. Le roi vint le voir, et Amnon dit au roi: Je te prie, que Tamar, ma soeur, vienne faire deux gâteaux sous mes yeux, et que je les mange de sa main.
David envoya dire à Tamar dans l’intérieur des appartements: Va dans la maison d’Amnon, ton frère, et prépare-lui un mets.
Tamar alla dans la maison d’Amnon, son frère, qui était couché. Elle prit de la pâte, la pétrit, prépara devant lui des gâteaux, et les fit cuire;
prenant ensuite la poêle, elle les versa devant lui. Mais Amnon refusa de manger. Il dit: Faites sortir tout le monde. Et tout le monde sortit de chez lui.
10 Alors Amnon dit à Tamar: Apporte le mets dans la chambre, et que je le mange de ta main. Tamar prit les gâteaux qu’elle avait faits, et les porta à Amnon, son frère, dans la chambre.
11 Comme elle les lui présentait à manger, il la saisit et lui dit: Viens, couche avec moi, ma soeur.
12 Elle lui répondit: Non, mon frère, ne me déshonore pas, car on n’agit point ainsi en Israël; ne commets pas cette infamie.
13 Où irais-je, moi, avec ma honte? Et toi, tu serais comme l’un des infâmes en Israël. Maintenant, je te prie, parle au roi, et il ne s’opposera pas à ce que je sois à toi.
14 Mais il ne voulut pas l’écouter; il lui fit violence, la déshonora et coucha avec elle.
15 Puis Amnon eut pour elle une forte aversion, plus forte que n’avait été son amour. Et il lui dit: Lève-toi, va-t’en!
16 Elle lui répondit: N’augmente pas, en me chassant, le mal que tu m’as déjà fait.
17 Il ne voulut pas l’écouter, et appelant le garçon qui le servait, il dit: Qu’on éloigne de moi cette femme et qu’on la mette dehors. Et ferme la porte après elle!
18 Elle avait une tunique de plusieurs couleurs; car c’était le vêtement que portaient les filles du roi, aussi longtemps qu’elles étaient vierges. Le serviteur d’Amnon la mit dehors, et ferma la porte après elle.
19 Tamar répandit de la cendre sur sa tête, et déchira sa tunique bigarrée; elle mit la main sur sa tête, et s’en alla en poussant des cris.
20 Absalom, son frère, lui dit: Amnon, ton frère, a-t-il été avec toi? Maintenant, ma soeur, tais-toi, c’est ton frère; ne prends pas cette affaire trop à coeur. Et Tamar, désolée, demeura dans la maison d’Absalom, son frère.
21 Le roi David apprit toutes ces choses, et il fut très irrité.
22 Absalom ne parla ni en bien ni en mal avec Amnon; mais il le prit en haine, parce qu’il avait déshonoré Tamar, sa soeur.
23 Deux ans après, comme Absalom avait les tondeurs à Baal Hatsor, près d’Éphraïm, il invita tous les fils du roi.
24 Absalom alla vers le roi, et dit: Voici, ton serviteur a les tondeurs; que le roi et ses serviteurs viennent chez ton serviteur.
25 Et le roi dit à Absalom: Non, mon fils, nous n’irons pas tous, de peur que nous ne te soyons à charge. Absalom le pressa; mais le roi ne voulut point aller, et il le bénit.
26 Absalom dit: Permets du moins à Amnon, mon frère, de venir avec nous. Le roi lui répondit: Pourquoi irait-il chez toi?
27 Sur les instances d’Absalom, le roi laissa aller avec lui Amnon et tous ses fils.
28 Absalom donna cet ordre à ses serviteurs: Faites attention quand le coeur d’Amnon sera égayé par le vin et que je vous dirai: Frappez Amnon! Alors tuez-le; ne craignez point, n’est-ce pas moi qui vous l’ordonne? Soyez fermes, et montrez du courage!
29 Les serviteurs d’Absalom traitèrent Amnon comme Absalom l’avait ordonné. Et tous les fils du roi se levèrent, montèrent chacun sur son mulet, et s’enfuirent.
30 Comme ils étaient en chemin, le bruit parvint à David qu’Absalom avait tué tous les fils du roi, et qu’il n’en était pas resté un seul.
31 Le roi se leva, déchira ses vêtements, et se coucha par terre; et tous ses serviteurs étaient là, les vêtements déchirés.
32 Jonadab, fils de Schimea, frère de David, prit la parole et dit: Que mon seigneur ne pense point que tous les jeunes gens, fils du roi, ont été tués, car Amnon seul est mort; et c’est l’effet d’une résolution d’Absalom, depuis le jour où Amnon a déshonoré Tamar, sa soeur.
33 Que le roi mon seigneur ne se tourmente donc point dans l’idée que tous les fils du roi sont morts, car Amnon seul est mort.
34 Absalom prit la fuite. Or le jeune homme placé en sentinelle leva les yeux et regarda. Et voici, une grande troupe venait par le chemin qui était derrière lui, du côté de la montagne.
35 Jonadab dit au roi: Voici les fils du roi qui arrivent! Ainsi se confirme ce que disait ton serviteur.
36 Comme il achevait de parler, voici, les fils du roi arrivèrent. Ils élevèrent la voix, et pleurèrent; le roi aussi et tous ses serviteurs versèrent d’abondantes larmes.
37 Absalom s’était enfui, et il alla chez Talmaï, fils d’Ammihur, roi de Gueschur. Et David pleurait tous les jours son fils.
38 Absalom resta trois ans à Gueschur, où il était allé, après avoir pris la fuite.
39 Le roi David cessa de poursuivre Absalom, car il était consolé de la mort d’Amnon.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 13

1 And it came to pass after this, that Absalom the son of David had a fair sister, whose name was Tamar; and Amnon the son of David loved her.
And Amnon was so vexed, that he fell sick for his sister Tamar; for she was a virgin; and Amnon thought it hard for him to do anything to her.
But Amnon had a friend, whose name was Jonadab, the son of Shimeah David’s brother: and Jonadab was a very subtil man.
And he said unto him, Why art thou, being the king’s son, lean from day to day? wilt thou not tell me? And Amnon said unto him, I love Tamar, my brother Absalom’s sister.
And Jonadab said unto him, Lay thee down on thy bed, and make thyself sick: and when thy father cometh to see thee, say unto him, I pray thee, let my sister Tamar come, and give me meat, and dress the meat in my sight, that I may see it, and eat it at her hand.
So Amnon lay down, and made himself sick: and when the king was come to see him, Amnon said unto the king, I pray thee, let Tamar my sister come, and make me a couple of cakes in my sight, that I may eat at her hand.
Then David sent home to Tamar, saying, Go now to thy brother Amnon’s house, and dress him meat.
So Tamar went to her brother Amnon’s house; and he was laid down. And she took flour, and kneaded it, and made cakes in his sight, and did bake the cakes.
And she took a pan, and poured them out before him; but he refused to eat. And Amnon said, Have out all men from me. And they went out every man from him.
10 And Amnon said unto Tamar, Bring the meat into the chamber, that I may eat of thine hand. And Tamar took the cakes which she had made, and brought them into the chamber to Amnon her brother.
11 And when she had brought them unto him to eat, he took hold of her, and said unto her, Come lie with me, my sister.
12 And she answered him, Nay, my brother, do not force me; for no such thing ought to be done in Israel: do not thou this folly.
13 And I, whither shall I cause my shame to go? and as for thee, thou shalt be as one of the fools in Israel. Now therefore, I pray thee, speak unto the king; for he will not withhold me from thee.
14 Howbeit he would not hearken unto her voice: but, being stronger than she, forced her, and lay with her.
15 Then Amnon hated her exceedingly; so that the hatred wherewith he hated her was greater than the love wherewith he had loved her. And Amnon said unto her, Arise, be gone.
16 And she said unto him, There is no cause: this evil in sending me away is greater than the other that thou didst unto me. But he would not hearken unto her.
17 Then he called his servant that ministered unto him, and said, Put now this woman out from me, and bolt the door after her.
18 And she had a garment of divers colours upon her: for with such robes were the king’s daughters that were virgins apparelled. Then his servant brought her out, and bolted the door after her.
19 And Tamar put ashes on her head, and rent her garment of divers colours that was on her, and laid her hand on her head, and went on crying.
20 And Absalom her brother said unto her, Hath Amnon thy brother been with thee? but hold now thy peace, my sister: he is thy brother; regard not this thing. So Tamar remained desolate in her brother Absalom’s house.
21 But when king David heard of all these things, he was very wroth.
22 And Absalom spake unto his brother Amnon neither good nor bad: for Absalom hated Amnon, because he had forced his sister Tamar.
23 And it came to pass after two full years, that Absalom had sheepshearers in Baalhazor, which is beside Ephraim: and Absalom invited all the king’s sons.
24 And Absalom came to the king, and said, Behold now, thy servant hath sheepshearers; let the king, I beseech thee, and his servants go with thy servant.
25 And the king said to Absalom, Nay, my son, let us not all now go, lest we be chargeable unto thee. And he pressed him: howbeit he would not go, but blessed him.
26 Then said Absalom, If not, I pray thee, let my brother Amnon go with us. And the king said unto him, Why should he go with thee?
27 But Absalom pressed him, that he let Amnon and all the king’s sons go with him.
28 Now Absalom had commanded his servants, saying, Mark ye now when Amnon’s heart is merry with wine, and when I say unto you, Smite Amnon; then kill him, fear not: have not I commanded you? be courageous, and be valiant.
29 And the servants of Absalom did unto Amnon as Absalom had commanded. Then all the king’s sons arose, and every man gat him up upon his mule, and fled.
30 And it came to pass, while they were in the way, that tidings came to David, saying, Absalom hath slain all the king’s sons, and there is not one of them left.
31 Then the king arose, and tare his garments, and lay on the earth; and all his servants stood by with their clothes rent.
32 And Jonadab, the son of Shimeah David’s brother, answered and said, Let not my lord suppose that they have slain all the young men the king’s sons; for Amnon only is dead: for by the appointment of Absalom this hath been determined from the day that he forced his sister Tamar.
33 Now therefore let not my lord the king take the thing to his heart, to think that all the king’s sons are dead: for Amnon only is dead.
34 But Absalom fled. And the young man that kept the watch lifted up his eyes, and looked, and, behold, there came much people by the way of the hill side behind him.
35 And Jonadab said unto the king, Behold, the king’s sons come: as thy servant said, so it is.
36 And it came to pass, as soon as he had made an end of speaking, that, behold, the king’s sons came, and lifted up their voice and wept: and the king also and all his servants wept very sore.
37 But Absalom fled, and went to Talmai, the son of Ammihud, king of Geshur. And David mourned for his son every day.
38 So Absalom fled, and went to Geshur, and was there three years.
39 And the soul of king David longed to go forth unto Absalom: for he was comforted concerning Amnon, seeing he was dead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}