Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 44   

1 Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.
-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo.
Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m’ fache anpil sou yo. Yo t’ al ofri lansan bay lòt bondye, yo t’ al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t’ janm konnen.
Mwen pa t’ janm sispann voye sèvitè m’ yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t’ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m’.
Men yo pa t’ koute m’. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo.
Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.
Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m’ap mande nou: Poukisa n’ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape?
Nou deyò pou nou fè m’ fache ak sa n’ap fè a, lè n’ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?
Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm?
10 Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.
11 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M’ap vire do ban nou, m’ap voye malè sou nou, m’ap detwi tout peyi Jida a.
12 M’ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y’ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k’ap mouri nan lagè, genyen k’ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y’a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y’a sèvi ak non yo pou bay madichon, y’a pase yo nan betiz.
13 M’ap pini tout moun Jida k’ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo.
14 Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p’ap kouri chape, yo yonn p’ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l’ la, yo pa ladan l’. Yo yonn pa t’ tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo.
15  Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t’ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:
16 -Nou p’ap koute pawòl w’ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.
17 N’ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N’ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l’ jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l’ nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n’ manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t’ gen pwoblèm.
18 Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou.
19 Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n’ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n’ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n’ap fè.
20  Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l’ repons sa yo, li di yo konsa:
21 -Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t’ konn sa, osinon li bliye sa.
22 Non. Seyè a pa t’ ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l’. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l’ jòdi a.
23 Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t’ koute sa li t’ap di nou, se paske nou pa t’ mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.
24 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a.
25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n’ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n’ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la.
26 Men koulye a, koute sa m’ap di nou, nou menm moun Jida yo k’ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k’ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p’ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an!
27 M’ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p’ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k’ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p’ap rete yonn ankò.
28 Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y’a kite peyi Lejip, y’a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.
29 Se mwen menm Seyè a ki di sa: m’ap ban nou yon siy, m’ap pini nou isit la menm. Konsa, n’a konnen malè mwen te pwomèt m’ap voye sou nou an rive vre.
30 Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l’ yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l’ la tou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 44

1 La parole fut adressée à Jérémie sur tous les Juifs demeurant au pays d’Égypte, demeurant à Migdol, à Tachpanès, à Noph et au pays de Pathros, en ces mots:
Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Vous avez vu tous les malheurs que j’ai fait venir sur Jérusalem et sur toutes les villes de Juda; voici, elles ne sont plus aujourd’hui que des ruines, et il n’y a plus d’habitants,
à cause de la méchanceté avec laquelle ils ont agi pour m’irriter, en allant encenser et servir d’autres dieux, inconnus à eux, à vous et à vos pères.
Je vous ai envoyé tous mes serviteurs, les prophètes, je les ai envoyés dès le matin, pour vous dire: Ne faites pas ces abominations, que je hais.
Mais ils n’ont pas écouté, ils n’ont pas prêté l’oreille, ils ne sont pas revenus de leur méchanceté, et ils n’ont pas cessé d’offrir de l’encens à d’autres dieux.
Ma colère et ma fureur se sont répandues, et ont embrasé les villes de Juda et les rues de Jérusalem, qui ne sont plus que des ruines et un désert, comme on le voit aujourd’hui.
Maintenant ainsi parle l’Éternel, le Dieu des armées, le Dieu d’Israël: Pourquoi vous faites-vous à vous-mêmes un si grand mal, que de faire exterminer du milieu de Juda hommes, femmes, enfants et nourrissons, en sorte qu’il n’y ait plus de vous aucun reste?
Pourquoi m’irritez-vous par les oeuvres de vos mains, en offrant de l’encens aux autres dieux du pays d’Égypte, où vous êtes venus pour y demeurer, afin de vous faire exterminer et d’être un objet de malédiction et d’opprobre parmi toutes les nations de la terre?
Avez-vous oublié les crimes de vos pères, les crimes des rois de Juda, les crimes de leurs femmes, vos crimes et les crimes de vos femmes, commis dans le pays de Juda et dans les rues de Jérusalem?
10 Ils ne se sont point humiliés jusqu’à ce jour, ils n’ont point eu de crainte, ils n’ont point suivi ma loi et mes commandements, que j’ai mis devant vous et devant vos pères.
11 C’est pourquoi ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Voici, je tourne ma face contre vous pour faire du mal, et pour exterminer tout Juda.
12 Je prendrai les restes de Juda qui ont tourné le visage pour aller au pays d’Égypte, afin d’y demeurer; ils seront tous consumés, ils tomberont dans le pays d’Égypte; ils seront consumés par l’épée, par la famine, depuis le plus petit jusqu’au plus grand; ils périront par l’épée et par la famine; et ils seront un sujet d’exécration, d’épouvante, de malédiction et d’opprobre.
13 Je châtierai ceux qui demeurent au pays d’Égypte, comme j’ai châtié Jérusalem, par l’épée, par la famine et par la peste.
14 Nul n’échappera, ne fuira, parmi les restes de Juda qui sont venus pour demeurer au pays d’Égypte, avec l’intention de retourner dans le pays de Juda, où ils ont le désir de retourner s’établir; car ils n’y retourneront pas, sinon quelques réchappés.
15 Tous les hommes qui savaient que leurs femmes offraient de l’encens à d’autres dieux, toutes les femmes qui se trouvaient là en grand nombre, et tout le peuple qui demeurait au pays d’Égypte, à Pathros, répondirent ainsi à Jérémie:
16 Nous ne t’obéirons en rien de ce que tu nous as dit au nom de l’Éternel.
17 Mais nous voulons agir comme l’a déclaré notre bouche, offrir de l’encens à la reine du ciel, et lui faire des libations, comme nous l’avons fait, nous et nos pères, nos rois et nos chefs, dans les villes de Juda et dans les rues de Jérusalem. Alors nous avions du pain pour nous rassasier, nous étions heureux, et nous n’éprouvions point de malheur.
18 Et depuis que nous avons cessé d’offrir de l’encens à la reine du ciel et de lui faire des libations, nous avons manqué de tout, et nous avons été consumés par l’épée et par la famine…
19 D’ailleurs, lorsque nous offrons de l’encens à la reine du ciel et que nous lui faisons des libations, est-ce sans la volonté de nos maris que nous lui préparons des gâteaux pour l’honorer et que nous lui faisons des libations?
20 Jérémie dit alors à tout le peuple, aux hommes, aux femmes, à tous ceux qui lui avaient fait cette réponse:
21 L’Éternel ne s’est-il pas rappelé, n’a-t-il pas eu à la pensée l’encens que vous avez brûlé dans les villes de Juda et dans les rues de Jérusalem, vous et vos pères, vos rois et vos chefs, et le peuple du pays?
22 L’Éternel n’a pas pu le supporter davantage, à cause de la méchanceté de vos actions, à cause des abominations que vous avez commises; et votre pays est devenu une ruine, un désert, un objet de malédiction, comme on le voit aujourd’hui.
23 C’est parce que vous avez brûlé de l’encens et péché contre l’Éternel, parce que vous n’avez pas écouté la voix de l’Éternel, et que vous n’avez pas observé sa loi, ses ordonnances, et ses préceptes, c’est pour cela que ces malheurs vous sont arrivés, comme on le voit aujourd’hui.
24 Jérémie dit encore à tout le peuple et à toutes les femmes: Écoutez la parole de l’Éternel, vous tous de Juda, qui êtes au pays d’Égypte!
25 Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Vous et vos femmes, vous avez déclaré de vos bouches et exécuté de vos mains ce que vous dites: Nous voulons accomplir les voeux que nous avons faits, offrir de l’encens à la reine du ciel, et lui faire des libations. Maintenant que vous avez accompli vos voeux, exécuté vos promesses,
26 écoutez la parole de l’Éternel, vous tous de Juda, qui demeurez au pays d’Égypte! Voici, je le jure par mon grand nom, dit l’Éternel, mon nom ne sera plus invoqué par la bouche d’aucun homme de Juda, et dans tout le pays d’Égypte aucun ne dira: Le Seigneur, l’Éternel est vivant!
27 Voici, je veillerai sur eux pour faire du mal et non du bien; et tous les hommes de Juda qui sont dans le pays d’Égypte seront consumés par l’épée et par la famine, jusqu’à ce qu’ils soient anéantis.
28 Ceux, en petit nombre, qui échapperont à l’épée, retourneront du pays d’Égypte au pays de Juda. Mais tout le reste de Juda, tous ceux qui sont venus au pays d’Égypte pour y demeurer, sauront si ce sera ma parole ou la leur qui s’accomplira.
29 Et voici, dit l’Éternel, un signe auquel vous connaîtrez que je vous châtierai dans ce lieu, afin que vous sachiez que mes paroles s’accompliront sur vous pour votre malheur.
30 Ainsi parle l’Éternel: Voici, je livrerai Pharaon Hophra, roi d’Égypte, entre les mains de ses ennemis, entre les mains de ceux qui en veulent à sa vie, comme j’ai livré Sédécias, roi de Juda, entre les mains de Nebucadnetsar, roi de Babylone, son ennemi, qui en voulait à sa vie.

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 44 

1 The word that came to Jeremiah concerning all the Jews which dwell in the land of Egypt, which dwell at Migdol, and at Tahpanhes, and at Noph, and in the country of Pathros, saying,
Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Ye have seen all the evil that I have brought upon Jerusalem, and upon all the cities of Judah; and, behold, this day they are a desolation, and no man dwelleth therein,
Because of their wickedness which they have committed to provoke me to anger, in that they went to burn incense, and to serve other gods, whom they knew not, neither they, ye, nor your fathers.
Howbeit I sent unto you all my servants the prophets, rising early and sending them, saying, Oh, do not this abominable thing that I hate.
But they hearkened not, nor inclined their ear to turn from their wickedness, to burn no incense unto other gods.
Wherefore my fury and mine anger was poured forth, and was kindled in the cities of Judah and in the streets of Jerusalem; and they are wasted and desolate, as at this day.
Therefore now thus saith the Lord, the God of hosts, the God of Israel; Wherefore commit ye this great evil against your souls, to cut off from you man and woman, child and suckling, out of Judah, to leave you none to remain;
In that ye provoke me unto wrath with the works of your hands, burning incense unto other gods in the land of Egypt, whither ye be gone to dwell, that ye might cut yourselves off, and that ye might be a curse and a reproach among all the nations of the earth?
Have ye forgotten the wickedness of your fathers, and the wickedness of the kings of Judah, and the wickedness of their wives, and your own wickedness, and the wickedness of your wives, which they have committed in the land of Judah, and in the streets of Jerusalem?
10 They are not humbled even unto this day, neither have they feared, nor walked in my law, nor in my statutes, that I set before you and before your fathers.
11 Therefore thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Behold, I will set my face against you for evil, and to cut off all Judah.
12 And I will take the remnant of Judah, that have set their faces to go into the land of Egypt to sojourn there, and they shall all be consumed, and fall in the land of Egypt; they shall even be consumed by the sword and by the famine: they shall die, from the least even unto the greatest, by the sword and by the famine: and they shall be an execration, and an astonishment, and a curse, and a reproach.
13 For I will punish them that dwell in the land of Egypt, as I have punished Jerusalem, by the sword, by the famine, and by the pestilence:
14 So that none of the remnant of Judah, which are gone into the land of Egypt to sojourn there, shall escape or remain, that they should return into the land of Judah, to the which they have a desire to return to dwell there: for none shall return but such as shall escape.
15 Then all the men which knew that their wives had burned incense unto other gods, and all the women that stood by, a great multitude, even all the people that dwelt in the land of Egypt, in Pathros, answered Jeremiah, saying,
16 As for the word that thou hast spoken unto us in the name of the Lord, we will not hearken unto thee.
17 But we will certainly do whatsoever thing goeth forth out of our own mouth, to burn incense unto the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her, as we have done, we, and our fathers, our kings, and our princes, in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem: for then had we plenty of victuals, and were well, and saw no evil.
18 But since we left off to burn incense to the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her, we have wanted all things, and have been consumed by the sword and by the famine.
19 And when we burned incense to the queen of heaven, and poured out drink offerings unto her, did we make her cakes to worship her, and pour out drink offerings unto her, without our men?
20 Then Jeremiah said unto all the people, to the men, and to the women, and to all the people which had given him that answer, saying,
21 The incense that ye burned in the cities of Judah, and in the streets of Jerusalem, ye, and your fathers, your kings, and your princes, and the people of the land, did not the Lord remember them, and came it not into his mind?
22 So that the Lord could no longer bear, because of the evil of your doings, and because of the abominations which ye have committed; therefore is your land a desolation, and an astonishment, and a curse, without an inhabitant, as at this day.
23 Because ye have burned incense, and because ye have sinned against the Lord, and have not obeyed the voice of the Lord, nor walked in his law, nor in his statutes, nor in his testimonies; therefore this evil is happened unto you, as at this day.
24 Moreover Jeremiah said unto all the people, and to all the women, Hear the word of the Lord, all Judah that are in the land of Egypt:
25 Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel, saying; Ye and your wives have both spoken with your mouths, and fulfilled with your hand, saying, We will surely perform our vows that we have vowed, to burn incense to the queen of heaven, and to pour out drink offerings unto her: ye will surely accomplish your vows, and surely perform your vows.
26 Therefore hear ye the word of the Lord, all Judah that dwell in the land of Egypt; Behold, I have sworn by my great name, saith the Lord, that my name shall no more be named in the mouth of any man of Judah in all the land of Egypt, saying, The Lord God liveth.
27 Behold, I will watch over them for evil, and not for good: and all the men of Judah that are in the land of Egypt shall be consumed by the sword and by the famine, until there be an end of them.
28 Yet a small number that escape the sword shall return out of the land of Egypt into the land of Judah, and all the remnant of Judah, that are gone into the land of Egypt to sojourn there, shall know whose words shall stand, mine, or their’s.
29 And this shall be a sign unto you, saith the Lord, that I will punish you in this place, that ye may know that my words shall surely stand against you for evil:
30 Thus saith the Lord; Behold, I will give Pharaohhophra king of Egypt into the hand of his enemies, and into the hand of them that seek his life; as I gave Zedekiah king of Judah into the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon, his enemy, and that sought his life.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}