Liv Zakari / Zacharie / Zechariah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Zakari 4         

1 Zanj ki t’ap pale ak mwen an vini ankò. Li souke m’ tankou yo souke yon moun k’ap dòmi pou fè l’ leve.
Li di m’ konsa: -Sa ou wè la a? Mwen reponn li: -Mwen wè yon lanp sèt branch an lò ki kanpe atè. Li gen yon gwo bòl nan tèt li, avèk sèt lanp sou rebò bòl la. Chak lanp gen sèt bòbèch pou sèt mèch.
Bò lanp sèt branch lan te gen de pye oliv, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
Apre sa, mwen pran lapawòl, mwen mande zanj ki t’ap pale avè m’ lan: -Mèt, kisa bagay sa yo ye?
Li reponn mwen: -Ou pa konn sa sa yo ye? Mwen reponn li: -Non, mèt! M’ pa konnen non!
Lè sa a, zanj ki t’ap pale avè m’ lan reponn mwen, li di m’: -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m’ m’ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Pi gwo antrav yo pral disparèt devan ou, Zowobabèl! Pi gwo mòn lan ap tounen yon plenn. Ou gen pou ou pran yon bèl wòch ladan l’ pou fè lento pòtay tanp lan. Lè sa a tout moun va rele: Ala bèl sa bèl! Mèsi pou li!
Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’:
-Zowobabèl mete men nan fondasyon kay la. Li gen pou l’ fini l’. Lè sa a, pèp mwen an va konnen se mwen menm, Seyè a, ki te voye ou bò kote yo.
10 Yo te pran ti konmansman sa yo pou anyen. Men, ala kontan y’a kontan lè y’a wè Zowobabèl ap kontwole travay la, filaplon li nan men l’! Zanj lan di m’ ankò: -Lanp sèt branch ou wè la a se sèt je Seyè a ki wè tou sa k’ap pase sou latè.
11  Mwen mande l’: -De pye oliv ki chak bò lanp sèt branch lan, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch, kisa yo ye?
12 De branch oliv sou kote de ti tiyo an lò kote lwil ap koule a, kisa yo vle di?
13 Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l’: -Non, mèt. M’ pa konnen non!
14 Li di m’ konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Zacharie 4       

1 L’ange qui parlait avec moi revint, et il me réveilla comme un homme que l’on réveille de son sommeil.
Il me dit: Que vois-tu? Je répondis: Je regarde, et voici, il y a un chandelier tout d’or, surmonté d’un vase et portant sept lampes, avec sept conduits pour les lampes qui sont au sommet du chandelier;
et il y a près de lui deux oliviers, l’un à la droite du vase, et l’autre à sa gauche.
Et reprenant la parole, je dis à l’ange qui parlait avec moi: Que signifient ces choses, mon seigneur?
L’ange qui parlait avec moi me répondit: Ne sais-tu pas ce que signifient ces choses? Je dis: Non, mon seigneur.
Alors il reprit et me dit: C’est ici la parole que l’Éternel adresse à Zorobabel: Ce n’est ni par la puissance ni par la force, mais c’est par mon esprit, dit l’Éternel des armées.
Qui es-tu, grande montagne, devant Zorobabel? Tu seras aplanie. Il posera la pierre principale au milieu des acclamations: Grâce, grâce pour elle!
La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Les mains de Zorobabel ont fondé cette maison, et ses mains l’achèveront; et tu sauras que l’Éternel des armées m’a envoyé vers vous.
10 Car ceux qui méprisaient le jour des faibles commencements se réjouiront en voyant le niveau dans la main de Zorobabel. Ces sept sont les yeux de l’Éternel, qui parcourent toute la terre.
11 Je pris la parole et je lui dis: Que signifient ces deux oliviers, à la droite du chandelier et à sa gauche?
12 Je pris une seconde fois la parole, et je lui dis: Que signifient les deux rameaux d’olivier, qui sont près des deux conduits d’or d’où découle l’or?
13 Il me répondit: Ne sais-tu pas ce qu’ils signifient? Je dis: Non, mon seigneur.
14 Et il dit: Ce sont les deux oints qui se tiennent devant le Seigneur de toute la terre.

Louis Segond {LSG}

Zechariah 4 

1 And the angel that talked with me came again, and waked me, as a man that is wakened out of his sleep.
And said unto me, What seest thou? And I said, I have looked, and behold a candlestick all of gold, with a bowl upon the top of it, and his seven lamps thereon, and seven pipes to the seven lamps, which are upon the top thereof:
And two olive trees by it, one upon the right side of the bowl, and the other upon the left side thereof.
So I answered and spake to the angel that talked with me, saying, What are these, my lord?
Then the angel that talked with me answered and said unto me, Knowest thou not what these be? And I said, No, my lord.
Then he answered and spake unto me, saying, This is the word of the Lord unto Zerubbabel, saying, Not by might, nor by power, but by my spirit, saith the Lord of hosts.
Who art thou, O great mountain? before Zerubbabel thou shalt become a plain: and he shall bring forth the headstone thereof with shoutings, crying, Grace, grace unto it.
Moreover the word of the Lord came unto me, saying,
The hands of Zerubbabel have laid the foundation of this house; his hands shall also finish it; and thou shalt know that the Lord of hosts hath sent me unto you.
10 For who hath despised the day of small things? for they shall rejoice, and shall see the plummet in the hand of Zerubbabel with those seven; they are the eyes of the Lord, which run to and fro through the whole earth.
11 Then answered I, and said unto him, What are these two olive trees upon the right side of the candlestick and upon the left side thereof?
12 And I answered again, and said unto him, What be these two olive branches which through the two golden pipes empty the golden oil out of themselves?
13 And he answered me and said, Knowest thou not what these be? And I said, No, my lord.
14 Then said he, These are the two anointed ones, that stand by the Lord of the whole earth.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}