Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 8

1 Wa Salomon te pran ventan pou l’ bati kay Seyè a ak kay pa li a.
Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo.
Apre sa, li al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li.
Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.
Salomon rebati Bètowon anwo ak Bètowon anba, li byen pwoteje yo ak miray ranpa, gwo pòtay ak ba pou fèmen yo.
Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo.
-(we vèsè pwochen)
Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t’ touye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Te gen moun Amori, moun Et, moun Ferezi, moun Iva ak moun Jebis. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k’ap fèt jouk jounen jòdi a.
Salomon pa t’ fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo.
10 Te gen desansenkant (250) moun gouvènè yo te chwazi pou sèvi fòmann. Se yo ki te reskonsab kontwole tout travay ki t’ap fèt yo.
11 Salomon fè madanm li, pitit fi farawon an, kite lavil David, al rete nan kay li te bati pou li a. Li t’ap di nan kè l’: Ata madanm mwen pa gen dwa rete nan kay David, wa peyi Izrayèl la, paske tout kote Bwat Kontra Seyè a te pase se kote ki fèt pou rete apa pou Bondye.
12  Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan.
13 Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.
14 Dapre regleman David, papa l’, te bay, li mete chak gwoup nan travay pa yo, prèt yo pou fè sèvis pou Bondye, moun Levi yo pou fè lwanj Seyè a epi pou ede prèt yo nan travay yo dapre sa ki pou fèt chak jou fèt yo. Li bay chak gwoup gad pòtay Tanp lan lè travay yo nan chak pòtay, dapre lòd David, moun Bondye a, te kite.
15 Se konsa, yo te swiv tout ti detay ki nan lòd wa David te bay pou prèt yo ak pou moun Levi yo, ata lòd li te bay pou trezò Tanp lan.
16 Se konsa tout travay Salomon te vle fè a te fin fèt, depi jou yo t’ap fouye fondasyon Tanp Seyè a jouk yo fini l’. Tanp Seyè a pa t’ manke anyen ankò pou l’ fini.
17 Apre sa, Salomon ale lavil Ezyongebè ak lavil Elat bò Lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou moun Edon yo.
18 Wa Iram te voye batiman ansanm ak moun peyi l’ ki te konn lanmè bay Salomon pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. Se chèf ki t’ap sèvi nan gouvènman Iram yo ki te vin renmèt batiman yo. Maren Iram yo vwayaje ansanm ak moun pa Salomon yo rive peyi Ofi, kote yo al chache trèz tòn lò pote bay Salomon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 8 

1 Au bout de vingt ans, pendant lesquels Salomon bâtit la maison de l’Éternel et sa propre maison,
il reconstruisit les villes que lui donna Huram et y établit des enfants d’Israël.
Salomon marcha contre Hamath, vers Tsoba, et s’en empara.
Il bâtit Thadmor au désert, et toutes les villes servant de magasins en Hamath.
Il bâtit Beth Horon la haute et Beth Horon la basse, villes fortes, ayant des murs, des portes et des barres;
Baalath, et toutes les villes servant de magasins et lui appartenant, toutes les villes pour les chars, les villes pour la cavalerie, et tout ce qu’il plut à Salomon de bâtir à Jérusalem, au Liban, et dans tout le pays dont il était le souverain.
Tout le peuple qui était resté des Héthiens, des Amoréens, des Phéréziens, des Héviens et des Jébusiens, ne faisant point partie d’Israël,
leurs descendants qui étaient restés après eux dans le pays et que les enfants d’Israël n’avaient pas détruits, Salomon les leva comme gens de corvée, ce qu’ils ont été jusqu’à ce jour.
Salomon n’employa comme esclave pour ses travaux aucun des enfants d’Israël; car ils étaient des hommes de guerre, ses chefs, ses officiers, les commandants de ses chars et de sa cavalerie.
10 Les chefs placés par le roi Salomon à la tête du peuple, et chargés de le surveiller, étaient au nombre de deux cent cinquante.
11 Salomon fit monter la fille de Pharaon de la cité de David dans la maison qu’il lui avait bâtie; car il dit: Ma femme n’habitera pas dans la maison de David, roi d’Israël, parce que les lieux où est entrée l’arche de l’Éternel sont saints.
12 Alors Salomon offrit des holocaustes à l’Éternel sur l’autel de l’Éternel, qu’il avait construit devant le portique.
13 Il offrait ce qui était prescrit par Moïse pour chaque jour, pour les sabbats, pour les nouvelles lunes, et pour les fêtes, trois fois l’année, à la fête des pains sans levain, à la fête des semaines, et à la fête des tabernacles.
14 Il établit dans leurs fonctions, telles que les avait réglées David, son père, les classes des sacrificateurs selon leur office, les Lévites selon leur charge, consistant à célébrer l’Éternel et à faire jour par jour le service en présence des sacrificateurs, et les portiers distribués à chaque porte d’après leurs classes; car ainsi l’avait ordonné David, homme de Dieu.
15 On ne s’écarta point de l’ordre du roi pour les sacrificateurs et les Lévites, ni pour aucune chose, ni pour ce qui concernait les trésors.
16 Ainsi fut dirigée toute l’oeuvre de Salomon, jusqu’au jour où la maison de l’Éternel fut fondée et jusqu’à celui où elle fut terminée. La maison de l’Éternel fut donc achevée.
17 Salomon partit alors pour Etsjon Guéber et pour Éloth, sur les bords de la mer, dans le pays d’Édom.
18 Et Huram lui envoya par ses serviteurs des navires et des serviteurs connaissant la mer. Ils allèrent avec les serviteurs de Salomon à Ophir, et ils y prirent quatre cent cinquante talents d’or, qu’ils apportèrent au roi Salomon.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 

1 And it came to pass at the end of twenty years, wherein Solomon had built the house of the Lord, and his own house,
That the cities which Huram had restored to Solomon, Solomon built them, and caused the children of Israel to dwell there.
And Solomon went to Hamathzobah, and prevailed against it.
And he built Tadmor in the wilderness, and all the store cities, which he built in Hamath.
Also he built Bethhoron the upper, and Bethhoron the nether, fenced cities, with walls, gates, and bars;
And Baalath, and all the store cities that Solomon had, and all the chariot cities, and the cities of the horsemen, and all that Solomon desired to build in Jerusalem, and in Lebanon, and throughout all the land of his dominion.
As for all the people that were left of the Hittites, and the Amorites, and the Perizzites, and the Hivites, and the Jebusites, which were not of Israel,
But of their children, who were left after them in the land, whom the children of Israel consumed not, them did Solomon make to pay tribute until this day.
But of the children of Israel did Solomon make no servants for his work; but they were men of war, and chief of his captains, and captains of his chariots and horsemen.
10 And these were the chief of king Solomon’s officers, even two hundred and fifty, that bare rule over the people.
11 And Solomon brought up the daughter of Pharaoh out of the city of David unto the house that he had built for her: for he said, My wife shall not dwell in the house of David king of Israel, because the places are holy, whereunto the ark of the Lord hath come.
12 Then Solomon offered burnt offerings unto the Lord on the altar of the Lord, which he had built before the porch,
13 Even after a certain rate every day, offering according to the commandment of Moses, on the sabbaths, and on the new moons, and on the solemn feasts, three times in the year, even in the feast of unleavened bread, and in the feast of weeks, and in the feast of tabernacles.
14 And he appointed, according to the order of David his father, the courses of the priests to their service, and the Levites to their charges, to praise and minister before the priests, as the duty of every day required: the porters also by their courses at every gate: for so had David the man of God commanded.
15 And they departed not from the commandment of the king unto the priests and Levites concerning any matter, or concerning the treasures.
16 Now all the work of Solomon was prepared unto the day of the foundation of the house of the Lord, and until it was finished. So the house of the Lord was perfected.
17 Then went Solomon to Eziongeber, and to Eloth, at the sea side in the land of Edom.
18 And Huram sent him by the hands of his servants ships, and servants that had knowledge of the sea; and they went with the servants of Solomon to Ophir, and took thence four hundred and fifty talents of gold, and brought them to king Solomon.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}