Liv 2 Timote / 2 Timothée / 2 Timothy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Timote 4

1 Men sa m’ap mande ou, devan Bondye ak devan Jezikri ki gen pou vini tankou yon wa pou jije tout moun, ni sa ki vivan ni sa ki mouri:
Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.
Yon lè, ou gen pou ou wè moun p’ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y’ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y’a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande.
Yo p’ap vle tande verite a, y’a pito koute istwa ki pa vre.
Men, ou menm, kenbe tèt ou an plas nan tout sikonstans. Sipòte tout kalite soufrans. Fè travay moun k’ap anonse bòn nouvèl la. Fè devwa ou ak tout kè ou, tankou yon sèvitè Bondye.
Pou mwen menm, lè a rive kote yo pral ofri m’ tankou bèt y’ap ofri bay Bondye, lè a vini pou m’ kite lavi sa a/.
Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.
Koulye a, se rekonpans mwen m’ap tann pou lavi dwat mwen te mennen an. Lè gran jou a va rive, Seyè k’ap jije san patipri a ap mete rekonpans mwen an tankou yon kouwòn sou tèt mwen. Men, se pa mwen ase l’ap bay li. Tout moun k’ap tann ak tout kè yo lè la gen pou l’ parèt la, va resevwa l’ tou.
 Fè posib ou vin jwenn mwen touswit.
10 Paske, Demas lage m’, li te renmen bagay ki nan lemonn lan twòp. Li pati, li ale Tesalonik. Kresan pou tèt pa l’ al nan peyi Galasi, Tit ale Dalmasi.
11 Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w’ap vini. La ban m’ yon bon kout men nan travay la.
12 Mwen voye Tichik lavil Efèz.
13 Lè w’ap vini, pase pran gwo manto mwen te kite lakay Kapis, lavil Twoas, pote l’ pou mwen. Pote Liv yo tou, espesyalman sa ki fèt ak po bèt yo.
14 Aleksann, bòs fòjon an, fè m’ anpil tò. Seyè a va ba l’ sa l’ merite dapre sa l’ fè a.
15 Pran prekosyon ou avè l’, ou menm tou. Paske li pa t’ vle tande sa n’ap di a menm.
16  pa t’ gen pesonn pou ede m’ premye jou mwen t’ap fè defans mwen devan chèf yo. Tout moun kite m’ pou kont mwen. Mwen mande Bondye pou l’ padonnen yo sa.
17 Men, Seyè a te kanpe la avè m’, li ban m’ fòs. Se sak fè, mwen te kapab fè konnen pawòl la nèt ale, pou tout moun ki pa jwif yo te ka tande li. Se konsa Bondye wete m’ nan bouch lyon an.
18 Seyè a va toujou delivre m’ nan tout move pa. L’ap konsève m’ pou m’ ka antre nan peyi kote li wa nan syèl la. Se pou li tout lwanj pou tout tan. Amèn.
19 Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen, ansanm ak tout moun ki lakay Onezifò yo.
20 Eras te rete Korent. Mwen te blije kite Twofim lavil Milè paske li te malad.
21 Fè posib ou pou ou vin jwenn mwen anvan sezon fredi a rive. Ebilis, Pidans, Lenis, Klodya ak tout lòt frè yo voye bonjou pou ou.
22 Mwen mande Seyè a pou l’ toujou la avèk ou. benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Timothée 4                

1 Je t’en conjure devant Dieu et devant Jésus Christ, qui doit juger les vivants et les morts, et au nom de son apparition et de son royaume,
prêche la parole, insiste en toute occasion, favorable ou non, reprends, censure, exhorte, avec toute douceur et en instruisant.
Car il viendra un temps où les hommes ne supporteront pas la saine doctrine; mais, ayant la démangeaison d’entendre des choses agréables, ils se donneront une foule de docteurs selon leurs propres désires,
détourneront l’oreille de la vérité, et se tourneront vers les fables.
Mais toi, sois sobre en toutes choses, supporte les souffrances, fais l’oeuvre d’un évangéliste, remplis bien ton ministère.
Car pour moi, je sers déjà de libation, et le moment de mon départ approche.
J’ai combattu le bon combat, j’ai achevé la course, j’ai gardé la foi.
Désormais la couronne de justice m’est réservée; le Seigneur, le juste juge, me le donnera dans ce jour-là, et non seulement à moi, mais encore à tous ceux qui auront aimé son avènement.
Viens au plus tôt vers moi;
10 car Démas m’a abandonné, par amour pour le siècle présent, et il est parti pour Thessalonique; Crescens est allé en Galatie, Tite en Dalmatie.
11 Luc seul est avec moi. Prends Marc, et amène-le avec toi, car il m’est utile pour le ministère.
12 J’ai envoyé Tychique à Éphèse.
13 Quand tu viendras, apporte le manteau que j’ai laissé à Troas chez Carpus, et les livres, surtout les parchemins.
14 Alexandre, le forgeron, m’a fait beaucoup de mal. Le Seigneur lui rendra selon ses oeuvres.
15 Garde-toi aussi de lui, car il s’est fortement opposé à nos paroles.
16 Dans ma première défense, personne ne m’a assisté, mais tous m’ont abandonné. Que cela ne leur soit point imputé!
17 C’est le Seigneur qui m’a assisté et qui m’a fortifié, afin que la prédication fût accomplie par moi et que tous les païens l’entendissent. Et j’ai été délivré de la gueule du lion.
18 Le Seigneur me délivrera de toute oeuvre mauvaise, et il me sauvera pour me faire entrer dans son royaume céleste. A lui soit la gloire aux siècles des siècles! Amen!
19 Salue Prisca et Aquilas, et la famille d’Onésiphore.
20 Éraste est resté à Corinthe, et j’ai laissé Trophime malade à Milet.
21 Tâche de venir avant l’hiver. Eubulus, Pudens, Linus, Claudia, et tous les frères te saluent.
22 Que le Seigneur soit avec ton esprit! Que la grâce soit avec vous!

Louis Segond {LSG}

2 Timothy 4         

1 I charge thee therefore before God, and the Lord Jesus Christ, who shall judge the quick and the dead at his appearing and his kingdom;
Preach the word; be instant in season, out of season; reprove, rebuke, exhort with all long suffering and doctrine.
For the time will come when they will not endure sound doctrine; but after their own lusts shall they heap to themselves teachers, having itching ears;
And they shall turn away their ears from the truth, and shall be turned unto fables.
But watch thou in all things, endure afflictions, do the work of an evangelist, make full proof of thy ministry.
For I am now ready to be offered, and the time of my departure is at hand.
I have fought a good fight, I have finished my course, I have kept the faith:
Henceforth there is laid up for me a crown of righteousness, which the Lord, the righteous judge, shall give me at that day: and not to me only, but unto all them also that love his appearing.
Do thy diligence to come shortly unto me:
10 For Demas hath forsaken me, having loved this present world, and is departed unto Thessalonica; Crescens to Galatia, Titus unto Dalmatia.
11 Only Luke is with me. Take Mark, and bring him with thee: for he is profitable to me for the ministry.
12 And Tychicus have I sent to Ephesus.
13 The cloke that I left at Troas with Carpus, when thou comest, bring with thee, and the books, but especially the parchments.
14 Alexander the coppersmith did me much evil: the Lord reward him according to his works:
15 Of whom be thou ware also; for he hath greatly withstood our words.
16 At my first answer no man stood with me, but all men forsook me: I pray God that it may not be laid to their charge.
17 Notwithstanding the Lord stood with me, and strengthened me; that by me the preaching might be fully known, and that all the Gentiles might hear: and I was delivered out of the mouth of the lion.
18 And the Lord shall deliver me from every evil work, and will preserve me unto his heavenly kingdom: to whom be glory for ever and ever. Amen.
19 Salute Prisca and Aquila, and the household of Onesiphorus.
20 Erastus abode at Corinth: but Trophimus have I left at Miletum sick.
21 Do thy diligence to come before winter. Eubulus greeteth thee, and Pudens, and Linus, and Claudia, and all the brethren.
22 The Lord Jesus Christ be with thy spirit. Grace be with you. Amen.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}