Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 1                 

Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m’ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.
Nou mande Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
 Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an.
Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.
Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.
Si mwen menm mwen nan lapenn, se pou nou menm, moun Korent yo, nou ka resevwa ankourajman pou nou ka delivre. Si mwen menm mwen resevwa ankourajman, se pou nou menm nou ka ankouraje, pou nou ka resevwa fòs kouraj pou sipòte avèk pasyans soufrans mwen menm m’ap sipòte a.
 Se konsa, mwen gen fèm espwa sa a pou nou, moun Korent, paske mwen konn sa byen, menm jan nou soufri ansanm avè m’ nan tout lapenn mwen yo, konsa tou n’a resevwa pa nou nan ankourajman Bondye ap ban mwen an.
Mwen ta renmen, frè m’ yo, nou konnen anba ki kalite soufrans mwen te ye nan pwovens Lazi a. Sa te rèd nèt. Mwen pa t’ kapab sipòte ankò. Mwen te menm kwè mwen pa t’ap soti vivan.
Mwen te santi yo te dèyè pou yo te touye mwen. Tou sa rive m’ pou m’ te aprann pa mete konfyans mwen sou fòs kouraj pa mwen, men pou m’ te ka mete tout konfyans mwen nan Bondye ki fè moun mouri leve.
10 Se li menm ki delivre m’ anba tout gwo danje lanmò sa yo. Se li menm k’ap toujou la pou delivre m’. Wi, mwen gen espwa l’ap toujou delivre mwen,
11 depi nou menm moun Korent nou ban m’ ankourajman, nou lapriyè pou mwen. Se konsa Bondye va tande tout lapriyè sa yo n’ap fè pou mwen, la ban mwen benediksyon l’, anpil moun va di l’ mèsi pou mwen.
12  Men rezon ki fè m’ kontan ak tèt mwen anpil konsa: Konsyans mwen pa repwoche m’ anyen pou jan m’ te mennen tèt mwen byen nan mitan tout moun, ak kè ouvè, san ipokrizi, sitou nan mitan nou menm, moun Korent, jan Bondye vle l’ la. Paske, sa se travay favè Bondye a, se pa t’ bon konprann lèzòm ki t’ap dirije mwen.
13 Nan tout lèt mwen ekri, mwen pa janm di lòt bagay pase sa nou ka li ak sa nou ka konprann. Mwen gen espwa nou ka rive konprann nèt
14 sa nou poko fin konprann koulye a: konsa, lè jou Seyè Jezi a va rive, nou ka kontan m’ anpil, menm jan mwen menm m’a kontan nou tou.
15  Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te kòmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.
16 Men wi, mwen te fè lide pase lakay nou sou wout mwen lè mwen t’aprale Masedwan, epi pou nou te resevwa m’ ankò lè m’ap tounen soti la. Nou ta ka ede m’ lè sa a kontinye vwayaj mwen pou peyi Jide.
17 Lè m’ te fè lide sa a, èske mwen te twò prese? Lè m’ap pran yon desizyon, èske se avantaj pa m’ m’ap chache tankou tout moun kifè m’ ta gen de pawòl?
18 Mwen pran Bondye ki gen yon sèl pawòl la pou temwen, pwomès mwen te fè nou an, se pa t’ yon wi ak yon non anmenmtan.
19 Paske, mwen menm, Silas ak Timote, nou pa t’ anonse nou Jezikri, Pitit Bondye a, tankou yon moun ki gen de pawòl. Okontrè, se wi ase Jezikri di pou Bondye.
20 Paske se li menm ki fè nou wè tout pwomès Bondye yo se verite. Se poutèt sa tou, gremesi Jezikri, nou ka di amèn lè n’ap fè lwanj Bondye.
21 Se Bondye menm ki kenbe m’ fèm, ansanm ak nou tout, nan lavi n’ap mennen nan Kris la. Se li menm ki mete nou apa pou li,
22 li menm ki make nou ak letanp li, ki mete Sentespri nan kè nou tankou yon garanti pou tou sa li sere pou nou.
23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m’: se pou m’ te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.
24 Mwen p’ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 1            

1` Paul, apôtre de Jésus Christ par la volonté de Dieu, et le frère Timothée, à l’Église de Dieu qui est à Corinthe, et à tous les saints qui sont dans toute l’Achaïe:
que la grâce et la paix vous soient données de la part de Dieu notre Père et du Seigneur Jésus Christ!
Béni soit Dieu, le Père de notre Seigneur Jésus Christ, le Père des miséricordes et le Dieu de toute consolation,
qui nous console dans toutes nos afflictions, afin que, par la consolation dont nous sommes l’objet de la part de Dieu, nous puissions consoler ceux qui se trouvent dans quelque l’affliction!
Car, de même que les souffrances de Christ abondent en nous, de même notre consolation abonde par Christ.
Si nous sommes affligés, c’est pour votre consolation et pour votre salut; si nous sommes consolés, c’est pour votre consolation, qui se réalise par la patience à supporter les mêmes souffrances que nous endurons.
Et notre espérance à votre égard est ferme, parce que nous savons que, si vous avez part aux souffrances, vous avez part aussi à la consolation.
Nous ne voulons pas, en effet, vous laisser ignorer, frères, au sujet de la tribulation qui nous est survenue en Asie, que nous avons été excessivement accablés, au delà de nos forces, de telle sorte que nous désespérions même de conserver la vie.
Et nous regardions comme certain notre arrêt de mort, afin de ne pas placer notre confiance en nous-mêmes, mais de la placer en Dieu, qui ressuscite les morts.
10 C’est lui qui nous a délivrés et qui nous délivrera d’une telle mort, lui de qui nous espérons qu’il nous délivrera encore,
11 vous-mêmes aussi nous assistant de vos prières, afin que la grâce obtenue pour nous par plusieurs soit pour plusieurs une occasion de rendre grâces à notre sujet.
12 Car ce qui fait notre gloire, c’est ce témoignage de notre conscience, que nous nous sommes conduits dans le monde, et surtout à votre égard, avec sainteté et pureté devant Dieu, non point avec une sagesse charnelle, mais avec la grâce de Dieu.
13 Nous ne vous écrivons pas autre chose que ce que vous lisez, et ce que vous reconnaissez. Et j’espère que vous le reconnaîtrez jusqu’à la fin,
14 comme vous avez déjà reconnu en partie que nous sommes votre gloire, de même que vous serez aussi la nôtre au jour du Seigneur Jésus.
15 Dans cette persuasion, je voulais aller d’abord vers vous, afin que vous eussiez une double grâce;
16 je voulais passer chez vous pour me rendre en Macédoine, puis revenir de la Macédoine chez vous, et vous m’auriez fait accompagner en Judée.
17 Est-ce que, en voulant cela, j’ai donc usé de légèreté? Ou bien, mes résolutions sont-elles des résolutions selon la chair, de sorte qu’il y ait en moi le oui et le non?
18 Aussi vrai que Dieu est fidèle, la parole que nous vous avons adressée n’a pas été oui et non.
19 Car le Fils de Dieu, Jésus Christ, qui a été prêché par nous au milieu de vous, par moi, et par Silvain, et par Timothée, n’a pas été oui et non, mais c’est oui qui a été en lui;
20 car, pour ce qui concerne toutes les promesses de Dieu, c’est en lui qu’est le oui; c’est pourquoi encore l’Amen par lui est prononcé par nous à la gloire de Dieu.
21 Et celui qui nous affermit avec vous en Christ, et qui nous a oints, c’est Dieu,
22 lequel nous a aussi marqués d’un sceau et a mis dans nos coeurs les arrhes de l’Esprit.
23 Or, je prends Dieu à témoin sur mon âme, que c’est pour vous épargner que je ne suis plus allé à Corinthe;
24 non pas que nous dominions sur votre foi, mais nous contribuons à votre joie, car vous êtes fermes dans la foi.

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 1        

1 Paul, an apostle of Jesus Christ by the will of God, and Timothy our brother, unto the church of God which is at Corinth, with all the saints which are in all Achaia:
Grace be to you and peace from God our Father, and from the Lord Jesus Christ.
Blessed be God, even the Father of our Lord Jesus Christ, the Father of mercies, and the God of all comfort;
Who comforteth us in all our tribulation, that we may be able to comfort them which are in any trouble, by the comfort wherewith we ourselves are comforted of God.
For as the sufferings of Christ abound in us, so our consolation also aboundeth by Christ.
And whether we be afflicted, it is for your consolation and salvation, which is effectual in the enduring of the same sufferings which we also suffer: or whether we be comforted, it is for your consolation and salvation.
And our hope of you is stedfast, knowing, that as ye are partakers of the sufferings, so shall ye be also of the consolation.
For we would not, brethren, have you ignorant of our trouble which came to us in Asia, that we were pressed out of measure, above strength, insomuch that we despaired even of life:
But we had the sentence of death in ourselves, that we should not trust in ourselves, but in God which raiseth the dead:
10 Who delivered us from so great a death, and doth deliver: in whom we trust that he will yet deliver us;
11 Ye also helping together by prayer for us, that for the gift bestowed upon us by the means of many persons thanks may be given by many on our behalf.
12 For our rejoicing is this, the testimony of our conscience, that in simplicity and godly sincerity, not with fleshly wisdom, but by the grace of God, we have had our conversation in the world, and more abundantly to you-ward.
13 For we write none other things unto you, that what ye read or acknowledge; and I trust ye shall acknowledge even to the end;
14 As also ye have acknowledged us in part, that we are your rejoicing, even as ye also are our’s in the day of the Lord Jesus.
15 And in this confidence I was minded to come unto you before, that ye might have a second benefit;
16 And to pass by you into Macedonia, and to come again out of Macedonia unto you, and of you to be brought on my way toward Judaea.
17 When I therefore was thus minded, did I use lightness? or the things that I purpose, do I purpose according to the flesh, that with me there should be yea yea, and nay nay?
18 But as God is true, our word toward you was not yea and nay.
19 For the Son of God, Jesus Christ, who was preached among you by us, even by me and Silvanus and Timotheus, was not yea and nay, but in him was yea.
20 For all the promises of God in him are yea, and in him Amen, unto the glory of God by us.
21 Now he which stablisheth us with you in Christ, and hath anointed us, is God;
22 Who hath also sealed us, and given the earnest of the Spirit in our hearts.
23 Moreover I call God for a record upon my soul, that to spare you I came not as yet unto Corinth.
24 Not for that we have dominion over your faith, but are helpers of your joy: for by faith ye stand.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}