Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 30    

1 Seyè a pale avè m’ ankò, li di m’ konsa:
-Nonm o! Bay mesaj Bondye a! Fè konnen sa Seyè sèl Mèt la voye ou di: -Rele non! Ala yon move jou!
Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.
Pral gen lagè nan tout peyi Lejip. Gwo lafliksyon pral tonbe sou peyi Letiopi. Anpil moun pral mouri nan peyi Lejip. Yo pral piye peyi a nèt ale. Y’a kraze ata fondasyon kay li yo.
Nan lagè sa a, yo pral touye tout sòlda li yo, ki vle di tout moun peyi Letiopi, moun peyi Pout, moun peyi Loud, moun peyi Arabi, moun peyi Koub. Ata moun peyi pa m’ lan, Izrayèl, ki t’ap sèvi nan lame Lejip la ap mouri ansanm ak yo tou.
Men sa Seyè a di ankò: -Tout moun ki t’ap pran defans peyi Lejip la pral mouri. Gwo bèl lame Lejip la pral disparèt. Wi, depi lavil Migdòl nan nò desann lavil Aswan nan sid, yo tout ap mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Se peyi sa a ki pral pi mal nan tout peyi yo devaste yo. Lavil li yo pral tounen mazi nèt.
Lè m’a mete dife nan peyi Lejip, lè tout moun ki t’ap goumen pou li yo va tonbe mouri, lè sa a y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Lè jou sa a va vini, jou pou yo detwi peyi Lejip la, m’ap voye mesaje nan bato pou y’ al pran tèt moun ki t’ap viv kè pòpòz nan peyi Letiopi yo. Moun sa yo pral kraponnen anpil. Wi, jou sa a pa lwen rive.
10 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral sèvi ak Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pou m’ fini ak richès peyi Lejip la.
11 Wa a va vini ak lame sòlda li yo pou yo ravaje tout peyi a. Se moun Babilòn sa yo ki pi mechan pase tout lòt nasyon. Yo pral atake peyi Lejip avèk nepe yo nan men yo. Pral gen kadav nan tout peyi a.
12 Mwen pral cheche dlo larivyè Nil la, m’ap lage peyi a nan men ansasen. M’ap fè moun lòt nasyon yo ravaje peyi a nèt ansanm ak tou sa ki ladan l’. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
13 Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m’ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p’ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M’ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y’ap pè.
14 M’ap devaste zòn Patwòs la nan sid peyi a. M’ap mete dife nan lavil Zoan nan nò. M’ap pini lavil Tèb, kapital peyi a.
15 M’ap fè moun lavil Sin yo, lavil ki plen gwo ranpa pou defann peyi a, santi jan mwen konn fache. M’ap detwi tout richès lavil Tèb la.
16 M’ap mete dife nan peyi Lejip. Lavil Sin lan pral nan gwo lapenn. Gwo miray lavil Tèb yo pral fann, y’ap kraze. Dlo pral anvayi tout lavil la.
17 Tout jenn gason lavil Eliopolis ak lavil Boubastis yo ap mouri nan lagè. Y’ap depòte tout rès moun yo.
18 Fènwa pral kouvri lavil Tapanès gwo jounen, lè m’a kraze otorite pouvwa peyi Lejip la. Lè m’a fini ak fòs kouraj ki t’ap fè l’ gonfle lestonmak li a, yon gwo nwaj pral kouvri tout peyi Lejip. Yo pral depòte dènye moun li yo.
19 Se konsa mwen pral pini peyi Lejip. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
20  Nan setyèm jou premye mwa, onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
21 -Nonm o! Mwen kase ponyèt farawon an, wa Lejip la. Pa gen pesonn ki mete renmèd sou li, pesonn ki mete l’ nan fòm pou l’ ka pran, pou l’ ka gen fòs kenbe nepe nan men l’ ankò.
22 Se poutèt sa, koulye a men sa Seyè sèl Mèt la di: M’ap leve dèyè farawon an, wa peyi Lejip la. Mwen pral kase tou de ponyèt li yo, ni sa ki te enganm lan ni sa ki te kase deja a. M’ap fè nepe a soti tonbe nan men l’.
23 Mwen pral gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè.
24 Mwen pral bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, m’ap mete nepe pa m’ lan nan men l’. M’ap kase tou de ponyèt farawon yo. Li pral rakle, li pral soufri anpil, li pral mouri devan lènmi l’ lan.
25 Wi, m’ap bay ponyèt wa Babilòn lan fòs, men m’ap febli ponyèt farawon an. Lè m’a bay wa Babilòn lan nepe pa m’ lan, lè l’a lonje l’ sou peyi Lejip la, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.
26 M’ap gaye moun peyi Lejip yo nan lòt peyi, mwen pral simaye yo nan mitan divès lòt nasyon sou latè. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 30

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, prophétise, et dis: Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Gémissez!… Malheureux jour!
Car le jour approche, le jour de l’Éternel approche, Jour ténébreux: ce sera le temps des nations.
L’épée fondra sur l’Égypte, Et l’épouvante sera dans l’Éthiopie, Quand les morts tomberont en Égypte, Quand on enlèvera ses richesses, Et que ses fondements seront renversés.
L’Éthiopie, Puth, Lud, toute l’Arabie, Cub, Et les fils du pays allié, Tomberont avec eux par l’épée.
Ainsi parle l’Éternel: Ils tomberont, les soutiens de l’Égypte, Et l’orgueil de sa force périra; De Migdol à Syène ils tomberont par l’épée, Dit le Seigneur, l’Éternel.
Ils seront dévastés entre les pays dévastés, Et ses villes seront entre les villes désertes.
Et ils sauront que je suis l’Éternel, Quand je mettrai le feu dans l’Égypte, Et que tous ses soutiens seront brisés.
En ce jour-là, des messagers iront de ma part sur des navires Troubler l’Éthiopie dans sa sécurité; Et l’épouvante sera parmi eux au jour de l’Égypte, Car voici, ces choses arrivent!
10 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Je ferai disparaître la multitude de l’Égypte, Par la main de Nebucadnetsar, roi de Babylone.
11 Lui et son peuple avec lui, Le plus violent d’entre les peuples, Seront envoyés pour détruire le pays; Ils tireront l’épée contre l’Égypte, Et rempliront le pays de morts.
12 Je mettrai les canaux à sec, Je livrerai le pays entre les mains des méchants; Je ravagerai le pays et ce qu’il renferme, par la main des étrangers. Moi, l’Éternel, j’ai parlé.
13 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: J’anéantirai les idoles, Et j’ôterai de Noph les vains simulacres; Il n’y aura plus de prince du pays d’Égypte, Et je répandrai la terreur dans le pays d’Égypte.
14 Je dévasterai Pathros, Je mettrai le feu à Tsoan, Et j’exercerai mes jugements sur No.
15 Je répandrai ma fureur sur Sin, la forteresse de l’Égypte, Et j’exterminerai la multitude de No.
16 Je mettrai le feu dans l’Égypte; Sin sera saisie d’angoisse, No sera ouverte par la brèche, Et Noph conquise en plein jour par les ennemis.
17 Les jeunes hommes d’On et de Pi Béseth tomberont par l’épée, Et ces villes iront en captivité.
18 A Tachpanès le jour s’obscurcira, Quand j’y briserai le joug de l’Éternel, Et que l’orgueil de sa force y prendra fin; Un nuage couvrira Tachpanès, Et ses filles iront en captivité.
19 J’exercerai mes jugements sur l’Égypte, Et ils sauront que je suis l’Éternel.
20 La onzième année, le septième jour du premier mois, la parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
21 Fils de l’homme, j’ai rompu le bras de Pharaon, roi d’Égypte; Et voici, on ne l’a point pansé pour le guérir, On ne l’a point enveloppé d’un bandage Pour le lier et le raffermir, Afin qu’il puisse manier l’épée.
22 C’est pourquoi ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici, j’en veux à Pharaon, roi d’Égypte, Et je lui romprai les bras, Celui qui est en bon état et celui qui est cassé. Et je ferai tomber l’épée de sa main.
23 Je répandrai les Égyptiens parmi les nations, Je les disperserai en divers pays.
24 Je fortifierai les bras du roi de Babylone, Et je mettrai mon épée dans sa main; Je romprai les bras de Pharaon, Et il gémira devant lui comme gémissent les mourants.
25 Je fortifierai les bras du roi de Babylone, Et les bras de Pharaon tomberont. Et ils sauront que je suis l’Éternel, Quand je mettrai mon épée dans la main du roi de Babylone, Et qu’il la tournera contre le pays d’Égypte.
26 Je répandrai les Égyptiens parmi les nations, Je les disperserai en divers pays, Et ils sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 30

1 The word of the Lord came again unto me, saying,
Son of man, prophesy and say, Thus saith the Lord God; Howl ye, Woe worth the day!
For the day is near, even the day of the Lord is near, a cloudy day; it shall be the time of the heathen.
And the sword shall come upon Egypt, and great pain shall be in Ethiopia, when the slain shall fall in Egypt, and they shall take away her multitude, and her foundations shall be broken down.
Ethiopia, and Libya, and Lydia, and all the mingled people, and Chub, and the men of the land that is in league, shall fall with them by the sword.
Thus saith the Lord; They also that uphold Egypt shall fall; and the pride of her power shall come down: from the tower of Syene shall they fall in it by the sword, saith the Lord God.
And they shall be desolate in the midst of the countries that are desolate, and her cities shall be in the midst of the cities that are wasted.
And they shall know that I am the Lord, when I have set a fire in Egypt, and when all her helpers shall be destroyed.
In that day shall messengers go forth from me in ships to make the careless Ethiopians afraid, and great pain shall come upon them, as in the day of Egypt: for, lo, it cometh.
10 Thus saith the Lord God; I will also make the multitude of Egypt to cease by the hand of Nebuchadrezzar king of Babylon.
11 He and his people with him, the terrible of the nations, shall be brought to destroy the land: and they shall draw their swords against Egypt, and fill the land with the slain.
12 And I will make the rivers dry, and sell the land into the hand of the wicked: and I will make the land waste, and all that is therein, by the hand of strangers: I the Lord have spoken it.
13 Thus saith the Lord God; I will also destroy the idols, and I will cause their images to cease out of Noph; and there shall be no more a prince of the land of Egypt: and I will put a fear in the land of Egypt.
14 And I will make Pathros desolate, and will set fire in Zoan, and will execute judgments in No.
15 And I will pour my fury upon Sin, the strength of Egypt; and I will cut off the multitude of No.
16 And I will set fire in Egypt: Sin shall have great pain, and No shall be rent asunder, and Noph shall have distresses daily.
17 The young men of Aven and of Pibeseth shall fall by the sword: and these cities shall go into captivity.
18 At Tehaphnehes also the day shall be darkened, when I shall break there the yokes of Egypt: and the pomp of her strength shall cease in her: as for her, a cloud shall cover her, and her daughters shall go into captivity.
19 Thus will I execute judgments in Egypt: and they shall know that I am the Lord.
20 And it came to pass in the eleventh year, in the first month, in the seventh day of the month, that the word of the Lord came unto me, saying,
21 Son of man, I have broken the arm of Pharaoh king of Egypt; and, lo, it shall not be bound up to be healed, to put a roller to bind it, to make it strong to hold the sword.
22 Therefore thus saith the Lord God; Behold, I am against Pharaoh king of Egypt, and will break his arms, the strong, and that which was broken; and I will cause the sword to fall out of his hand.
23 And I will scatter the Egyptians among the nations, and will disperse them through the countries.
24 And I will strengthen the arms of the king of Babylon, and put my sword in his hand: but I will break Pharaoh’s arms, and he shall groan before him with the groanings of a deadly wounded man.
25 But I will strengthen the arms of the king of Babylon, and the arms of Pharaoh shall fall down; and they shall know that I am the Lord, when I shall put my sword into the hand of the king of Babylon, and he shall stretch it out upon the land of Egypt.
26 And I will scatter the Egyptians among the nations, and disperse them among the countries; and they shall know that I am the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}