Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 15           

1 Lè sa a, kèk farizyen ak dirèktè lalwa soti Jerizalèm, yo vin bò kot Jezi. Yo di li:
Poukisa disip ou yo pa swiv koutim granmoun lontan yo? Gade. Yo pa lave men yo anvan yo manje.
Li reponn yo: Nou menm k’ap pale a, poukisa n’ap plede dezobeyi kòmandman Bondye yo pou nou swiv koutim pa nou yo?
Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l’ osinon manman l’ mal, se pou yo touye l’.
Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l’ osinon manman l’: Sa m’ ta gen pou m’ ba ou a, m’ ofri l’ bay Bondye,
moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l’ osinon pou manman l’. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.
Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l’ t’ap pale sou nou, jan sa ekri a:
Se nan bouch pèp sa a respekte mwen. Men, kè yo byen lwen mwen.
Se tan yo y’ap pèdi, lè y’ap fè sèvis pou mwen. Paske, nan sa y’ap di, se pawòl lèzòm y’ap moutre moun.
10  Apre sa, li rele foul moun yo, li di yo: Koute byen sa m’ap di nou la a, manyè konprann sa:
11 Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l’ nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l’ nan kondisyon sa a.
12 Lè sa a, disip li yo pwoche bò kote l’, yo di l’ konsa: Ou konnen farizyen yo ofiske poutèt sa ou sot di la a.
13 Jezi reponn yo: Si se pa Papa m’ nan syèl la ki plante yon plant, yo gen pou yo derasinen li.
14 Pa okipe yo! Se yon bann avèg k’ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.
15 Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Esplike nou parabòl sa a non.
16 Jezi di: Nou menm tou, nou san konprann toujou!
17 Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki antre nan bouch yon moun, sa pase nan vant li. Apre sa, li soti deyò.
18 Men, bagay ki soti nan bouch yon moun, se nan kè l’ sa soti. Se bagay konsa ki mete yon moun nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye.
19 Se nan kè l’ tout move lide soti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.
20 Se bagay sa yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye. Men, keksyon manje san lave men, jan yo di l’ la, sa pa ka mete yon moun nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye.
21  Jezi kite kote l’ te ye a, li ale nan zòn lavil Tir ak lavil Sidon.
22 Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t’ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m’ lan gen yon move lespri sou li k’ap fatige l’ anpil.
23 Men, Jezi pa okipe li menm. Disip li yo pwoche bò kote l’, yo di l’ konsa: Fè l’ ale non. Paske, l’ap mache dèyè nou, l’ap plede rele nan zòrèy nou.
24 Jezi reponn: Se sèlman pou moun ki pèdi nan ras Izrayèl la yo voye mwen.
25 Men, fanm lan vini, li lage kò l’ nan pye Jezi, li di li konsa: Mèt, fè kichòy pou mwen non.
26 Jezi reponn li: Sa pa bon pou m’ wete pen nan bouch timoun yo pou m’ jete l’ bay chen.
27 Lè sa a fanm lan di li: Se vre wi, Mèt. Men, chen manje ti kal pen ki tonbe anba tab mèt li.
28 Lè sa a, Jezi di li: Madanm. Ou gen konfyans anpil. Tout bagay ap pase pou ou jan ou vle l’ la. Menm lè a, pitit fi l’ la geri.
29  Jezi kite kote l’ te ye a, li mache sou bò lanmè Galile a. Li moute sou yon ti mòn, li chita la.
30 Yon bann moun vin jwenn li. Yo mennen moun k’ap bwete, moun ki avèg, bèbè, enfim ansanm ak anpil lòt moun malad ankò. Yo mete yo nan pye Jezi. Jezi geri yo.
31 Foul moun yo te sezi anpil lè yo wè sa: bèbè yo pale, enfim yo geri, moun k’ap bwete yo mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè lwanj Bondye pèp Izrayèl la.
32 Jezi rele disip li yo, li di: Kè m’ fè m’ mal pou moun sa yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m’, yo pa gen anyen pou yo manje ankò. Mwen pa vle voye yo ale konsa san manje. Yo ka tonbe feblès nan chemen an.
33 Disip yo mande li: Nan dezè sa a, ki bò pou nou jwenn pen pou bay tout moun sa yo manje?
34 Jezi mande yo: Konbe pen nou gen konsa? Yo reponn li: Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.
35 Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè.
36 Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
37 Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.
38 Te gen antou katmil (4.000) gason ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
39 Apre sa, Jezi voye foul moun yo ale, li menm li moute nan kannòt la, li ale nan yon peyi yo rele Magadan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 15          

1 Alors des pharisiens et des scribes vinrent de Jérusalem auprès de Jésus, et dirent:
Pourquoi tes disciples transgressent-ils la tradition des anciens? Car ils ne se lavent pas les mains, quand ils prennent leurs repas.
Il leur répondit: Et vous, pourquoi transgressez-vous le commandement de Dieu au profit de votre tradition?
Car Dieu a dit: Honore ton père et ta mère; et: Celui qui maudira son père ou sa mère sera puni de mort.
Mais vous, vous dites: Celui qui dira à son père ou à sa mère: Ce dont j’aurais pu t’assister est une offrande à Dieu, n’est pas tenu d’honorer son père ou sa mère.
Vous annulez ainsi la parole de Dieu au profit de votre tradition.
Hypocrites, Ésaïe a bien prophétisé sur vous, quand il a dit:
Ce peuple m’honore des lèvres, Mais son coeur est éloigné de moi.
C’est en vain qu’ils m’honorent, en enseignant des préceptes qui sont des commandements d’hommes.
10 Ayant appelé à lui la foule, il lui dit: Écoutez, et comprenez.
11 Ce n’est pas ce qui entre dans la bouche qui souille l’homme; mais ce qui sort de la bouche, c’est ce qui souille l’homme.
12 Alors ses disciples s’approchèrent, et lui dirent: Sais-tu que les pharisiens ont été scandalisés des paroles qu’ils ont entendues?
13 Il répondit: Toute plante que n’a pas plantée mon Père céleste sera déracinée.
14 Laissez-les: ce sont des aveugles qui conduisent des aveugles; si un aveugle conduit un aveugle, ils tomberont tous deux dans une fosse.
15 Pierre, prenant la parole, lui dit: Explique-nous cette parabole.
16 Et Jésus dit: Vous aussi, êtes-vous encore sans intelligence?
17 Ne comprenez-vous pas que tout ce qui entre dans la bouche va dans le ventre, puis est jeté dans les lieux secrets?
18 Mais ce qui sort de la bouche vient du coeur, et c’est ce qui souille l’homme.
19 Car c’est du coeur que viennent les mauvaises pensées, les meurtres, les adultères, les impudicités, les vols, les faux témoignages, les calomnies.
20 Voilà les choses qui souillent l’homme; mais manger sans s’être lavé les mains, cela ne souille point l’homme.
21 Jésus, étant parti de là, se retira dans le territoire de Tyr et de Sidon.
22 Et voici, une femme cananéenne, qui venait de ces contrées, lui cria: Aie pitié de moi, Seigneur, Fils de David! Ma fille est cruellement tourmentée par le démon.
23 Il ne lui répondit pas un mot, et ses disciples s’approchèrent, et lui dirent avec insistance: Renvoie-la, car elle crie derrière nous.
24 Il répondit: Je n’ai été envoyé qu’aux brebis perdues de la maison d’Israël.
25 Mais elle vint se prosterner devant lui, disant: Seigneur, secours-moi!
26 Il répondit: Il n’est pas bien de prendre le pain des enfants, et de le jeter aux petits chiens.
27 Oui, Seigneur, dit-elle, mais les petits chiens mangent les miettes qui tombent de la table de leurs maîtres.
28 Alors Jésus lui dit: Femme, ta foi est grande; qu’il te soit fait comme tu veux. Et, à l’heure même, sa fille fut guérie.
29 Jésus quitta ces lieux, et vint près de la mer de Galilée. Étant monté sur la montagne, il s’y assit.
30 Alors s’approcha de lui une grande foule, ayant avec elle des boiteux, des aveugles, des muets, des estropiés, et beaucoup d’autres malades. On les mit à ses pieds, et il les guérit;
31 en sorte que la foule était dans l’admiration de voir que les muets parlaient, que les estropiés étaient guéris, que les boiteux marchaient, que les aveugles voyaient; et elle glorifiait le Dieu d’Israël.
32 Jésus, ayant appelé ses disciples, dit: Je suis ému de compassion pour cette foule; car voilà trois jours qu’ils sont près de moi, et ils n’ont rien à manger. Je ne veux pas les renvoyer à jeun, de peur que les forces ne leur manquent en chemin.
33 Les disciples lui dirent: Comment nous procurer dans ce lieu désert assez de pains pour rassasier une si grande foule?
34 Jésus leur demanda: Combien avez-vous de pains? Sept, répondirent-ils, et quelques petits poissons.
35 Alors il fit asseoir la foule par terre,
36 prit les sept pains et les poissons, et, après avoir rendu grâces, il les rompit et les donna à ses disciples, qui les distribuèrent à la foule.
37 Tous mangèrent et furent rassasiés, et l’on emporta sept corbeilles pleines des morceaux qui restaient.
38 Ceux qui avaient mangé étaient quatre mille hommes, sans les femmes et les enfants.
39 Ensuite, il renvoya la foule, monta dans la barque, et se rendit dans la contrée de Magadan.

Louis Segond {LSG}

Matthew 15     

1 Then came to Jesus scribes and Pharisees, which were of Jerusalem, saying,
Why do thy disciples transgress the tradition of the elders? for they wash not their hands when they eat bread.
But he answered and said unto them, Why do ye also transgress the commandment of God by your tradition?
For God commanded, saying, Honour thy father and mother: and, He that curseth father or mother, let him die the death.
But ye say, Whosoever shall say to his father or his mother, It is a gift, by whatsoever thou mightest be profited by me;
And honour not his father or his mother, he shall be free. Thus have ye made the commandment of God of none effect by your tradition.
Ye hypocrites, well did Esaias prophesy of you, saying,
This people draweth nigh unto me with their mouth, and honoureth me with their lips; but their heart is far from me.
But in vain they do worship me, teaching for doctrines the commandments of men.
10 And he called the multitude, and said unto them, Hear, and understand:
11 Not that which goeth into the mouth defileth a man; but that which cometh out of the mouth, this defileth a man.
12 Then came his disciples, and said unto him, Knowest thou that the Pharisees were offended, after they heard this saying?
13 But he answered and said, Every plant, which my heavenly Father hath not planted, shall be rooted up.
14 Let them alone: they be blind leaders of the blind. And if the blind lead the blind, both shall fall into the ditch.
15 Then answered Peter and said unto him, Declare unto us this parable.
16 And Jesus said, Are ye also yet without understanding?
17 Do not ye yet understand, that whatsoever entereth in at the mouth goeth into the belly, and is cast out into the draught?
18 But those things which proceed out of the mouth come forth from the heart; and they defile the man.
19 For out of the heart proceed evil thoughts, murders, adulteries, fornications, thefts, false witness, blasphemies:
20 These are the things which defile a man: but to eat with unwashen hands defileth not a man.
21 Then Jesus went thence, and departed into the coasts of Tyre and Sidon.
22 And, behold, a woman of Canaan came out of the same coasts, and cried unto him, saying, Have mercy on me, O Lord, thou son of David; my daughter is grievously vexed with a devil.
23 But he answered her not a word. And his disciples came and besought him, saying, Send her away; for she crieth after us.
24 But he answered and said, I am not sent but unto the lost sheep of the house of Israel.
25 Then came she and worshipped him, saying, Lord, help me.
26 But he answered and said, It is not meet to take the children’s bread, and to cast it to dogs.
27 And she said, Truth, Lord: yet the dogs eat of the crumbs which fall from their masters’ table.
28 Then Jesus answered and said unto her, O woman, great is thy faith: be it unto thee even as thou wilt. And her daughter was made whole from that very hour.
29 And Jesus departed from thence, and came nigh unto the sea of Galilee; and went up into a mountain, and sat down there.
30 And great multitudes came unto him, having with them those that were lame, blind, dumb, maimed, and many others, and cast them down at Jesus’ feet; and he healed them:
31 Insomuch that the multitude wondered, when they saw the dumb to speak, the maimed to be whole, the lame to walk, and the blind to see: and they glorified the God of Israel.
32 Then Jesus called his disciples unto him, and said, I have compassion on the multitude, because they continue with me now three days, and have nothing to eat: and I will not send them away fasting, lest they faint in the way.
33 And his disciples say unto him, Whence should we have so much bread in the wilderness, as to fill so great a multitude?
34 And Jesus saith unto them, How many loaves have ye? And they said, Seven, and a few little fishes.
35 And he commanded the multitude to sit down on the ground.
36 And he took the seven loaves and the fishes, and gave thanks, and brake them, and gave to his disciples, and the disciples to the multitude.
37 And they did all eat, and were filled: and they took up of the broken meat that was left seven baskets full.
38 And they that did eat were four thousand men, beside women and children.
39 And he sent away the multitude, and took ship, and came into the coasts of Magdala.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}