Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 2                 

Se konsa, mwen pran desizyon pou m’ pa vin lakay nou pou m’ pa fè nou lapenn ankò.
Si pou m’ ta fè nou lapenn, ki moun ki pou ta fè kè m’ kontan ankò? Eske se ta moun mwen ta fè lapenn yo?
Se poutèt sa, mwen ekri nou jan m’ te fè l’ la: mwen pa t’ vle pou lè m’ rive lakay nou, moun ki pou ta fè kè m’ kontan yo, se yo menm ki pou ta fè m’ lapenn. Paske, mwen gen fèm konviksyon sa a, lè m’ kontan, nou tout nou kontan tou.
Wi. Lè sa a, kè m’ te boulvèse anpil, kè m’ te sere, se ak dlo nan je mwen te ekri nou. Mwen pa t’ fè sa pou fè nou lapenn non. Se vle mwen te vle fè nou konnen jan m’ renmen nou anpil.
 Si yon moun fè yon lòt lapenn, se pa mwen li fè lapenn, men se nou tout, moun Korent, li fè lapenn. Pou m’ pa al twò lwen, pito m’ di se kèk nan nou li fè lapenn.
Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.
Koulye a se pou nou padonnen l’, se pou nou ba li ankourajman pito, pou yon twò gwo lapenn pa kraze l’ nèt.
Se poutèt sa, m’ap mande nou pou nou aji avè l’ yon jan pou fè l’ wè jan nou renmen li.
Se pou sa menm mwen te ekri nou: mwen te vle sonde nou pou m’ te konnen si nou toujou soti pou nou koute tou sa m’ di nou.
10 Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, pou di vre, mwen pa gen anyen pou m’ padonnen non, men, lè m’ fè sa, mwen fè l’ pou nou devan Kris la,
11 pou pa bay Satan okenn avantaj sou nou. Paske nou konnen byen pwòp sa Satan gen nan tèt li.
12  Lè mwen te lavil Twoas pou m’ te anonse Bon Nouvèl ki pale sou Kris la, Seyè a te ban m’ yon bèl okazyon pou m’ te travay la.
13 Men, kè m’ te sere anpil, paske mwen pa t’ jwenn Tit, frè nou an. Se poutèt sa mwen di moun Twoas yo orevwa, epi m’ pati pou Masedwan.
14 Ann di Bondye mèsi! Paske l’ap toujou mennen nou ansanm ak Kris la pou fete batay li genyen an. Li pran nou, li sèvi ak nou tankou yon odè k’ap gaye bon sant li toupatou, pou n’ ka fè tout moun konnen Kris la.
15 Nou tankou yon bon lansan Kris la ap boule pou Bondye. Sant li rive nan men tout moun, kit y’ap sove, kit y’ap peri.
16 Pou moun k’ap peri yo, se yon sant lanmò k’ap touye yo. Men, pou moun k’ap sove yo, se yon sant lavi k’ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?
17 Nou pa tankou anpil moun k’ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k’ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 2           

1 Je résolus donc en moi-même de ne pas retourner chez vous dans la tristesse.
Car si je vous attriste, qui peut me réjouir, sinon celui qui est attristé par moi?
J’ai écrit comme je l’ai fait pour ne pas éprouver, à mon arrivée, de la tristesse de la part de ceux qui devaient me donner de la joie, ayant en vous tous cette confiance que ma joie est la vôtre à tous.
C’est dans une grande affliction, le coeur angoissé, et avec beaucoup de larmes, que je vous ai écrit, non pas afin que vous fussiez attristés, mais afin que vous connussiez l’amour extrême que j’ai pour vous.
Si quelqu’un a été une cause de tristesse, ce n’est pas moi qu’il a attristé, c’est vous tous, du moins en partie, pour ne rien exagérer.
Il suffit pour cet homme du châtiment qui lui a été infligé par le plus grand nombre,
en sorte que vous devez bien plutôt lui pardonner et le consoler, de peur qu’il ne soit accablé par une tristesse excessive.
Je vous exhorte donc à faire acte de charité envers lui;
car je vous ai écrit aussi dans le but de connaître, en vous mettant à l’épreuve, si vous êtes obéissants en toutes choses.
10 Or, à qui vous pardonnez, je pardonne aussi; et ce que j’ai pardonné, si j’ai pardonné quelque chose, c’est à cause de vous, en présence de Christ,
11 afin de ne pas laisser à Satan l’avantage sur nous, car nous n’ignorons pas ses desseins.
12 Au reste, lorsque je fus arrivé à Troas pour l’Évangile de Christ, quoique le Seigneur m’y eût ouvert une porte, je n’eus point de repos d’esprit, parce que je ne trouvai pas Tite, mon frère;
13 c’est pourquoi, ayant pris congé d’eux, je partis pour la Macédoine.
14 Grâces soient rendues à Dieu, qui nous fait toujours triompher en Christ, et qui répand par nous en tout lieu l’odeur de sa connaissance!
15 Nous sommes, en effet, pour Dieu la bonne odeur de Christ, parmi ceux qui sont sauvés et parmi ceux qui périssent:
16 aux uns, une odeur de mort, donnant la mort; aux autres, une odeur de vie, donnant la vie. -Et qui est suffisant pour ces choses? –
17 Car nous ne falsifions point la parole de Dieu, comme font plusieurs; mais c’est avec sincérité, mais c’est de la part de Dieu, que nous parlons en Christ devant Dieu.

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 2        

1 But I determined this with myself, that I would not come again to you in heaviness.
For if I make you sorry, who is he then that maketh me glad, but the same which is made sorry by me?
And I wrote this same unto you, lest, when I came, I should have sorrow from them of whom I ought to rejoice; having confidence in you all, that my joy is the joy of you all.
For out of much affliction and anguish of heart I wrote unto you with many tears; not that ye should be grieved, but that ye might know the love which I have more abundantly unto you.
But if any have caused grief, he hath not grieved me, but in part: that I may not overcharge you all.
Sufficient to such a man is this punishment, which was inflicted of many.
So that contrariwise ye ought rather to forgive him, and comfort him, lest perhaps such a one should be swallowed up with overmuch sorrow.
Wherefore I beseech you that ye would confirm your love toward him.
For to this end also did I write, that I might know the proof of you, whether ye be obedient in all things.
10 To whom ye forgive any thing, I forgive also: for if I forgave any thing, to whom I forgave it, for your sakes forgave I it in the person of Christ;
11 Lest Satan should get an advantage of us: for we are not ignorant of his devices.
12 Furthermore, when I came to Troas to preach Christ’s gospel, and a door was opened unto me of the Lord,
13 I had no rest in my spirit, because I found not Titus my brother: but taking my leave of them, I went from thence into Macedonia.
14 Now thanks be unto God, which always causeth us to triumph in Christ, and maketh manifest the savour of his knowledge by us in every place.
15 For we are unto God a sweet savour of Christ, in them that are saved, and in them that perish:
16 To the one we are the savour of death unto death; and to the other the savour of life unto life. And who is sufficient for these things?
17 For we are not as many, which corrupt the word of God: but as of sincerity, but as of God, in the sight of God speak we in Christ.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}