Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 33

1 Jakòb leve je l’ gade, li wè Ezaou ki t’ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l’ yo, li bay Rachèl pa l’ yo, li bay de sèvant yo pa yo.
Li mete de sèvant yo devan nèt ak pitit yo, Leya ak pitit li yo nan mitan, Rachèl ak Jozèf dèyè nèt.
Li menm, li pran mache devan yo tout. Li bese tèt li jouk atè pandan sèt fwa, jouk li rive toupre Ezaou, frè li a.
Ezaou menm kouri al kontre l’, li pase bra l’ nan kou l’, li bat do l’, li bo li. Epi yo tout de yo pran kriye.
 Lè Ezaou voye je l’ gade, li wè medam yo ak timoun yo. Li di: -Ki moun sa yo ki avè ou la a? Jakòb reponn li: -tout se pitit Seyè a bay nèg pa ou la.
Lè sa a, sèvant yo pwoche ak timoun yo, yo bese tèt yo jouk atè devan Ezaou.
Apre sa, Leya pwoche ak timoun pa l’ yo, yo bese tèt yo tout devan li. Andènye nèt, Jozèf ak Rachèl pwoche, yo bese tèt yo tout devan li.
Ezaou mande l’: -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m’ te ka fè kè ou kontan.
Ezaou di l’: -Frè mwen, mwen gen tout sa m’ bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou.
10 Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m’ tout bon, tanpri, asepte kado m’ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m’ te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m’ byen.
11 Tanpri, asepte kado m’ap ba ou yo, paske Bondye te beni m’ anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte.
12 Li di: -Bon. Ann pati. Ann ale. M’ap pran devan ou.
13 Men Jakòb reponn li: -Mèt mwen, ou konnen jan timoun yo fèb. Epi, fòk mwen pa bliye fenmèl mouton ak manman bèf yo ki nouris. Si m’ fè yo mache twòp yon sèl jou, se kont pou yo tout mouri.
14 Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan nèg pa ou la, mwen menm m’ap vin dèyè ti pa ti pa, jan bèt yo ak timoun yo ka mache, jouk m’a rive lakay ou nan peyi Seyi.
15 Ezaou di l’: -Bon. m’a kite kèk moun nan moun pa m’ yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay.
16  Menm jou a, Ezaou pati tounen nan peyi Seyi.
17 Jakòb menm pati pou Soukòt. Lè li rive la, li bati yon kay pou li ak yon pak pou bèt li yo. Se sak fè yo rele kote sa a Soukòt.
18 Lè Jakòb tounen soti Mezopotami, li rive anbyen lavil Sichèm, nan peyi Kanaran. Li moute tant li sou moso tè ki anfas lavil la.
19 Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san (100) pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm.
20 Jakòb bati yon lotèl la tou. Li rele l’: Bondye se Bondye Izrayèl la.
Kreyol / Français / English

Genèse 33

1 Jacob leva les yeux, et regarda; et voici, Ésaü arrivait, avec quatre cents hommes. Il répartit les enfants entre Léa, Rachel, et les deux servantes.
Il plaça en tête les servantes avec leurs enfants, puis Léa avec ses enfants, et enfin Rachel avec Joseph.
Lui-même passa devant eux; et il se prosterna en terre sept fois, jusqu’à ce qu’il fût près de son frère.
Ésaü courut à sa rencontre; il l’embrassa, se jeta à son cou, et le baisa. Et ils pleurèrent.
Ésaü, levant les yeux, vit les femmes et les enfants, et il dit: Qui sont ceux que tu as là? Et Jacob répondit: Ce sont les enfants que Dieu a accordés à ton serviteur.
Les servantes s’approchèrent, elles et leurs enfants, et se prosternèrent;
Léa et ses enfants s’approchèrent aussi, et se prosternèrent; ensuite Joseph et Rachel s’approchèrent, et se prosternèrent.
Ésaü dit: A quoi destines-tu tout ce camp que j’ai rencontré? Et Jacob répondit: A trouver grâce aux yeux de mon seigneur.
Ésaü dit: Je suis dans l’abondance, mon frère; garde ce qui est à toi.
10 Et Jacob répondit: Non, je te prie, si j’ai trouvé grâce à tes yeux, accepte de ma main mon présent; car c’est pour cela que j’ai regardé ta face comme on regarde la face de Dieu, et tu m’as accueilli favorablement.
11 Accepte donc mon présent qui t’a été offert, puisque Dieu m’a comblé de grâces, et que je ne manque de rien. Il insista auprès de lui, et Ésaü accepta.
12 Ésaü dit: Partons, mettons-nous en route; j’irai devant toi.
13 Jacob lui répondit: Mon seigneur sait que les enfants sont délicats, et que j’ai des brebis et des vaches qui allaitent; si l’on forçait leur marche un seul jour, tout le troupeau périrait.
14 Que mon seigneur prenne les devants sur son serviteur; et moi, je suivrai lentement, au pas du troupeau qui me précédera, et au pas des enfants, jusqu’à ce que j’arrive chez mon seigneur, à Séir.
15 Ésaü dit: Je veux au moins laisser avec toi une partie de mes gens. Et Jacob répondit: Pourquoi cela? Que je trouve seulement grâce aux yeux de mon seigneur!
16 Le même jour, Ésaü reprit le chemin de Séir.
17 Jacob partit pour Succoth. Il bâtit une maison pour lui, et il fit des cabanes pour ses troupeaux. C’est pourquoi l’on a appelé ce lieu de nom de Succoth.
18 A son retour de Paddan Aram, Jacob arriva heureusement à la ville de Sichem, dans le pays de Canaan, et il campa devant la ville.
19 Il acheta la portion du champ où il avait dressé sa tente, des fils d’Hamor, père de Sichem, pour cent kesita.
20 Et là, il éleva un autel, qu’il appela El Élohé Israël.
Kreyol / Français / English

Genesis 33

1 And Jacob lifted up his eyes, and looked, and, behold, Esau came, and with him four hundred men. And he divided the children unto Leah, and unto Rachel, and unto the two handmaids.
And he put the handmaids and their children foremost, and Leah and her children after, and Rachel and Joseph hindermost.
And he passed over before them, and bowed himself to the ground seven times, until he came near to his brother.
And Esau ran to meet him, and embraced him, and fell on his neck, and kissed him: and they wept.
And he lifted up his eyes, and saw the women and the children; and said, Who are those with thee? And he said, The children which God hath graciously given thy servant.
Then the handmaidens came near, they and their children, and they bowed themselves.
And Leah also with her children came near, and bowed themselves: and after came Joseph near and Rachel, and they bowed themselves.
And he said, What meanest thou by all this drove which I met? And he said, These are to find grace in the sight of my lord.
And Esau said, I have enough, my brother; keep that thou hast unto thyself.
10 And Jacob said, Nay, I pray thee, if now I have found grace in thy sight, then receive my present at my hand: for therefore I have seen thy face, as though I had seen the face of God, and thou wast pleased with me.
11 Take, I pray thee, my blessing that is brought to thee; because God hath dealt graciously with me, and because I have enough. And he urged him, and he took it.
12 And he said, Let us take our journey, and let us go, and I will go before thee.
13 And he said unto him, My lord knoweth that the children are tender, and the flocks and herds with young are with me: and if men should overdrive them one day, all the flock will die.
14 Let my lord, I pray thee, pass over before his servant: and I will lead on softly, according as the cattle that goeth before me and the children be able to endure, until I come unto my lord unto Seir.
15 And Esau said, Let me now leave with thee some of the folk that are with me. And he said, What needeth it? let me find grace in the sight of my lord.
16 So Esau returned that day on his way unto Seir.
17 And Jacob journeyed to Succoth, and built him an house, and made booths for his cattle: therefore the name of the place is called Succoth.
18 And Jacob came to Shalem, a city of Shechem, which is in the land of Canaan, when he came from Padanaram; and pitched his tent before the city.
19 And he bought a parcel of a field, where he had spread his tent, at the hand of the children of Hamor, Shechem’s father, for an hundred pieces of money.
20 And he erected there an altar, and called it EleloheIsrael.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}