Liv Tit / Tite / Titus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Tit 1

Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m’ pou m’ ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m’ fè yo konnen verite a jan n’ap viv li nan sèvis Bondye,
pou yo ka gen espwa resevwa lavi ki p’ap janm fini an. Bondye pa janm manti, li te pwòmèt lavi sa a depi lontan anvan li te kreye tout bagay.
Lè lè li te fikse a rive, li fè nou konnen lavi sa a ak pawòl li, nan mesaj li te renmèt mwen pou m’ fè konnen, dapre lòd Bondye, Sovè nou an, te ban mwen.
M’ap ekri ou lèt sa a, Tit, pitit lejitim mwen nan konfyans nou gen ansanm lan. Mwen mande Bondye Papa a ansanm ak Jezikri, Sovè nou an, pou yo ba ou benediksyon ak kè poze.
 Mwen te kite ou nan lil Krèt pou ou te kapab òganize tou sa ki pa t’ ankò fin regle. Ou te gen pou ou te mete yon gwoup ansyen alatèt legliz la nan chak vil. Chonje sa m’ te di ou:
 Yon ansyen, se yon moun ki pou san repwòch, ki gen yon sèl madanm. Se pou pitit li yo gen konfyans nan Bondye. Tout moun fèt pou konnen yo pou timoun ki pa nan dezòd, ki pa dezobeyisan.
Paske, yon moun k’ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l’ brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.
Men, se pou l’ konn resevwa moun lakay li. Se pou l’ renmen sa ki byen, se pou li konn kenbe tèt li anplas, se pou li san patipri. Se pou l’ viv apa pou Bondye, pou li konn kontwole tèt li.
Se pou l’ kenbe mesaj verite a byen fèm, jan Kris la te bay li a, pou l’ ka ankouraje lòt yo ak pawòl verite a, pou li ka demanti moun k’ap vire pawòl la lanvè.
10 Paske, gen moun ki rebèl, k’ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo.
11 Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y’ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon.
12 Se yon moun Krèt, yonn nan pwofèt pa yo menm ki di konsa: Moun Krèt toujou ap bay manti. Se yon bann bèt sovaj, yo parese konsa. Lide yo sou manje ase.
13 Sa li di a, se vre wi. Se poutèt sa, pale sevè ak yo pou yo ka sensè nan konfyans yo,
14 pou yo pa swiv vye istwa jwif yo fè, ni kòmandman ki soti nan moun ki vire do bay verite a.
15 Pou yon moun k’ap fè volonte Bondye, tout bagay bon. Men, anyen pa bon pou moun k’ap fè sa ki mal, pou moun ki pa gen konfyans nan Bondye, paske lespri yo ak konsyans yo fin pran nan sa ki mal.
16 Y’ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y’ap fè a demanti yo. Yo bay degoutans, yo rebèl, yo pa ka fè anyen ki bon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Tite 1                    

1 Paul, serviteur de Dieu, et apôtre de Jésus Christ pour la foi des élus de Dieu et la connaissance de la vérité qui est selon la piété, –
lesquelles reposent sur l’espérance de la vie éternelle, promise dès les plus anciens temps par le Dieu qui ne ment point,
et qui a manifesté sa parole en son temps par la prédication qui m’a été confiée d’après l’ordre de Dieu notre Sauveur, –
à Tite, mon enfant légitime en notre commune foi: que la grâce et la paix te soient données de la part de Dieu le Père et de Jésus Christ notre Sauveur!
Je t’ai laissé en Crète, afin que tu mettes en ordre ce qui reste à régler, et que, selon mes instructions, tu établisses des anciens dans chaque ville,
s’il s’y trouve quelque homme irréprochable, mari d’une seul femme, ayant des enfants fidèles, qui ne soient ni accusés de débauche ni rebelles.
Car il faut que l’évêque soit irréprochable, comme économe de Dieu; qu’il ne soit ni arrogant, ni colère, ni adonné au vin, ni violent, ni porté à un gain déshonnête;
mais qu’il soit hospitalier, ami des gens de bien, modéré, juste, saint, tempérant,
attaché à la vraie parole telle qu’elle a été enseignée, afin d’être capable d’exhorter selon la saine doctrine et de réfuter les contradicteurs.
10 Il y a, en effet, surtout parmi les circoncis, beaucoup de gens rebelles, de vains discoureurs et de séducteurs,
11 auxquels il faut fermer la bouche. Ils bouleversent des familles entières, enseignant pour un gain honteux ce qu’on ne doit pas enseigner.
12 L’un d’entre eux, leur propre prophète, a dit: Crétois toujours menteurs, méchantes bêtes, ventres paresseux.
13 Ce témoignage est vrai. C’est pourquoi reprends-les sévèrement, afin qu’ils aient une foi saine,
14 et qu’ils ne s’attachent pas à des fables judaïques et à des commandements d’hommes qui se détournent de la vérité.
15 Tout est pur pour ceux qui sont purs; mais rien n’est pur pour ceux qui sont souillées et incrédules, leur intelligence et leur conscience sont souillés.
16 Ils font profession de connaître Dieu, mais ils le renient par leurs oeuvres, étant abominables, rebelles, et incapables d’aucune bonne oeuvre.

Louis Segond {LSG}

Titus 1        

1 Paul, a servant of God, and an apostle of Jesus Christ, according to the faith of God’s elect, and the acknowledging of the truth which is after godliness;
In hope of eternal life, which God, that cannot lie, promised before the world began;
But hath in due times manifested his word through preaching, which is committed unto me according to the commandment of God our Saviour;
To Titus, mine own son after the common faith: Grace, mercy, and peace, from God the Father and the Lord Jesus Christ our Saviour.
For this cause left I thee in Crete, that thou shouldest set in order the things that are wanting, and ordain elders in every city, as I had appointed thee:
If any be blameless, the husband of one wife, having faithful children not accused of riot or unruly.
For a bishop must be blameless, as the steward of God; not selfwilled, not soon angry, not given to wine, no striker, not given to filthy lucre;
But a lover of hospitality, a lover of good men, sober, just, holy, temperate;
Holding fast the faithful word as he hath been taught, that he may be able by sound doctrine both to exhort and to convince the gainsayers.
10 For there are many unruly and vain talkers and deceivers, specially they of the circumcision:
11 Whose mouths must be stopped, who subvert whole houses, teaching things which they ought not, for filthy lucre’s sake.
12 One of themselves, even a prophet of their own, said, the Cretians are alway liars, evil beasts, slow bellies.
13 This witness is true. Wherefore rebuke them sharply, that they may be sound in the faith;
14 Not giving heed to Jewish fables, and commandments of men, that turn from the truth.
15 Unto the pure all things are pure: but unto them that are defiled and unbelieving is nothing pure; but even their mind and conscience is defiled.
16 They profess that they know God; but in works they deny him, being abominable, and disobedient, and unto every good work reprobate.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}