Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 64  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.  Bondye, tande non lè m’ap plenn! Pwoteje m’ kont lènmi m’ k’ap fè m’ pè yo.
 Pwoteje m’ anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.
 Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki soti nan bouch yo se pwazon.
 Yo rete kache, y’ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.
 Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y’ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y’ap plede di: Ki moun k’ap wè nou?
 Y’ap fè move plan, y’ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.
 Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.
 Se lang yo k’ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.
 Lè sa a, tout moun pral pè, y’a mache fè konnen sa Bondye fè. Y’a egzaminen tou sa li fè.
10  Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Seyè a fè. Y’a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l’ la va fè lwanj li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 64

1 Au chef des chantres. Psaume de David. O Dieu, écoute ma voix, quand je gémis! Protège ma vie contre l’ennemi que je crains!
 Garantis-moi des complots des méchants, De la troupe bruyante des hommes iniques!
 Ils aiguisent leur langue comme un glaive, Ils lancent comme des traits leurs paroles amères,
 Pour tirer en cachette sur l’innocent; Ils tirent sur lui à l’improviste, et n’ont aucune crainte.
 Ils se fortifient dans leur méchanceté: Ils se concertent pour tendre des pièges, Ils disent: Qui les verra?
 Ils méditent des crimes: Nous voici prêts, le plan est conçu! La pensée intime, le coeur de chacun est un abîme.
 Dieu lance contre eux ses traits: Soudain les voilà frappés.
 Leur langue a causé leur chute; Tous ceux qui les voient secouent la tête.
 Tous les hommes sont saisis de crainte, Ils publient ce que Dieu fait, Et prennent garde à son oeuvre.
10  Le juste se réjouit en l’Éternel et cherche en lui son refuge, Tous ceux qui ont le coeur droit se glorifient.
Louis Segond {LSG}

Psalm 64 

1 Hear my voice, O God, in my prayer: preserve my life from fear of the enemy.
Hide me from the secret counsel of the wicked; from the insurrection of the workers of iniquity:
Who whet their tongue like a sword, and bend their bows to shoot their arrows, even bitter words:
That they may shoot in secret at the perfect: suddenly do they shoot at him, and fear not.
They encourage themselves in an evil matter: they commune of laying snares privily; they say, Who shall see them?
They search out iniquities; they accomplish a diligent search: both the inward thought of every one of them, and the heart, is deep.
But God shall shoot at them with an arrow; suddenly shall they be wounded.
So they shall make their own tongue to fall upon themselves: all that see them shall flee away.
And all men shall fear, and shall declare the work of God; for they shall wisely consider of his doing.
10 The righteous shall be glad in the Lord, and shall trust in him; and all the upright in heart shall glory.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}