Liv Jid / Jude / Jude

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jid 1          

1 Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m’ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k’ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba proteksyon Jezikri.
Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.
 Zanmi m’ yo, mwen pa t’ manke anvi ekri nou pou m’ te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m’ blije ekri nou koulye a pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l’ yo.
Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k’ap tann moun sa yo.
Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pròp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pa t’ kwè yo.
Chonje tou ki jan zanj ki pa t’ rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l’ te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p’ap janm kase. Se la y’ap tann gwo jou jijman an.
Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinaj yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou peni yo, yo lage yo nan dife k’ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.
 Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y’ap plede fè yo, y’ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y’ap meprize otorite Bondye, y’ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.
Menm Akanj Michèl, lè li t’ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pa t’ penmèt li jije dyab la yon jan pou l’ te manke l’ dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou.
10 Yo menm, okontrè, yo pale mal sou sa yo pa konprann. Bagay yo konnen se bagay ensten yo moutre yo tankou bèt ki san konprann. Se bagay sa yo menm k’ap pèdi yo.
11 Malè pou yo! Y’ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y’a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.
12 Moun sa yo, se gate yo vin gate manje n’ap fè pou frè yo. Yo san ront konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun; se pròp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nwaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt.
13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y’ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.
14 Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l’ te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.
15  L’ap jije tout moun; l’ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l’ap kondannen yo pou tout move paròl yo te di sou li.
16 Moun sa yo toujou ap bougonnen, y’ap plede plengnen sou sitiyasyon yo. Se enterè yo ase y’ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y’ap vante tèt yo. Y’ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
17 Men, nou menm, zanmi m’ yo, toujou chonje paròl apòt Segnè Jezikri yo te di nou davans lan.
18 Yo te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k’ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k’ap pase nou anba betiz, moun k’ap viv dapre vye lide lanvi yo gengnen.
19 Se moun sa yo k’ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè dominen yo. Se pa Lespri Bondye a k’ap dirije lavi yo.
20 Men, nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k’ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete.
21 Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n’ap tann Segnè nou, Jezikri, k’ap vin ban nou lavi ki p’ap fini an paske li gen pitye pou nou.
22 Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou.
23 Lonje men delivre yo, rache yo soti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y’ap mennen an.
24 Koulye a tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repròch ak kè kontan devan l’ nan tout bèl pouvwa li.
25 Li menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Segnè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, koulye a ak pou tout tan. Amèn.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jude  1                        

1 Jude, serviteur de Jésus Christ, et frère de Jacques, à ceux qui ont été appelés, qui sont aimés en Dieu le Père, et gardés pour Jésus Christ:
que la miséricorde, la paix et la charité vous soient multipliées!
Bien aimés, comme je désirais vivement vous écrire au sujet de notre salut commun, je me suis senti obligé de le faire afin de vous exhorter à combattre pour la foi qui a été transmise aux saints une fois pour toutes.
Car il s’est glissé parmi vous certains hommes, dont la condamnation est écrite depuis longtemps, des impies, qui changent la grâce de notre Dieu en dissolution, et qui renient notre seul maître et Seigneur Jésus Christ.
Je veux vous rappeler, à vous qui savez fort bien toutes ces choses, que le Seigneur, après avoir sauvé le peuple et l’avoir tiré du pays d’Égypte, fit ensuite périr les incrédules;
qu’il a réservé pour le jugement du grand jour, enchaînés éternellement par les ténèbres, les anges qui n’ont pas gardé leur dignité, mais qui ont abandonné leur propre demeure;
que Sodome et Gomorrhe et les villes voisines, qui se livrèrent comme eux à l’impudicité et à des vices contre nature, sont données en exemple, subissant la peine d’un feu éternel.
Malgré cela, ces hommes aussi, entraînés par leurs rêveries, souillent pareillement leur chair, méprisent l’autorité et injurient les gloires.
Or, l’archange Michel, lorsqu’il contestait avec le diable et lui disputait le corps de Moïse, n’osa pas porter contre lui un jugement injurieux, mais il dit: Que le Seigneur te réprime!
10 Eux, au contraire, ils parlent d’une manière injurieuse de ce qu’ils ignorent, et ils se corrompent dans ce qu’ils savent naturellement comme les brutes.
11 Malheur à eux! car ils ont suivi la voie de Caïn, ils se sont jetés pour un salaire dans l’égarement de Balaam, ils se sont perdus par la révolte de Coré.
12 Ce sont des écueils dans vos agapes, faisant impudemment bonne chère, se repaissant eux-mêmes. Ce sont des nuées sans eau, poussées par les vents; des arbres d’automne sans fruits, deux fois morts, déracinés;
13 des vagues furieuses de la mer, rejetant l’écume de leurs impuretés; des astres errants, auxquels l’obscurité des ténèbres est réservée pour l’éternité.
14 C’est aussi pour eux qu’Énoch, le septième depuis Adam, a prophétisé en ces termes: Voici, le Seigneur est venu avec ses saintes myriades,
15 pour exercer un jugement contre tous, et pour faire rendre compte à tous les impies parmi eux de tous les actes d’impiété qu’ils ont commis et de toutes les paroles injurieuses qu’ont proférées contre lui des pécheurs impies.
16 Ce sont des gens qui murmurent, qui se plaignent de leur sort, qui marchent selon leurs convoitises, qui ont à la bouche des paroles hautaines, qui admirent les personnes par motif d’intérêt.
17 Mais vous, bien-aimés, souvenez-vous des choses annoncées d’avance par les apôtres de notre Seigneur Jésus Christ.
18 Ils vous disaient qu’au dernier temps il y aurait des moqueurs, marchant selon leurs convoitises impies;
19 ce sont ceux qui provoquent des divisions, hommes sensuels, n’ayant pas l’esprit.
20 Pour vous, bien-aimés, vous édifiant vous-mêmes sur votre très sainte foi, et priant par le Saint Esprit,
21 maintenez-vous dans l’amour de Dieu, en attendant la miséricorde de notre Seigneur Jésus Christ pour la vie éternelle.
22 Reprenez les uns, ceux qui contestent;
23 sauvez-en d’autres en les arrachant du feu; et pour d’autres encore, ayez une pitié mêlée de crainte, haïssant jusqu’à la tunique souillée par la chair.
24 Or, à celui qui peut vous préserver de toute chute et vous faire paraître devant sa gloire irrépréhensibles et dans l’allégresse,
25 à Dieu seul, notre Sauveur, par Jésus Christ notre Seigneur, soient gloire, majesté, force et puissance, dès avant tous les temps, et maintenant, et dans tous les siècles! Amen!

Louis Segond {LSG}

Jude 1              

Jude, the servant of Jesus Christ, and brother of James, to them that are sanctified by God the Father, and preserved in Jesus Christ, and called:
Mercy unto you, and peace, and love, be multiplied.
Beloved, when I gave all diligence to write unto you of the common salvation, it was needful for me to write unto you, and exhort you that ye should earnestly contend for the faith which was once delivered unto the saints.
For there are certain men crept in unawares, who were before of old ordained to this condemnation, ungodly men, turning the grace of our God into lasciviousness, and denying the only Lord God, and our Lord Jesus Christ.
I will therefore put you in remembrance, though ye once knew this, how that the Lord, having saved the people out of the land of Egypt, afterward destroyed them that believed not.
And the angels which kept not their first estate, but left their own habitation, he hath reserved in everlasting chains under darkness unto the judgment of the great day.
Even as Sodom and Gomorrha, and the cities about them in like manner, giving themselves over to fornication, and going after strange flesh, are set forth for an example, suffering the vengeance of eternal fire.
Likewise also these filthy dreamers defile the flesh, despise dominion, and speak evil of dignities.
Yet Michael the archangel, when contending with the devil he disputed about the body of Moses, durst not bring against him a railing accusation, but said, The Lord rebuke thee.
10 But these speak evil of those things which they know not: but what they know naturally, as brute beasts, in those things they corrupt themselves.
11 Woe unto them! for they have gone in the way of Cain, and ran greedily after the error of Balaam for reward, and perished in the gainsaying of Core.
12 These are spots in your feasts of charity, when they feast with you, feeding themselves without fear: clouds they are without water, carried about of winds; trees whose fruit withereth, without fruit, twice dead, plucked up by the roots;
13 Raging waves of the sea, foaming out their own shame; wandering stars, to whom is reserved the blackness of darkness for ever.
14 And Enoch also, the seventh from Adam, prophesied of these, saying, Behold, the Lord cometh with ten thousands of his saints,
15 To execute judgment upon all, and to convince all that are ungodly among them of all their ungodly deeds which they have ungodly committed, and of all their hard speeches which ungodly sinners have spoken against him.
16 These are murmurers, complainers, walking after their own lusts; and their mouth speaketh great swelling words, having men’s persons in admiration because of advantage.
17 But, beloved, remember ye the words which were spoken before of the apostles of our Lord Jesus Christ;
18 How that they told you there should be mockers in the last time, who should walk after their own ungodly lusts.
19 These be they who separate themselves, sensual, having not the Spirit.
20 But ye, beloved, building up yourselves on your most holy faith, praying in the Holy Ghost,
21 Keep yourselves in the love of God, looking for the mercy of our Lord Jesus Christ unto eternal life.
22 And of some have compassion, making a difference:
23 And others save with fear, pulling them out of the fire; hating even the garment spotted by the flesh.
24 Now unto him that is able to keep you from falling, and to present you faultless before the presence of his glory with exceeding joy,
25 To the only wise God our Saviour, be glory and majesty, dominion and power, both now and ever. Amen.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}