Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 3

1 Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l’ rete nan lavil David la jouk li fin bati palè li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fè wonn lavil Jerizalèm yo.
Yo pa t’ ankò bati yon kay pou Seyè a. Se sa ki fè pèp la t’ap touye bèt yo te ofri pou lòt bondye divès kote sou mòn yo toujou.
Salomon li menm te renmen Seyè a, li te mache dapre lòd David, papa l’, te ba li. Men li menm tou, li te touye bèt pou lòt bondye, li te ofri yo lansan sou divès lotèl sou mòn yo.
Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bèt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotèl la. Li te deja ofri mil bèt pou yo te boule nèt sou lotèl la.
 Yon jou lannwit, Seyè a parèt devan Salomon nan dòmi lavil Gabawon, li di l’ konsa: -Kisa ou ta vle m’ ba ou?
Salomon reponn: -Ou te toujou fè wè jan ou te renmen papa m’, David, sèvitè ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t’ janm vire do ba ou, li te sèvi ou ak tout kè li. Ou pa t’ janm sispann fè l’ wè jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k’ap gouvènen nan plas li jòdi a.
Seyè, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankò gen esperyans pou m’ gouvènen, ou pran m’, ou mete m’ wa a nan plas David, defen papa m’.
Men mwen alatèt pèp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pèp ki sitèlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l’.
Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m’ ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m’ konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m’a fè pou m’ gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l’?
10 Seyè a te kontan wè se sa Salomon te mande l’.
11 Li di l’ konsa: -Monchè, ou pa mande m’ pou ou viv lontan, ou pa mande m’ richès, ni ou pa mande m’ lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m’ yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri.
12 M’ap ba ou sa ou mande a, m’ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k’ap vin apre ou.
13 Lèfini, m’ap ba ou sa ou pa t’ mande tou. M’ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p’ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la.
14 Si ou fè volonte m’, si ou mache dapre lòd ak kòmandman m’ yo, tankou David, papa ou, te fè l’ la, m’ap fè ou viv lontan.
15 Lè Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avè l’ nan rèv. Li tounen lavil Jerizalèm, l’ ale devan Bwat Kontra Seyè a, li ofri bèt pou yo boule nèt, bèt pou yo touye pou di Seyè a mèsi. Apre sa, li bay yon gwo fèt pou tout moun k’ap travay nan gouvènman l’ lan.
16  Yon jou, de fanm, de jennès, vin prezante devan wa Salomon.
17 Yonn ladan yo pran lapawòl, li di: -Monwa, madanm sa a avè m’ nou rete nan menm kay. Mwen fè yon pitit gason nan kay la devan li.
18 De jou apre pitit mwen an fèt, li menm tou li akouche, li fè yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t’ gen lòt moun la ankò.
19 Pandan lannwit, antan l’ap dòmi li woule sou pitit pa l’ la, li toufe l’.
20 Li leve nan mitan lannwit lan, antan m’ap dòmi, li pran ti pitit mwen an ki te bò kote m’, li mete l’ nan kabann pa l’. Li pran ti pitit pa l’ la, li mete l’ tou mouri a nan kabann pa m’.
21 Nan maten lè m’ leve pou m’ bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lè m’ gade byen gade, mwen wè se pa t’ pitit mwen an sa.
22 Men lòt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m’ lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lè sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m’ lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t’ap fè kont devan wa a.
23 Lè sa a, wa a pran lapawòl, li di: -Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lòt la. Lòt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a.
24 Wa a voye chache yon nepe. Lè yo pote nepe a li di konsa:
25 -Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso.
26 Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: -Ou mèt koupe l’! Li p’ap ni pou ou, ni pou mwen.
27 Lè sa a Salomon di: -Pa touye pitit la. Renmèt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an.
28 Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

1 Rois  3

1 Salomon s’allia par mariage avec Pharaon, roi d’Égypte. Il prit pour femme la fille de Pharaon, et il l’amena dans la ville de David, jusqu’à ce qu’il eût achevé de bâtir sa maison, la maison de l’Éternel, et le mur d’enceinte de Jérusalem.
Le peuple ne sacrifiait que sur les hauts lieux, car jusqu’à cette époque il n’avait point été bâti de maison au nom de l’Éternel.
Salomon aimait l’Éternel, et suivait les coutumes de David, son père. Seulement c’était sur les hauts lieux qu’il offrait des sacrifices et des parfums.
Le roi se rendit à Gabaon pour y sacrifier, car c’était le principal des hauts lieux. Salomon offrit mille holocaustes sur l’autel.
A Gabaon, l’Éternel apparut en songe à Salomon pendant la nuit, et Dieu lui dit: Demande ce que tu veux que je te donne.
Salomon répondit: Tu as traité avec une grande bienveillance ton serviteur David, mon père, parce qu’il marchait en ta présence dans la fidélité, dans la justice, et dans la droiture de coeur envers toi; tu lui as conservé cette grande bienveillance, et tu lui as donné un fils qui est assis sur son trône, comme on le voit aujourd’hui.
Maintenant, Éternel mon Dieu, tu as fait régner ton serviteur à la place de David, mon père; et moi je ne suis qu’un jeune homme, je n’ai point d’expérience.
Ton serviteur est au milieu du peuple que tu as choisi, peuple immense, qui ne peut être ni compté ni nombré, à cause de sa multitude.
Accorde donc à ton serviteur un coeur intelligent pour juger ton peuple, pour discerner le bien du mal! Car qui pourrait juger ton peuple, ce peuple si nombreux?
10 Cette demande de Salomon plut au Seigneur.
11 Et Dieu lui dit: Puisque c’est là ce que tu demandes, puisque tu ne demandes pour toi ni une longue vie, ni les richesses, ni la mort de tes ennemis, et que tu demandes de l’intelligence pour exercer la justice,
12 voici, j’agirai selon ta parole. Je te donnerai un coeur sage et intelligent, de telle sorte qu’il n’y aura eu personne avant toi et qu’on ne verra jamais personne de semblable à toi.
13 Je te donnerai, en outre, ce que tu n’as pas demandé, des richesses et de la gloire, de telle sorte qu’il n’y aura pendant toute ta vie aucun roi qui soit ton pareil.
14 Et si tu marches dans mes voies, en observant mes lois et mes commandements, comme l’a fait David, ton père, je prolongerai tes jours.
15 Salomon s’éveilla. Et voilà le songe. Salomon revint à Jérusalem, et se présenta devant l’arche de l’alliance de l’Éternel. Il offrit des holocaustes et des sacrifices d’actions de grâces, et il fit un festin à tous ses serviteurs.
16 Alors deux femmes prostituées vinrent chez le roi, et se présentèrent devant lui.
17 L’une des femmes dit: Pardon! mon seigneur, moi et cette femme nous demeurions dans la même maison, et je suis accouché près d’elle dans la maison.
18 Trois jours après, cette femme est aussi accouché. Nous habitions ensemble, aucun étranger n’était avec nous dans la maison, il n’y avait que nous deux.
19 Le fils de cette femme est mort pendant la nuit, parce qu’elle s’était couchée sur lui.
20 Elle s’est levée au milieu de la nuit, elle a pris mon fils à mes côtés tandis que ta servante dormait, et elle l’a couché dans son sein; et son fils qui était mort, elle l’a couché dans mon sein.
21 Le matin, je me suis levée pour allaiter mon fils; et voici, il était mort. Je l’ai regardé attentivement le matin; et voici, ce n’était pas mon fils que j’avais enfanté.
22 L’autre femme dit: Au contraire! c’est mon fils qui est vivant, et c’est ton fils qui est mort. Mais la première répliqua: Nullement! C’est ton fils qui est mort, et c’est mon fils qui est vivant. C’est ainsi qu’elles parlèrent devant le roi.
23 Le roi dit: L’une dit: C’est mon fils qui est vivant, et c’est ton fils qui est mort; et l’autre dit: Nullement! c’est ton fils qui est mort, et c’est mon fils qui est vivant.
24 Puis il ajouta: Apportez-moi une épée. On apporta une épée devant le roi.
25 Et le roi dit: Coupez en deux l’enfant qui vit, et donnez-en la moitié à l’une et la moitié à l’autre.
26 Alors la femme dont le fils était vivant sentit ses entrailles s’émouvoir pour son fils, et elle dit au roi: Ah! mon seigneur, donnez-lui l’enfant qui vit, et ne le faites point mourir. Mais l’autre dit: Il ne sera ni à moi ni à toi; coupez-le!
27 Et le roi, prenant la parole, dit: Donnez à la première l’enfant qui vit, et ne le faites point mourir. C’est elle qui est sa mère.
28 Tout Israël apprit le jugement que le roi avait prononcé. Et l’on craignit le roi, car on vit que la sagesse de Dieu était en lui pour le diriger dans ses jugements.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 3

1 And Solomon made affinity with Pharaoh king of Egypt, and took Pharaoh’s daughter, and brought her into the city of David, until he had made an end of building his own house, and the house of the Lord, and the wall of Jerusalem round about.
Only the people sacrificed in high places, because there was no house built unto the name of the Lord, until those days.
And Solomon loved the Lord, walking in the statutes of David his father: only he sacrificed and burnt incense in high places.
And the king went to Gibeon to sacrifice there; for that was the great high place: a thousand burnt offerings did Solomon offer upon that altar.
In Gibeon the Lord appeared to Solomon in a dream by night: and God said, Ask what I shall give thee.
And Solomon said, Thou hast shewed unto thy servant David my father great mercy, according as he walked before thee in truth, and in righteousness, and in uprightness of heart with thee; and thou hast kept for him this great kindness, that thou hast given him a son to sit on his throne, as it is this day.
And now, O Lord my God, thou hast made thy servant king instead of David my father: and I am but a little child: I know not how to go out or come in.
And thy servant is in the midst of thy people which thou hast chosen, a great people, that cannot be numbered nor counted for multitude.
Give therefore thy servant an understanding heart to judge thy people, that I may discern between good and bad: for who is able to judge this thy so great a people?
10 And the speech pleased the Lord, that Solomon had asked this thing.
11 And God said unto him, Because thou hast asked this thing, and hast not asked for thyself long life; neither hast asked riches for thyself, nor hast asked the life of thine enemies; but hast asked for thyself understanding to discern judgment;
12 Behold, I have done according to thy words: lo, I have given thee a wise and an understanding heart; so that there was none like thee before thee, neither after thee shall any arise like unto thee.
13 And I have also given thee that which thou hast not asked, both riches, and honour: so that there shall not be any among the kings like unto thee all thy days.
14 And if thou wilt walk in my ways, to keep my statutes and my commandments, as thy father David did walk, then I will lengthen thy days.
15 And Solomon awoke; and, behold, it was a dream. And he came to Jerusalem, and stood before the ark of the covenant of the Lord, and offered up burnt offerings, and offered peace offerings, and made a feast to all his servants.
16 Then came there two women, that were harlots, unto the king, and stood before him.
17 And the one woman said, O my lord, I and this woman dwell in one house; and I was delivered of a child with her in the house.
18 And it came to pass the third day after that I was delivered, that this woman was delivered also: and we were together; there was no stranger with us in the house, save we two in the house.
19 And this woman’s child died in the night; because she overlaid it.
20 And she arose at midnight, and took my son from beside me, while thine handmaid slept, and laid it in her bosom, and laid her dead child in my bosom.
21 And when I rose in the morning to give my child suck, behold, it was dead: but when I had considered it in the morning, behold, it was not my son, which I did bear.
22 And the other woman said, Nay; but the living is my son, and the dead is thy son. And this said, No; but the dead is thy son, and the living is my son. Thus they spake before the king.
23 Then said the king, The one saith, This is my son that liveth, and thy son is the dead: and the other saith, Nay; but thy son is the dead, and my son is the living.
24 And the king said, Bring me a sword. And they brought a sword before the king.
25 And the king said, Divide the living child in two, and give half to the one, and half to the other.
26 Then spake the woman whose the living child was unto the king, for her bowels yearned upon her son, and she said, O my lord, give her the living child, and in no wise slay it. But the other said, Let it be neither mine nor thine, but divide it.
27 Then the king answered and said, Give her the living child, and in no wise slay it: she is the mother thereof.
28 And all Israel heard of the judgment which the king had judged; and they feared the king: for they saw that the wisdom of God was in him, to do judgment.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}