Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 33  

1 Madichon pou lènmi nou yo! Y’ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y’ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y’a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y’a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
Seyè, pitye pou nou! Se nan ou nou mete tout espwa nou! Pwoteje nou jou apre jou! Delivre nou lè nou anba tray!
Lè w’ap goumen pou nou, tande lòt nasyon yo tande bri lagè a, yo kouri met deyò, yo gaye.
Tankou krikèt nan jaden, nou kouri lage kò nou sou tou sa yo genyen, nou ranmase tout bagay pote ale.
Ala pouvwa Seyè a genyen! Li donminen sou tout bagay! L’ap fè tout moun mache dwat nan lavil Jerizalèm. Pesonn p’ap fè lenjistis sou mòn Siyon an.
Li p’ap kite anyen rive pèp la ankò. Sa k’ap toujou sove yo, se va bon konprann ak konesans Bondye ap ba yo a. Pi gwo richès yo, se krentif y’a gen pou Seyè a.
Vanyan gason ap rele anmwe. Moun yo te voye pou siyen lapè yo ap kriye ak gwo lapenn nan kè yo.
Nanpwen pesonn sou granchemen yo. Moun pa vwayaje ankò. Lènmi yo pa respekte kontra yo te siyen an, yo pa kenbe dizon yo. Y’a manke tout moun dega.
Peyi a nan lapenn, l’ap deperi. Nan peyi Liban, moun pa konn sa pou yo fè. Gwo rakbwa yo ap cheche. Bèl plenn peyi Sawon an tounen savann. Nan tout peyi Bazan ak peyi Kamèl, tout pyebwa ap pèdi fèy.
10 Seyè a pale ak lòt nasyon yo, li di yo: -Koulye a, m’ap leve kanpe, m’ap fè nou wè jan m’ gen pouvwa, jan m’ gen fòs kouraj.
11 N’ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k’ap touye tèt nou.
12 M’ap boule nou tankou yo boule wòch pou fè lacho, tankou pikan chèch yo jete nan dife.
13  Se pou tout moun, ni sa ki pre ni sa ki lwen, tande sa mwen te fè. Se pou tout moun konnen jan m’ gen pouvwa.
14 Nan lavil Siyon, moun k’ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y’ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k’ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?
15 Moun k’ap chape, se moun k’ap mache dwat yo, moun ki pa nan bay manti, moun ki pa sèvi ak pouvwa yo pou pwofite sou lòt moun, moun ki pa asepte lajan sou kote, moun ki pa dakò ak moun k’ap fè plan pou fè mechanste, moun ki pa mele ak moun k’ap fè sa ki mal.
16 Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p’ap rive l’: l’ap toujou jwenn manje pou l’ manje ak dlo pou l’ bwè.
17 Yon jou, n’a wè yon wa k’ap gouvènen nan mitan yon bann bèl bagay, nan yon gwo gwo peyi.
18 Lè sa a, n’a chonje sa ki te konn fè nou pè a. Nan kè nou, n’a mande: Kote prepoze kontribisyon yo? Kote kontwòlè mache yo? Kote moun ki t’ap mache enspekte fò yo?
19 Nou p’ap wè bann moun awogan sa yo ankò, bann moun ki soti lòt peyi, ki pale lòt lang ou pa ka menm konprann, yon lang k’ap kòche zòrèy ou.
20 Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L’ap tankou yon tant yo p’ap janm demoute, pikèt li yo p’ap janm rache, kòd li yo p’ap janm kase.
21 Se la Seyè a pral fè nou wè pouvwa li. M’ap rete bò gwo larivyè a ak gwo kannal dlo yo, men ankenn kannòt, ankenn batiman lènmi p’ap ka pase ladan yo.
22 Paske, se Seyè a menm k’ap chèf nou, se li menm k’ap gouvènen nou, se li ki wa nou, se li k’ap delivre nou.
23 Tout kòd batiman yo p’ap sèvi yo anyen. Ma yo pèdi fòs, vwal yo pa ka louvri. Y’ap piye tou sa lènmi yo te pote sou batiman yo. Ata moun enfenm pral nan piyay la tou.
24 Pesonn nan peyi a p’ap plenyen di li malad ankò. Bondye pral padonnen peche tout moun ki rete lavil Jerizalèm.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 33

Malheur à toi qui ravages, et qui n’as pas été ravagé! Qui pilles, et qu’on n’a pas encore pillé! Quand tu auras fini de ravager, tu seras ravagé; Quand tu auras achevé de piller, on te pillera.
Éternel, aie pitié de nous! Nous espérons en toi. Sois notre aide chaque matin, Et notre délivrance au temps de la détresse!
Quand ta voix retentit, Les peuples fuient; Quand tu te lèves, Les nations se dispersent.
On moissonne votre butin, Comme moissonne la sauterelle; On se précipite dessus, Comme se précipitent les sauterelles.
L’Éternel est élevé, Car il habite en haut; Il remplit Sion De droiture et de justice.
Tes jours seront en sûreté; La sagesse et l’intelligence sont une source de salut; La crainte de l’Éternel, C’est là le trésor de Sion.
Voici, les héros Poussent des cris au dehors; Les messagers de paix Pleurent amèrement.
Les routes sont désertes; On ne passe plus dans les chemins. Il a rompu l’alliance, il méprise les villes, Il n’a de respect pour personne.
Le pays est dans le deuil, dans la tristesse; Le Liban est confus, languissant; Le Saron est comme un désert; Le Basan et le Carmel secouent leur feuillage.
10 Maintenant je me lèverai, Dit l’Éternel, Maintenant je serai exalté, Maintenant je serai élevé.
11 Vous avez conçu du foin, Vous enfanterez de la paille; Votre souffle, C’est un feu qui vous consumera.
12 Les peuples seront Des fournaises de chaux, Des épines coupées Qui brûlent dans le feu.
13 Vous qui êtes loin, écoutez ce que j’ai fait! Et vous qui êtes près, sachez quelle est ma puissance!
14 Les pécheurs sont effrayés dans Sion, Un tremblement saisit les impies: Qui de nous pourra rester auprès d’un feu dévorant? Qui de nous pourra rester auprès de flammes éternelles? –
15 Celui qui marche dans la justice, Et qui parle selon la droiture, Qui méprise un gain acquis par extorsion, Qui secoue les mains pour ne pas accepter un présent, Qui ferme l’oreille pour ne pas entendre des propos sanguinaires, Et qui se bande les yeux pour ne pas voir le mal,
16 Celui-là habitera dans des lieux élevés; Des rochers fortifiés seront sa retraite; Du pain lui sera donné, De l’eau lui sera assurée.
17 Tes yeux verront le roi dans sa magnificence, Ils contempleront le pays dans toute son étendue.
18 Ton coeur se souviendra de la terreur: Où est le secrétaire, où est le trésorier? Où est celui qui inspectait les tours?
19 Tu ne verras plus le peuple audacieux, Le peuple au langage obscur qu’on n’entend pas, A la langue barbare qu’on ne comprend pas.
20 Regarde Sion, la cité de nos fêtes! Tes yeux verront Jérusalem, séjour tranquille, Tente qui ne sera plus transportée, Dont les pieux ne seront jamais enlevés, Et dont les cordages ne seront point détachés.
21 C’est là vraiment que l’Éternel est magnifique pour nous: Il nous tient lieu de fleuves, de vastes rivières, Où ne pénètrent point de navires à rames, Et que ne traverse aucun grand vaisseau.
22 Car l’Éternel est notre juge, L’Éternel est notre législateur, L’Éternel est notre roi: C’est lui qui nous sauve.
23 Tes cordages sont relâchés; Ils ne serrent plus le pied du mât et ne tendent plus les voiles. Alors on partage la dépouille d’un immense butin; Les boiteux même prennent part au pillage:
24 Aucun habitant ne dit: Je suis malade! Le peuple de Jérusalem reçoit le pardon de ses iniquités.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 33 

1 Woe to thee that spoilest, and thou wast not spoiled; and dealest treacherously, and they dealt not treacherously with thee! when thou shalt cease to spoil, thou shalt be spoiled; and when thou shalt make an end to deal treacherously, they shall deal treacherously with thee.
Lord, be gracious unto us; we have waited for thee: be thou their arm every morning, our salvation also in the time of trouble.
At the noise of the tumult the people fled; at the lifting up of thyself the nations were scattered.
And your spoil shall be gathered like the gathering of the caterpiller: as the running to and fro of locusts shall he run upon them.
The Lord is exalted; for he dwelleth on high: he hath filled Zion with judgment and righteousness.
And wisdom and knowledge shall be the stability of thy times, and strength of salvation: the fear of the Lord is his treasure.
Behold, their valiant ones shall cry without: the ambassadors of peace shall weep bitterly.
The highways lie waste, the wayfaring man ceaseth: he hath broken the covenant, he hath despised the cities, he regardeth no man.
The earth mourneth and languisheth: Lebanon is ashamed and hewn down: Sharon is like a wilderness; and Bashan and Carmel shake off their fruits.
10 Now will I rise, saith the Lord; now will I be exalted; now will I lift up myself.
11 Ye shall conceive chaff, ye shall bring forth stubble: your breath, as fire, shall devour you.
12 And the people shall be as the burnings of lime: as thorns cut up shall they be burned in the fire.
13 Hear, ye that are far off, what I have done; and, ye that are near, acknowledge my might.
14 The sinners in Zion are afraid; fearfulness hath surprised the hypocrites. Who among us shall dwell with the devouring fire? who among us shall dwell with everlasting burnings?
15 He that walketh righteously, and speaketh uprightly; he that despiseth the gain of oppressions, that shaketh his hands from holding of bribes, that stoppeth his ears from hearing of blood, and shutteth his eyes from seeing evil;
16 He shall dwell on high: his place of defence shall be the munitions of rocks: bread shall be given him; his waters shall be sure.
17 Thine eyes shall see the king in his beauty: they shall behold the land that is very far off.
18 Thine heart shall meditate terror. Where is the scribe? where is the receiver? where is he that counted the towers?
19 Thou shalt not see a fierce people, a people of a deeper speech than thou canst perceive; of a stammering tongue, that thou canst not understand.
20 Look upon Zion, the city of our solemnities: thine eyes shall see Jerusalem a quiet habitation, a tabernacle that shall not be taken down; not one of the stakes thereof shall ever be removed, neither shall any of the cords thereof be broken.
21 But there the glorious Lord will be unto us a place of broad rivers and streams; wherein shall go no galley with oars, neither shall gallant ship pass thereby.
22 For the Lord is our judge, the Lord is our lawgiver, the Lord is our king; he will save us.
23 Thy tacklings are loosed; they could not well strengthen their mast, they could not spread the sail: then is the prey of a great spoil divided; the lame take the prey.
24 And the inhabitant shall not say, I am sick: the people that dwell therein shall be forgiven their iniquity.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}