Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 141  

1 Se yon sòm David. Seyè, m’ap rele ou, prese vin kote m’ non! Panche zòrèy ou pou tande lè m’ap rele nan pye ou!
Se pou lapriyè m’ moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m’ leve men m’ pou m’ lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a.
Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k’ap soti nan bouch mwen!
Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m’ mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m’ patisipe nan fèt yo!
 Ou mèt kite yon moun ki mache dwat pini m’. Ou mèt kite yon moun k’ap sèvi ou rale zòrèy mwen. Men, pa kite m’ patisipe nan okenn fèt mechan yo. Paske, lè m’ap lapriyè, m’ap toujou denonse sa y’ap fè ki mal.
Se pou yo pran chèf mechan yo, jete yo anba nan falèz. Lè sa a, y’a rekonèt pawòl mwen se verite.
Tankou lè y’ap fann bwa pou fè l’ fè ti moso, se konsa zosman nou yo pral gaye devan bouch twou kote mò yo ye a.
Men, Seyè, Bondye, se sou ou m’ap gade. Se bò kote ou m’ap chache pwoteksyon. Tanpri, pa kite m’ san sekou!
Pa kite m’ pran nan pèlen yo tann pou mwen, nan pèlen moun k’ap fè mal yo.
10 Se pou mechan yo pran nan pèlen y’ap pare pou lòt moun, epi mwen menm, pou m’ fè chemen mwen!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 141

1 Psaume de David. Éternel, je t’invoque: viens en hâte auprès de moi! Prête l’oreille à ma voix, quand je t’invoque!
Que ma prière soit devant ta face comme l’encens, Et l’élévation de mes mains comme l’offrande du soir!
Éternel, mets une garde à ma bouche, Veille sur la porte de mes lèvres!
N’entraîne pas mon coeur à des choses mauvaises, A des actions coupables avec les hommes qui font le mal, Et que je ne prenne aucune part à leurs festins!
Que le juste me frappe, c’est une faveur; Qu’il me châtie, c’est de l’huile sur ma tête: Ma tête ne se détournera pas; Mais de nouveau ma prière s’élèvera contre leur méchanceté.
Que leurs juges soient précipités le long des rochers, Et l’on écoutera mes paroles, car elles sont agréables.
Comme quand on laboure et qu’on fend la terre, Ainsi nos os sont dispersés à l’entrée du séjour des morts.
C’est vers toi, Éternel, Seigneur! que se tournent mes yeux, C’est auprès de toi que je cherche un refuge: N’abandonne pas mon âme!
Garantis-moi du piège qu’ils me tendent, Et des embûches de ceux qui font le mal!
10 Que les méchants tombent dans leurs filets, Et que j’échappe en même temps!
Louis Segond {LSG}

Psalm 141  

1 Lord, I cry unto thee: make haste unto me; give ear unto my voice, when I cry unto thee.
Let my prayer be set forth before thee as incense; and the lifting up of my hands as the evening sacrifice.
Set a watch, O Lord, before my mouth; keep the door of my lips.
Incline not my heart to any evil thing, to practise wicked works with men that work iniquity: and let me not eat of their dainties.
Let the righteous smite me; it shall be a kindness: and let him reprove me; it shall be an excellent oil, which shall not break my head: for yet my prayer also shall be in their calamities.
When their judges are overthrown in stony places, they shall hear my words; for they are sweet.
Our bones are scattered at the grave’s mouth, as when one cutteth and cleaveth wood upon the earth.
But mine eyes are unto thee, O God the Lord: in thee is my trust; leave not my soul destitute.
Keep me from the snares which they have laid for me, and the gins of the workers of iniquity.
10 Let the wicked fall into their own nets, whilst that I withal escape.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}