Liv 1 Jan / 1 Jean / 1 John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Jan 5        

1 Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.
Nou konnen nou renmen pitit Bondye yo lè nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè.
Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye.
Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
 Jezikri se moun ki te vini an: li te vini ak dlo batèm lan ansanm ak san lanmò li a. Li pa t’ vini ak dlo a sèlman, men li te vini avèk dlo ansanm ak san. Lespri Bondye a di se vre sa, paske Lespri Bondye a se verite a menm.
Gen yo twa k’ap di Jezi se moun ki te vini an.
Se Lespri Bondye a, se dlo a ansanm ak san an. Yo touletwa yo dakò.
Nou asepte pawòl moun pou verite. Men, pawòl Bondye a pi bon toujou. Epi, sa se temwayaj Bondye bay pou Pitit li a.
10  Konsa, moun ki gen konfyans nan Pitit Bondye a, se moun ki pran pawòl Bondye a pou verite epi ki kenbe l’ nan kè yo. Men, moun ki pa gen konfyans nan Bondye, yo fè Bondye pase pou mantò, paske yo pa t’ kwè pawòl Bondye te di sou Pitit li a se verite.
11 Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p’ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.
12 Moun ki gen Pitit la, yo gen lavi sa a tou. Men, moun ki pa gen Pitit Bondye a, yo pa gen lavi sa a non plis.
13 M’ap ekri nou lèt sa a, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a pou nou ka konnen nou gen lavi ki p’ap janm fini an.
14  Se poutèt sa kè nou pa sote devan Bondye. Nou konnen l’ap koute nou si nou mande l’ kichòy ki dakò ak volonte li.
15 Konsa, non sèlman nou konnen l’ap koute nou lè nou fè l’ yon demann, men nou konnen tou l’ap ban nou sa nou mande l’ la.
16 Si yon moun wè yon frè l’ fè yon peche ki p’ap fè l’ mouri, se pou l’ lapriyè Bondye pou Bondye bay frè a lavi. Prensip sa a bon pou moun ki fè peche ki p’ap fè yo mouri. Men, gen yon kalite peche ki mennen yon moun tou dwat nan lanmò. mwen pa di pou yo lapriyè pou moun ki fè kalite peche sa yo.
17 Tou sa ou fè ki mal, se yon peche. Men, se pa tout peche k’ap mennen ou nan lanmò.
18  Nou konnen depi yon moun pitit Bondye, li p’ap kontinye ap viv nan peche toujou. Paske, Pitit Bondye a ap veye sou li, Satan pa ka fè l’ anyen.
19 Nou konnen nou se moun Bondye. Men, tou sa ki sou latè anba pouvwa Satan.
20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini, li louvri lespri nou pou nou ka konnen Bondye tout bon an. N’ap viv ansanm ak Bondye tout bon an, gremesi Pitit li, Jezikri. Se li menm ki Bondye tout bon an, se li menm ki lavi ki p’ap janm fini an.
21 Pitit mwen yo, veye kò nou ak zidòl!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Jean 5                        

Quiconque croit que Jésus est le Christ, est né de Dieu, et quiconque aime celui qui l’a engendré aime aussi celui qui est né de lui.

Nous connaissons que nous aimons les enfants de Dieu, lorsque nous aimons Dieu, et que nous pratiquons ses commandements.

Car l’amour de Dieu consiste a garder ses commandements. Et ses commandements ne sont pas pénibles,

parce que tout ce qui est né de Dieu triomphe du monde; et la victoire qui triomphe du monde, c’est notre foi.

Qui est celui qui a triomphé du monde, sinon celui qui croit que Jésus est le Fils de Dieu?

C’est lui, Jésus Christ, qui est venu avec de l’eau et du sang; non avec l’eau seulement, mais avec l’eau et avec le sang; et c’est l’Esprit qui rend témoignage, parce que l’Esprit est la vérité.

Car il y en a trois qui rendent témoignage:

l’Esprit, l’eau et le sang, et les trois sont d’accord.

Si nous recevons le témoignage des hommes, le témoignage de Dieu est plus grand; car le témoignage de Dieu consiste en ce qu’il a rendu témoignage à son Fils.

10 Celui qui croit au Fils de Dieu a ce témoignage en lui-même; celui qui ne croit pas Dieu le fait menteur, puisqu’il ne croit pas au témoignage que Dieu a rendu à son Fils.

11 Et voici ce témoignage, c’est que Dieu nous a donné la vie éternelle, et que cette vie est dans son Fils.

12 Celui qui a le Fils a la vie; celui qui n’a pas le Fils de Dieu n’a pas la vie.

13 Je vous ai écrit ces choses, afin que vous sachiez que vous avez la vie éternelle, vous qui croyez au nom du Fils de Dieu.

14 Nous avons auprès de lui cette assurance, que si nous demandons quelque chose selon sa volonté, il nous écoute.

15 Et si nous savons qu’il nous écoute, quelque chose que nous demandions, nous savons que nous possédons la chose que nous lui avons demandée.

16 Si quelqu’un voit son frère commettre un péché qui ne mène point à la mort, qu’il prie, et Dieu donnera la vie à ce frère, il l’a donnera à ceux qui commettent un péché qui ne mène point à la mort. Il y a un péché qui mène à la mort; ce n’est pas pour ce péché-là que je dis de prier.

17 Toute iniquité est un péché, et il y a tel péché qui ne mène pas à la mort.

18 Nous savons que quiconque est né de Dieu ne pèche point; mais celui qui est né de Dieu se garde lui-même, et le malin ne le touche pas.

19 Nous savons que nous sommes de Dieu, et que le monde entier est sous la puissance du malin.

20 Nous savons aussi que le Fils de Dieu est venu, et qu’il nous a donné l’intelligence pour connaître le Véritable; et nous sommes dans le Véritable, en son Fils Jésus Christ.

21 C’est lui qui est le Dieu véritable, et la vie éternelle. Petits enfants, gardez-vous des idoles.

Louis Segond {LSG}

1 John 5             

1 Whosoever believeth that Jesus is the Christ is born of God: and every one that loveth him that begat loveth him also that is begotten of him.
By this we know that we love the children of God, when we love God, and keep his commandments.
For this is the love of God, that we keep his commandments: and his commandments are not grievous.
For whatsoever is born of God overcometh the world: and this is the victory that overcometh the world, even our faith.
Who is he that overcometh the world, but he that believeth that Jesus is the Son of God?
This is he that came by water and blood, even Jesus Christ; not by water only, but by water and blood. And it is the Spirit that beareth witness, because the Spirit is truth.
For there are three that bear record in heaven, the Father, the Word, and the Holy Ghost: and these three are one.
And there are three that bear witness in earth, the Spirit, and the water, and the blood: and these three agree in one.
If we receive the witness of men, the witness of God is greater: for this is the witness of God which he hath testified of his Son.
10 He that believeth on the Son of God hath the witness in himself: he that believeth not God hath made him a liar; because he believeth not the record that God gave of his Son.
11 And this is the record, that God hath given to us eternal life, and this life is in his Son.
12 He that hath the Son hath life; and he that hath not the Son of God hath not life.
13 These things have I written unto you that believe on the name of the Son of God; that ye may know that ye have eternal life, and that ye may believe on the name of the Son of God.
14 And this is the confidence that we have in him, that, if we ask any thing according to his will, he heareth us:
15 And if we know that he hear us, whatsoever we ask, we know that we have the petitions that we desired of him.
16 If any man see his brother sin a sin which is not unto death, he shall ask, and he shall give him life for them that sin not unto death. There is a sin unto death: I do not say that he shall pray for it.
17 All unrighteousness is sin: and there is a sin not unto death.
18 We know that whosoever is born of God sinneth not; but he that is begotten of God keepeth himself, and that wicked one toucheth him not.
19 And we know that we are of God, and the whole world lieth in wickedness.
20 And we know that the Son of God is come, and hath given us an understanding, that we may know him that is true, and we are in him that is true, even in his Son Jesus Christ. This is the true God, and eternal life.
21 Little children, keep yourselves from idols. Amen.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}