Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 47    

1 Apre sa, nonm lan mennen m’ tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k’ap soti anba papòt kay la, li t’ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t’ap koule desann soti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la.
Nonm lan fè m’ soti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t’ap koule soti nan kwen sid pòtay la.
Nonm lan swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l’ lan, li mezire senksan (500) mèt. Rive la, li fè m’ janbe dlo a. Dlo a ban m’ nan je pye.
Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m’ janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m’ janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren.
Li mezire yon lòt senksan (500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pa t’ ka mache janbe l’ ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m’ ta naje travèse l’.
Li di m’ konsa: -Nonm o! Make tou sa ou wè la a! Apre sa, li fè m’ tounen sou bò larivyè a.
Lè m’ rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a.
Li di m’ konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l’ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l’ tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l’a tonbe nan Lanmè mouri a, l’ap fè dlo sale a tounen dlo dous.
Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l’ap bay lavi.
10 Depi sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k’ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pwason an kantite tankou nan lanmè Mediterane a.
11 Men, dlo ki nan lagon yo ak nan ma dlo ki sou rivaj la p’ap dous. Y’ap rete ak tout gwo sèl yo.
12 Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p’ap janm fennen, yo p’ap janm sispann donnen. Y’ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k’ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
13  Seyè sèl Mèt la di m’ ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N’a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon.
14 Separe tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m’ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.
15 Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l’a desann nan direksyon solèy leve, l’a pase lavil Etlon, l’a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.
16 L’a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L’a rive lavil Tikon ki sou fwontyè peyi Oran an.
17 Konsa, fwontyè nò peyi a soti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L’ap bòde ak fwontyè peyi Damas ak peyi Amat.
18 Sou bò solèy leve, fwontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L’ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k’ap sèvi fwontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L’a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.
19 Sou bò sid la, fwontyè ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, soti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l’ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l’a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.
20 Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k’ap sèvi yo fwontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.
21 N’a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo.
22 N’a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n’ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k’ap viv nan peyi a. Y’a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.
23 Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y’ap viv la. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 47 

1 Il me ramena vers la porte de la maison. Et voici, de l’eau sortait sous le seuil de la maison, à l’orient, car la face de la maison était à l’orient; l’eau descendait sous le côté droit de la maison, au midi de l’autel.
Il me conduisit par le chemin de la porte septentrionale, et il me fit faire le tour par dehors jusqu’à l’extérieur de la porte orientale. Et voici, l’eau coulait du côté droit.
Lorsque l’homme s’avança vers l’orient, il avait dans la main un cordeau, et il mesura mille coudées; il me fit traverser l’eau, et j’avais de l’eau jusqu’aux chevilles.
Il mesura encore mille coudées, et me fit traverser l’eau, et j’avais de l’eau jusqu’aux genoux. Il mesura encore mille coudées, et me fit traverser, et j’avais de l’eau jusqu’aux reins.
Il mesura encore mille coudées; c’était un torrent que je ne pouvais traverser, car l’eau était si profonde qu’il fallait y nager; c’était un torrent qu’on ne pouvait traverser.
Il me dit: As-tu vu, fils de l’homme? Et il me ramena au bord du torrent.
Quand il m’eut ramené, voici, il y avait sur le bord du torrent beaucoup d’arbres de chaque côté.
Il me dit: Cette eau coulera vers le district oriental, descendra dans la plaine, et entrera dans la mer; lorsqu’elle se sera jetée dans la mer, les eaux de la mer deviendront saines.
Tout être vivant qui se meut vivra partout où le torrent coulera, et il y aura une grande quantité de poissons; car là où cette eau arrivera, les eaux deviendront saines, et tout vivra partout où parviendra le torrent.
10 Des pêcheurs se tiendront sur ses bords; depuis En Guédi jusqu’à En Églaïm, on étendra les filets; il y aura des poissons de diverses espèces, comme les poissons de la grande mer, et ils seront très nombreux.
11 Ses marais et ses fosses ne seront point assainis, ils seront abandonnés au sel.
12 Sur le torrent, sur ses bords de chaque côté, croîtront toutes sortes d’arbres fruitiers. Leur feuillage ne se flétrira point, et leurs fruits n’auront point de fin, ils mûriront tous les mois, parce que les eaux sortiront du sanctuaire. Leurs fruits serviront de nourriture, et leurs feuilles de remède.
13 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Voici les limites du pays que vous distribuerez en héritage aux douze tribus d’Israël. Joseph aura deux parts.
14 Vous en aurez la possession l’un comme l’autre; car j’ai juré, la main levée, de le donner à vos pères. Ce pays vous tombera donc en partage.
15 Voici les limites du pays. Du côté septentrional, depuis la grande mer, le chemin de Hethlon jusqu’à Tsedad,
16 Hamath, Bérotha, Sibraïm, entre la frontière de Damas et la frontière de Hamath, Hatzer Hatthicon, vers la frontière de Havran;
17 ainsi la limite sera, depuis la mer, Hatsar Énon, la frontière de Damas, Tsaphon au nord, et la frontière de Hamath: ce sera le côté septentrional.
18 Le côté oriental sera le Jourdain, entre Havran, Damas et Galaad, et le pays d’Israël; vous mesurerez depuis la limite septentrionale jusqu’à la mer orientale: ce sera le côté oriental.
19 Le côté méridional, au midi, ira depuis Thamar jusqu’aux eaux de Meriba à Kadès, jusqu’au torrent vers la grande mer: ce sera le côté méridional.
20 Le côté occidental sera la grande mer, depuis la limite jusque vis-à-vis de Hamath: ce sera le côté occidental.
21 Vous partagerez ce pays entre vous, selon les tribus d’Israël.
22 Vous le diviserez en héritage par le sort pour vous et pour les étrangers qui séjourneront au milieu de vous, qui engendreront des enfants au milieu de vous; vous les regarderez comme indigènes parmi les enfants d’Israël; ils partageront au sort l’héritage avec vous parmi les tribus d’Israël.
23 Vous donnerez à l’étranger son héritage dans la tribu où il séjournera, dit le Seigneur, l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 47

1 Afterward he brought me again unto the door of the house; and, behold, waters issued out from under the threshold of the house eastward: for the forefront of the house stood toward the east, and the waters came down from under from the right side of the house, at the south side of the altar.
Then brought he me out of the way of the gate northward, and led me about the way without unto the utter gate by the way that looketh eastward; and, behold, there ran out waters on the right side.
And when the man that had the line in his hand went forth eastward, he measured a thousand cubits, and he brought me through the waters; the waters were to the ankles.
Again he measured a thousand, and brought me through the waters; the waters were to the knees. Again he measured a thousand, and brought me through; the waters were to the loins.
Afterward he measured a thousand; and it was a river that I could not pass over: for the waters were risen, waters to swim in, a river that could not be passed over.
And he said unto me, Son of man, hast thou seen this? Then he brought me, and caused me to return to the brink of the river.
Now when I had returned, behold, at the bank of the river were very many trees on the one side and on the other.
Then said he unto me, These waters issue out toward the east country, and go down into the desert, and go into the sea: which being brought forth into the sea, the waters shall be healed.
And it shall come to pass, that every thing that liveth, which moveth, whithersoever the rivers shall come, shall live: and there shall be a very great multitude of fish, because these waters shall come thither: for they shall be healed; and every thing shall live whither the river cometh.
10 And it shall come to pass, that the fishers shall stand upon it from Engedi even unto Eneglaim; they shall be a place to spread forth nets; their fish shall be according to their kinds, as the fish of the great sea, exceeding many.
11 But the miry places thereof and the marishes thereof shall not be healed; they shall be given to salt.
12 And by the river upon the bank thereof, on this side and on that side, shall grow all trees for meat, whose leaf shall not fade, neither shall the fruit thereof be consumed: it shall bring forth new fruit according to his months, because their waters they issued out of the sanctuary: and the fruit thereof shall be for meat, and the leaf thereof for medicine.
13 Thus saith the Lord God; This shall be the border, whereby ye shall inherit the land according to the twelve tribes of Israel: Joseph shall have two portions.
14 And ye shall inherit it, one as well as another: concerning the which I lifted up mine hand to give it unto your fathers: and this land shall fall unto you for inheritance.
15 And this shall be the border of the land toward the north side, from the great sea, the way of Hethlon, as men go to Zedad;
16 Hamath, Berothah, Sibraim, which is between the border of Damascus and the border of Hamath; Hazarhatticon, which is by the coast of Hauran.
17 And the border from the sea shall be Hazarenan, the border of Damascus, and the north northward, and the border of Hamath. And this is the north side.
18 And the east side ye shall measure from Hauran, and from Damascus, and from Gilead, and from the land of Israel by Jordan, from the border unto the east sea. And this is the east side.
19 And the south side southward, from Tamar even to the waters of strife in Kadesh, the river to the great sea. And this is the south side southward.
20 The west side also shall be the great sea from the border, till a man come over against Hamath. This is the west side.
21 So shall ye divide this land unto you according to the tribes of Israel.
22 And it shall come to pass, that ye shall divide it by lot for an inheritance unto you, and to the strangers that sojourn among you, which shall beget children among you: and they shall be unto you as born in the country among the children of Israel; they shall have inheritance with you among the tribes of Israel.
23 And it shall come to pass, that in what tribe the stranger sojourneth, there shall ye give him his inheritance, saith the Lord God.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}