Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 4

1 Moyiz reponn li: -Men, moun yo ka refize kwè m’, yo ka pa koute sa m’ gen pou m’ di yo a. Yo ka di m’ se pa vre, Seyè a pa t’ kras parèt devan mwen.
Seyè a mande l’: -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.
Seyè a di l’: -Jete l’ atè. Moyiz jete baton an atè. Baton an tounen yon koulèv. Lè Moyiz wè sa, li pran kouri.
Seyè a di Moyiz: -Lonje men ou, bese pran koulèv la nan ke. Moyiz lonje men l’, li pran koulèv la nan ke. Lamenm, koulèv la tounen baton ankò nan men Moyiz.
Seyè a di: -Men sa w’a fè pou yo ka kwè Seyè a, Bondye zansèt yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan ou.
Seyè a di l’ ankò: -Foure men ou anndan chemiz ou, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li, sou lestonmak li. Lè li wete men l’, men l’ te vin tou blan ak bouton. Li te kouvri ak lalèp.
Seyè a di l’: -Foure men ou anndan chemiz ou ankò, sou lestonmak ou. Moyiz foure men li anndan chemiz li ankò. Lè li wete l’, men li te menm koulè ak rès kò li.
Seyè a di Moyiz: -Si apre ou fin fè premye mirak la, ou wè yo pa vle kwè ou, yo pa vle koute ou, y’a kwè ou lè w’a fè dezyèm mirak sa a.
Si apre ou fè de mirak sa yo, y’ap fè tèt di toujou, yo pa vle kwè ou toujou, yo pa vle koute sa w’ap di yo, w’a pran ti gout dlo nan gwo larivyè a, w’a vide l’ atè. Lamenm, dlo a va tounen san.
10  Moyiz di Seyè a: -Eskize m’ wi, Seyè. Men, mwen pa ka pale fasil. Se pa bagay jòdi a non. Menm koulye a, depi w’ap pale ak sèvitè ou la, anyen pa chanje. Bouch mwen lou, lang mwen mare.
11 Seyè a di l’: -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
12 Bon, ou mèt ale. m’a ede ou lè ou gen pou ou pale, m’a moutre ou sa ou gen pou di.
13 Moyiz di: -Eskize m’ wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
14 Lè sa a, Seyè a move sou Moyiz, li di l’ konsa: -Gen Arawon, frè ou la, ki soti nan branch fanmi Levi a. Mwen konnen lang msye pa mare nan bouch li. Men koulye a, li gen tan nan wout ap vin jwenn ou. L’a kontan anpil lè l’a wè ou.
15 W’a pale avè l’, w’a di l’ sa pou l’ di. m’a ede nou tou de lè n’a gen pou nou pale. m’a di nou sa pou nou fè.
16 L’a pale ak pèp la pou ou. Se tankou si se te ou menm ki t’ap pale. Ou menm, w’a tankou Bondye k’ap di li sa pou li di.
17 Kanta baton sa a, toujou kenbe l’ nan men ou. Se avèk li w’a fè tout mirak ou gen pou fè yo.
18  Moyiz kite kote l’ te ye a, li tounen lakay Jetwo, bòpè li. Li di li: -Tanpri, kite m’ ale. Mwen pral jwenn frè mwen yo nan pèyi Lejip. Mwen pral wè si yo la toujou. Jetwo di Moyiz: -Ale ak kè poze.
19 Antan Moyiz nan peyi Madyan, Seyè a di l’: -Koulye a, tounen nan peyi Lejip, paske tout moun ki t’ap chache touye ou yo fin mouri.
20 Moyiz pran madanm li ak pitit gason l’ yo, li mete yo sou bourik, epi li tounen nan peyi Lejip. Moyiz te gen baton Bondye a nan men l’.
21 Seyè a di Moyiz konsa: -Koulye a, ou wè w’ap tounen nan peyi Lejip. Gade byen. Se pou ou fè devan farawon an tout mirak mwen ba ou pouvwa fè yo. Mwen menm, m’ap fè l’ kenbe tèt avèk ou, li p’ap vle kite pèp la ale.
22 W’a di farawon an: Men sa Seyè a di: Izrayèl se pitit mwen, se premye pitit mwen.
23 Mwen di ou kite pitit mwen an ale fè wout li pou l’ ka fè yon sèvis pou mwen. Si ou refize kite l’ ale, mwen menm m’ap touye premye pitit gason ou lan.
24  Pandan vwayaj la, Moyiz rete pase lannwit yon kote. Seyè a vin atake Moyiz. Li t’ap chache touye l’.
25 Sefora pran yon moso ròch byen file, li koupe pwent po ti kòk pitit gason l’ lan, li voye l’ jete nan pye Moyiz. Epi li di: -Se yon mari san ou ye pou mwen.
26 Apre sa, Seyè a kite Moyiz. Lè sa a, se poutèt sikonsizyon an Sefora te di ou se yon mari san pou mwen.
27 Seyè a di Arawon: -Ale kontre Moyiz nan dezè a. Arawon pati, li kontre Moyiz sou mòn Bondye a. Li pase bra l’ nan kou l’.
28 Moyiz di Arawon tou sa Seyè a te di l’ anvan li te voye l’ la. Li fè l’ konnen tout mirak Seyè a te ba li lòd fè.
29 Moyiz ak Arawon pati ansanm, yo sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
30 Arawon di yo tou sa Seyè a te di Moyiz. Moyiz menm fè tout mirak yo devan tout pèp la.
31 Pèp la vin kwè yo. Lè yo tande Seyè a te vin vizite yo, li te wè mizè y’ap pase a, yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè pou adore Bondye.

 Vèsyon Orijinal Kkreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 4

1 Moïse répondit, et dit: Voici, ils ne me croiront point, et ils n’écouteront point ma voix. Mais ils diront: L’Éternel ne t’est point apparu.
L’Éternel lui dit: Qu’y a-t-il dans ta main? Il répondit: Une verge.
L’Éternel dit: Jette-la par terre. Il la jeta par terre, et elle devint un serpent. Moïse fuyait devant lui.
L’Éternel dit à Moïse: Étends ta main, et saisis-le par la queue. Il étendit la main et le saisit et le serpent redevint une verge dans sa main.
C’est là, dit l’Éternel, ce que tu feras, afin qu’ils croient que l’Éternel, le Dieu de leurs pères, t’est apparu, le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac et le Dieu de Jacob.
L’Éternel lui dit encore: Mets ta main dans ton sein. Il mit sa main dans son sein; puis il la retira, et voici, sa main était couverte de lèpre, blanche comme la neige.
L’Éternel dit: Remets ta main dans ton sein. Il remit sa main dans son sein; puis il la retira de son sein, et voici, elle était redevenue comme sa chair.
S’ils ne te croient pas, dit l’Éternel, et n’écoutent pas la voix du premier signe, ils croiront à la voix du dernier signe.
S’ils ne croient pas même à ces deux signes, et n’écoutent pas ta voix, tu prendras de l’eau du fleuve, tu la répandras sur la terre, et l’eau que tu auras prise du fleuve deviendra du sang sur la terre.
10 Moïse dit à l’Éternel: Ah! Seigneur, je ne suis pas un homme qui ait la parole facile, et ce n’est ni d’hier ni d’avant-hier, ni même depuis que tu parles à ton serviteur; car j’ai la bouche et la langue embarrassées.
11 L’Éternel lui dit: Qui a fait la bouche de l’homme? et qui rend muet ou sourd, voyant ou aveugle? N’est-ce pas moi, l’Éternel?
12 Va donc, je serai avec ta bouche, et je t’enseignerai ce que tu auras à dire.
13 Moïse dit: Ah! Seigneur, envoie qui tu voudras envoyer.
14 Alors la colère de l’Éternel s’enflamma contre Moïse, et il dit: N’y a t-il pas ton frère Aaron, le Lévite? Je sais qu’il parlera facilement. Le voici lui-même, qui vient au-devant de toi; et, quand il te verra, il se réjouira dans son coeur.
15 Tu lui parleras, et tu mettras les paroles dans sa bouche; et moi, je serai avec ta bouche et avec sa bouche, et je vous enseignerai ce que vous aurez à faire.
16 Il parlera pour toi au peuple; il te servira de bouche, et tu tiendras pour lui la place de Dieu.
17 Prends dans ta main cette verge, avec laquelle tu feras les signes.
18 Moïse s’en alla; et de retour auprès de Jéthro, son beau-père, il lui dit: Laisse-moi, je te prie, aller rejoindre mes frères qui sont en Égypte, afin que je voie s’ils sont encore vivants. Jéthro dit à Moïse: Va en paix.
19 L’Éternel dit à Moïse, en Madian: Va, retourne en Égypte, car tous ceux qui en voulaient à ta vie sont morts.
20 Moïse prit sa femme et ses fils, les fit monter sur des ânes, et retourna dans le pays d’Égypte. Il prit dans sa main la verge de Dieu.
21 L’Éternel dit à Moïse: En partant pour retourner en Égypte, vois tous les prodiges que je mets en ta main: tu les feras devant Pharaon. Et moi, j’endurcirai son coeur, et il ne laissera point aller le peuple.
22 Tu diras à Pharaon: Ainsi parle l’Éternel: Israël est mon fils, mon premier-né.
23 Je te dis: Laisse aller mon fils, pour qu’il me serve; si tu refuses de le laisser aller, voici, je ferai périr ton fils, ton premier-né.
24 Pendant le voyage, en un lieu où Moïse passa la nuit, l’Éternel l’attaqua et voulut le faire mourir.
25 Séphora prit une pierre aiguë, coupa le prépuce de son fils, et le jeta aux pieds de Moïse, en disant: Tu es pour moi un époux de sang!
26 Et l’Éternel le laissa. C’est alors qu’elle dit: Époux de sang! à cause de la circoncision.
27 L’Éternel dit à Aaron: Va dans le désert au-devant de Moïse. Aaron partit; il rencontra Moïse à la montagne de Dieu, et il le baisa.
28 Moïse fit connaître à Aaron toutes les paroles de l’Éternel qui l’avait envoyé, et tous les signes qu’il lui avait ordonné de faire.
29 Moïse et Aaron poursuivirent leur chemin, et ils assemblèrent tous les anciens des enfants d’Israël.
30 Aaron rapporta toutes les paroles que l’Éternel avait dites à Moïse, et il exécuta les signes aux yeux du peuple.
31 Et le peuple crut. Ils apprirent que l’Éternel avait visité les enfants d’Israël, qu’il avait vu leur souffrance; et ils s’inclinèrent et se prosternèrent.

Exodus 4

1 And Moses answered and said, But, behold, they will not believe me, nor hearken unto my voice: for they will say, The Lord hath not appeared unto thee.

And the Lord said unto him, What is that in thine hand? And he said, A rod.

And he said, Cast it on the ground. And he cast it on the ground, and it became a serpent; and Moses fled from before it.

And the Lord said unto Moses, Put forth thine hand, and take it by the tail. And he put forth his hand, and caught it, and it became a rod in his hand:

That they may believe that the Lord God of their fathers, the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob, hath appeared unto thee.

And the Lord said furthermore unto him, Put now thine hand into thy bosom. And he put his hand into his bosom: and when he took it out, behold, his hand was leprous as snow.

And he said, Put thine hand into thy bosom again. And he put his hand into his bosom again; and plucked it out of his bosom, and, behold, it was turned again as his other flesh.

And it shall come to pass, if they will not believe thee, neither hearken to the voice of the first sign, that they will believe the voice of the latter sign.

And it shall come to pass, if they will not believe also these two signs, neither hearken unto thy voice, that thou shalt take of the water of the river, and pour it upon the dry land: and the water which thou takest out of the river shall become blood upon the dry land.

10 And Moses said unto the Lord, O my Lord, I am not eloquent, neither heretofore, nor since thou hast spoken unto thy servant: but I am slow of speech, and of a slow tongue.

11 And the Lord said unto him, Who hath made man’s mouth? or who maketh the dumb, or deaf, or the seeing, or the blind? have not I the Lord?

12 Now therefore go, and I will be with thy mouth, and teach thee what thou shalt say.

13 And he said, O my Lord, send, I pray thee, by the hand of him whom thou wilt send.

14 And the anger of the Lord was kindled against Moses, and he said, Is not Aaron the Levite thy brother? I know that he can speak well. And also, behold, he cometh forth to meet thee: and when he seeth thee, he will be glad in his heart.

15 And thou shalt speak unto him, and put words in his mouth: and I will be with thy mouth, and with his mouth, and will teach you what ye shall do.

16 And he shall be thy spokesman unto the people: and he shall be, even he shall be to thee instead of a mouth, and thou shalt be to him instead of God.

17 And thou shalt take this rod in thine hand, wherewith thou shalt do signs.

18 And Moses went and returned to Jethro his father in law, and said unto him, Let me go, I pray thee, and return unto my brethren which are in Egypt, and see whether they be yet alive. And Jethro said to Moses, Go in peace.

19 And the Lord said unto Moses in Midian, Go, return into Egypt: for all the men are dead which sought thy life.

20 And Moses took his wife and his sons, and set them upon an ass, and he returned to the land of Egypt: and Moses took the rod of God in his hand.

21 And the Lord said unto Moses, When thou goest to return into Egypt, see that thou do all those wonders before Pharaoh, which I have put in thine hand: but I will harden his heart, that he shall not let the people go.

22 And thou shalt say unto Pharaoh, Thus saith the Lord, Israel is my son, even my firstborn:

23 And I say unto thee, Let my son go, that he may serve me: and if thou refuse to let him go, behold, I will slay thy son, even thy firstborn.

24 And it came to pass by the way in the inn, that the Lord met him, and sought to kill him.

25 Then Zipporah took a sharp stone, and cut off the foreskin of her son, and cast it at his feet, and said, Surely a bloody husband art thou to me.

26 So he let him go: then she said, A bloody husband thou art, because of the circumcision.

27 And the Lord said to Aaron, Go into the wilderness to meet Moses. And he went, and met him in the mount of God, and kissed him.

28 And Moses told Aaron all the words of the Lord who had sent him, and all the signs which he had commanded him.

29 And Moses and Aaron went and gathered together all the elders of the children of Israel:

30 And Aaron spake all the words which the Lord had spoken unto Moses, and did the signs in the sight of the people.

31 And the people believed: and when they heard that the Lord had visited the children of Israel, and that he had looked upon their affliction, then they bowed their heads and worshipped.

 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}