Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 48

1 Kèk tan apre sa, yo vin fè Jozèf konnen papa l’ malad. Jozèf pran Manase ak Efrayim, de pitit gason l’ yo, ak li, li ale wè Jakòb.
Yo vin di Jakòb: -Men Jozèf, pitit ou, vin wè ou. Izrayèl ranmase dènye ti rès fòs li te genyen an, li leve chita sou kabann lan.
Jakòb di Jozèf: -Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen yon kote yo rele Louz, nan peyi Kanaran. Li beni m’.
Li di m’ konsa: M’ap ba ou anpil pitit ak pitit pitit. M’ap fè yo tounen anpil nasyon. Ou wè tè sa a? M’ap bay pitit pitit ou yo li pou li rele yo pa yo pou tout tan.
Bon. De pitit gason ou te fè nan peyi Lejip anvan m’ te vin jwenn ou isit la a, se pitit mwen yo pral ye. Wi, Efrayim ak Manase ap pou mwen tankou Woubenn ak Simeyon.
Men, tout pitit ou va fè apre yo, se pitit ou y’ap ye. Y’a pote non gran frè yo pou yo ka jwenn pa yo nan byen m’ yo.
Lè m’ t’ap tounen soti nan peyi Mezopotami an, Rachèl, manman ou, te mouri nan men mwen. Li mouri sou wout pou ale peyi Kanaran, pa twò lwen lavil Efrata. Mwen antere l’ la sou wout Efrata a. Se Efrata sa a yo rele Betleyèm lan tou.
 Lè Izrayèl wè pitit Jozèf yo, li mande: -Ki timoun sa yo?
Jozèf reponn li: -Se pitit gason Bondye te ban mwen antan mwen isit la wi. Izrayèl di li: -Tanpri, fè yo pwoche pi pre m’ pou m’ ka beni yo.
10 Izrayèl te fin granmoun, je l’ pa t’ bon menm. Li pa t’ kapab wè ankò. Jozèf fè pitit li yo pwoche bò kote papa l’. Jakòb pran yo, li bo yo, li pase bra l’ nan kou yo.
11 Izrayèl di Jozèf konsa: -Mwen pa t’ gen espwa wè figi ou ankò, men Bondye fè m’ wè ata pitit ou yo.
12 Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l’.
13 Li pran timoun yo, Efrayim nan men dwat li ak Manase nan men gòch li. Konsa, Efrayim vin sou bò gòch Izrayèl, Manase menm sou bò dwat li. Li fè yo pwoche vin jwenn papa l’.
14 Men, Izrayèl kwaze men l’ lè l’ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l’ t’ap fè lè l’ te fè sa.
15 Li beni Jozèf, li di l’: -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m’ te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
16 Se pou zanj Bondye ki te delivre m’ anba tout move pa beni timoun yo. Se pou yo pote non mwen ak non zansèt mwen yo, Abraram ak Izarak. Se pou yo fè anpil pitit pitit, se pou yo peple sou tè a.
17 Men Jozèf pa t’ kontan lè li wè papa l’ te mete men dwat li sou tèt Efrayim. Li kenbe men papa l’ pou l’ wete l’ sou tèt Efrayim pou l’ mete l’ pito sou tèt Manase.
18 Epi li di papa l’: -Se pa konsa, papa. Men pi gran an bò isit. Mete men dwat ou sou tèt li.
19 Men, papa a derefize. Li di l’: -Mwen konnen, pitit mwen, mwen konnen. Manase tout ap vin yon pèp. Li menm tout l’ap grannèg. Men, ti frè l’ la pral pi grannèg pase l’. Pitit li yo pral vin anpil nasyon.
20 Jou sa a, li beni yo, li di: -Nan peyi pitit pitit Izrayèl yo, lè y’ap bay benediksyon, y’a nonmen non nou. y’a mande pou Bondye beni yon moun menm jan li te beni Efrayim ak Manase. Se konsa li te mete Efrayim anvan Manase.
21 Apre sa, Izrayèl di Jozèf: -Gade. Mwen pral mouri. Men Bondye ap la avèk ou. La fè ou tounen nan peyi zansèt ou yo.
22 Se pa pou lòt moun nan frè ou yo, se pou ou m’ap kite moso tè Sichèm lan. Se pòsyon tè sa a mwen te pran nan men moun Amori yo anba gwo goumen. 

Genèse 48

1 Après ces choses, l’on vint dire à Joseph: Voici, ton père est malade. Et il prit avec lui ses deux fils, Manassé et Éphraïm.
On avertit Jacob, et on lui dit: Voici ton fils Joseph qui vient vers toi. Et Israël rassembla ses forces, et s’assit sur son lit.
Jacob dit à Joseph: Le Dieu tout puissant m’est apparu à Luz, dans le pays de Canaan, et il m’a béni.
Il m’a dit: Je te rendrai fécond, je te multiplierai, et je ferai de toi une multitude de peuples; je donnerai ce pays à ta postérité après toi, pour qu’elle le possède à toujours.
Maintenant, les deux fils qui te sont nés au pays d’Égypte, avant mon arrivée vers toi en Égypte, seront à moi; Éphraïm et Manassé seront à moi, comme Ruben et Siméon.
Mais les enfants que tu as engendrés après eux seront à toi; ils seront appelés du nom de leurs frères dans leur héritage.
A mon retour de Paddan, Rachel mourut en route auprès de moi, dans le pays de Canaan, à quelque distance d’Éphrata; et c’est là que je l’ai enterrée, sur le chemin d’Éphrata, qui est Bethléhem.
Israël regarda les fils de Joseph, et dit: Qui sont ceux-ci?
Joseph répondit à son père: Ce sont mes fils, que Dieu m’a donnés ici. Israël dit: Fais-les, je te prie, approcher de moi, pour que je les bénisse.
10 Les yeux d’Israël étaient appesantis par la vieillesse; il ne pouvait plus voir. Joseph les fit approcher de lui; et Israël leur donna un baiser, et les embrassa.
11 Israël dit à Joseph: Je ne pensais pas revoir ton visage, et voici que Dieu me fait voir même ta postérité.
12 Joseph les retira des genoux de son père, et il se prosterna en terre devant lui.
13 Puis Joseph les prit tous deux, Éphraïm de sa main droite à la gauche d’Israël, et Manassé de sa main gauche à la droite d’Israël, et il les fit approcher de lui.
14 Israël étendit sa main droite et la posa sur la tête d’Éphraïm qui était le plus jeune, et il posa sa main gauche sur la tête de Manassé: ce fut avec intention qu’il posa ses mains ainsi, car Manassé était le premier-né.
15 Il bénit Joseph, et dit: Que le Dieu en présence duquel ont marché mes pères, Abraham et Isaac, que le Dieu qui m’a conduit depuis que j’existe jusqu’à ce jour,
16 que l’ange qui m’a délivré de tout mal, bénisse ces enfants! Qu’ils soient appelés de mon nom et du nom de mes pères, Abraham et Isaac, et qu’ils multiplient en abondance au milieu du pays!
17 Joseph vit avec déplaisir que son père posait sa main droite sur la tête d’Éphraïm; il saisit la main de son père, pour la détourner de dessus la tête d’Éphraïm, et la diriger sur celle de Manassé.
18 Et Joseph dit à son père: Pas ainsi, mon père, car celui-ci est le premier-né; pose ta main droite sur sa tête.
19 Son père refusa, et dit: Je le sais, mon fils, je le sais; lui aussi deviendra un peuple, lui aussi sera grand; mais son frère cadet sera plus grand que lui, et sa postérité deviendra une multitude de nations.
20 Il les bénit ce jour-là, et dit: C’est par toi qu’Israël bénira, en disant: Que Dieu te traite comme Éphraïm et comme Manassé! Et il mit Éphraïm avant Manassé.
21 Israël dit à Joseph: Voici, je vais mourir! Mais Dieu sera avec vous, et il vous fera retourner dans le pays de vos pères.
22 Je te donne, de plus qu’à tes frères, une part que j’ai prise de la main des Amoréens avec mon épée et avec mon arc.
 

Genesis 48

And it came to pass after these things, that one told Joseph, Behold, thy father is sick: and he took with him his two sons, Manasseh and Ephraim.

And one told Jacob, and said, Behold, thy son Joseph cometh unto thee: and Israel strengthened himself, and sat upon the bed.

And Jacob said unto Joseph, God Almighty appeared unto me at Luz in the land of Canaan, and blessed me,

And said unto me, Behold, I will make thee fruitful, and multiply thee, and I will make of thee a multitude of people; and will give this land to thy seed after thee for an everlasting possession.

And now thy two sons, Ephraim and Manasseh, which were born unto thee in the land of Egypt before I came unto thee into Egypt, are mine; as Reuben and Simeon, they shall be mine.

And thy issue, which thou begettest after them, shall be thine, and shall be called after the name of their brethren in their inheritance.

And as for me, when I came from Padan, Rachel died by me in the land of Canaan in the way, when yet there was but a little way to come unto Ephrath: and I buried her there in the way of Ephrath; the same is Bethlehem.

And Israel beheld Joseph’s sons, and said, Who are these?

And Joseph said unto his father, They are my sons, whom God hath given me in this place. And he said, Bring them, I pray thee, unto me, and I will bless them.

10 Now the eyes of Israel were dim for age, so that he could not see. And he brought them near unto him; and he kissed them, and embraced them.

11 And Israel said unto Joseph, I had not thought to see thy face: and, lo, God hath shewed me also thy seed.

12 And Joseph brought them out from between his knees, and he bowed himself with his face to the earth.

13 And Joseph took them both, Ephraim in his right hand toward Israel’s left hand, and Manasseh in his left hand toward Israel’s right hand, and brought them near unto him.

14 And Israel stretched out his right hand, and laid it upon Ephraim’s head, who was the younger, and his left hand upon Manasseh’s head, guiding his hands wittingly; for Manasseh was the firstborn.

15 And he blessed Joseph, and said, God, before whom my fathers Abraham and Isaac did walk, the God which fed me all my life long unto this day,

16 The Angel which redeemed me from all evil, bless the lads; and let my name be named on them, and the name of my fathers Abraham and Isaac; and let them grow into a multitude in the midst of the earth.

17 And when Joseph saw that his father laid his right hand upon the head of Ephraim, it displeased him: and he held up his father’s hand, to remove it from Ephraim’s head unto Manasseh’s head.

18 And Joseph said unto his father, Not so, my father: for this is the firstborn; put thy right hand upon his head.

19 And his father refused, and said, I know it, my son, I know it: he also shall become a people, and he also shall be great: but truly his younger brother shall be greater than he, and his seed shall become a multitude of nations.

20 And he blessed them that day, saying, In thee shall Israel bless, saying, God make thee as Ephraim and as Manasseh: and he set Ephraim before Manasseh.

21 And Israel said unto Joseph, Behold, I die: but God shall be with you, and bring you again unto the land of your fathers.

22 Moreover I have given to thee one portion above thy brethren, which I took out of the hand of the Amorite with my sword and with my bow.

King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}