Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 16   

1 Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a nan men Bondye.
2  Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k’ap jije sa ki nan kè yo.
3  Mande Seyè a pou l’ beni tout travay w’ap fè, w’ap reyisi nan tou sa w’ap fè.
4  Tou sa Seyè a fè, li gen yon rezon ki fè l’ fè li. Menm mechan an, li kreye l’ pou l’ ka pini l’.
5  Seyè a pa ka sipòte moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l’ap fè yo peye sa.
6  Si ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l’ap evite fè sa ki mal.
7  Lè yon moun ap viv yon jan ki fè Seyè a plezi, Seyè a ap fè ata lènmi l’ yo aji byen avè l’.
8  Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
9  Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k’ap dirije sa y’ap fè a.
10  Lè yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l’ap jije, li p’ap janm rann move jijman.
11  Seyè a mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
12  Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13  Wa a kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14  Lè wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
15 Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l’, se tankou yon nwaj ki pote yon bon lapli prentan.
16  Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
17  Moun ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w’ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
18  Lè ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w’ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19  Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20  Moun k’ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l’ va wè zafè l’ mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a!
21  Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou pale byen sa fè ou gen plis konesans.
22  Moun ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23  Yon moun ki gen bon konprann kalkile anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24  Bon pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25  Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26  Grangou fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
27  Mechan an toujou ap chache jan pou li fè moun mal. Ata pawòl nan bouch li boule tankou dife.
28 Ipokrit toujou ap pouse dife. Moun k’ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29  Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l’ fè sa ki pa bon.
30 Moun k’ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k’ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
31  Cheve blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
32 Pito ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k’ap mache pran lavil.
33  Moun tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 16

1 Les projets que forme le coeur dépendent de l’homme, Mais la réponse que donne la bouche vient de l’Éternel.
Toutes les voies de l’homme sont pures à ses yeux; Mais celui qui pèse les esprits, c’est l’Éternel.
Recommande à l’Éternel tes oeuvres, Et tes projets réussiront.
L’Éternel a tout fait pour un but, Même le méchant pour le jour du malheur.
Tout coeur hautain est en abomination à l’Éternel; Certes, il ne restera pas impuni.
Par la bonté et la fidélité on expie l’iniquité, Et par la crainte de l’Éternel on se détourne du mal.
Quand l’Éternel approuve les voies d’un homme, Il dispose favorablement à son égard même ses ennemis.
Mieux vaut peu, avec la justice, Que de grands revenus, avec l’injustice.
Le coeur de l’homme médite sa voie, Mais c’est l’Éternel qui dirige ses pas.
10 Des oracles sont sur les lèvres du roi: Sa bouche ne doit pas être infidèle quand il juge.
11 Le poids et la balance justes sont à l’Éternel; Tous les poids du sac sont son ouvrage.
12 Les rois ont horreur de faire le mal, Car c’est par la justice que le trône s’affermit.
13 Les lèvres justes gagnent la faveur des rois, Et ils aiment celui qui parle avec droiture.
14 La fureur du roi est un messager de mort, Et un homme sage doit l’apaiser.
15 La sérénité du visage du roi donne la vie, Et sa faveur est comme une pluie du printemps.
16 Combien acquérir la sagesse vaut mieux que l’or! Combien acquérir l’intelligence est préférable à l’argent!
17 Le chemin des hommes droits, c’est d’éviter le mal; Celui qui garde son âme veille sur sa voie.
18 L’arrogance précède la ruine, Et l’orgueil précède la chute.
19 Mieux vaut être humble avec les humbles Que de partager le butin avec les orgueilleux.
20 Celui qui réfléchit sur les choses trouve le bonheur, Et celui qui se confie en l’Éternel est heureux.
21 Celui qui est sage de coeur est appelé intelligent, Et la douceur des lèvres augmente le savoir.
22 La sagesse est une source de vie pour celui qui la possède; Et le châtiment des insensés, c’est leur folie.
23 Celui qui est sage de coeur manifeste la sagesse par sa bouche, Et l’accroissement de son savoir paraît sur ses lèvres.
24 Les paroles agréables sont un rayon de miel, Douces pour l’âme et salutaires pour le corps.
25 Telle voie paraît droite à un homme, Mais son issue, c’est la voie de la mort.
26 Celui qui travaille, travaille pour lui, Car sa bouche l’y excite.
27 L’homme pervers prépare le malheur, Et il y a sur ses lèvres comme un feu ardent.
28 L’homme pervers excite des querelles, Et le rapporteur divise les amis.
29 L’homme violent séduit son prochain, Et le fait marcher dans une voie qui n’est pas bonne.
30 Celui qui ferme les yeux pour se livrer à des pensées perverses, Celui qui se mord les lèvres, a déjà consommé le mal.
31 Les cheveux blancs sont une couronne d’honneur; C’est dans le chemin de la justice qu’on la trouve.
32 Celui qui est lent à la colère vaut mieux qu’un héros, Et celui qui est maître de lui-même, que celui qui prend des villes.
33 On jette le sort dans le pan de la robe, Mais toute décision vient de l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 16  

1 The preparations of the heart in man, and the answer of the tongue, is from the Lord.
All the ways of a man are clean in his own eyes; but the Lord weigheth the spirits.
Commit thy works unto the Lord, and thy thoughts shall be established.
The Lord hath made all things for himself: yea, even the wicked for the day of evil.
Every one that is proud in heart is an abomination to the Lord: though hand join in hand, he shall not be unpunished.
By mercy and truth iniquity is purged: and by the fear of the Lord men depart from evil.
When a man’s ways please the Lord, he maketh even his enemies to be at peace with him.
Better is a little with righteousness than great revenues without right.
A man’s heart deviseth his way: but the Lord directeth his steps.
10 A divine sentence is in the lips of the king: his mouth transgresseth not in judgment.
11 A just weight and balance are the Lord‘s: all the weights of the bag are his work.
12 It is an abomination to kings to commit wickedness: for the throne is established by righteousness.
13 Righteous lips are the delight of kings; and they love him that speaketh right.
14 The wrath of a king is as messengers of death: but a wise man will pacify it.
15 In the light of the king’s countenance is life; and his favour is as a cloud of the latter rain.
16 How much better is it to get wisdom than gold! and to get understanding rather to be chosen than silver!
17 The highway of the upright is to depart from evil: he that keepeth his way preserveth his soul.
18 Pride goeth before destruction, and an haughty spirit before a fall.
19 Better it is to be of an humble spirit with the lowly, than to divide the spoil with the proud.
20 He that handleth a matter wisely shall find good: and whoso trusteth in the Lord, happy is he.
21 The wise in heart shall be called prudent: and the sweetness of the lips increaseth learning.
22 Understanding is a wellspring of life unto him that hath it: but the instruction of fools is folly.
23 The heart of the wise teacheth his mouth, and addeth learning to his lips.
24 Pleasant words are as an honeycomb, sweet to the soul, and health to the bones.
25 There is a way that seemeth right unto a man, but the end thereof are the ways of death.
26 He that laboureth laboureth for himself; for his mouth craveth it of him.
27 An ungodly man diggeth up evil: and in his lips there is as a burning fire.
28 A froward man soweth strife: and a whisperer separateth chief friends.
29 A violent man enticeth his neighbour, and leadeth him into the way that is not good.
30 He shutteth his eyes to devise froward things: moving his lips he bringeth evil to pass.
31 The hoary head is a crown of glory, if it be found in the way of righteousness.
32 He that is slow to anger is better than the mighty; and he that ruleth his spirit than he that taketh a city.
33 The lot is cast into the lap; but the whole disposing thereof is of the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}