Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 3            

Apre sa, Jezi tounen ankò nan sinagòg la. Te gen yon nonm ki te gen yon men pòk nan asanble a.
Moun ki te la yo t’ap veye Jezi pou wè si li t’ap geri men nonm lan jou repo a, paske yo te vle akize li.
Jezi di nonm men pòk la: -Leve, vin kanpe la a nan mitan nou.
Epi li di moun ki t’ap gade l’ yo: -Kisa lalwa nou an pèmèt moun fè jou repo a? Byen osinon mal? Sove lavi yon nonm osinon kite l’ mouri? Men yo pa louvri bouch yo reponn li.
Lè sa a Jezi fache, li pwonmennen je l’ sou yo tout: sa te fè l’ lapenn pou l’ te wè jan yo te gen move santiman. Epi li di nonm lan konsa: -Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou men an geri.
Menm lè a, farizyen yo soti nan sinagòg la, y’ al met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo pou yo wè ki jan pou yo touye Jezi.
Jezi wete kò l’ ak disip li yo, li ale bò lanmè Galile a. Yon gwo foul moun t’ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Jide,
moun lavil Jerizalèm, moun peyi Idime, moun peyi lòt bò larivyè Jouden an, moun nan vwazenaj lavil Tir ak lavil Sidon. Tout foul pèp sa a te vin jwenn li paske yo te tande tou sa l’ t’ap fè.
Jezi mande disip li yo pou yo pare yon kannòt pou li, pou foul la pa t’ toufe l’ twòp.
10 Paske, jan li t’ap geri anpil moun, tout malad yo te vide sou li pou yo te manyen li.
11 Chak fwa move lespri yo te wè l’, yo te tonbe nan pye l’ ap plede rele: -Ou se pitit Bondye a.
12 Men Jezi te pale sevè ak move lespri yo pou yo pa t’ di ki moun li te ye.
13  Apre sa, li moute sou yon ti mòn. Li rele moun li te bezwen yo. Yo vin jwenn li.
14 Li chwazi douz nan yo pou mache ak li. Li rele yo apòt, epi li voye yo mache bay mesaj la.
15 Li te ba yo pouvwa pou chase mouve lespri.
16 Men douz moun li te chwazi yo: Se te Simon (Jezi te ba li yon ti non Pyè),
17 de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l’ la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loraj.
18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,
19 ak Jida Iskariòt, nonm ki te lage Jezi nan men lènmi li yo.
20 Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pa t’ menm gen tan pou yo te manje.
21 Lè fanmi Jezi yo tande sa, yo soti pou yo vin chache l’ paske tout moun t’ap di: -Nonm sa a fou.
22  Dirèktè lalwa ki te desann soti Jerizalèm yo t’ap di konsa: -Li gen Bèlzeboul, gwo wa dyab la, sou li. Yo t’ap di tou: -Se chèf move lespri yo menm ki ba li pouvwa pou chase move lespri yo.
23 Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?
24 Si yon peyi gen divizyon ladan l’ pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.
25 Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.
26 Se sak fè, si Satan konbat pwòp tèt li, si gen divizyon nan peyi Satan, pouvwa Satan an pa la pou lontan. Talè konsa l’ap fini.
27 Pesonn pa kapab antre lakay yon nonm vanyan pou piye sa l’ genyen, si li pa mare nonm vanyan an anvan. Lè li fin mare l’, la piye kay la.
28 Se vre wi, sa m’ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y’a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.
29 Men, moun ki va pale mal sou Sentespri a, moun sa a p’ap janm jwenn padon, paske lè sa a l’ap fè yon peche k’ap rete pou tout tan.
30 Jezi te pale konsa paske yo t’ap di-Li gen yon move lespri sou li.
31  Apre sa, manman Jezi ak frè l’ yo vin rive. Yo kanpe deyò a, yo fè rele li.
32 Jezi te nan mitan yon foul moun ki te chita. Yo di l’ konsa: -Men manman ou ak frè ou yo deyò a, y’ap mande pou ou.
33 Li reponn yo: -Kilès ki manman m’, kilès ki frè mwen?
34 Epi li pwonmennen je l’ sou moun ki te chita sou kote l’ yo, li di konsa: -Gade: men manman m’, men frè m’ yo.
35 Paske, tout moun ki fè sa Bondye mande yo fè, se moun sa yo ki frè m’, ki sè m’, ki manman mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 3           

1 Jésus entra de nouveau dans la synagogue. Il s’y trouvait un homme qui avait la main sèche.
Ils observaient Jésus, pour voir s’il le guérirait le jour du sabbat: c’était afin de pouvoir l’accuser.
Et Jésus dit à l’homme qui avait la main sèche: Lève-toi, là au milieu.
Puis il leur dit: Est-il permis, le jour du sabbat, de faire du bien ou de faire du mal, de sauver une personne ou de la tuer? Mais ils gardèrent le silence.
Alors, promenant ses regards sur eux avec indignation, et en même temps affligé de l’endurcissement de leur coeur, il dit à l’homme: Étends ta main. Il l’étendit, et sa main fut guérie.
Les pharisiens sortirent, et aussitôt ils se consultèrent avec les hérodiens sur les moyens de le faire périr.
Jésus se retira vers la mer avec ses disciples. Une grande multitude le suivit de la Galilée;
et de la Judée, et de Jérusalem, et de l’Idumée, et d’au delà du Jourdain, et des environs de Tyr et de Sidon, une grande multitude, apprenant tout ce qu’il faisait, vint à lui.
Il chargea ses disciples de tenir toujours à sa disposition une petite barque, afin de ne pas être pressé par la foule.
10 Car, comme il guérissait beaucoup de gens, tous ceux qui avaient des maladies se jetaient sur lui pour le toucher.
11 Les esprits impurs, quand ils le voyaient, se prosternaient devant lui, et s’écriaient: Tu es le Fils de Dieu.
12 Mais il leur recommandait très sévèrement de ne pas le faire connaître.
13 Il monta ensuite sur la montagne; il appela ceux qu’il voulut, et ils vinrent auprès de lui.
14 Il en établit douze, pour les avoir avec lui,
15 et pour les envoyer prêcher avec le pouvoir de chasser les démons.
16 Voici les douze qu’il établit: Simon, qu’il nomma Pierre;
17 Jacques, fils de Zébédée, et Jean, frère de Jacques, auxquels il donna le nom de Boanergès, qui signifie fils du tonnerre;
18 André; Philippe; Barthélemy; Matthieu; Thomas; Jacques, fils d’Alphée; Thaddée; Simon le Cananite;
19 et Judas Iscariot, celui qui livra Jésus.
20 Ils se rendirent à la maison, et la foule s’assembla de nouveau, en sorte qu’ils ne pouvaient pas même prendre leur repas.
21 Les parents de Jésus, ayant appris ce qui se passait, vinrent pour se saisir de lui; car ils disaient: Il est hors de sens.
22 Et les scribes, qui étaient descendus de Jérusalem, dirent: Il est possédé de Béelzébul; c’est par le prince des démons qu’il chasse les démons.
23 Jésus les appela, et leur dit sous forme de paraboles: Comment Satan peut-il chasser Satan?
24 Si un royaume est divisé contre lui-même, ce royaume ne peut subsister;
25 et si une maison est divisée contre elle-même, cette maison ne peut subsister.
26 Si donc Satan se révolte contre lui-même, il est divisé, et il ne peut subsister, mais c’en est fait de lui.
27 Personne ne peut entrer dans la maison d’un homme fort et piller ses biens, sans avoir auparavant lié cet homme fort; alors il pillera sa maison.
28 Je vous le dis en vérité, tous les péchés seront pardonnés aux fils des hommes, et les blasphèmes qu’ils auront proférés;
29 mais quiconque blasphémera contre le Saint Esprit n’obtiendra jamais de pardon: il est coupable d’un péché éternel.
30 Jésus parla ainsi parce qu’ils disaient: Il est possédé d’un esprit impur.
31 Survinrent sa mère et ses frères, qui, se tenant dehors, l’envoyèrent appeler.
32 La foule était assise autour de lui, et on lui dit: Voici, ta mère et tes frères sont dehors et te demandent.
33 Et il répondit: Qui est ma mère, et qui sont mes frères?
34 Puis, jetant les regards sur ceux qui étaient assis tout autour de lui: Voici, dit-il, ma mère et mes frères.
35 Car, quiconque fait la volonté de Dieu, celui-là est mon frère, ma soeur, et ma mère.

Louis Segond {LSG}

Mark 3    

1 And he entered again into the synagogue; and there was a man there which had a withered hand.
And they watched him, whether he would heal him on the sabbath day; that they might accuse him.
And he saith unto the man which had the withered hand, Stand forth.
And he saith unto them, Is it lawful to do good on the sabbath days, or to do evil? to save life, or to kill? But they held their peace.
And when he had looked round about on them with anger, being grieved for the hardness of their hearts, he saith unto the man, Stretch forth thine hand. And he stretched it out: and his hand was restored whole as the other.
And the Pharisees went forth, and straightway took counsel with the Herodians against him, how they might destroy him.
But Jesus withdrew himself with his disciples to the sea: and a great multitude from Galilee followed him, and from Judaea,
And from Jerusalem, and from Idumaea, and from beyond Jordan; and they about Tyre and Sidon, a great multitude, when they had heard what great things he did, came unto him.
And he spake to his disciples, that a small ship should wait on him because of the multitude, lest they should throng him.
10 For he had healed many; insomuch that they pressed upon him for to touch him, as many as had plagues.
11 And unclean spirits, when they saw him, fell down before him, and cried, saying, Thou art the Son of God.
12 And he straitly charged them that they should not make him known.
13 And he goeth up into a mountain, and calleth unto him whom he would: and they came unto him.
14 And he ordained twelve, that they should be with him, and that he might send them forth to preach,
15 And to have power to heal sicknesses, and to cast out devils:
16 And Simon he surnamed Peter;
17 And James the son of Zebedee, and John the brother of James; and he surnamed them Boanerges, which is, The sons of thunder:
18 And Andrew, and Philip, and Bartholomew, and Matthew, and Thomas, and James the son of Alphaeus, and Thaddaeus, and Simon the Canaanite,
19 And Judas Iscariot, which also betrayed him: and they went into an house.
20 And the multitude cometh together again, so that they could not so much as eat bread.
21 And when his friends heard of it, they went out to lay hold on him: for they said, He is beside himself.
22 And the scribes which came down from Jerusalem said, He hath Beelzebub, and by the prince of the devils casteth he out devils.
23 And he called them unto him, and said unto them in parables, How can Satan cast out Satan?
24 And if a kingdom be divided against itself, that kingdom cannot stand.
25 And if a house be divided against itself, that house cannot stand.
26 And if Satan rise up against himself, and be divided, he cannot stand, but hath an end.
27 No man can enter into a strong man’s house, and spoil his goods, except he will first bind the strong man; and then he will spoil his house.
28 Verily I say unto you, All sins shall be forgiven unto the sons of men, and blasphemies wherewith soever they shall blaspheme:
29 But he that shall blaspheme against the Holy Ghost hath never forgiveness, but is in danger of eternal damnation.
30 Because they said, He hath an unclean spirit.
31 There came then his brethren and his mother, and, standing without, sent unto him, calling him.
32 And the multitude sat about him, and they said unto him, Behold, thy mother and thy brethren without seek for thee.
33 And he answered them, saying, Who is my mother, or my brethren?
34 And he looked round about on them which sat about him, and said, Behold my mother and my brethren!
35 For whosoever shall do the will of God, the same is my brother, and my sister, and mother.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}