Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang

Jenèz        Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Jenèz

1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.
Men latè pa t’ gen fòm, li pa t’ gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t’ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè.
 Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.
Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò.
Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a.
 Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.
Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l’. Se konsa sa te pase.
Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a.
 Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase.
10 Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l’ te fè a, li wè l’ bon. 
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Genèse

 

 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 
 

Louis Segond {LSG}

Genesis

 1 In the beginning God created the heaven and the earth.
And the earth was without form and void, and darkness was upon the face of the deep. And the Spirit of God moved upon the face of the waters.
And God said, “Let there be light”; and there was light.
And God saw the light, that it was good; and God divided the light from the darkness.
And God called the light Day, and the darkness He called Night. And the evening and the morning were the first day.
And God said, “Let there be a firmament in the midst of the waters, and let it divide the waters from the waters.”
And God made the firmament, and divided the waters which were under the firmament from the waters which were above the firmament; and it was so.
And God called the firmament Heaven. And the evening and the morning were the second day.
King James Version {KJV}
 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}